Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Séisme à Haïti - 12 janvier 2010
Huit ans après - 12 janvier 2018

AYITI – REKONSTRIKSYON PALÈ NASYONAL
HAITI – RECONSTRUCTION OF THE NATIONAL PALACE

Jean H. BELLEFLEUR, (editè: editor)
Kontak pdghiclatfor@gmail.com  contact

12 Novanm 2017: November12, 2017

Palais national. Photo Garry Jean, source metropolehaiti.com.

Fòk Ayiti ta fin demoli nèt pou ke Ayisyen ta rive mete tèt yo ansanm pou rebati li. Nou nan yon epòk nan dènye jou sa yo kote Ayisyen yo pral aprann regle diferan yo youn ak lòt, epi renmen lòt la. Lè a rive pou nou rapwoche nou pi pre youn de lòt. Devine kisa! 

Yon brèf rapèl pou tout sa yo ki pa branche de kisa k ap fèt Ayiti. Mwen vle raple nou ke gen yon komisyon prezidansyèl ki te kreye nan mwa Avril pase a pou okipe de zafè rekonstriksyon Palè Nasyonal la. Komisyon sa a konpoze de 7 manm sa yo : enjenyè Kleman Belizè (Kowòdonatè), Patrik Dirandis, Patrik Delatou, achitèk Danyèl Eli, Sabin Malbranch, Jòj Michèl ak Yvan Penchina, resevwa epi analize aktyèlman dosye konkou a ki gen yon pòte nasyonal ak entènasyonal.

Sepandan, m ap reprann sa komisyon an ekri nan jounal Ayiti Lib. Komisyon an pa an mezi pou founi yon repons egzakt sou konbyen kòb sa ap koute pou rekonstriksyon sa a. Pakont, daprè yon estimasyon apwoksimatif de achitèk Danyèl Eli, rekonstriksyon Palè Nasyonal la ta ka koute ant 40 ak 50 milyon dola Ameriken. Selon estatistik yo, Ayiti ap travèse yon gwo kriz ekonomik grav, men sa pa ka anpeche ke Ayisyen mete tèt yo ansanm pou fè yon gwo leve de fon pou ka jwenn montan sa a ke komisyon an anvizaje a. Tout moun se efò y ap fè pou viv, si reyèlman Ayisyen di yo renmen Ayiti, m pa ta vle rete kwè se ta nan pawòl sèlman, sa ta dwe pito  manifeste nan AKSYON KONKRÈ ke y ap poze chak jou yo. Nou renmen bon gagay, m konn sa. Se nan moman sa a ke nou pral pwouve lemond ke nou pa yon pèp baba, yon pèp sovaj, men tou nou se moun menm jan ak tout lòt moun. Nou gen yon sèl peyi ki rele Ayiti, sa pwouve nwa sou blan ke èd entènasyonal yo sèlman pa ka devlope Ayiti tout bon vre. Se Ayisyen yo menm ki ka devlope peyi yo. Nou pral montre sa atravè pi GWO AKSYON KONKRÈ sa a ke n pral poze pou kòmanse bay patisipasyon pa nou an pou n ka fè defi sa a vin yon REYALITE. Si l parèt enposib nan je kèk moun, men pou Bondye li pa enposib.

Pou di w tout laverite, gouvènman an gen fon pa l ke y ap jenere atravè kèk enstitisyon byen detèmine pou jwenn revni leta a pou ke pwojè sa a realize. Nou pa ka rete endiferan bò kote pa nou. Si tout bon vre nou kolabore jan sa dwe ye, Palè Nasyonal la pral rekanpe nan yon bat je nan 2 pwochèn ane k ap vini la yo anvan fin manda prezidan Jovenèl Moyiz la. Kèlkeswa tandans ou oswa apatnans politik ou, ou se Ayisyen avan tou. Gwo inisyativ sa a se zafè pa nou tout ke l ye. Daprè manm komisyon an, gen kèk moun ki ta renmen ke pale a ta fèt nan yon lòt fason pandan ke y ap konsève menm fasad ki te la anvan an, achitèk Danyèl Eli bò kote pa l te di ke : “li t ap pi bon si yo ta konsève menm achitekti ke achitèk Ayisyen nou an Jòj Bosan (1874-958), li menm ki te konstwi Palè Nasyonal la nan lane 1918, ki te konsidere nan epòk sa a Palè neyoklasik ki pi reyisi nan Amerik yo. Se yon distenksyon ki pa dwe pèdi nan nouvèl konstriksyon an jan ke achitèk Danyèl Eli fè kwè l la.” 

