Kanè Twazyèm Trimès

Emmanuel W. VEDRINE

Men kèk ti konsèy pou kandida prezidansyèl ki fè yon mwayèn 1% ou mwens.

Chè konpatriyòt, pa fin dekouraje nèt ale. Depi tèt poko koupe, gen espwa li ka met chapo. Mwayèn sa a pèp la sot ba ou a, se yon fason pou al reflechi sou travay ou dwe fè nan sosyete a, travay ou pa t janm fè deja pase w bliye si li t ap pran nòt sou travay ou. Gen lè pito w t al nan eleksyon pou MAJISTRA zòn kote w soti a epi annapre ou ta ale pou DEPITE (si w ta rive majistra dabò).

Zanmi, nou konnen kou a fè ou mal: so kabrit sa a ki ba w yon doulè ren men sa pa vle di pou otan se yon “kansè tèminal” mwayèn sa a ye. Okontrè li ta dwe sèvi ou yon LESON pou kòmanse reflechi sou mo LIDÈCHIP la, kisa sa ye vrèman.

Mèsi Bondye ou vivan toujou! Ou gen chans toujou pou fè yon travay pozitif nan sosyete ayisyèn nan. Panse a nòt enpòtan sa a nan karyè politik ou. Dikton franse a di: “Il n’est jamais trop tard pour bien faire”. Donk malgre ou sou teren an lontan ap kale wès, fè dilatwa, pale anpil ou gen chans jodiya pou reflechi pou pèp la ta vote ou majistra demen (si w kòmanse fè yon travay k ap ede l).

Patriyotikman, E. W. Védrine
Fev. 2006

Last Quarter Grade Report

E. W. VEDRINE

(Feb. 2006)

Here are some advice for the unfortunate Haitian presidential candidates who scored less then1% of the votes.

Dear country men, don’t get totally discouraged. As our saying says: As long the head is not cut off, there is still hope that it can wear a hat. This average given to you by the Haitian people is a way to go and think of the work you should have done in the society, work that have never done before because you forget if they were taking notes of that. It seems that it would have been better for you to take part in the elections for mayors of your native city or town, and then later you could participate in the elections as a representative of your city (if you can get elected mayor first).

Friends, I know how hard you’ve been hurt by the blow: this great fall, causing you back pain. But this score you received does not mean it is a “terminal cancer”. On the other hand, it should rather serve you as a lesson to start reflecting on the word leadership, what it really is.

Thanks God that you are still alive! You still have the chance to make some positive works in the Haitian society. Think of this important note in your political career. The French saying says: “Il n’est jamais trop tard pour bien faire” (Better late than never). So, despite that you’ve been on the field for a long time doing nothing, talking trash to kill the time, talking a lot, you have the chance today to reflect on it so that the people can vote for you as mayor tomorrow (if you start doing some work to help them).

Patriotically, E. W. Védrine

Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
e_vedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com
 

 
Logo