AYITI

«Metye nèsized Ozetazini: mit ak reyalite dèyè l»

Sandra PIVERGER (kominikològ),
novanm 2005

Prématurée vietnamienne.
Prématurée vietnamienne.

Etazini se yon peyi kote domèn medikal la gen anpil enpòtans ak demann dèyè l. Se yon domèn tou ki ka repati an plizyè branch. Jis pou site kèk, nou ka mansyone: doktè, teknisyen medikal, terapis (fizik, repiratwa), RN1, LPN2, NA3 ou nèsized4, elt. Daprè Depatman Travay Ozetazini, nèsized se youn nan karyè medikal anpil moun fè, e yo ta menm konsidere l pami lòt karyè ki gen anpil demann. Se yon bagay ki ankouraje anpil moun, sitou imigran ki apèn antre nan peyi a pou pran yon trening plopplop ladan dekwa pou kòmanse travay, annatandan y ap oryante yo pou sige pou pi devan. Nan rechèch sa a, n ap fikse je nou sou kategori sa a ki, an menm tan, ta parèt pi ba nan echèl karyè medikal la.

Kòman metye sa ye nan eta New Jersey?

Daprè rechèch ki fèt, yo ta jwenn 80% moun k ap travay nan branch sa a se etranje ak Ameriken nwa yo ye. Kòman on moun ka vin nèsized? Leta mande pou moun ki vle antre nan branch sa a ale lekòl pou de (2) a twa (3) mwa epi konplete 120 èd tan (sètadi 80 èd tan chita sou ban lekòl, ak 40 èd tan pou kandida a al fè estaj nan nèsinghoum5.

Aprè lekòl ak estaj yo fini, anvan elèv la pase egzamen, li dwe al fè anpwent dekwa pou yo ka verifye si l se yon moun ki konn fè krim oubyen ki konn gen pwoblèm ak lajistis. Lè tout dosye sa a klè, koulyeya li genyen pou l pran yon «egzamen pratik» pou l montre kòman l te aprann. Li gen pou lave men l avan, fè kabann, bay malad yo manje, pran tenperati moun, elatriye. Di (10) jou aprè l fin pase tès sa a, Depatman oubyen Biwo Enfimyè ki nan New Jersey a voye repons lan (si elèv sa a pase ou pa). Se lè sa a li gen chans pou al pran «tès ekri a» nan youn nan biwo ki okipe l de sa (ki rele «Promissor»).

Egzamen ekri a, elèv la pran l sou konpyoutè (òdinatè). Si l pase, menm jou a yo fè l konn sa e si l pa pase tou, li gen dwa repran tèks ekri a (2 fwa ankò). Li gen twa chans; aprè sa, li pral chita sou ban lekòl ankò.

Yon mit pou kraze –

Anpil moun ki vin nan peyi Etazini pa gen anpil lòt chwa devan yo sinon antre nan branch nèsized la. Moun ki pa konnen kòman sa ye toujou fè konprann depi se ak «ti granmoun»6 w ap travay gen lajan ladan. Se yon mantalite ki dwe chanje. Nan anpil nèsinghoum, yo kontinye peye nèsized $8.50 (pa è) e lè yo peye $10 oubyen $12, se paske travay sa a lwen anpil (ak distans anplwaye a rete). Dèfwa yo peye pri sa a paske nèsized la pa gen okenn avantaj (tankou: asirans, jou repo si l malad, jou feryeEtazini yo, elatriye). Nan sans sa a, nèsized la ap travay tankou «djobè» (jou w fè se li w wè). E gen anpil travay tou ki peye nèsized menm pri ak moun k ap travay nan kuizin oubyen k ap fè menaj. Ou ka imajine ak $10 pa è nan yon peyi kote bil (fakti) yo monte wotè syèl la kòman lavi moun sa yo ye. E poutan, se yo menm, nèsized yo, ki bay lòt moun okazyon pou fè kwè yo gen lajan. Gen yon pwovèb kreyòl ki di: «Aparans + (plis) blòf = (egal) rezistans».