Jodia tout konpatriyòt Ayisyen dwe konsène dabò nan sa k ap fèt anndan peyi yo Ayiti. M pa ta renmen ke okenn moun ap pran pretèks di ke sa pa regade yo, se djòb gouvènman an pou fè sa yo konnen pou jwenn kòb pou rekonstwi bèl edifis sa a ke nou te genyen an. Wi, se vre ou gen rezon. Men pa bliye ke deviz nou an di: LINYON FÈ LAFÒS. Ankò,MEN ANPIL, CHAY PA LOU.Sa w pral bay la,PITI PITI ZWAZO A PRAL FÈ NICH LI. Nou pa vle fè istwa a vin pi long ke sa paske tout moun te konstate gwo dega dènye tranblemanntè devastatè 12 Janvye 2010 la te okazyone anndan peyi D Ayiti. Li te demoli pi fò batiman piblik yo, san n pa kite dèyè bizinis yo ak kay prive, paralizi mantal, dezas sa a te bay lafyèv frison kote gen plis pase 300 mil moun te pèdi lavi yo. Sa yo ki andikape tou yo pa milye ap viv anba je nou la a Ayiti, konsa tou gen lòt ki te ale nan peyi etranje pandan katastwòf tèrib sa a. Èske nou ka rete ap gade san nou pa kontinye aji? Non! Sa k te pase a te pase deja, men fòk nou pran desten nou nan men pou n vanse pou pi devan.

Mwen vle di tout konpatriyòt Ayisyen mwen yo ke kèlkeswa wotè w, kalite etid ou fè, rich oswa pòv, nwa oswa milat, se byen, men se pa vrèman enpòtan pou kounye a. Lè a rive pou nou aprann kolabore pou mete men nan rekonstriksyon NOUVÈL AYITI a. Ayiti bay tout pitit li yo OPÒTINITE pou yo rive kichòy, men nan plizyè okazyon pase, petèt nou pa t pwofite de chans sa a, nou kite l ale, nou pase tan nou pito nan simen diskòd youn ak lòt; epi peyi a pa ka devlope jan nou tout ta espere l la. Kisa m vle di, gouvènman Ayisyen an gen bòn volonte pou remete Ayiti kanpe sou de pye l ankò, menm si gen kèk pati politik ki pa rive antann yo youn ak lòt, sa pèmèt pafwa ke pwosesis demokratik la ap mache oralanti. Sanble gen kèk Ayisyen oswa kèk gwoup poko vle pran konsyans pou mete fen nan tout tibilans politik pèmanan sa a. Sa fè trè lontan peyi a ajenou anba lamizè, povrete ekstrèm, avilisman nasyonal tankou entènasyonal, katastwòf natirèl siksesif enkyetan yo ak lòt sikonstan malouk k ap frape nou chak jou pi plis. Gade plan men ou yo pou wè si dwèt nou yo menm longè! Non! Èske sa anpeche dwèt yo fè pati men yo? Pa ditou. Èske nou ka kwaze bra nou ap mande kisa gouvènman an oswa prezidan an ap fè pou nou? Non. De preferans, nou ta dwe di pito, kisa nou konte fè pou ede peyi nou avanse. Nou konnen konpatriyòt Ayisyen nou yo se moun vanyan ke yo ye, yo gen kè sansib, yo renmen frè parèy yo, epi fanmi yo ap soufri. Yo tout vle FÈ DIFERANS lan jounen jodi a, yo vle bay lemond pi gwo leson moral la kote se pa tout tan pou etranje ap vin fè pou nou. Se poutèt sa mwen pran gwo angajman sa a pou fè w konnen ke se nou tout ki ladan l, nan rekonstwi peyi nou. Kèlkeswa kote w ye a, pa di ou pa mele, e ou pa nan zafè Ayiti. Kisa k te Ayiti a? Konnen byen ke se la kòd lonbrit ou te antere, menm si w ta gen yon lòt nasyonalite, sa p ap fè w diferan, ou toujou rete Ayisyen. Pou fèmen paragraf sa a, m envite tout Ayisyen alawonnbadè pou fè jès sa a san plenyen, se kolabore, envesti nan moun, pataje epi bati ansanm, eksetera... Mwen fyè dèske m se Ayisyen. Èske w pa fyè tou, pa vre?

Pòz premye wòch la nan Palè nasyonal la:

Avenid Jozè Pòtpawòl pou Prezidans lan konfime ke seremoni pou mete  premye wòch fondasyon palè Nasyona la ap fèt le 12 janvye pwochen, pandan aktivite ki make 8yèm anivèsè  tranblemanntè 2010 la.

Fowòm Jèn yo deja bay kontribisyon  yo de yon chèk 5,000 goud a Trezò Piblik pou rekonstriksyon Palè Nasyonal la. E ou menm? Kilè w ap fè jès pa w la?

