Ayiti

Ann pale de bwa ak fri Ayiti

Emmanuel W. VEDRINE
1994
Campagne haïtienne.

Photo F. & F. Biaggi.

Kisa nou konnen de bwa ak pwebwa an(n) Ayiti? Kesyon sa a, se pa pou bay yon ide de sa m konnen apwopo pyebwa Ayiti Toma. Toudabò, mwen pa yon konesè nan zafè bwa ak pyebwa men mwen gen yon apresyasyon pou yo depi piti. Yo jwe yon gran wòl nan lavi m lè m te piti, non sèlman paske m fèt alakanpay, men m gade yo tou kòm tout sa ki te fè pati anviwonnman kote m t ap viv la. Se ta yon kontantman estraòdinè pou mwen pou m ta pibliye yon rechèch konplè sou pyebwa Ayiti. Mwen bese byen ba pou m retire chapo m devan tout otè ki te fè yon kout plim sou zafè pyebwa Ayiti. Aktyèlman, se youn nan gwo pwoblèm peyi nou ap travèse lè nou wè yo fin koupe bwa yo pou fè chabon. Yo koupe pyebwa ki bay fri pou moun manje. Tout pwoblèm sa yo vin ogmante sou pwoblèm ewozyon an ke peyi a ap sibi e sa koze lapli pa tonbe. Si pa gen lapli, peyizan pa ka travay tè e jiskounye gouvènman yo pa kreye yon sistèm irigasyon atravè peyi a ki ta ede peyizan wouze tè. Èske se sous ak rivyè ke nou pa gen ditou nan peyi a pou fè baraj? Èske se enjenyè, agonòm nou pa genyen? Èske se yon madichon nou genyen pou n pa janm avanse tankou lòt peyi? An(n) Ayiti, nou chaje ak enjenyè, agonòm men biwo tout chita nan kapital peyi a ki pa gen tè pou travay. Tout moun nan kapital la bezwen manje men bannann ak patat pa grandi Pòtoprens. Li lè pou tout Ayisyen pran konsyans de bezwen peyi a, li lè pou yo mete tèt ansanm pou yo tout panse a avni Ayiti nan venteyinyèm syèk la.

Pye mango

mango

Pye mango. Photo F. & F. Biaggi.

Pye mango bay mango. Pye manyo se youn nan pi bèl pyebwa nou yo. Gen plizyè tip mango Ayiti: mango abriko, aryèl, batis, blan, fil, fransik, jeremi, kanèl, kòdòk, kòn, labich, miska, miskèt, moulat, po fen, won , elatriye.

Meyè fason pou plante mango se pepinyè pou fè ak grenn mango yo apre yo fin sèk. Mango sot tonbe lè yo mi. Lè van ap vante, mango mi tonbe. Gen moun ki monte yon pye mango pou yo ka manje mango. Lè ou monte yon pye mango, ou souke kèk branch mango, mango mi tonbe. Gen moun ki keyi mango ak wòch, flonn. Avan mango mi, li te vèt. Mango vèt pa tonbe. Gen plizyè fason pou manje mango: ou ka manje l ak kouto, kale l ak dan, fè sousèt ak li. Mango fil ak mango kòn se mango ki pi fasil pou fè sousèt ak yo. Pou fè sousèt ak yon mango, ou frape l sou yon bagay di jiskaske ou Petri l. Li vin tankou yon manmèl w ap souse. Yo rele sa «tòtòt» tou. Nan lòt peyi, yo fè ji, sirèt, savon avèk lòt pwodui ak mango. Si lakay te gen endistri, nou ta ka fè bagay sa yo tou. Anpil mango konn gaspiye Ayiti paske nou pa gen izin pou n ta fè yon bagay ak yo. Nan mwa jen, jiyè, moun jwenn anpil mango Ayiti.

