Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Selfi lanmò gonfle blad remò:
Lè kreyòl ak vodou makonnen pou selebre lanmò

Par Esther Kimberly Bazile

12 juin 2025 | lenouvelliste.com

Sèlfi lanmò gonfle blad remò

Sèlfi lanmò gonfle blad remò, André Fouad • Édition Cérébrale • 2025 • ISBN 9780000402651 • 55 pages •

André Fouad, otè plizyè rekèy powèm tankou Bri lannwit, Songes d’encre, ak Valse des ombres, ap patisipe nan 31èm edisyon Livres en folie ak dènye liv li a, Selfi lanmò gonfle blad remò ki pibliye an mas 2025. Se yon rekèy powèm kote lanmpa vin kòm fen, men kòm yon pòt pou reflechi sou mistè lavi ak lespri ki travèse tan an.

Depi nan prefas la, Smeev Jerry bay ton an: André Fouad pa ekri tankou tout lòt powèt ayisyen. Daprè li, «Fouad se yon kòk bon kalite» yon powèt ki sèvi lang lan ak respè, epi ki mete tout esans kilti l ladan l. Liv sa a se yon omaj li fè pou papa li, trant ane apre lanmò li. Se pa senpleman yon pwezi sou doulè pèsonèl, men yon chimen refleksyon ki mennen nou nan mitan tradisyon vodou, kote lanmò se pa fen, men yon rit pasaj.

Smeev ekri: «Ak Fouad, lanmò pa toujou lanmò».  Fouad p ap chèche evite lanmò, li ap envite nou antre ladan li, konprann li, respekte l. Se yon «kri ki gen 30 lane ap byen konsonmen», jan prefas la di...

Suite ici

*

Viré monté