Ayiti

«SONSON MOUN FOU»

par Charlot LUCIEN
(CD: TI CYPRIEN, DOKTÈ YA BEZWEN)

Depi m piti nan Bwavèna m ap leve, moun fou se fenomèn m te toujou konn nan lari Pòtoprens nan ane 70, 80 yo.

Alfredo Moreno bò Pon Senjewo*, yon fou dou t ap chante tout lajounen ke l pile yon bagay mou. Ti Masèl te nan tout kanaval anba lavil. Ti Erik, tèt malik te gen foli enjenyè nan Petyonvil. Jaki fanatik ki te vyoletis oubyen resimis nan sal Silvyo Katò*. Chak pa, msye fè vap! Son w drib. Ranmbo sou Pon Moren*, li te renmen sèvis chef kalòt marasa. Demostèn* li menm te tabli bò Bwavèna. Misye te konn dènye grenn betiz sal nan diksyonè Papa Gede. Mariwoz anba lavil te pason w tray anba sanzave bò Pòtay Lewogàn. Makéké dan bonbon te konn tout mo sal pou koresponn ak vagabon.

Men gon w mistè m pa t janm ka konprann apre 86, apre gouvènman Pitit Tig la te fin tonbe, sèke moun fou te donn nan lari Pòtoprens tankou joumou. Yo te rele yo fou dou paske yo menm, kontrèman a lòt yo, yo pa t atake ni senserite moun, ni sekirite byen, ni sekirite peyi a. Donk kit se te sou Gran Ru, kit se te sou Lalue, kit se te sou Boudon, anpil ladan yo son sèl foli yo te genyen se te foli dirije trafik. Donk, yo anba solèy la. Sa k gen siflèt yo nan bouch yo, Sa k gen inifòm gad yo sou yo, Alò yo fin awoyo. Plizyè fwa mwen menm, mwen wè ak de nawè m sou Boudon yon ti gad k ap pran lonbray anba w pyebwa epi l kite yon moun fou abiye an jandam ap fè trafik pou li. Donk, nan ane 86, 87 yo, moun ki te abitye pran kamyonèt fè anba lavil, Lalue, Boudon te fin abitye ak yon sitwayen yo te di k fou ki te rele Sonson. Sonson te tabli katye jeneral li anba on ponp gazolin Eso, nan kwen Boudon avèk kafou dezyèm ruelle Rivière. Donk se la w wè misye tanzantan, mayo l rale dèyè kou li, tèt li ap liminen anba solèy la, yon boutèy aynekenn nan men li, msye ap chante:

«NO MONEY, NO LOVE,
NO MONEY, NO LOVE
DRUG
NO MONEY, NO LOVE
NO MONEY, NO LOVE
DRUG»

Houn! Kote l te aprann pale anglè? Barzòl ki te konn tout tripotaj te aprann mwen Sonson pa t on nonm konsa konsa. Li di m ke misye l te gen frè l ki te chèf. Li te esplike m tou ke nan tan sa te bon, enben gen lè Sonson te fè w kout Lame Amerikèn; li te vwayaje pasipala. Barzòl te menm di m si l pa t manti, Sonson te menm gen kat Radyo Solèy; donk misye te konn renmen al chita nan konferans laprès pase kòm sitwayen entegral, li te di l gen dwa a lenfòmasyon. Donk kòm Sonson te fou, tanzantan misye konn monte sou bit moun fou li pou l ap manke moun dega bò ponp gazolin nan l vòltije sou kamyon, kamyonèt pou fè ba l woulib, oubyen lè gen grèv, misye l kouche sou w sèvyèt blan nan kafou Kriswa a, linèt nwa l nan je li, radyo l bò tèt li, misye l ap chante:

«M AP BYEN MENNEN
M AP BYEN MENNEN»

Alò, Sonson, li pa t mande lavi a twòp; mezanmi, se sou misye m te konn gade gen de lè lè m wè bagay yo te grav nan peyi a pou m pa t kite tansyon pete fyèl mwen. Yon lè mwen menm, m t ap Barzòl; nou soti kay mèt Georges Dubois nan dezyèm ruelle Rivière. Maître Dubois, paix à son âme, se te sèl moun m te konn al fè ti tripotay politik paske dabò mwen menm m pa pale bagay konsa a moun, e ansuit misye l te gen w sajès lakay li. Alò afè sajès lan se pa tout moun non ki ta dakò puiske misye lè kòlè te konn monte li, misye te gon w gagann ki pat rete a gagann. Moun te konn tande msye k ap di madanm li:

