Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Akò Montana a, yon inisyativ louwab

Geraud Charles

9 fevriye 2022

EnglishKreyòl

Akò Montana a se yon inisyativ louwab, menm jan ak lòt inisyativ ki akouche (kèk) lòt akò.

Tout inisyativ yo nan menm nivo. Pa gen youn ki pi bon pase lòt depi yo ta chita sou manman lwa peyi a, ki se Konstitisyon pèp la te vote 29 mas 1987. Se sèl lwa peyi a ki ka konsolide yo.

Kèlkeswa Ayisyen k ap pale jodiya an Ayiti, e nan dyaspora ayisyen ki deklare pa gen pwovizyon konstitisyonèl, moun sa a sou blòf. Li nan manti ak tèt li, e li redui peyi a an erè menm jan ak Joceleme Privert ki redui l an erè. Privert mennen nou nan dat 6, 7 Jiyè 20211, kote nou pèdi endepandans nasyonal nou e patri nou vyole (selon atik 138 konstitisyon sa a)2.

Etranje antre nan peyi a. Yo planifye, òganize e egzekite avèk sitwayen ayisyen trèt («konze») yo antre kay yon prezidan nan repiblik la, yo asasine l.

Menm si prezidan Jovenel Moise te mete tèt li nan sa nou rele move posti kote l t ap aji andeyò lwa peyi a, li vin vilnerab (ou espoze kòm sib) kote l pèdi pouvwa ak otorite (aprè 7 fevriye 2021).

Nòmalman 48 è d tan pou pi piti, 72 è d tan pou pi plis si nou (Ayisyen) te gen yon peyi ki te gen sa yo rele «kilti respè sivik», lalwa te dwe gen yon prezidan enstale obligatwaman nan palè nasyonal (selon Konstitisyon 1987 la, atik 138 e 1493.

Malerezman, jodiya fè 7 mwa ak 3 jou Ayiti plonje nan yon twou, kote li pa gen endepandans li ankò. 

Dirijan k ap fonksyone andeyò lwa, an palan de Premye Minis Ariel Henry Henry, pa ka pran okenn desizyon legal.

Depatman Deta Ameriken, an palan de Msye Nichols Brian, ap fè deklarasyon avèk awogans politik pou peyi a. Msye Kenneth Merten  Chaje d Afè nan Anbasad Ameriken ap tire fisèl la anba* nan aplike politik «divize pou reye». 

Ekonomi peyi a plat atè --

Pa gen okenn pwomosyon sosyal dirab ki fèt. Se sèlman separe diri, e fè lavi pèp sa a redui a diri.

Nou divize pak an pak (konplètman) avèk akò k ap ponn tankou ze pentad, k ap soti nan dèyè poul kòk manin paye*.

Inisyativ pou Ayisyen yo reyini, e pwopoze sa ki pou fèt bon e menm twò bon. Gouvène se prevwa. Se paske nou te gen yon peyi depi aprè asasina papa nasyon an4 ki pa t janm gouvène e se pou sa mwen, sèvitè nou Geraud Charles, gen yon santiman lawont. Mwen se moun, e mwen p ap lage okenn responsablite sou do lòt peyi. Se nou, Ayisyen, ki premye responsab sò nou menm si gen kolèg ki pa dakò avèk mwen.

Jodiya nou tande anpil Ayisyen, ki andedan anpil enstitisyon kle nan peyi a, k ap pale yon sèl langaj: «Konsansis lajman laj». Se menm langaj sa a ki nan Konstitisyon 1987 la, (Chapit 1, «L' Union fait la Force» ou ansanm nou fò).

Wi, anpil Ayisyen pwouve ke yo renmen Ayiti. Yo fyè, nou wè sa nan akò yo, e mwen felisite Ayisyen sa yo.

Mwen kondane tout Ayisyen k ap repete betiz ke «pa gen pwovizyon konstitisyonèl pou rezoud pwoblèm kriz politik sa a». Mwen rele Ayisyen sa yo koukoulougwe*, sousoupannan*, sousoubyèkè*, koukouyangan* k ap ranfòse enfliyans gwo pouvwa gwo peyi sou desizyon politik Ayiti. Sèl objektif yo se eksplwate richès natirèl Ayiti. Esplwatasyon sa a se nan enterè yo l ye sèlman, men pa nan enterè pèp ayisyen (sitou sa ki pi pòv, pi vilnerab yo, depi plis pase 200 ane).

Andedan tout akò yo, mwen ankouraje chèf akò yo pou pran swen pwòp peyi pa yo oubyen gouvènman pa yo fè yon dènye tèt ansanm semèn sa a, reyini ansanm, epi batize l «fèy de wout de tranzisyon».

Mwen pwopoze kòm senp sitwayen peyi a (kòm ansyen palmantè / depite pèp la, kòm manm fondatè yon mouvans politik nasyonal e entènasyonal ki fonde 19 mas 2021 ki rele «Opposition Nationale D' Haïti») pou remèt «fèy de wout» a 3 pèsonalite sa yo ke mwen remake peyi a pa gen twòp bagay pou repwoche yo:

  1. Sitwayen jij Joseph Mécène Jean-Louis an aplikasyon atik 138 e 149 Konstitisyon 1987 la kòm prezidan tranzitwa «ripti».
     