Gen rejyon peyi a ki espesyalize nan kèk mango. Jeremi gen yon repitasyon pou mango jeremi ; Okap repite pou mango batis; Gonayiv repite pou madan fransik . Nan kapital la, Pòtoprens, pa gen yon espesyalite paske moun pa kiltive nan kapital la. Men w ap jwenn anpil nan pye mango sa yo ke moun plante lakay yo. Pòtoprens se yon pwen de rankont tou kote machann nan kat kwen peyi a vin vann mango sa yo. Anpil moun ki fèt nan kapital la vin konnen mango sa yo atravè machann yo.

Lewogàn repite pou mango fransik ak mango miska . Mango miska a gen yon gou estraòdinè; nanpwen mango dous konsa. Po l fen, li tou won. Lòt kote w ap jwenn mango fransik se Laplèn.

N ap jwenn varyete mango sa yo Ayiti: abityela, abriko dlo, akòdò, ameli, anjelik, answa, aryèl, aselwi, badyo, bata, batis, bèf, blan, ble, bonbe, bonbon, bonkira, bosye, bourik, chalè, chèl, chilpiti, datis, dega, di, difonsèl, disèl, dite, dlo, dòf, dosou, doudous, dyonn long, dyonn won, fal fann, fanm blanch, fil, gèp, gistav, gra, grenn bèf, grenn si, grenn toutou, jan mari, jenn jan gwo po, jeremi, jili, kachiman, kadril, kafe, kakadyab, kakapoul, kakòn, kalite, kan nan pwen, kanèl, kanf, kawòt, kay, kilns, kòdòk, kolèt, kòn, koton, kou boutèy, kountedi, kowosòl, labèl Dayiti, labich, lakansyèl, lakolo, lanmidon, lanni, lapolis, lasann, lèt, madan fransis, madan jan, magarèt, manchèt, manmye, mann ilè, Mari wòz, menvil, mesye fransis, mi wòz, mikayèl, miska, miss, monben, moulat, nèt, nimewo 11, p! a tout dyòl, pak, palmès, panyòl, paskal, pè, penn sik, pit, po fen, po rèd, porye, potas, poze papye, prin, remonsin, sann, sen michel, sik, simon, sirèt, tèmantin, tete, tete tifi, tèton, ti bèk, ti bilon, ti blak, ti bòzò, ti bwa, ti bwason, ti eme, ti glise, ti klo, ti kouzin, ti koyo, ti lodat, ti long, ti loran, ti mera, ti michèl, ti po rèd, ti pwav, ti sik, ti sya, ti wòz, tifi, toutou, twò dous, tyou bèf, vedin, vouzèt, vyann, vyolèt, wozali, yann, yaya, yil, zabriko, ze, ze kodenn, zege, zès, zilat, zozon… (ref. Plant ak pyebwa tè d Ayiti, François Séverin, 2002)  

Pye labapen ak pye veritab

Artocarpus altilis

Pye labapen. Photo FP.

Ou wè yon labapen deja? Kijan li ye? Kikote ou te wè l? Lè labapen mi, li sot tonbe menm jan ak mango. Yo keyi labapen. Pou keyi labapen, ou monte sou pye a ak yon gòl epi ou pike yo nan kòlèt. Gen moun ki keyi yo vèt san yo pa mi men yo rèk. Li pi bon lè yo keyi yo mi. Lè van ap vante, labapen mi tonbe. Gen pye labapen ki wo anpil; moun pa monte yo fasil. Chak maten, gen moun an pwovens ki al anba pye labapen pou al wè si genyen ki tonbe. Pye labapen se yon bwa ki gen gwo fèy. Li sanble tèt koupe ak pye veritab. Pwovèb la di ou: Fèy manyòk sanble mapou men yo pa menm . Lè pye labapen ak pye veritab jenn fi, yo sanble kou de gout dlo. Se lè yo fè pitit pou wè ke yo pa jimèl.

