Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan
Mwa kreyòl la nan Monreyal

Mwa kreyòl la nan Monreyal
2026 - 25èm edisyon

*

Version en français

Monreyal pral louvri selebrasyon 25èm Edisyon «Mwa Kreyòl» la an gran avèk Jocelyne Béroard, Tony Chasseur plis kèk lòt gwo atis.

Monreyal, jiyè 2026 — Samdi 3 oktòb 2026, a 7 è 30 pm, KEPKAA ap lanse ofisyèlman 25èm edisyon «Mwa Kreyòl la» ak yon gwo espektak anivèsè k ap fèt nan sal Ludger-Duvernay, nan «Monument- National.»

Pou make 25 lane istwa sa a, de (2) nan pi gwo anbasadè mizik kreyòl yo pral rankontre sou menm sèn nan: Jocelyne Béroard, rèn chantrèl mizik zouk la, ak Tony Chasseur, youn nan pi bèl vwa nan Karayib la. Y ap gen ak yo mizisyen ki gen anpil eksperyans ak anpil talan pou akonpaye yo. Yo pral ofri piblik la yon konsè eksepsyonèl kote zouk, bigin, jazz kreyòl ak ritm Karayib yo pral marye pou kreye yon bèl fèt mizikal k ap pote chalè, emosyon epi lespri tèt ansanm.

Konsè sa a pral pote tou limyè sou richès ak vitalite sèn kreyòl Monreyal la avèk patisipasyon Rebecca Jean, youn nan nouvo zetwal ki pi pwomèt sou sèn mizikal Kebèk la, li te fè yon gwo enpresyon pandan espektak Fèt Nasyonal Kebèk 2026 la kote li te chante ansanm ak plizyè nan pi gran chantè kebekwa yo. Ap gen tou Jean-Christophe Germain, ansyen manm gwoup Malavoi; finalman Harold Faustin & Samina oswa Koulkoulduo, ki fè non yo grasa bèl mizik fizyon yo kreye ant jazz ak sonorite kreyòl yo.

KEPKAA te fonde «Mwa Kreyòl la» nan Inivèsite Monreyal, jou ki te 5 oktòb 2002. Jodi a, vennsenk ane apre, evènman sa a vin tounen youn nan pi gwo randevou entènasyonal ki selebre lang, atizay ak kilti kreyòl yo. Depi 25 lane, li kontinye ap bati pon ant pèp yo, ranfòse dyalòg ant kilti yo epi fè eritaj kreyòl la simaye nan Kebèk, Kanada ak nan tout espas frankofòn nan.

ESPEKTAK OUVÈTI A

Samdi 3 oktòb 2026, a 7 è 30 pm
Sal Ludger-Duvernay, Monument-National
1182, boul. Saint-Laurent, Monreyal (Kebèk) H2X 2S5

ACHA TIKÈ

www.PlacedesArts.com
514 842-2112 / 1 866-842-2112
Balkon: 75 $ - Anba: 85 $ + taks

Enfòmasyon: 514 802-0546 oswa kepkaa@videotron.ca

* * *

Programme 2025

Affiches des manifestations du mois du créole

Foire du Livre Québec-Caraïbes-Océan Indien

Coup d’œil rétrospectif sur la 21e édition du mois du créole à Montréal

Historique du Mois du Créole à Montréal

Mois du créole

KEPKAA 2000,
boul. Saint-Joseph-Est, porte B, Montréal (Québec) H2H 1E4
Tél. 514 750-8800 ou 514 062-8684
Courriel : info@kepkaa.com

*

 Viré monté