N/B.- Nòt sila a pa angaje m nan anyen sou koze ranmase kòb pou ede rekonstwui Palè Nayonal Ayisyen an. Li pa gen anyen pou l wè ak okenn patizànri ni afilyasyon politik. Mwen jis vle motive tout Ayisyen nan Dyaspora a e Ayisyen Ayiti pou kolabore nan inisyativ sila a. Si yon moun gen volonte pou bay patisipasyon pa li, m ap ankouraje l fè sa prese prese, chèche jwenn ak enstans etatik ki konsène yo an Ayiti pou voye patisipasyon pa w la. N ap fè w konnen tou pou w pran anpil prekosyon pou w pa bay lòt moun oswa okenn òganizasyon ke Egzekitif Ayisyen an pa atribiye yon tach legal pou kolekte kòb sa a. Si w pi byen enfòme de sa, w ap kapav voye kotizasyon pa w la an tout sekirite bay gouvènman Ayisyen an, epi w ap asire w ke l rive a destinasyon li. Deja nou di w mèsi pou bon jan konpreyansyon w ak kooperasyon w dèske w enterese pou w ede Ayiti reprann eskanp figi li. Nou tout konsène e nou tout responsab. Nou se yon GWO CHANPYON. Wi, ansanm nou kapab rekonstwi bèl peyi nou an Ayiti.

Jean H. BELLEFLEUR,
Tradiktè – Editè, Ansyen Enstriktè nan Lang Kreyòl Ayisyen
avèk Pisko Ayiti- Enstriktè, CEO HICLATFOR & Chèchè Endepandan.

boule  boule  boule

Haiti should have completely demolished so that Haitians would put themselves together to rebuild it. We are in an era of recent days where Haitians will learn to differentiate each other, and love the other. The time has come to draw us close to each other. Guess what!

A brief reminder for all those who are not familiar with what is happening in Haiti. I want to remind you that a presidential commission has been created in the last month of April to handle the reconstruction of the National Palace. The commission is composed of these 7 members: Engineer Clement Belizair (Coordinator), Patrick Durandis, Patrick Delatour, the Architect Daniel Elie, Sabin Malbranche, Georges Michel and Yvan Penchinat, are currently receiving and analyzing the contest’s record containing a national and international range.

However, I repeat what the commission wrote in the newspapers Haiti Libre. The Commission is not in a position to provide an accurate response to how much this will cost for this reconstruction, according to an approximate estimation of the architect Daniel Elie, the reconstruction of the National Palace would cost between 40 and 50 million Americans. According to statistics, Haiti is experiencing a serious economic crisis, but this cannot prevent Haitians from putting themselves together to make a huge fundraising to find the amount that the commission is considering. Everyone is making their efforts to live, if really Haitians say they love Haiti, I do not want to believe it would be in words only, rather that should be manifested in CONCRETE ACTIONS we are every day pursuing. We like good things, I know that. It is at this time we will prove that we are not a barbarous, a wild people, but we are people just like everyone else. We have one country called Haiti; it is clear that the  international aid alone cannot deliver Haiti. Haitians can develop their country. We will show this through that CONCRETE ACTIONS we will lay to initiate our participation to make this challenge becomes a reality. If it appears impossible in the eyes of some, but for God it is not impossible.

To tell you all the truth, the government has its own funds that they generate through some institutions to get the state's income so that this project realizes. We cannot remain indifferent by our side. If we really cooperate, the National Palace will be recaptured in the next 2 years before the end of the mandate the President Jovenel Moise. Regardless of your trend or political attachment, you are Haitian at first. The great initiative is our own affair. According to the commission, some people would like that the Palace to be done in another way while preserving the same facade that was before, the architect Daniel Elie said: “it would be better if they would have preserved the same architectural design that our Haitian architect Georges Baussan (1874-958), himself who built the National Palace in 1918, considered at that time to be the most successful neoclassical Palace in Americas. It is a distinction not to be lost in the new construction as architect Daniel Elie believes it.”

Today, all Haitians must first be concerned about what is being doing inside Haiti. I would not like anyone to take pretexts to say that, this does not concern them; it is the government's job to do what they know to afford to rebuild this beautiful building that we had. Yes, it's true you're right. But do not forget that our motto says: “IN UNION WE HAVE STRENGTH”. Again, "MANY HANDS, THE BURDEN IS NOT HEAVY". What you are going to give, "LITTLE BY LITTLE THE BIRD WILL MAKE ITS NEST". We do not want to make the story longer because everyone saw the great devastation of the devastating earthquake on January 12, 2010 in Haiti, where it demolished most of the public buildings, leaving behind the businesses and private homes, mental paralysis, that disaster gave frigging fever, where more than 300 thousand people had lost their lives. Those with disabilities are also living under our eyes in Haiti, as well as others who have gone abroad during this horrific catastrophe. Can we keep watching without we are not continuing to act? No! What happened already happened, but we must take our destiny in hands and keep moving forward.

