Ayiti
FANM KI MOURI A
 

Mwen te renmen l amò! Poukisa moun renmen? Èske se pa yon bagay dwòl lè se yon sèl moun ou ka wè sou latè? Lè ou gen yon sèl lide nan tèt ou, yon sèl dezi nan kè ou ak yon sèl non nan bouch ou: yon non ki vin san rete, ki monte l monte tankou yon sous dlo nan fondèt nanm ou, ki monte sou lèv ou, yon non ou di, ou redi. Li fè w wounouwounou san rete, tout kote, kou yon lapriyè.

M pa p rakonte istwa nou. Lanmou gen yon sèl, toujou menm nan. M te rankontre l e mwen te renmen l. Se tout. E mwen te viv pandan ennan nan afeksyon l, nan bra l, nan karès li, nan fason l gade m, nan wòb li; nan pawòl li, m te vlope, mare, anprizone nan tout sa k se sot nan nan li, yon fason tèlman konplè ke m pa t konnen lè l lajounen ou lannuit, si m te mouri ou vivan, si m te sou vye tè sa a ou lòt kote.

Epi gade l mouri. Kouman? Mwen pa konnen, mwen pa konn plis. Li rantre tou mouye yon aswè l t ap fè lapli epi l t ap touse nan demen. Li fè prèske yon semèn ap touse epi l pran kabann. Sa k pase? Mwen pa konn plis.

REFERANS

Re: «Une partie de campagne et autres nouvelles de Guy de Maupassant». Tèks poste nan lis ‘Potomitan'. Vèsyon kreyòl ayisyen (KA): Emmanuel W. Védrine