Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Nesesite pou yon priz de konsyans jeneral pou yon lòt Ayiti

Geraud Charles

9 Fevriye 2021

EnglishEspañolFrançaisKreyòl

courriel (e-mail)

Depi kèk tan, li fasil pou n konstate Ayiti ap antre pi fon nan yon tchouboum nou pa fouti dekri.

Peyi a pèdi tout valè li te genyen. Tout gwo sèvo nou genyen oblije pa sèvi n kichòy, paske sistèm analfabèt la bare yo, e menm menase yo.

Lòt peyi vwazen oblije retire n nan kad pèp. Yo jis konsidere n kòm  latrin, yon forè ki gen sèlman bèt sovaj k ap viv ladan l. 

Sa tris pou di, men tout palto yo taye met sou do peyi a, yo gen bon twal pou sa. Yo gen bon resous, bon done, bon fidbak sou vye imaj nou pa sispann pataje: 

  1. Peyi a p ap dirije.
  2. Yon swadizan prezidan pa sispann fè fo pwomès, jere epi kreye kriz sou kriz.
  3. Pwoblèm ensekirite sou tout fòm ki akouche kidnaping politize, povrete, salte, grangou, mank swen sante...

Nou bezwen yon ti kal konsyans pou n wè aklè peyi a fini nan men nou, jan lòt peyi konstate l la.

Nou gen yon jenès ki abandone, yon pèp leta kokoratize, lage de men ap balanse. 

Nou gen yon leta ki kowonpi jous nan zo, kote pou jere pouvwa, yo pa sispann kreye gwoup gang.

Tout  moun konnen sa m ap di la a deja, paske yo pa fèt an kachèt.

N ap viv anba yon diktati kraze moral, kraze zo, kraze mounite. Kote dirijan yo pa wè ni pèp, ni peyi, men sèl pwòp tèt yo. 

Yon peyi kote pwòp leta touye lajistis! 

Yon peyi kote pwòp leta gen gwoup bandi l pou simaye latwoublay! 

Yon peyi kote tout moun ap viv ak kè kase. 

Yon peyi leta sou kraze tout sa ki ka sèvi baz devlopman. Kisa n ka espere?

Plizyè rezon ka akouche sitiyasyon makawon pèp asyisyen ap viv jounen jodi a. E pou site yo, nou pa oblije pase nan gwo lekòl politik oubyen lekòl diplomatik. Dayè, pi gwo lekòl politik la se lari a.

Je n ban nou, zorèy nou ban nou. Nou pa oblije jwenn èd okenn espè pou esplike n pwoblèm peyi n, ni sa ki lakoz yo.

Sa Ayiti ap viv la se rezilta yon peyi ki pa sou kontwòl tèt li.

Rezilta yon peyi kote moun k ap dirije se kowonpi, maryonèt, poupe twèl, tchoul blan, kolonize mantal.

Kidonk, si tout bon nou ta reve wè yon lòt Ayiti, kote n ap santi nou se premye pèp nwa lib tout bon, kote n ap sispann depann de lòt peyi, kote n ap konprann konsèp devlopman ak jistis, e konnen jan pou n aplike yo, nou dwe kòmanse kraze baryè sa yo. 

Baryè blan ak leta kowonpi met anfas pèp la. 

Baryè ki fè yo panse yo se zo ki kwoke nan gòj pèp la, kote yo bliye pèp ayisyen p ap pè vomi yo jan l vle ! 

Nou dwe revolisyone yon lòt fwa. Nou dwe elimine sistèm peze souse sa a ak tout lidè l yo. Se vre sa p ap fasil, men l posib, sitou si n pran konsyans de eta nou ak kote n ta sipoze ye kòm premye pèp nwa ki make listwa letènite, premye pèp nwa ki goute libète, e ki manman Libète.

Ayisyen, nenpòt kote w ye, reye w. Ayiti pa dwe mouri !

Geraud CHARLES,
Ansyen Depite Pèp la
47èm Lejislati
9 Fevriye 2021

*

 Viré monté