Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan
James Stanley Jean-Simon

lapli tranpe pi byen
lè l ap tonbe nan je w
gout pa gout
sou labote

tranpe kè m
nan jipon w
ak nyaj ou farinen

chak dlo je k
mezire chagren
kite wòb dèy sou tan an

tann yon rido foli
chak gout mo
ki tranpe do men m

refè nan landrèt
chimen lawouze
nan pye metsiyen

James Stanley Jean-Simon (Haïti)

boule

 Viré monté