Yo fè pepinyè ak grenn labapen pou al pike lòt kote. Grenn labapen jèmen. Labapen toujou gen yon seri ti pikan sou li. Yo ka pike moun lè yo vèt. Lè labapen an mi, pikan sa yo mi tou; donk, yo pa pike moun. (Lam)veritab pa gen pikan sou li. Lòt diferans ant de sè sa yo tou se nan fèy yo. Fèy (lam)veritab pi mens ke fèy labapen epi l fann plis. Pye labapen se yon bwa ki renmen libète l tandiske pye veritab renmen makrèl. Yon pye veritab gen dwa pouse lòt ti pye veritab ozalantou l, espesyalman lè yo koupe rasin nan yon kote. Veritab pa gen grenn menm jan ak labapen. Donk yo di grenn labapen, yo pa di grenn veritab. Se rasin pye veritab la yo plante ou koupe pou l kapab repwodui.

Kijan yo manje labapen? Yo bouyi, boukannen labapen anba sann cho. Lè yo bouyi l, yo mete sèl ladan pou ba l bon gou tandiske lè yo boukannen l, yo pa mete sèl ladan. Pou manje labapen bouyi, ou kale, retire l nan sak ki vlope l la pou kapab pran grenn nan. Lè li fin bouyi, ou kale grenn lan pou retire ekay ki kouvri l la. Po sa a di menm apre lè li fin bouyi oswa boukannen. Machann labapen konn pase yo solèy avan yo bouyi yo. Se yon fason pou yo pa gate vit. Labapen pa gen sezon espesyal li donnen.

Pou manje (lam)veritab oubyen ou kapab bouyi l, fri l, oswa boukannen l. Veritab gen bonjan vitamin ladan. Gen kote yo fè tonmtonm ak li. Machann fritay Pòtoprens fri l pou vann ak lòt fridòdòy. Yo bay veritab ti non jwèt sa a: vip pip kale bouyi . Sa vle di depi l tonbe, pa gen pèdi tan, se kale mete l bouyi. Tè plèn tankou Lewogàn bay anpil veritab. Gen moun ki angrese kochon ak veritab. Yo itilize gonm labapen ak veritab tou. Timoun ki renmen kenbe zwazo tann pèplen pou yo ak gonm lan. Kijan yo fè sa? Yo pike pyebwa a epi l bay yon lèt blanch, epè. Yo mete lèt sa a nan yon ti mamit oswa nan yon ti kwi. Yo bouyi l epi l vin tou nwa. Yo pran gonm sa a yo mete l sou branch bwa kote zwazo yo poze. Depi pye yo pase sou li, y ap kole; yo p ap ka vole. Pye yo pran, zèl yo pran tou. Lòt bagay yo fè ak gonm sa a se anplak pou leve biskèt moun ki tonbe. Anplak sa a konn grate kou pwagrate. Anplak la tonbe pou kò l. Si moun lan mouye l souvan, l ap dekole san lè l poko rive. Li gen yon sant makawon tou.

Youn nan konesè sou zafè bwa, Frederic Burr Reynaud (1884-1946), rapòte ke sè sa yo antre Ayiti nan ane 1788 nan zòn Lenbe pa yon sèten Belin de Villeneuve.

Pawoli: Pye labapen sanble ak pye veritab men yo pa menm .
 

Pye zaboka

Pye zaboka se yon bèl pyebwa ki gen bèl fèy. Men gen plizyè tip zaboka menm jan gen plizyè tip mango. Gen rejyon Ayiti ki espesyalize yo nan kèk tip prensipal. Ki tip zaboka ki pi repite kote w soti a?

Pou plante zaboka, ou kapab fè pepinyè ak grenn zaboka pou al plante lòt kote. Pa konfonn avoka ak zaboka . Yo chak defann koze pa yo. Zaboka kapab defann ou devan mayi moulen, patat, kasav, bobori. Avoka ka defann ou nan tribunal pou yon kòz oubyen yon bagay ke yo akize ou. Yo manje zaboka mi. Lè zaboka mi sou pye, yo konn sot tonbe. Lè van ap vante, zaboka mi tonbe. Yo keyi zaboka ki rèk, yo toufe yo pou yo ka vin mi. Kabrit, chen ak kochon se twa bèt Ayiti ki pi renmen zaboka. Yo angrese kochon ak zaboka tou. Yo konsève grenn zaboka pou bay kochon ak kabrit manje lè gen rate manje pou bèt yo. Yo itilize zaboka tou nan lòt peyi pou fè pomad pou cheve ak grès.
 

