Fot kilès si van okipasyon an vante fò Ayiti jodiya?

Emmanuel W. VEDRINE,
15 fevriye 2006

Bureau de vote
Bureau de vote, mardi 7 février 2006.

Ak nouvo vag eskandal nan kontaj vot eleksyon 7 fevriye a, nou kwè li lè li tan tou pou nou tout Ayisyen, san distenksyon, ta sispann blame blan pou sò nou epi pou n ta aprann solisyone pwoblèm nou san envite mouche blan kòm abit. Men elas! Kilè jou va jou?

Kisa nou wè lè kèk manm KEP (Konsèy Elektoral Pwovizwa) + konplis lòt raketè (politisyen mele ak blan mannan) sot fè ak vot pèp la? REPONS: sa ki jete nan fatra, antere, boule, anile, vot blan ki envante... Menm si mouche blan ta manipile yo (an kachèt pase li menm, l ap voye wòch kache men tou) men yo te ka menm demisyone pou pa pran lòd nan men zòt, pou montre diyite yo pou pa kite moun achte konsyans yo pou lasibab, ou pou grinkbak.

Donk toutan vye mantalite restavèk sa a pa kapab rive chanje, enben imilyasyon an ap kontinye alagrandefouwo. Pwovèb la di nou: Lajan fè chen danse. Se vre wi. Donk devan grinbak magouyè pa fè bak. Se sa nou leve jwenn Ayiti: Konze toujou egziste apre lanmò Chalmay Peral. Ayiti chaje ak Konze jodiya ki kontinye ap trayi pèp la, pyetine l, eksplwate l.

Kisa ki enpòtan pou n fè (nou menm ki ta renmen montre piblikman kote n kanpe)? REPONS: ann simen plan sa yo tout kote:

  • Aprann devlope fyète ak diyite lakay nou
  • Aprann renmen lapatri
  • Netwaye fatra nan lespri nou (pou l pa ret bouche menm jan ak regou santi Pòtoprens)
  • Onètete
  • Prizdekonsyans
  • Respè dwa tout moun
  • Respekte volonte pèp la
  • Sispann bay lòt move non (pou fè difamasyon)
  • Sispann choute youn sou lòt
  • Sispann fè souflantyou (pou vann pwòp frè nou)
  • Sispann fonksyone kòm aganman (se moun nou ye)
  • Sispann pran lòd nan men zòt pou lasibab
  • Sispann vann peyi a ak blan (Desalin di Ayiti pa pou vann!)

Si mouche blan ap taye banda l jan vle Ayiti jodiya, pase lòd jan l vle, enben se pwòp frè nou Ayisyen (ki pa vle tande pawòl chanjman pou Ayiti ale nan yon nouvo direksyon dekwa pou tout pitit li souse yon zo, pou y al lekòl, travay, jwenn laswenyaj, bon kay pou rete, angaje yo nan yon aktivite, travay pou devlopman peyi a an konbit. Magouy p ap mennen Ayiti oken kote e nou wè l jounen jodiya (pa menm yon semèn apre yon si bèl eleksyon ki fèt nan lapè e devan je lemonn antye) men sektè dyabolik la (anti-chanjman an) toujou la: li te la an 1987 (ak makout yo, egz: deblozay Riyèl Vayan an), li te la an 1990 (ak Roger Lafontant [ doktè Mengele], reprezantan sektè makout la), li te la 30 septanm 1991 (ak Sedras [reprezantan sektè lame restavèk la, ak elit vomisman an], li te la an 2003 (ak yon ti klik elit vomisman + politisyen rat do kale pakapala ki manipile plizyè òganizasyon popilè pou regle koze yo onondipèp) epi li la jodiya atravè sèten manm KEP (ki fè tout mayen posib pou manipile vot pèp la) paske yo te gen tan achte konsyans yo pou plizyè milye grinkbak. Lè nou li yon pasaj nan Matye, li di nou: Avan ou wè pay ki nan je pwochen ou, gade pou wè si pa gen bout bwa nan je pa w avan.

Donk, se chat kay ki toujou vann chat mawon. Pale anpil, bèl diskou, bèl analiz san mantalite chak grenn ayisyen pa janm chanje; sa ap toujou yon   lave men siye atè nan solisyone pwoblèm Ayiti. An nou chak pran yon ti moman pou fè yon egzamennkonsyans (fini ak lahèn, rankin, prejije (tout sòt), ògèy (lemwa), sispann choute sou lòt (voye toya sou lòt), sispann bay youn lòt non (pou fè difamasyon), konnen feblès nou, aprann fè otokritik, gade erè nou epi korije yo / pran konsyans de yo. Lèfini mande tèt nou:

Kisa mwen fè deja de pozitif pou Ayiti peyi m?

Kisa mwen fè deja de pozitif ki ka ede Ayisyen?

Kisa mwen fè pou eseye leve onè Ayiti?

Afè lekòl, se yon bagay ki prèske pa egziste Ayiti (an tèm preparasyon elèv ta dwe genyen sou enstriksyon sivik, yon sijè ki debat an gwo sou kèk fowòm). Ann panse a yon nouvo lekòl ayisyen nan sans sa a dekwa pou kòmanse enjekte dòz konsyans nan mantalite ti Ayisyen pou yo vin bon sitwayen, politisyen demen ki pa pral tounen vanndèdpeyi / magouyè  (menm jan nou wè jodiya), moun k ap fè dilatwa (pou kèk grenn dola vèt pou pyetine / touye pwòp frè yo) pou rete tyoul blan tout tan, entelektyèl komokyèl ki konn sèlman ekri diskou zewo fot an fransè men sèvèl yo vid pase yo vann matyè gri ki ladan l lan pou yon lasibab olye yo ta mete l o sèvis lapatri pou enstwi jèn nou yo pou demen pou sèvi lapatri.


Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
e_vedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com
 
 
Logo