Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Eskize lasosyete

James Stanley Jean-Simon

Eskize lasosyete
Si powèm lan vakabon
Se p'ap fòt mo yo
Ni pwòp twòp fòt pa m

Si mo yo kase dyòl
Nan chak fraz ou bliye sou kè m
si nan mak dlo sou vit
fòm kò w kite anprent

Konnen m pran wout de/koupe
ak chagren m
kay li bati nan kè m
yon gwo chato
kote chak jès s'on pòt
louvri k'ap bay lanmen

Konnen
Jou yo blanchi nan kè m
chak jou yon mòso solèy
k'al mouri nan dan vag yo
Epi leve nan pla men timoun
chak maten

James Stanley Jean-Simon
(in Pwèm Vakabon, ekstrè)

boule

 Viré monté