Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

James Stanley Jean-Simon

Aswè a foli m
m'ap mande w
vin chita
vin pale avè m

W a siye tout dlo
k'ap vwayaje nan je m

w a aprann mache
mezi pla pye
ki mare nan kou
tout koridò

W a aprann mwen mòde lavi
jouk li tranble anba dan

Vin aprann mwen konte dwèt
konsa m a aprann viv
nan bra chak jou

ak lonbray mwen

James Stanley Jean-Simon (Haïti)

boule

 Viré monté