Ki kalite sèvis nèsized founi? –

Daprè rechèch Garland ak Gipson fè nan ane 1989 (Stayers Studies), yo rekonèt 90% swen ki bay nan nèsinghoum yo, pifò ladan yo se nèsized ki bay yo. E kalite swen sa yo, y ap bay granmoun ak moun ki paralize yo, sòti nan fòmasyon ak kapasite yo genyen pou reponn a bezwen malad yo. Kategori moun k ap bay laswenyay sa yo, travay ak pasyan yo dirèkteman (kouwè: fè twalèt, abiye yo, ba yo manje, ranje kabann, benyen, akonpaye yo lopital, elatriye). Yo fini pa konprann se nèsized ki gen pi bon rapò ak malad yo tou pase tout lòt moun k ap travay nan menm lokal la, san eksepsyon.

Ki ankourajman pwofesyonèl sa yo jwenn kote y ap travay la? –

Daprè refleksyon anpil nan yo, «Se plenn nan kè ». Pou di laverite, gen kèk fanmi pasyan ak pasyan sa yo ki konn apresye travay nèsized yo. Men, gran majorite kouch travayè sa yo, malgre tout travay yo fè, pa jwenn okenn konsiderasyon bò kote administrasyon, enfimyè an chèf yo, fanmi ak malad yo. Yo pa gen okenn dwa; pa egzanp, malad ka souflete yo, rele sou yo, fè manti sou yo, menm krache sou yo. E se pa sèlman nan men malad yo pran brimad, yo jwenn move tretman tou nan men administratè e nan men enfimyè alatèt yo. Anpil fwa, fè yo nèsized yo anpil enjistis nan fason y ap imilye, entimide yo e fè move mannèv pou ka pèdi lisans yo tou. Se yon bagay ki, anpil fwa, fè kategori moun sa yo egri e pafwa, menm dekouraje ak lavi. Men, yo pa gen lòt chwa paske se sa k ap ede yo finansyèman e pou soutni fanmi yo tou.

Solidarite antre yo –

Malgre tout pwoblèm y ap sibi, poutan sa pa anpeche anpil nan yo pran kèk inisyativ e se yon bagay ki fè, jounen jodiya, gen kèk nan yo ki nan inyon (sendika) dekwa pou ka ede yo anba tèt chaje. Gen kèk lòt ki mete sou pye yon sit entènèt kote yo ka koze youn ak lòt sou pwoblèm y ap konfwonte epi eseye chèche kèk solisyon. Nan sans sa a nou pa ka bliye Sonya Thomas, ki nan lane 1977 nan Youngstown, Ohio, te rekonèt nèsized pa sèlman yon djòb men yon karyè pou li tou. Yo menm tou, yo vle konsidere metye sa a tankou karyè yo. Se yon deklarasyon ki te fè anpil nèsized pran konsyans epi mete sou pye, yon òganizasyon nèsized ki rele «Career Nursing Assistant». Lane 2005, yo selebre 28èm (ventuityèm) anivèsè yo. Men, malerezman, gen anpil nèsized, ki jiska prezan, pa okouran de yon tèl asosyasyon malgre egzistans li depi lontan.

Tankou tout moun toujou di l, «Travay se libète». E chak lè leta wè moun ap ankouraje pou chache aprann metye pou ka travay, yo ta dwe ankouraje sa. Enstitisyon ki jwenn nèsized k ap travay pou yo, ta sipoze bay moun sa yo anpil valè paske san yo menm okenn nèsinghoum p ap ka egziste. Fanmi ak paran malad yo ki pa gen okenn sansiblite pou travayè sa yo ta dwe chanje konpòtman yo paske san pwofesyonèl sa yo, pasyan t ap rete ak tout odè, e tout lòt kalite maladi t ap antre sou yo akoz swen yo ta manke.