I want to say to all my Haitian compatriots that regardless of your height, the type of study you do, rich or poor, blacks or mulattos, it’s good, but it is not so important for now. The time has come to learn to cooperate as to put hands on in the reconstruction of the NEW HAITI. Haiti gives its children the opportunity to become something, but on several past occasions, perhaps we did not take advantage of this chance, we let it go, we prefer spending our time to sow discord with each other; and the country can’t grow as we all expect it. What I mean is that the Haitian government has the goodwill to put Haiti back on its two feet, even though there are some political parties that do not get along with each other, sometimes which allows the democratic process to go through. Apparently, some Haitians or groups do not yet want to take consciousness to terminate this entire permanent political turbulence. It’s been a long time the country kneels down under misery and extreme poverty, national degradation as well as international, catastrophic natural disasters, and other inconvenient circumstances that hit us every day. Look at your hands to see if our fingers are the same length! No! Does this prevent the fingers from being part of them? Not at all. Can we cross our arms asking what the government or the president is doing for us? No. Preferably, we should rather say, what we plan to do to help our country advance. We know our Haitian compatriots are courageous people, tenderness, they love their neighbors, and their families are suffering. They all want to make the difference today; they want to give the world the greatest moral lessons where they are not expecting all the time foreigners are coming to support us. This is why I take this great commitment to tell you that we are all in it, to rebuild our country. Don’t say it doesn’t matter! And, wherever you are, don’t say you are not in the question of Haiti. What is Haiti? Know that your umbilical cord has been buried there, even if you have another nationality, it will not make you different, you still remain Haitians. To close this paragraph, I invite all Haitians to make this gesture without complaining, it’s to cooperate, invest in people, share, and build together, etc… I'm proud to be Haitian. Are you not proud too, are you?

Laying of the first stone of the National Palace:

Avenide Joseph the Spokesperson for the Presidency confirmed that the ceremony of laying the foundation stone will take place on January 12, 2018 during the activities marking the 8th anniversary of the 2010 earthquake.

The Youth Forum already provides a contribution of a cheque of 5,000 gourds to the Public Treasury for the reconstruction of the National Palace. And you? When are you making your gesture?

N/B. - This note does not engage me in anything to raise funds to help rebuild the Haitian National Palace. It does not have anything to do with any supporter or political affiliation. I just want to motivate all Haitians in the Diaspora and Haitians in Haiti to cooperate in this initiative. If anyone has the willingness to provide his/her participation, I will urge him to do so quickly, to find out with the ethnic instincts involved in Haiti for your involvement. You will also be advised to be careful not to give others or any organization that the Haitian Executive has attributed to a legal task to collect this money. If you are best informed of this, you will be able to send your full security contribution to the Haitian government and you must make sure it reaches its destination. Already we thank you for your understanding and cooperation as you are interested in helping Haiti recover its image. We are all concerned and we are all responsible. We are a BIG CHAMPION. Yes, together we can rebuild our beautiful country Haiti.

Jean H. BELLEFLEUR,

Translator - Editor, Former Haitian Creole Instructor

with Peace - Corps Haiti - Instructor, CEO of HICLATFOR & Independent Researcher.

 boule   boule   boule

Don de 250,000 Goud de lajenès:

Vandredi 12 Janvye 2018 la pandan pòz premye wòch la nan Palè Nasyonal la, reprezantan komite lokal jèn yo nan 10 depatman peyi a te remèt 10 chèk ki totalize 250,000 goud  kòm kontribisyon volontè pou rekonstriksyon Palè Nasyonal la.   


Donations of 250,000 Gde from the Youth Association:

Friday 12, 2018 at the laying of the foundation stone at the National Palace, the representatives of local youth committees from 10 departments of the country gave 10 checks totaling 250,000 gourds as a voluntary contribution for the reconstruction of the National Palace.

 boule

Reconstruction du Palais national:
Jovenel Moïse fera d’une pierre deux coups…

Publié le 2018-01-10 | Le Nouvelliste (Roberson Alphonse)

boule  boule  boule

Commémoration 2017

Commémoration 2016

Commémoration 2015

Commémoration 2014

Commémoration 2013

Commémoration 2012

Sommaire des pages commémoration 2011

Poèmes:

Articles et autres:

Sur le web:

boule  boule  boule

Séisme sommaire

boule

Viré monté