Defann mwen m ap defann ou zaboka

Lè m ap tranche w
Bouch mwen kouri dlo
Mwen p ap pale sèlman de zaboka dlo
Men tout lòt Zaboka mi
Zaboka mi, se ou ki defansè m
Devan mesye sa yo:
Patat, kasav, bobori, kabich ak mayi moulen
Defann mwen devan yo pou m pa wont
Menm jan konpè chat te wont
Apre malonnèt konpè chen te fè l anba pye ou
Mèkredi granmmaten
Defann mwen zaboka
Pou sizanka
Kasav ta kwoke nan gòj mwen
Defann mwen
Pou sizanka
Chen, kabrit ak kochon
Ta atake ou
Pou m ka pran pou ou
Mwen konnen kòman yo damou pou ou
Lè yo jwenn ou, yo ka devore ou
Tèlman yo swaf ou.
Mwen jalou de ou menm jan
Chen pa ta renmen chat pran ou
Defann mwen zaboka
M ap defann ou tou
Silvouplè defann mwen
Devan mayi boukannen.

Pye kokoye

Cocos nucifera

Pye kokoye. Photo F.P.

Pye kokoye bay fri ki rele kokoye oswa kòk . Moun bwè dlo kòk, yo manje nannan kòkoye. Lè kokoye a pa rèk, yo manje l, yo rele sa nannan . Nannan kokoye bon anpil ak kasav oswa bobori. Yo manje kokoye rèk ak kasav, pen oswa bobori. Yo graje kokoye pou kapab pran ji a. Yo mete ji a nan manje tèlke mayi moulen, yo fè kremas avè l. nan peyi etranje, yo itilize kokoye pou fè anpil pwodui tèlke lwil, grès, pomad pou po. Meyè fason pou keyi kokoye se monte pou monte pye a; ou rache l nan grap li. Ou gendwa rache grap la nèt. Depan de wotè pye kokoye a, ou ka pa fè anpil efò pou keyi l. Gen pye kokoye ki wo anpil, gen kokoye basèt tou. Kokoye Damyen yo gen yon repitasyon pou wotè yo, tèlman yo kout. Selon wotè ou, ou gendwa pa menm monte pye a pou keyi kokoye. Si l ta yon ti jan wo, ou gendwa keyi l ak yon gòl. Tout fri ki vin nan grap gen yon kòlèt . Si ou kase kòlèt la, l ap tonbe. Kokoye se yon fri ki chich. Li pa tonbe atè; se keyi pou keyi l. Lè yo di yon moun kokoye, sa vle di: yon moun kourèd , yon moun chich , yon peng . Se yon danje pou moun rete anba pye kokoye lè y ap keyi l. Si pa malè li ta tonbe sou tèt yon moun, pa gen lavi pou li ankò.

Yo fè tonnèl ak fèy kokoye. Gen anpil kote andeyò ki gen tonnèl. Anpil moun fè tonnèl pou frechè. Lè li fè cho, yo pa rete andedan kay la; tout moun anba tonnèl, kare (kage) chèz yo ap pran ti van. Lè moun mouri tou an pwovens, yo monte tonnèl pafwa. Se anba tonnèl la moun ap jwe zo, domino, bwè gwòg, bay istwa pandan veye a. Apre nevyèm (nevèn), yo kraze tonnèl la. Yo fè tonnèl tou pou rezen ak joumou donnen. Rezen ak joumou renmen detire, dodomeya kò yo. Gen flè ki renmen blayi kò yo sou tonnèl tou.

Yo toujou di pye kokoye se bwa ki rale loray. Donk, lè loray ap gwonde pa rete anba pye kokoye.

Pwovèb : Ou pa janm konn kot dlo pase li antre nan kokoye .

Kilti : Yo fè pepinyè kokoye pou al plante lòt kote.
 

