Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Opozisyon politik nan yon peyi fas a yon pouvwa politik

Opozisyon Nasyonal d Ayiti : Opposition Nationle D' Haïti

Guy Daniel CASTOR (et al)
28 Fevriye 2021
Mizajou 13 Mas 2021

EnglishKreyòl

Nan tout peyi, gen sa yo rele «pouvwa politik». An menm tan tou, gen sa yo rele «opozisyon politik».

Pouvwa politik nan yon peyi, ki gen bon jan demokrasi k ap reye ladan, fòme de yon gwoup moun ki prezante pwogram yo genyen. Pami pwogram sa yo, nou ka mansyone: sante, ekonomik, sosyal elatriye bay pèp la. Kandida yo ale nan eleksyon, kote popilasyon an fè chwa de yo an fonksyon pwogram yo prezante. Aprè eleksyon, gen nan kandida sa yo ki eli pou pran pouvwa. Yo fòme yon gouvènman pou mete an pratik pwogram yo te prezante pandan kanpay yo.

Nan menm peyi kote demokrasi ap reye, gen sa yo rele opozisyon politik. Yo la yo menm pou veye chak aksyon pouvwa an plas la ap poze. Y ap kontwole èske eli ki sou pouvwa respekte pwogram yo te prezante bay pèp la pou te vote yo. Si pouvwa a pa poze aksyon ki ale nan enterè pèp la, devwa opozisyon an se ta fè pwopozisyon konkrè (bay pèp la) an tèm sa k dwe fèt.
An Ayiti, pouvwa politik ak opozisyon politik gen lòt fonksyon: yon eli, yon gwoup moun yo nome nan tèt peyi a ki san pwogram. Yo la pou plen pòch yo. Y ap travay pou yon ti gwoup moun nan peyi a, ki se laboujwazi. Y ap travay tou pou yon ti gwoup moun nan kominote entènasyonal la pou defann entèrè yo, poutan pèp la li menm toujou rete nan kras; li toujou rete nan mizè. Domanj, se menm pèp sa a ki toujou viktim.

Malerezman, nou pa gen yon opozisyon ki vrèman konnen wòl li, tach li, e objektif li. Nou wè yon opozisyon ki gen plizyè tèt (yon opozisyon pliryèl). Kisa yo pwopoze pèp la, ki nan soufrans pouvwa a ap fè yo sibi a? Wi, yo denonse krim pouvwa a ap fè sou pèp la. Wi, yo denonse kidnaping yo. Wi, yo denonse tout sa pouvwa a ap fè ki pa bon, men a ki fen? Èske yo travay vrèman pou retire pèp la nan kalamite li ye a? 

Pèp la pa bezwen yon opozisyon pliryèl kote chak moun nan opozisyon sa  a gen pwòp objektif yo. Pèp la pa bezwen yon opozisyon kaka bèf, kote anlè l chèch, anba l mouye. Nou bezwen yon opozisyon nasyonal ki gen ladan sitwayen k ap defann popilasyon an. Nou bezwen yon opozisyon nasyonal kote dyaspora a gen menm dwa ak moun ki nan peyi a. Nou bezwen yon opozisyon kote vwa sa ki pi fèb yo kapab rive nan zorèy menm kominote entènasyonal la pou n fè yo konnen nou se yon peyi souvren, e demokratik; se vwa pèp la ki dwe pase. Si nou di non, nou pa vle yon pouvwa k ap enpoze yon diktati, fòk yo ka tande n paske lakay yo se demokrasi k ap reye. 

Se yon pouvwa sanginè k ap enpoze yon diktati nan peyi a. L ap fè pèp la vale krim yo fè, kidnaping yo fè, ensekirite yo etabi nan peyi a. Yon opozisyon pliryèl ki bliye wòl li, misyon l; l ap regle zafè pòch. Nou menm pèp souvren, nou vomi move moun sa yo pou n di nou bezwen yon opozisyon nasyonal ki ini, kote tout moun ladan gen yon sèl vwa, pale yon sèl pawòl, epi pote yon sèl nouvèl.

