Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Sèlfi lanmò gonfle blad remò

André Fouad

Sèlfi lanmò gonfle blad remò

Sèlfi lanmò gonfle blad remò, André Fouad • Édition Cérébrale • 2025 • ISBN 9780000402651 • 55 pages •

Prefas

Pou kòmanse, pou evite badijonnen lespri n ak kèk tchòbòl, sa dwe klè kou dlo kòk: André FOUAD, nan kilti pwodiksyon powetik wòdpòte, se yon kòk kalite, ki jwenn bon laswenyay nan men mo yo ak elastisite lang kreyòl: se yon atizan k ap pwomennen renmen san fè pri.

Kounya baz yo poze, gade Fouad pi pre, (pa ak yon je konesè, non, non !), men ak yon nawè fanatik pwezi, w ap wè yon lame imaj inifòm, youn pa depaman de lòt k ap file sou menm rit, men sa ki etranj, lame imaj sa k ap defile a, malgre resanblans estetik yo, pa vrèman sanble nan fon yo. Ak Fouad, lanmò pa toujou lanmò. Lanmou pa toujou lanmou. E si lanmò, nan fason l rale l la, se vrèman lanmò, pa etone wè li se yon diplis, yon pwolongasyon lavi.

Nan dènye soupoudre powetik sa, Fouad pa frèt ditou. Fouad pa zanmi lanèj. Fouad gen Feray anndan l.

Sa ki enpòtan pou wè, se sezi doulè san parèy ki konsonmen anndan powèt la, pou l jete yon kri ki pi laj pase lamediterane 30 lane aprè lanmò papa l. Emosyonèlman, mwen ak Fouad pa sanble nan sa ki gen pou wè ak papa epi larekonesans sijè sa ka anjandre ; pakont, sansiblite ak bote inivèsèl. Soti nan jwèt mo yo rive nan sans yo genyen tout bon, tablo ki drese a, se yon rale mennen vini san pran souf nan sa powèt la viv, se yon pakèt powèm ki fèt pou pichkannen memwa, sòti mankman yo ki pa sispann grandi.

«ki kote w al Danbala kò w
lè sous dlo dezabiye pwomès
»

Se yon kesyon pou solèy la (papa Fouad), ki pa la ankò ; mande l ki kote l lage kò l, kòman l Danbala l (ki ka yon dans, yon kannjawou entim, mande l kòman l viv) lè sous dlo (sa ki siman gen rapò ak rèl ki koule aprè travèse dezabiye pwomès. Ki pwomès? Pwomès sou kisa ? De (2) vè sa yo, ka sèvi kòm baz konpreyansyon tout rekèy la, se yon kesyònman ki charye kwayans egzistans sa ki pa la yo sou yon lòt fòm. E sa a, powèt la sèten de li, sa l pa rive sezi, se defini nouvo espas abitasyon sa k pa la ankò a.

Men sa ki etone plis toujou, se kapasite Fouad pou chèche bote, pote l tankou tibebe sou bra l epi sa tèlman fèt souvan, ou santi se nan misye menm sa ye : powèt la powèt tout bon.

«lavi w yon kantik douvanjou
… yon vèvè k ap bouske libera l » ;
« m g on randevou ak minui sanble m bliye vit
si pou ou van gentan kwochi konsa
m s on vye eritye»

Liv la plen egzanp konsa. Yon latriye tit konpoze, byen ritme ki montre aklè tit yo fè pati nanm powèm yo. Gen yon kodaj nan langaj powetik la, yon siman envizib ki kole vè ki vini anvan an ak sa ki vin aprè a nan yon jwisans ensezisab. Pawòl la, malgre se yon pawòl lanmò, yon pawòl fotografye tèt (sèlfi), yon pawòl remò, yon pawòl blad, sa vle di yon pawòl frajil ki gen vokasyon pete, rete bèl. Se yon pakèt powèm mòde-soufle ki gen konsistans wozo.

Sèlfi lanmò gonfle blad remò, san rete sou modènite ak bote tit la, se yon chan tonm nan mitan lavi, se pousad yon kri ki genyen 30 lane ap fèmante, byen konsonmen. Se yon omaj pou lavi ki kontinye nan lanmò epi obligasyon nou genyen pou n aksepte l. Anyen ankò.

Nou p ap chèche lanmò a men mouri epi jwenn yon omaj powetik konsa ta vle fè n kwè travèse vo lapenn. Se yon eksperyans lekti ki ka transfòme n, ouvri nawè n sou yon pati nan nou ki kache: se letènite n.

Smeev Jerry

* * *

Extraits

Poutèt sa

M kouri sou tèt 
ak yon bone derechany
lapli mouye davans

poutèt lanmò pise
nan chive m
ki dra nwa ki deplwaye
gwo jou veye m

____________

Ki kote w al Danbala

Nan ki peristil w al danbala vwa w
kimen kochma bote souvnans
lamitye tonton Gabo
ki kote w al danbala kò w
lè sous dlo dezabiye pwomès
ki sa w vle di
lè w klewonnen toupatou                                                                 
flanbwayan twonpe womans linosans
ki kote w al danbala                  
lè chak pwomès                                                                                                       
se yon lòt pwomès ankò

____________

Giyon, ki jan w rele ?

Mouye pye bwa katye a
si se vre w rele tokay lawouze
ou lage m nan dega jeretyen fo pwofèt
lè w di souple
mwen pa janm di w tanpri
lanmò s on elatriye pyès goudeka 
douvan pye m
batman fenèt van                                  
ak vwalye krizokal.

*

Viré monté