Nègès ki fè bote rivaj mwen yo

Pa gen konparezon ak bèl fèy ou
Byenke palmis ap taye banda l tou
Ou fè bote Lanmè Karayib la
Ou fè bote rivay mwen yo
Fèy ou yo bèl,
Yo gen yon koulè dore
Pafwa ou panche
Yon jan pou m manyen cheve w,
Pou m jwe ak krenyè w
Nègès bèl kreyè,
M renmen koupe cheve w
Pou sèvi m parasòl
Fèy tòl
Pa ka wè la.
Lè m bwè dlo w,
Li rafrechi kè m,
Li koupe swaf mwen.
Anba tonnèl mwen,
Ou batay ak solèy la pou mwen
Pou l pa frape m.

O kokoye!
M ta koupe w
Chak jou pou m manje
Nannan w,
Pou desann chalè m
Pou rafrechi kè m.
M ta graje w
Chak jou pou m souse w,
Prije w
Pou ti kremas mwen,

Pye kokoye, bèl nègès k ap taye banda l
Lè van ap vante pou l fè palmis fè jalouzi.
Nègès chich, nègès ki p ap bay konsa konsa
Men se pran pou pran
Poutèt sa, m pral monte sou ou,
M ap degrape w
Koupe w
Epi m manje nannan w.

Pye Palmis

Armoirie d'Haïti

Menmsi Ayisyen pa konn tout pyebwa ki gen Ayiti, men yo tout wè yon pye palmis sou lajan peyi a ak sou drapo bikolò a. Anpil fwa lè y ap fè paryaj Ayiti, yo pran yon senk kòb voye l anlè. Gen moun ki parye sou tonton , genyen ki parye sou palmis . Nan drapo ble e wouj Desalin lan, nou wè yon pye palmis kanpe tou drèt kou Lakrètapyewo. Palmis se yon bwa ki reprezante libète pou nou. Pa gen pyebwa ki ka fè konpetisyon ak palmis nan wotè. Palmis se yon bwa ki renmen libète l. Li toujou pou kò l. Li domine peyizaj la. Anpil zwazo poze sou palmis oubyen pye palmis pou manje grenn palmis. Anpil ranmye renmen manje grenn palmis; donk, anpil fwa yo poze sou pye palmis pou manje grenn nan. Gen anpil zwazo ki renmen fè nich yo nan pye palmis. Gen moun ki panse bèt yo pa gen lespri. Poukisa yon zwazo al fè nich li nan yon pye palmis? Mwen ta di pou plis sekirite paske palmis se yon bwa ki wo. Se pa yon pyebwa moun pral monte fasil pou deniche nich yo. Palmis gen fèy long ki ta vle sanble ak fèy kokoye men fèy sa yo pa dore, yo gen koulè ble. Palmis se fanmi ak pye kokoye, menm jan pye labapen se fanmi ak pye veritab.

Nouriti : Yo manje chou palmis. Li bon anpil kòm legim. Se pa yon bagay ou jwenn souvan.

Itilizasyon : Yo koupe palmis pou fè planch pou klise kay an pwovens. Palmis se yon gwo pyebwa; li gen gwo twon, diferan de pye kokoye. Se youn nan rezon ki fè yo pa monte l souvan. Lòt rezon an sèke li pa bay fri pou manje. Palmis bay bèl tach. Ou poko janm kouche sou yon tach frèch? Lè chalè, moun konn kouche sou tach pou frechè. Lè tach la mi, li sot tonbe pou kò l. Gen kote an pwovens moun itilize tach pou kouvri kounouk yo. Yo konn bare kounouk ak li pou pwoteje l kont van ak lapli. Yo konn pyese twou kay pay ki koule ak li. Yo bay kochon grenn palmis la manje tou.