Nou menm nan Opozisyon Nasyonal d Ayiti, n ap kritike pouvwa an plas la, ki depi dizan, ap gagote ak lajan peyi a. Jiska prezan, yo pa janm bay okenn rapò sou $1.50 yo pran sou transfè lajan k ap soti nan dyaspora a, ti kichòy pou sipòte fanmi, e zanmi pwòch an Ayiti. N ap kritike yo pou jistis peyi a yo pase anba pye. N ap kritike yo pou ensekirite ki blayi nan peyi a. N ap kritike yo pou zafè kidnaping lan, ki pa epaye pèsòn. Kidnaping lan vin tounen yon pwofesyon nan peyi a, kote san fwa mil fwa li itilize pou yon dòmi pòv jodi leve rich nan demen. N ap kritike yo pou gang yo legalize nan peyi a. N ap kritike yo pou fo pwomès yo fè popilasyon an, kote yo kontinye ap pase nan l tenten.

An menm tan tou, n ap demonse Opozisyon Pliryèl  sa a ki se yon opozisyon ki gen opinyon diferan, ki pa gen menm vizyon ak nou. Se yon opozisyon ki chita ap kritike, men ki pa janm pwopoze anyen pou chanjman. Se yon opozisyon lajounen yo se moun, lannuit yo tounen tout bèt pou antre nan palè pou al negosye pòs yo, e pòch yo. Se yon opozisyon ki chita mete ti pèp la ki grangou a, ki nan mizè a k ap soufri a nan lari, epi yo ap byen manje byen bwè nan otèl nan Pòtoprens.

Nan Opozisyon Nasyonal d Ayiti, nou di non ak tout abi pouvwa a ap fè nou sibi. Nou di non a tout enjistis sa yo pouvwa ap fè nou sibi. Nou leve vwa nou byen wo pou n di non a demagoji sa nou wè opozisyon pliryèl la ap fè.

Nan optik sa a, pou n montre popilasyon an ke se volonte pouvwa a pa genyen pou l chanje lavi nou, pou n montre popilasyon an ke se volonte moun ki di k ap defann yo a pa genyen. Nou menm nan Opozisyon Nasyonal d Ayiti, nou vin avèk kèk pwopozisyon ki kapab nan yon ti tan trè kout, ki kapab amelyore sitiyasyon nou ye a. An menm tan tou, nan yon tan ki pi long, kapab chanje definitivman kondisyon lavi nou.

Pwopozisyon Opozisyon Nasyonal d Ayiti.

Opozisyon Nasyonal d Ayiti ap fè diferans lan. N ap jwe wòl nou antan ke yon vrè opozisyon, kote nou pral pwopoze sa ke opozisyon pliryèl kaka bèf la pa ka fè. Nou pral montre popilasyon an pouvwa sanginè sa a se espre li fè pou l kenbe nou nan salte, pou l kenbe pèp la nan povrete.

Nou menm nan Opozisyon Nasyonal d Ayiti, n ap pwopoze:

1. SEKIRITE

Nan tout peyi oubyen sosyete kote moun ap viv, pou tout bagay fonksyone byen fòk gen sa yo rele sekirite, avèk sa tout moun kapab evakye ak okipasyon yo san kè sote.  Nou pwopoze pou non sèlman nou gen yon polis ki pa nan politik reyèlman vre, men yon polis ki dwe la pou pwoteje e sèvi tout moun (espesyalman moun ki pi pòv yo, moun ki nan geto yo, sa ki nan klas defavorize a). Se pou Ministè Enteryè ak Ministè Defans travay ansanm pou bay popilasyon an, tout peyi a bon jan sekirite.
Nou ta renmen yo mete yon estrikti ki genyen plizyè fòs polisyè dekwa pou kapab gen kontwòl tout moun ki nan lapolis la pi byen:

  1. Yon polis depatmantal kote gwoup polisye sa yo ap afekte espesifikman nan yon depatman (yon polisye depatmantal ki nan depatman lwès la p ap gen dwa travay nan okenn lòt depatman), e chak polisye depatmantal sa yo ap idantifye ak kòd depatman yo ladann an.
     
  2. Yon polis kominotè kote gwoup polisye sa yo ap afekte nan chak komin ki nan depatman yo afekte a. Y ap sou kontwòl meri ki nan komin yo ye a, e y ap idantifye ak yon kòd ki gen nom depatman ak komin ke yo afekte a.
     
