«Politik ak reyalite Ayiti: Kilè jou va jou?»

(Emmanuel W. VEDRINE)

24 oktòb 2006

Majorite politisyen ayisyen fò nan pale (teyori) men kreten nan politik (pratik). Anpil pran nan gonm, anpil pran so kabrit pase yo bon nan pale anpil, bon nan fè bèl diskou long e konplike (sitou an franse, lang ki pa lang pèp la), yon fason pou montre pèp la ke yo te rive lwen lekòl epi nan PRATIK se zewo mare nan ren.

Politisyen ayisyen bezwen pèp vote yo lè sezon eleksyon, men pandanstan majorite ladan yo elwaye yo de menm pèp sa a tanzantan. Sèdike: y ap viv nan ilizyon, y ap reve ak nawè yo byen kale. Ansòm, yo pa reyalis. Kisa sa vle di nan politik? Enben, defen Tip O'neil, yon ansyen pòtpawòl mezon blanch nan peyi Etazini, yon michan (kokenn)politisyen ki soti nan lakou Boston fè nou konnen ke «tout politik lokal». Andotretèm, Si ou vle rale pèp dèyè ou (kòm politisyen), ilfoke ou antre nan pèp, ilfoke ou aprann travay nan milye pèp, ilfoke ou aprann viv reyalite pèp. Sa byen senp, sa klè kou jou.

Donk ou pa ka mennen yon «politik salon» ak kravat nan kou byen vèste tout lasentjounen, ap fè bèl diskou nan lang Vòltè pou atire pèp dèyè ou. Sa se makakri! Anverite, se nan dezè w ap preche lè ou fè sa. Tonnè krakra, pèp sa a p ap tande ou! Li soud. Donk ou dwe ale Bèlè, Boston, Kafou, Kafoufèy, Matisan, Site Katon, Site Solèy, Solino, Soudal elt... al vizite plizyè rakwen peyi Ayiti pou wè reyalite a ak de grenn je ou epi eseye konprann pwoblèm mas pèp la, reyalite peyi a ap viv chak jou Bondye mete, soufrans pèp la ki bouke di «Bondye bon». Se pa yon bagay ke politisyen ta dwe fè epòk kanpay elektoral senpman.

Pèp ayisyen se youn nan pèp ki «fidèl», fidèl kou chen. Tonnè krakra, depi ou fè pèp ayisyen byen, ou ap soufri ak li tanzantan, li ka rive menm bay lavi l pou ou. Depi ou fè l mal tou, tonnè krakra li pa manje manje bliye; se minit k ap konte pou l revòlte. Kreten swadizan «lidè ayisyen» fè e kontinye ap fè, se: meprize pèp la, asteni yo de li (prans distans ak li) epi kou yo bezwen vòt, yo atann pou menm pèp sa a ta lage yon bilten vòt pou yo. Adye wi dan! Menm si pèp la analfabèt men li pa bèt pou otan. Kou pèp sa a deside vote an mas yon lidè ke l apèsi ki ta pi pre l, enben kou rezilta vòt tonbe ou tande plenyen kandida opòtinis adwat agoch, ou tande te gen magouy nan kontay vòt, ou tande fòk gen rekontay ki fèt, ou tande anfen tout tip manipilasyon posib ak dappiyanp ki pre pou fè sou demokrasi (vwa pèp la, dezi pèp la).

Bon, kilès ki vote an majorite lè sezon eleksyon an(n) Ayiti: gwozouzoun, boujwa, ti boujwa, lamas? Nenpòt Ayisyen ki pa janm pase sou ban lekòl gen tan konn repons lan. E repons sa a enpòtan pou nou menm k ap fouye chèche dekwa pou anbeli twouvay nou yo ak engredyan ki soti nan nannan «reyalite Ayiti» ap viv la.

Souwè nou pou konpatriyòt ki vle antre nan politik, ki vle vin ak yon estil tounèf pou fè politik oubyen ki vle vòt pèp, sèke yo dwe kòmanse travay ak pèp e nan pèp, yo dwe kòmanse fè travay pozitif nan sosyete a (piti kou l ye pase toujou gen moun k ap pran nòt de travay nou) epi sispann voye toya adwat agoch youn sou lòt pase difamasyon pa gen anyen pou wè ak «kritik konstriktif». Difamasyon la pou l kraze men li pa la pou l konstwi. Jis parèt ou menm ak yon estil pou «leve defi» san kritike adwat agoch, san voye monte (pale anpil pou bouch fè bòkyè), pase li enpòtan pou ou menm kreye yon espas dekwa pou pèmèt kritik wè travay pa ou e wè tou nan ou yon lidè konsekan ki wè avan tout bagay, byennèt yon kominote, yon peyi.

Pou konkli, san wete san mete, pèp ayisyen an (Ayiti kou nan dyaspora a pase de 2 vrè zèl zwazo a pou l vole toutbon vre) swaf yon lòt klas politik nan syèk tounèf la. Wi li bezwen wè yon lòt estil politik sou tè Dasalin nan. Wi li vle wè bagay yo ap fèt yon lòt jan pase l fatige ak varèz politik wetam metam nan ki la depi lè dyab te kaporal. Li bouke viv nan dezespwa. Li enposib pou Ayiti vanse si l kontinye fonksyone ak menm ansyen modèl la. Li fatige tande menm son klòch la.

Lè n ap pakouri istwa politik Ayiti, nou wè «akizasyon» adwat agoch kòmkidire n ap jwenn yon politisyen, yon lidè, yon towobann ki 100% (san pou san) pafè, ki san twou nan manch. Divalye (an referans a tout diktati a: papa e pitit) gen 20 ane, uit mwa depi l tonbe. Pou jiskounye gen yon kokenn vid politik ki poko konble (kit nou vle rele l «vakyòm politik», kit nou vle ba li lòt non, men an reyalite gen yon kokenn defi ki poko janm leve an tèm «soufrans pèp la an jeneral», an tèm «espwa» pou demen kote l pa fin wè ladan. Tonnè krakra, Ayiti vin pi mal apre ven ane! Pa panse mwen, otè atik sa a, se divalyeris si m pale konsa. Mwen se yon «reyalis», yon obsèvatè fidèl «Reyalite Ayisyèn» nan. Sou Divalye anpil Ayisyen te ka al an vakans Ayiti tanzantan, al wè kòd fanmi yo epi flannen nan peyi a de je fèmen (fè ti touris lokal) osilontan yo pa t foure bouch nan zafè ki regade diktati a oubyen non yo pa t sou yon «lis nwa» kèlkonk. Konbyen nan nou ki ka al payeze Ayiti jounen jodiya, lwe yon machin pou flannen san kè sote, mache Pòtoprens jan nou ta vle apre sizè diswa? Se reyalite Ayiti ap viv jodiya; nou pa ka nye sa byenke li fè anpil nan nou mal lè n ap obsève peyi nou ki tonbe an degraba an plen venteyinyèm syèk.

(E. W. Vedrine)

 

boule

Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
e_vedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com
 

 
logo