Dimanch ramo se yon dimanch kote anpil katolik achte branch ramo. Yo mare l nan ponyèt yo oubyen yo fè ti goumèt ak li. Se yon senbòl an souvni Jezikri lè l te antre triyonfalman nan vil Jerizalèm yon semèn avan l mouri. Ou konn kote ramo soti? Se ti fèy ki fè pati kè palmis la oubyen flèch palmis la ki pwente ap gade lesyèl. Moun koupe palmis la avan dimanch ramo pou kapab itilize oubyen vann ti fèy espesyal sa yo avan dimanch ramo. Se nan epòk sa a moun jwenn chou palmis la pi fasil pou manje.

Kilti : Yo fè pepinyè ak grenn palmis pou al plante lòt kote. Men pifò pye palmis Ayiti yo se nan bouch zwazo grenn yo sot tonbe epi yo leve. Donk zwazo yo fè anpil bagay nou pa fè.
 

Pyebwa libète

Palmis, mwen konnen poukisa
Ou fyè konsa
Ou se senbòl libète
Se sa k fè ou toujou nan tire pye
Ak pye kokoye
Palmis, tout lòt pyebwa yo konnen ou
Kòm bwapiwo,
Grennpwonmennen
Ou wè tout bagay
Ou konn tout sa k ap pase.
Mwen renmen parye sou ou
Mwen pa renmen parye sou tonton
Anpil se magouyè
Dyòl bòkyè
Malveyan
Grandan
Gouloupya.
Yo pa t goumen pou libète
Men ou te kanpe dyanm sou tè Desalin ak Tousen
Depi anvan 1804,
Palmis, ou kanpe drèt kou Lakrètapyewo
Ap fikse lesyèl.
Ou kanpe drèt tankou Chalmayperal
Ou fè m sonje
Ewo nou yo
Lè m gade w,
M ta renmen tout Ayisyen
Fyè tankou w,
Lib tankou w
Menm jan ou gen libète ou pami lòt pyebwa yo
M ap parye sou ou
M p ap parye sou tonton
Tonton ka blofe m
Mwen pi fè branch ou yo konfyans
Menm jan zwazo yo fè yo konfyans
Pou pa deniche yo.
 

Pye kayimit

Ou wè yon pye kayimit deja? Se yon pyebwa ki gen fèy koulè bwonz oubyen vyolèt. Pye kayimit se yon pyebwa ki chich anpil. Li pa tonbe menm jan ak mango. Menm lè kayimit mi li p ap tonbe. Li pito rete seche nan branch li. Se yon chichadò menm jan ak kokoye. Ou monte pye kayimit pou keyi kayimit. Lè yo vèt, yo gen yon gonm ladan, yon sòt lèt menm koulè ak lèt labapen oswa veritab. Li gen gou rak. Lè l mi, gen yon ti gonm ki ka kole nan moustach moun. Kayimit vyolèt, se kayimit ki pi popilè Ayiti. Se pa yon fri ki di lè l mi. Ou annik peze l epi nannan l ouvè; li bay yon ji ki dous. Kayimit mawon, kòm non an endike, se pa yon kayimit w ap jwenn souvan menm jan ak vyolèt la. W ap jwenn kayimit mawon nan bwa, nan mòn. Ranmye se yon zwazo ki renmen grenn kayimit. Anpil fwa ou wè yo sou pye kayimit, anba pye kayimit dèyè grenn.

Pwovèb : Mizè fè chen monte kayimit .
 

Fanm marabou jansiv vyolèt

Cheve ou fè lonbray pou mwen.
Bèl ranmye
Koulè dore
Je chandèl
Vin poze sou bra ou yo
Pou chache lavi.
Bèl marabou,
Se ou menm ki te prete
Wa Kristòf parasol ou
Pou l pare solèy,
Pou l te chita pran repo
Lè enkyetid te anvayi kè l.
Marabou bèl po
Po vlou
Po fen
Ou pa tonbe pou okenn nèg
Ki damou
Tèlman ou konnen w bèl
Tèlman ou gen ògèy
Men malgre tou,
Ou fè bote lakou
Kòm fanm marabou.
Lè van ap vante,
Kè ou pa sote
Ou kanpe dyanm
Paske ou konnen ou p ap tonbe.
 