  3. Yon Polis Nasyonal ki la k ap kwafe tout polisye yo.

An menm tan tou, n ap genyen yon lòt fòs de lòd ki pou akonpaye lapolis la nan ka ekstrèm, yon lòt fòs de lòd k ap la pou pwoteje peyi a, pou ede nou kenbe souverènte nou, antan ke peyi lib.

2. EDIKASYON

Aprè yon peyi gen sekirite k ap reye ladan, nou menm nan Opozisyon Nasyonal d Ayiti, nou deside pou nou manyen zafè edikasyon an.
Nou tout nou konnen l trè byen. Pou yon peyi devlope, edikasyon sipoze baz sosyete sa. Nou sipoze gen yon edikasyon ki bon, ki pratik, ki solid e ki gen yon bon jan kalite, kote depi alabaz nou regle koze sa.

  1. Edikasyon nan peyi a sipoze asire an gran majorite pa leta ayisyen, kote se leta k ap gen kontwòl li, e tout lekòl k ap suiv pwogram leta ba yo a.
     
  2. N ap gen yon Ministè Edikasyon Nasyonal ki la pou asire ke lekòl gratis sou tout teritwa nasyonal peyi a.
     
  3. Leta responsab pou konstwi lekòl nan peyi a, e konstriksyon sa a sipoze fèt nan yon nòm estanda e entènasyonal.
     
  4. Tout moun, nan sektè prive, ki vle konstwi lekòl sipoze respekte nòm ke leta mete pou gen lekòl.
     
  5. Pa dwe gen oken timoun k ap mache, monte desann de bra pandye nan lari (lè yo ta dwe anndan yon lekòl). Anpil ap siye machin nan Pòtoprens. Gen sa ki restavèk kay moun. Genyen ki deja delenkan, ki nan gang. Tout timoun sa yo dwe anrejistre nan yon lekòl, e ale lekòl an menm tan. Leta dwe kreye sant d akèy ak òfelina pou yo pou ankadre yo. Konsa, y ap kapab aprann metye pou viv byen nan sosyete, e ede sosyete a tou. San sa, Ayiti pral tounen pepinyè gang lè leta fèmen je l sou pwoblèm sosyal sa a ki egziste depi lontan. Tout dwe jwenn yon edikasyon gratis (jiska laj 18 an). Dwa tout timoun dwe respekte. Yo dwe pini paran k ap bay bay pitit yo rete ak moun oubyen sèvi restavèk kay moun.

3. SANTE

Sante se lè  yon moun fizikman, mantalman sen. Nou tout konstate e nou viv li chak jou nan peyi a kijan yon moun ye lè li malad, kijan yon moun ye lè li pa ka jwenn bon jan swen sante, eben anndan pwopozisyon nou menm nan Opozisyon Nasyonal d Ayiti, n ap fè sou sante nou di :

  1. Leta sipoze asire fòmasyon chak etidyan medsen, chak enfimyè, an gwo chak moun k ap fè etid nan domèn medikal an jeneral.
     
  2. Ministè Sante Piblik sipoze genyen yon bon bidjè, pou pi piti 10% (dis pou san).
     
  3. Nou sipoze genyen 20 gwo lopital depatmantal nan peyi a, 2 nan chak depatman.
     
  4. Chak komin, ki gen yon sèten nonb moun, sipoze genyen ladan yon lopital kominotè de referans. Komin ki pa gen anpil moun kapab genyen sant de sante ak dispansè ladan yo.
     
  5. Chak depatman sipoze genyen yon kanmpous inivèsite (ki ta yon branch Inivèsite Leta Ayiti, pou desantralize inivèsite piblik la, menm jan sa fèt nan lòt peyi) ak yon lopital inivèsitè.

4. AGRIKILTI

Lontan, nou te konn li nan liv ke Ayiti se yon peyi ki esansyèlman agrikòl. Malerezman, dirijan ki pase nan tèt gouvènans peyi a pote anpil neglijans sou dosye sa a. Kijan, nou menm, nou kapab mete sou pye yon plan de devlopman pou remete agrikilti a sou ray ankò? Nou konnen se yon sijè ki sansib anpil, lè nou konnen kijan e kòman kèk peyi ap ponpe nou manje isit e kijan tou yon seri boujwa komèsyal ap achte manje lòtbò vin revann isit.