  2. Sitwayen ekonomis Fritz Alphonse Jean kòm Premye Minis.
     
  3. Sitwayen Senatè/ Depite Msye Steeven Benoit  kòm yon gran Minis Afè Sosyal peyi a.

Mwen panse nou ka konsète pou nou jwenn lòt pèsonalite andedan sosyete sa a pou konplete 3 pèsonalite pou fòme yon gouvènman ki gen yon pouvwa ki soti nan konstitisyon an. 

Fèy de wout la ap defini vrè misyon yo pou rale tren an, e mete l sou ray avèk eleksyon jeneral nan peyi a (nan yon ti tan ki pa twò lwen) pandan n ap mande jèn ki nan gang depoze zam yo. Zam fè ou cho; li ka fè ou twòp pou peyi a, e obligatwaman se anba ou prale. 

Li enpòtan pou mete pò, ayewopò, e fontyè peyi a sou kontwòl, pa rapò a zam k ap enpòte ou k ap antre Ayiti). 

Yon peyi k ap enpòte oubyen voye zam Ayiti jodiya, kèlkeswa jan peyi sa a rele, se ènmi pèp ayisyen li ye. Ayiti pa nan lagè ak okenn peyi. E Ayiti pa pwodui zam a fe (zamafe / zam e fe).

Mwen p ap ouvri bouch ankò pou m di yon mo sou kriz politik an Ayiti. 

M ap fè anpil efò pou m chase santiman lawont ke m genyen pandan m ap angaje m nan yon pati politik (an) Ayiti ki rele FDHI (Force Démocratique Haïtien Intégré : Fòs Demokratik Ayisyen Entegre) k ap dirije e gouvène pa Dtè (doktè) Eddy Delaleu pou m kontinye batay (ke m te kòmamse depi nan ane 1983) pou peyi m chanje, atravè (defen) Pwofesè Geoges Charles Pierre nan Fort-Liberté.

Mèsi tout zanmi fesbouk, whatsApp ki toujou sipòte m nan apwòch mwen, menm si anpil fwa granmoun nan yon ti jan devegonde (temèrè / tenmèrè). Mwen fè sa pou fwete (kale) ògèy Ayisyen ki poko pran konsyans eta yo kòm sitwayen, sitou drijan nan pati politik yo k ap fè divèsyon (pale anpil) tout jounen, pandan yo nye reyalite pwoblèm politik ki pou rezoud jodiya menm.

Mwen renmen Ayiti! Se Ayiti ki fè m moun! Se sèl Ayiti lè m ladan l mwen santi m gen valè kòm moun.

 

Nòt referans (nòt esplikasyon, nòt de pye)

  1. 6, 7 Jiyè 2021. Nuit 6 pou ouvri 7 jiyè, asasina prezidan Jovenel Moise nan rezidans li.
     
  2. Konstitisyon 1987 la, atik 138: Youn nan wòl Prezidan Repiblik la se fè yon jan pou pèp Ayisyen toujou mèt lakay li, e pou li pa janm pèdi pi piti moso nan tè peyi d Ayiti.
     
  3. Konstitisyon 1987 la, atik 149: Sizanka plas prezidan repiblik la vin vid, pou nenpòt ki rezon, se prezidan Tribinal Kasasyon an k ap monte prezidan pwovizwa repiblik la. Si plas prezidan Tribinal Kasasyon an te vid, se visprezidan Tribinal Kasasyon an k ap monte. Si plas visprezidan an te vid, se jij ki pi ansyen kòm jij Tribinal Kasasyon an, k ap monte. E, se konsa jij Tribinal Kasasyon yo ta monte, youn dèyè lòt. Asanble Nasyonal la enstale prezidan pwovizwa a nan plas.
     
  4. Papa nasyon an, yon referans a Jean-Jacques Dessalines.

*vokabilè

  1. koukoulougwe: Se yon moun - li la, li pa la; li pa vo (pip) tabak (li pa vo anyen, li san pouvwa).
     
  2. koukouyangan: Se tankou yon moun ki marye, epi fi a kapab deside fè sa l vle (li pran lòt moun elt. Epi mesye a lakay la; li la, li pa la… epi yo ba l non sa a.
     
  3. paye (mo ki itilize nan zòn nò). s: (sinonim) kouvri. Kòk la paye manman poul l.
     
  4. sousoubyèkè: Yon moun k ap fè sa nou rele «pote ale, pote vini».
     
  5. sousoupannan:  Yon moun ki la, k ap esplwate w (ansoudin); se li, se pa li. L ap eslwate w, men ou p ap janm wè si l ap fè sa.
     
  6. tire fisèl la anba. s: fè presyon sou, mete presyon sou; enfliyanse.

*

 Viré monté