«Ala Saltenbank! Mais comment je parle trop fort? Kijan m pale two fò a? Machè, m ap di w on ti bagay: le charbonnier est maître chez-lui. Lè misye te konn lage bagay sa yo, se kòmsi m ta di w son w kout tonnè ki eklate, on kout loraj melanje ak yon trablemandetè: vesèl nan kay la sekwe, rido nan kay la fremi, imaj nan televizyon tranble e menm tablo k te kwoke nan mi. Lè pyeton ap pase lè konsa, yo konn pantan, yo vòltije janbe lòt bò twotwa a. Houn! Alò, podyab! Si yo te konn rantre nan kay la, yo ta konnen ke tout rele mèt la ap rele an, plezi l se te pou l te pran w tibebe, ti fanmi l ki te rele Klarens pou l ap benyen li, poudre li, fè l dòmi sou janm li pandan l ap eseye chante pou li. Alò m pa ka di non ke Klarens te fin renmen sa nèt, pase fòk ou imajine yon lyon k ap eseye chante ti pawòl damou nan zòrèy on ti mouton. Donk, mezanmi se nan soti kay maître Dubois ke yon jou swa m pral fè konesans avèk Sonson. Misye te kanpe bò ponp lan, boutèy aynekenn li nan men li, misye ap chante:

«NO MONEY, NO LOVE
NO MONEY, NO LOVE
DRUG»

Houn! Lò Sonson wè m ap avanse sou twotwa a, msye ouvè bra l pou l di:

«O, o, o en en enkoni! Konsa w ap vanse sou teritwa m! Ou pa peye taks, ou pa di m anyen! Sa k te gantan gen la a?»

M te reponn:

A, monchè mwen menm se leta sèlman mwen peye taks. E Eskize m mesye. Misye te di m:

«O, apa misye pa konn jwe! Ou pa wè m fou nèg? O, enkoni, fò w fè respè w wi!»

M te reponn:

A, ou konn sa k pase nèg, mwen menm m fou tou wi. Ou pa wè figi m make anjandre? Misye di:

«O, o, eskize m papa! Ou dwe se chèf. Houn! Sò w tande a, Sonson rale kò li. Misye kite m pase. Enben se depi lè sa a nou vin bon zanmi. Tanzantan fòk nou nan w diskisyon paske Sonson, li toujou bezwen fè w jan pou m pran de gòje aynekenn avè l; mwen menm, mwen pa fè lizaj. Lè twò ta konn bare m vè nevè diswa sou Boudon an, anba blakawout, kote kamyonèt yo chaje kou Legba y ap franchi tout boulin, y ap franchi pou pa rete pou moun. Se Sonson k te konn sèl espwa m. Misye l konn vole devan machin yo nan fènwa a pou l fòse yo kanpe pou mwen e si moun pa ka chikin kò yo pou ban m chita, kamyonèt p ap deplase kote Sonson kanpe a. Alepòk bagay sa yo, prezidans peyi an l te nan men Professeur Lesli François Manigra, alò yon nonm ki te gon w repitasyon entelektyèl lou tout bon depi w te gade manman liv li te ekri yo, men misye l pa t ka mennen peyi a jan l ta vle a podyab. Sa l ye, pou l te pran pouvwa sa a an fevriye 88, msye t al foure tèt li nan w kozman de «percée louverturienne» e «percée louverturienne» sa a te vin tounen pou misye yon «pèlen louverturien» lè mesye militè yo te kwense misye nan twou sa a pou l pa t fè yon pa kita yon pa nago. Alò sa k vin pase? Entèlektyèl la potko fè sen (5) mwa sou chèz boure a, nan mwa juin 1988 gen lè mesye militè yo te fatige ak musye. Yo monte y al fè misye yon ti visit lakay li nan MUSO epui yo te tou pran musye voye l al nan vilégiature nan peyi Venezuela, kay kolèg li: Msye Carlos Andrés Perez. Alò, ou pral mande mwen: «men, kisa Sonson moun fou gen pou l wè ak prezidan ki tonbe?». Enben, jou eskandal sa a pete, se te yon maten mwa d jen 88, granm ti bonè. Pandan m ap dòmi, m tandon w bri nan kay la: on pòt k ap frape [tok tok] epi sa l ye, se Yèyèn yon dam ki t ap travay ak mwen nan kay la. Li te konn al chèche ti akasan vin pote pou mwen chak maten. Donk, e e li di konsa: mèt, Kòryolan, mèt, Kòryolan, se mwen menm Yèyèn! Pa pa fè bri! M di: a, Yèyèn se sizè dimaten li ye, met akasan an sou tab la epi kite m fè on ti dòmi, ou konprann.