Gen anpil zòn nan peyi a jiskounya ki kapab itilize pou pwodui yon ansanm de pwodiksyon yo te konn pwodui depi lontan. Si n ap pran kèk egzanp, Latibonit fè anpil diri. Nou te kapab mete estrikti an plas dekwa pou ta fè zòn sa yo bay plis diri.

Si nap pran kenskòf ki pwodui legim (bètrav, chou, kawòl, elatriye). Ak bon jan estrikti anplas, yo ta rive fè l a chan echèl, epi idantifye sa lòt zòn ka pwodui.

Akayè trè repite pou pwodiksyon bannann. Okay, pou vetivè.

  1. Ministè Agrikilti ta sipoze genyen yon bon jan bidjè.
     
  2. Chak depatman ta sipoze genyen yon anèks Ministè Agrikilti, kote ta gen ajan ki la pou akonpaye peyizan yo nan pwodiksyon y ap fè, epi fè bon jan seyans fòmasyon pou yo.
     
  3. Ministè Agrikilti sipoze kolabore ak Ministè Finans pou mete sou pye yon kredi agrikòl pou tout moun ki vle antre nan domèn sa a.
     
  4. Sipoze genyen estrikti sou pye pou modènize agrikilti. San sa, Ayiti p ap ka soti nan sistèm agrikilti akayik la, ki pa rantab pou pesonn.
     
  5. Ta dwe genyen sa yo rele yon pwogram de fòmasyon aletranje (an liy oubyen atravè deplasman pou al pran fòmasyon oubyen tout yon enstiti teknik pou sa an Ayiti) pou tout kad, ajan agrikilti, kote n ta pèmèt yo aprann lòt teknik ki kapab ede mye nan domèn pwodiksyon agrikiltirèl.

Nan optik pou nou kapab diminye nan depans leta yo, epi pou fasilite kèk ministè pi efikas nou pwopoze pou leta kapab redui nan kantite ministè ke yo genyen an, epi chanje non kèk ladan yo.

  • Ministè Ayisyen k ap viv Aletranje (Ministè Dyaspora) kapab tounen yon direksyon anndan Ministè Afè Etranjè.
  • Pou Ministè Fanm kapab ta pi efikas, nou t ap chanje non epi nou rele l Ministè Lafanmi pito.

Pou reyalizasyon pwopozisyon sa yo, nou pa bezwen rale kwi nou pou n al fè ti figi nou fennen devan etranje pou prete n lajan. Nou kapab sispann piye peyi a. Nou itilize lajan enpo (taks) popilasyon an ap peye. Nou kapab itilize lajan ladwann n ap kolekte; retire kèlke franchiz dwànyè nan men kèk antrepriz fè yo peye taks nòmalman. N ap bezwen pou n entegre dyaspora a paske se Ayisyen yo ye tou. N ap bezwen travay avèk kominote entènasyonal la, men pa nan sans inilateral (kote se yo k ap enpoze nou, ba nou sa yo vle kom sipò). Men travay ansanm pito kote ke n kapab gen moun ki reprezante nou devan yo. Konsa, n ap ka di kominote entènasyonal la men ki pwoblèm nou genyen e men kisa nou bezwen. Pou sa fèt, nou sipoze gen yon leta ki fò, ki gen entegrite, ki pa kowonpi, ki wè devlopman Ayiti, e yon leta ki souvren.

Gen yon sektè ki trè enpòtan ke nou pa ka bliye; se sektè inivèsitè a. Nan pwopozisyon nou, nan Opozisyon Nasyonal d Ayiti, n ap mete yon estrikti  kote Université d’ État d’ Haïti (UEH) sipoze pilye tout desizyon k ap pran nan peyi a.

Guy Daniel CASTOR (Manm Opozisyon Nasyonal d Ayiti)
SP/ DGC47/ Bandi Pa Fout Legal
28 Fevriye 2021
18: O4 PM

APWOUVE PA:

Estriplet Jean SNORD (Kòdonatè Nasyonal)
Sarah POISSON (Relasyon Piblik, Nasyonal e Entènasyonal)
Marie Lourdes JEAN PIERRE (Trezorye)
Bedel ERNEST PIERRE (Pòtpawòl Dyaspora Ayisyen)
Geraud CHARLES (Manm OND' H)

*

 Viré monté