Ann touye lawont pou lawont pa touye n  

Jean Armoce Dugé
Sektanm 2000
 

Feliks Moriso-Lewa pa ka rete nan salon ankò, nan salon kote k gen bèl bibliyotèk, bèl libreri moun Grangozye pa janm ale. Bèl libreri, bèl bibliyotèk pou moun men nan pòch, levit, kravat, pale jesui, fè «bouch yo kou mouda poul »1. Gouvèlman ayisyen, ministè Edikasyon Nasyonal, ministè Lakilti pa ka nan fè figi di kòmkwadire se yon blan je vèt, fransè petèt ki pou ta ba yo lajan pou ede pibliye DYAKOUT pou voye l kòm tèks klasik nan tout lekòl, mande pote l sou tout pwogram pa bò isit. M pa kwè gouvèlman ayisyen, ministè Edikasyon ak Lakilti ka kontinye ap mennen yon lit ideyolojik kont Moriso- Lewa o detriman timoun lekòl, o detriman peyi d Ayiti.

DYAKOUT dwe sou kasèt pou tout radyo ap pase l, pou tout peyizan ka tande l. Sa vle di se pou genyen l nan radyo kominotè yo, nan radyo relijyon yo. Li lè pou pastè, monpè, monseyè konpran Feliks Moriso-Lewa pa kont yo. O kontrè padan tout vi l li goumen pou l fè legliz aksepte sila yo ki pè, ki monseyè jodi a.

DYAKOUT pa ka yon katechis entèdi. Feliks Moriso-Lewa tounen pousyè, men pawòl li yo se limyè, limyè sou yon epòk ke l viv e ki enpòtan pou tout moun ka pi byen konprann reyalite politik, sosyal ekonomik peyi d Ayiti epòk li t ap viv, epòk ki ka fè n konprann pa gen pyès pwogrè nan mantalite dirijan nou yo. Pawòl Moriso-Lewa yo se «  zam »2 li t ap deplwaye kont tout ideyoloji maspinay, « sou tout lèlmi toupatou »3. Èske Zam sa a ta dwe vin bèbè, initil?

Ki pi gwo wont se lè moun ki pale anglè, panyòl ak lòt lang ap li èv yon gason vanyan tankou Moriso-Lewa ki ekri pou pèp lakay li ke l renmen anpil - e li ekri nan lang pèp Ayisyen - ki pi gwo wont se lè lòt moun sa yo ap mande jèn nou yo pou li epi pou yo di : «Nou pa konn moun konsa?». 

San jèn, nou fè peyi letranje kado pousyè kò Feliks Moriso-Lewa. Men ann pèmèt pawòl li yo ki se limyè briye nan tout kè Ayisyen. Ann sispann touye e antere chak jou «papa literati kreyòl nou an»4 . “Ann sonnen ason“5 Ann kònen lanbi pou li. Ann reklame pou powèm li yo li nan tout fèt popilè, nan veye, nan lekòl. Se pou yo chante yo na rara, nan konbit, anba pewon, nan legliz tou. Se menm nou menm nan ki chante toupatou k ap chante nan legliz.

Demagoji p ap mennen n okenn kote. Timoun bouke ri n. Nou pa ka pandan tout vin ap fè teyat ak tèt nou. Teyat la dwe sispann yon fòlklò pou dirijan peyi isit. Se pou sa Moriso-Lewa lite tout vi l. Jounen jodi a « Menm Bondye / Sètoblije aprann kreyòl/ Kou tout lòt blan/ Ki vin isit/ Pou fè biznis ak nou ».6

Nou pa ka toujou kwè n lèd epi prèt pou rayi tèt nou. Feliks Moriso-Lewa se nou, se fondalnatal nou. Lonbrik Moriso mare ak Ayiti (…)/ Li mare ak pèp Ayisyen/ Li mare ak tout nèg nwè. »7

Mezanmi,
«An n touye lawont / Pou lawont pa touye n».8

Prèske tout referans yo soti nan Dyakout 1, 2, 3, 4.

Haitina Publications N.Y., 1990

  1. Afich se zam, Dezyèm vè, paj 44, Dyakout II
  2. Dènye mo paj 44, Afich se zam, Dyakout II
  3. Dènye vè, Afich se zam, paj 45
  4. Mari Masè Bito Rasin, tradiktè Dyakout an lang angle. Sitasyon sou do kouvèti liv la.
  5. Pawòl Feliks Moriso-Lewa nan do kouvèti liv powèm Makso Kaliks ki rele Jenjanm, Edisyon Société Haïtienne de Cinéma, 1984.
  6. Nouvo Testaman, powèm paj 173, Dyakout IV, dènye vè yo.
  7. Pawòl Pòl Larak, do kouvèti Dyakout.
  8. Tit la ak finisman atik la soti nan powèm ki rele : Jak Aleksi, Dyakout II, paj 61.

Jean Armoce Dugé