«A, msye Kòryolan, se pa koze akasan m vin pale avè w la a mèt la, gen lòbèy nan peyi a. Men moun ap pase di: gen w prezidan tonbe».

Mi di: kisa? Sa w tande a, trapde pantaloon m te gantan sou mwen. Lò eskonbrit sa yo konn pete, si m pa t jwenn Barzòl pou m pale, se te kay maître Georges Dubois m konn desann. Donk ki fè jou maten sa a, m pran wout la apye pou m desann ruelle Rivière. Laru an te prèske blanch. Ou wè te gen w lapèrèz men, te genyen de, twa ti machin ki t ap fè on ti monte desann zòn Boudon. Barzòl, jounalis landyèz te fè m konnen ke li menm li te rekonèt omwens 3 machin ladan yo. M te di misye: ki machin? Misye te di m ke se te machin de, twa politisyen kandida etènèl ki gen lè t ap kouri al poste machin yo pa twò lwen bò palè a pou sizoka yo ta bezwen w sivil fleksib likid e disponib pou fòme w lòt tranzisyon sivil pou yo te montre nan televizyon. Alò m pa t la, m pa ka di plus men mwen menm, sa m ka di sèke pandan m ap desann sou wout Boudon an, se lè sa a m pral pran pi bèl leson m nan edikasyon politik nan peyi mwen gras a Sonson moun fou. Sa l ye, pandan m ap desann Boudon, de lwen m wè pèp la, eksite, ki kanpe anba estasyon gazolin nan, moun ap ri, yo nan chwi chwi chwi chwi. M pwoche m wè sa k genyen. Sa l ye, se Sonson ki chita sou w vye fotèy kouvri ak yon vye dra wouj; msye estale 2 fotèy kote li. Li jwenn yon lòt ti ryennafè mete chita sou yon fotèy epi misye, yon boutèy tafya nan men li, misye l ap rele ak tout gagann li:

«GON W PLAS VID!
GON W PLAS VID!
ANN FÈ W LÒT
M AP BAY PLAS
ANMWE E!
GON W PLAS VID!»

Ebyen sa l ye, Sonson l tande gon w prezidan k tonbe epi msye nan sajès moun fou li, li deside pote solisyon pa l nan kesyon an. Misye te ofri pou l fòme w gouvènman tèt ansanm e se pa t bagay nan bouch paske l t ap rele moun pou l di yo l gen w plas vid.

Misye, donk li te enstale 3 fotèy nan lari an. Li te deja jwenn yon patnè pou fè gouvènman an e l t ap ofri pèp la on twazyèm plas pou fè w gouvènman inite nasyonal dans la transparence. Mezanmi, baaay sa a m pote li kot mèt Dubois. M ap rakonte musye ki kalite teyat m sot wè deyò a. Msye gade mwen, li sekwe tèt li on ti jan pansif. Li di mwen: «Enben, koute non Kòryolan, se se ri w ap ri sa?». M di misye: kòman?

«M ap di w on bagay, reflechi byen. Gadon w seri de lidè nan peyi a, onprann? Yo soti nan gwo peyi: Pari, Monreyal, Nouyòk, Izrayèl, Venezuela. Nèg sosyològ, nèg politològ, yo tewolojyen, yo ekonomis, gen papye Lasòbòn sou mi kay yo, Harvard Inivèsite, Laval. Sa yo bay?»

M di: a a sa w vle di mèt Dubois?