Pye sapoti

Ou pa janm wè yon pye sapoti ? Lè m ap pale de dousè fri yo, mwen pa ta renmen di se sapoti ki pi dous nan tout. Lòt fri ta fè twòp jalouzi. Men kanta dous, sapoti dous tout bon. Mwen pa konn sa chovsouri yo panse. Sapoti pa yon fri ki onnèt menm jan ak kèk lòt fri. Fòk ou fè efò pou keyi l. Pou keyi l tou, sa pa fasil. Pafwa, fwomi ap monte desann paske anpil fwa yo gen nich yo anlè a; fèy yo toufe e pafwa gen bonjan nich gèp nan fèy yo ki ka bobo yon nèg. Santi bon koute chè , donk ou pa jwenn sapoti atè menm jan ak mango. Se pa yon fri ki gwo; li pi piti ke kayimit, li won. Anpil fwa, yo keyi sapoti, yo mete yo toufe pou ka vin mi. Yo gen po fen, yon po jòn, yon sant agreyab epi se koupe dwèt. Li fasil pou kale yo ak kouto.
 

Sapoti ou dous

Se pa lwanj m ap fè pou ou
Pou pa vin ògeye
Men ou dous anpil
Malgre ou chich.
Mwen p ap kite lòt fri tande sa
Pou evite jalouzi.
Kit ou Dikini
Kit ou Jakmèl,
Se menm manmèl
Menm dousè
Menmman
Parèyman.
Mwen pa bezwen
Konnen
Si ou te soti Jamayik
Oubyen Ziltik
Yon sèl bagay
M wè w tout kote Ayiti
M ta mòde w,
Tranche w
Woule w nan men m
Anvan m manje w.
 

Pye kachiman

Kachiman kanèl
Kachiman kanèl. Photo ©Barbadine

Ou wè yon pye kachiman deja? Se pa yon fri ki tèlman popilè Ayiti menm jan ak mango. Se yon fri won prèske menm gwosè ak kayimit. Yo konn keyi yo mi sou pye. Yo konn toufe yo tou pou vin mi. Gen yon tip kachiman ki rele kachiman tyèbèk . Kisa ki fè yo parèt yon ti jan diferan de kachiman regilye yo? Kachiman tyèbèk gen yon seri ti boul oval sou li. Lè l mi, ou gendwa rache chak ti boul sa yo pou manje jiskaske ou jwenn nannan an. Kachiman tyèbèk gen yon koulè gri epi pwent ti boul yo kòmanse vin nwa lè l ap mi. Kachiman regilye vin woz tankou yon flanman woz lè l mi. Yo fè ji pou bwè ak kachiman.

Se yon bwa ou jwenn pa aza. Timoun Ayiti ak elèv lekòl se fouyapòt nan bwa. Donk, li fasil pou yon timoun konnen kote ki gen yon pye kachiman nan zòn lan.

Desè : Yo gendwa manje kachiman ak kiyè, men se yon pwoblèm pou moun timad ak moun afre fè nan sosyete paske tanzantan fò ou ap krache grenn lan .

Kilti : Bon, pa gen reyèlman yon kilti kachiman menm jan gen yon lòt kèk fri. Yo kapab fè pepinyè ak grenn yo pou al plante lòt kote.

Itilizasyon : Moun ki fè remèd fèy konn enpòtans fèy kachiman. Li bon pou foulay. Lè yon moun foule nan pye, yo konn bouyi fèy kachiman mare sou li ak mayi moulen cho pou dezanfle l.
 

Lè m monte yon pye kachiman

Pye kachiman se pa yon bwa
M monte fasil
Paske m pa wè l fasil
Men m kirye de tout pyebwa
Pou m wè sa k la
Lè m jwenn yon pye kachiman
Pa aza
Fò m gade sa k ladan
M bezwen konnen si se kachiman tyèbèk
Si se lachin
Menmsi m pa jwenn kachiman
M p ap fache
Petèt m ka jwenn kèk nich
Pou m deniche:
Nich kit
Nich toutrèl
Nich madansara
Eksetera era…
Lè yon bouk kabrit kouri dèyè m,
Pou pye kachiman
Ka sove m
Se sou li m monte
Pou m al kache
Jouktan kabrit la ale.
Lè m tonbe sou pye m
Oubyen lè m foule pye m,
M ap monte yon pye kachiman
Pou m degrape fèy mare sou li
Pou defoule l.
Pye kachiman
Se pa yon bwa
M monte souvan.
 

