Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
James Stanley Jean-Simon |
Visaj ou fè wonn kè m
Tankou kawoutchou
Anba wou machin
Koute cheri
m pap di w si
kè m fele malman
Kè s'on vè chanpay
kè m fleri nan tiwa
jou w depoze vwa w
Tank'on lèt tou louvri
Chak jou w abiye
vwèl rido kè m
ak non w Magrit
nan yon flè ou keyi
bouch ou vante la pli
bouch ou vante chagren