Fason yo konsidere nèsized dwe chanje –

Yo dwe sispann konsidere nèsized tankou restavèk, esklav epi lage vye mantalite kote, nan travay sa yo, y ap rele kèk nan yo «nigger», «negro»7 e mande yo pou retounen an(n) Afrik. Menm jan an tou, enfimyè yo, ki vle kwè yo se sèl kòk chante paske yo yo nan yon pozisyon pi elve, dwe sispann maltrete nèsized. Nèsized se yon pwofesyon tankou tout lòt e fòk gen moun ki pou fè li. Menm jan pasyan yo gen moun ki pou defann yo kont enjistis, nèsized yo se moun yo ye tou; yo dwe jwenn moun ki pou defann yo kont imilyasyon, agresyon, entimidasyon, enkonpreyansyon, enjistis, diskriminasyon, elatriye bòs travay ak lòt moun ap fè sou yo. Pito moun sa yo se nèsized yo ye olye pou yo ta nan wèlfè oubyen antre nan gang, nan komès dwòg ak pwostitisyon. Tout nèsized dwe pote kole youn ak lòt pou bay karyè sa a yon lòt figi dekwa pou moun ki ladan jwenn respè ak diyite yo merite paske se yon karyè imanitè ki la ap ede moun nan sosyete a ki pa kapab ede tèt yo.

(Sandra Piverger - Lisansye nan Kominikasyon
Fakilte Syans Zimèn, Inivèsite Deta Dayiti)

boule

Nòt

  1. RN. Abreviyasyon anglè (Registered Nurse) ki itilize souvan pa Ayisyen nan dyaspora a) e ki refere a «enfimyè ki diplome deja e k ap fonkyone ak yon lisans».
  2. LPN. Abreviyasyon anglè (Licensed Practical Nurse). Se yon kategori enfimyè ki pi ba pase «RN».
  3. NA. (Nurses’ Aid). Abreviyasyon anglè ki refere a «èd enfimyè») oubyen tèm ki kreyolize a, nèsized.
  4. NÈSIZED.(ou nèsizèd). Se yon tèm anglè, « nursing aid », ki kreyolize pa Ayisyen nan dyaspora e ki vin fè pati langaj kouran yo. An bon kreyòl, tèm sa a ta ekivalan a sa n rele «oksilyè» an(n) Ayiti.
  5. NÈSINGHOUM. Tèm anglè (nursing home), Ayisyen nan dyaspora a kreyolize e itilize nan langaj kouran. Se enstitisyon kote granmoun (yon sèten laj) rete kote yo jwenn laswenyaj an menm tan.
  6. TI GRANMOUN. Byenke n abitye ak tèm sa a deja an kreyòl, men Ozetazini li vin gen yon ranfòsman ke moun k ap travay nan kèsinghoum ba li, kote anpil fwa granmoun sa yo atenn yon laj trè avanse. Anpil nan yo etatad (swa yo pèdi lapawòl, swa y ap pale pawòl kwochi e genyen ki konn konpòte yo tankou tibebe). Youn nan tèm akayik nou jwenn an kreyòl ki ta plis refere a yo se «inoni ».
  7. «NIGGER»(pwononse «nigè» an kreyòl); «NEGRO». Tèm sa yo kapab parèt rasis Ozetazini nan fason moun itilize yo. Lè se yon moun ki pa ras nwa oubyen ki pa fè pati gwoup etnik nwa itilize tèm nigger, se yon fason pou joure, salopete moun nwa. Se yon tèm dewogatwa kote yo ta atribye moun nwa a «ti kochon nwa» oubyen «nèg sal». Tèm «negro» a li menm, kapab pa ofansiv men tou depan kijan y ap itilize l. Moun nwa, kategorikman apateni a ras «negro» (jan yo di l la nan lang anglè). Men si blan ap pase nan lari epi l jis rele yon moun nwa «negro» pou bon plezi l, la a blan sa a montre (klèman) ke l se yon rasis ki rayi moun nwa. Nwa Ameriken, lè y ap pale antre yo, kapab itilize toude tèm yo san ke sa pa parèt ofansif lefèt ke y apateni a menm gwoup etnik lan.
     

Edisyon E. W. Vedrine Creole Project
 

 
Logo