| Nan yon nòt pou Laprès, Plan Ayiti, yon òganizasyon entènasyonal devlopman kominotè ki santre sou timoun, anonse, pou okazyon jounen entènasyonal kont abi k ap fèt sou timoun, dimanch 19 novanm  k ap vini la, ap gen yon fowòm nasyonal sou tèm; «Vyolans ki afekte timoun» vandredi 17 pou rive dimanch 19 novanm nan Karibe Convention Center ki nan Petyonvil.  Santrant (130) timoun ki sòti nan 10 depatman peyi a ak nan Repiblik Dominikèn ap gen pou patisipe nan gwo fowòm sa a. Plan Ayiti fè fowòm sa a nan tèt kole ak Koalisyon Ayisyèn pou Defans Dwa Ttimoun (COHADE), World Vision, Volontarya pou Devlopman Ayiti (VDH) epi Plan Repiblik Dominikèn.  Prensipal objektif fowòm sa a vize se:  
               Rive kreye yon espas ki pèmèt timoun ki sòti nan tout rejyon peyi a ak nan Repiblik Dominikèn pou pataje esperyans yo sou sijè ki afekte yo; Pwopoze solisyon pou ranfòse e ankouraje rezo timoun k ap defann dwa yo;  Fòme yon rezo nasyonal timoun k ap defann dwa yo;  Ankouraje inisyativ ki fèt nan kominote yo ki garanti byennèt tout timoun ak patisipasyon yo nan desizyon y ap pran ki konsène yo.  Yo òganize fowòm sa a tou pou mete bout ak inisyativ yo te pran deja tankou: 
               Atelye fòmasyon pou timoun sou tout tipa k tout fòm vyolans k ap afekte yo nan kominote a  Dyagnostik timoun yo fè sou fòm vyolans k ap afekte yo nan kominote yo  Atelye sansibilizasyon pou paran yo sou vyolans k ap afekte timoun yo ak empak yo genyen sou devlopman yo  Atelye sansibilizasyon pou jounalis yo sou repòtaj y ap fè sou vyolans ki afekte timoun  Fowòm ki rasanble timoun tout depaman peyi a pou pataje rezilta Dyagnostik yo fè nan kominote y ap viv pou yo kapab fè yon plan aksyon k ap pèmèt yo mobilize kominote yo sou vyolans k ap afekte timoun yo  Òganize eleksyon pou fòme plizyè rezo nan tout depatman yo pou timoun k ap defann dwa yo nan Nòdès, nan Sidès ak nan Lwès  Fè timoun fè emisyon nan radyo pou sou tèm vyolans.   N ap raple timoun yo se premye kategori pi ki touche ak sitiyasyon vyolans ki genyen nan peyi a.   Marie Ludie Monfortnovanm 2006
 
 |