«Sa m vle di? Enben koute non. Mesye sa yo, ou tande y ap pale de L’union men m poko janm wè okenn ladan yo ki dispose vrèman pataje pouvwa yo vle a avè lòt parèy yo. Omwen Sonson, l ap fè travay ki konkrè. Ou di m li dirije trafik nan lari an, ou di lò w bloke misye fò w jwenn kamyonèt monte lakay ou. Apa lè Sonson ou di m lè l vle pataje pouvwa l li mete chèz, li envite pèp la dans la transparence. M pa wè magouy. Alò mon ami, ou pa wè nan ki pozisyon mesye yo mete m la a? M di: non – je ne suis pas fou, mais rendez-moi fous aux sages. Il y a de quoi devenir fou parce que si m ap chèche w yon altènativ politik Kòryolan, mesye lidè sa yo, yo mete m nan w pozisyon pou m chwazi ant yo menm avè gwo diplòm yo an e Sonson ke yo di ki fou».

A a, mezanmi, m te vin reyalize gras a maître Dubois nan peyi m nan, moun yo di ki fou vre yo, se pa toujou sa k nan azil yo, ni sa k ap voye wòch nan lari yo. Yo ka la a sou nou y ap fè gwo diskou nan jounal, nan televizyon nou pa wè yo. Alò m ta renmen kite nou la a avèk ti dilèm sa a, dram nasyonal sa a pou n al reflechi mais helas! An(n) Ayiti baay yo, yo pa janm senp konsa. Enben se Yèyèn ki te vin pote nouvèl la ban mwen yon bon maten vè setè dimaten ankò lè m panse se gode akasan Yèyèn ap vin pote pou mwen, li tounen se sezisman l pote pou mwen; m wè figi l dekonpoze, vwa l ap tranble.

«Wou ou, mèt Kòryolan, yo fò w malfezan. E, e, a…»

Ki malfezan Yèyèn? Sa k sa k genyen? Sa k genyen?

«Yo sakrifye frè w, mèt Kòryolan!»

Yèyèn te pote nouvèl ban mwen ke Sonson jou maten sa a l te pèdi lavi l. Sonson t al dirije trafik nan kwen wout Kriswa. Li te kanpe machin yon ofisye pou l pèmèt on ti kamyonèt pase e ti ofisye an l te vekse, li te soti nan machin li, li te kòlte Sonson. Li trennen l mete l ajenou sou twotwa a, li rale revòlvè li, li te eklate tèt Sonson ak yon bal [po w] pou l te fè l aprann respekte chèf. Sonson, nonm ki te renmen lavi a, li te blayi sou do. [mizik]. Yon mas san te ankadre figi l atè a tankou yon kouwòn wouj anba tèt li k t ap briye anba solèy la. Bouch li te ouvè ak sezisman, je l te kale t ap fikse lesyèl ak yon ti repwòch kòmsi l te refize kwè ke yo te touye l vre. Enben mwen menm tou maten sa a m pa t vle kwè sa. Se sa k fè lè m te gade Sonson, san l t ap koule nan rigòl la, m te kòm santi se san vanyan peyi an k t ap koule, ap gaspiye. M te deside ke pandan ti chèf sa a li te pral dòmi nan fènwa listwa, memwa Sonson te pral pase l à la prospérité pou yo pa t janm bliye ni li menm ni lòt yo yo di ki fou:

ALFREDO MORENO nan riyèl O
RANMBO k te bò Teleko
WOZMARI k te Anba Lavil
TI ERIK nan Petyonvil
MAKETYE dan bonbon
SONSON sou Boudon
JAKI nan estad Silvyo Katò.

Kit nou la, kit nou pa la ankò, nou tout yo te konn chawonyen, nou tout yo te konn maspinen. Wi, nou tout yo di ki fou, sonje yo te di Defile* te fou tou men se li menm sèl ki t al ranmase kadav Jan Jak Desalin* yo te asasine. Mwen suspèk mezanmi anpil nan nou konn sa n ap fè pi byen pase anpil ladan yo ki lidè. [mizik]. Mezanmi, se lespri Sonson ak Defile ki te ban m yon ti kout pye pou m te vin tonbe jous la a pou m te rakonte nou istwa sa a: Sonson moun fou sou Boudon ke zanmi m Barzòl te rele «L’alternative politique».

(fen)

*NÒT

Defile (Défilée La Folle)
Demostèn (Démosthène )
Jaki (Jacky)
Jan Jak Desalin (Jean-Jacques Dessalines)
Kòryolan (Coriolan)
Pon Moren (Pont Morin)
Pon Senjewo (Pont St Géraud)
Silvyo Katò (Sylvio Cator)

Transkripsyon: Emmanuel W. Védrine (jen 2004)