Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

James Stanley Jean-Simon

Vil la chavire
Fas ba
Nan chak kalòt yon klaksonn
ki dechire tenpan
k ap chante nan lari
Nan chak loray
bri mòflè ap kalonnen
yon kout wòch sou do tòl
Nan chak bri zam
k ap bravo nan lari
pou antere lavi nan pye metsiyen
Pòtoprens chavire
nan pawòl mwen
f
a
s
b
a

James Stanley Jean-Simon
Miragwàn, 2 jen 2016

boule

 Viré monté