Pye kakawo

Kakawo
Pye kakawo. Photo ©Barbadine

Pye kakawo renmen frechè. Se yon ti pyebwa ki renmen konpay. Li renmen lòt pyebwa prete l parasòl yo pou l ka pare solèy, pou van pa anmègde l. Petèt se paske l piti a. Pye kakawo se yon bèl ti pyebwa, fèy li byen soup, byen laj. Pandan premye ane a, li fleri; lòt ane, li kòmanse pote fri. Grenn kakawo a fèmen nan yon sòt kapsil. Lè kakawo a bon, yo mete l nan solèy pou l seche. Apre l fin seche, yo ka vann li nan mache, vann li ak espekilatè menm jan ak kafe. Se yon danre ki bay kòb. Lewogàn se youn nan rejyon Ayiti kote yo te konn kiltive l lontan men ak gwo pwoblèm agrikilti, kilti kakawo vin neglije.
 

Kesyon e konpreyansyon

  1. Poukisa yo koupe pyebwa Ayiti?
  2. Ki dezavantay sa genyen lè yo koupe pyebwa?
  3. Kijan ou panse yo kapab pwoteje pyebwa yo?
  4. Konbyen tip mango ou konnen?
  5. Ki pwodui yo kapab fè ak mango?
  6. Ki tip mango ou jwenn Okap, Lewogàn, Jeremi, Gonayiv?
  7. Esplikle fraz sa a: «Lè pye labapen ak pye veritab jenn fi, yo sanble kou de gout dlo; se lè yo fè pitit pou wè yo pa jimèl».
  8. Kijan yo plante labapen ak veritab?
  9. Kijan yo manje labapen?
  10. Poukisa yo bay veritab ti non jwèt sa a: vip vip kale bouyi ?
  11. Ou renmen manje akòdeyon?
  12. Kisa yo fè ak gonm labapen, veritab?
  13. Ki pwodui yo ka fè ak zaboka?
  14. Site twa animal ki renmen zaboka.
  15. Ak kisa ou prefere manje zaboka: ak kasav, mayi boukannen oubyen mayi moulen?
  16. Ki diferans ki genyen ant yon zaboka ak yon avoka?
  17. Ki pwodui yo fè ak kokoye?
  18. Kòman yo keyi kokoye?
  19. Kisa yon «moun kokoye» vle di?
  20. Kisa yo fè ak fèy kokoye?
  21. Kisa pye palmis reprezante pou Ayisyen?
  22. Nan ki epòk moun jwenn anpil chou palmis Ayiti?
  23. Kisa yo fè ak tach palmis?
  24. Ki koulè fèy kayimit?
  25. Ki zwazo ki renmen manje grenn kayimit?
  26. An palan de kayimit, esplike metafò sa a: «Se ou menm ki te prete wa Kristòf parasòl ou pou l te pare solèy».
  27. Kijan e ki gwosè yon sapoti ye?
  28. Site twa pyebwa ki chich.
  29. Dekri kachiman tyèbèk.
  30. Kisa yo fè ak fèy kachiman?
     
   KÈK PLANT KREYÒL AK NON YO AN LATEN
 
   Kijan yon plant fèt ? (yon tèks Jean Erich René)
 
   Twazyèm chapit: Rasin yon plant (yon tèks Jean Erich René)
 
   Fruits des Antilles : Le patrimoine fruitier des Antilles est riche de plus de 125 espèces fruitières, cependant peu d’entre elles sont à l’honneur… partons donc ensemble à leur découverte !
 
   Walapulu Cacao et Chocolat de Guyane
 
   Les plantes cultivées en régions chaudes AFD (Antenne de formation à distance)
 
 
 
logo