Pou yon lòt nivo konvèsasyon nan avantay Ayiti

(E. W. VEDRINE)
26 fev. 2006)


Campagne haïtienne.

Photo F. & F. Biaggi.

Bon, anpil fwa, anpil Aysiyen refize afwonte reyalite ayisyèn nan jan l ye. Ki reyalite nou gen devan nou jodiya? Li klè e senp: pèp ayisyen an vle mache nan wout demokrasi. Kisa sa vle di pou li? Yon repons byen senp ke n kapab imajine: li di «aba diktati!». Donk pouvwa a, pou yon nèg monte sou li jodiya, enben li klè e senp: fò l pase atravè eleksyon. Eleksyon ki onèt, se kouwè yon egzamen kote se pèp la menm ki bay kandida yo nòt an fonksyon travay yo t ap fè sou teren an. Se konsa yo deside lage yon bilten vòt pou tèl ou tèl kandida. Mezanmi, sa senp kou bonjou, klè kou dlo kòk, klè kou jou. Se sa nou wè ki apèn sot fèt Ayiti, malgre tantativ yon ti sektè anti-chanjman pou fè afè pa l jan l vle e nan avantay li, san respekte chwa sa majorite moun vle.

Konbyen nan nou ki ta renmen Ayiti vanse tout bon? Mwen si e sèten ke majorite Ayisyen ta reponn wi. Enben si ou reponn wi, sèke ou sipòte demokrasi, sèke ou respekte chwa majorite pèp la (lè l deside chwazi yon lidè pou dirije l), sèke ou asepte yon sèten nivo tolerans (la a, sa pa vle di dezòd, kraze brize, manke respè youn lòt, chimè ki pèdi fwen nan fè dezòd / dechoukay). Nan demokrasi, sipoze gen yon sèten nivo tolerans (pa egzanp, ou dwe lib pou bay opinyon w / fè opinyon w pase, ou dwe respekte opinion lòt, ou dwe respekte chwa yon moun kapab fè / diferan de ou).

Sa ki dwe devan nou kounyeya se fiti Ayiti. Kijan demen pral ye pou Ayiti? Kijan Ayiti pral ye demen? Pou reponn kesyon sa a, enben se nou chak ki responsab rezilta demen. Wi nou responsab yon demen miyò oubyen yon demen pi mal. Si nou ta renmen wè yon demen miyò, enben nou gen chans jodiya pou nou chanje vye fason nou te konn panse (e.g, kraze youn lòt atravè pawòl e aksyon nou, fonksyone nan ti klan pa nou, pale anpil men pa janm akonpli anyen serye nan avantay Ayisyen e Ayiti, pèdi tan ranse / kritike bagay ki pase deja tandiske nou gen bagay enpòtan pou n ta fè jodiya, tann blan vin fè, rele blan pou ti krik ti krak paske nou pa kapab antann nou).

Nou gen chans jodiya pou n kontribye a yon bagay ki ka ede Ayiti (li te mèt kèk bèl ide nou kapab ekri pou devlopman Ayiti). Kòm mwen di l deja, kèlkilanswa lidè / pati politik ki ta pran pouvwa a jodiya, li enposib pou n atann ke gouvènman li an pral solisyone nan senkan tout pwoblèm ki te egziste deja. Sa enposib! Esansyèl, nou atann yon gouvènman ki kapab eseye jete baz primòdyal yo, baz enfrastriktirèl anpil nan nou ap reve yo. Nou bezwen yon gouvènman ki kapab tande kritik konstriktif. Nou bezwen yon gouvènman ki ouvè pou l tande revandikasyon tout moun epi pou l pran yo an konsiderasyon, nou bezwen yon gouvènman ki kapab koze ak pèp la tanzantan sou pwogrè k ap fèt, sou pwoblèm li ka ap rankontre pou gouvènman an fonksyone kòmsadwa, e kijan nou menm sitwayen kapab ede. E youn ki kapab wè enpòtans resous imèn, pou l mete l an(n) aplikasyon o pwofi devlopman Ayiti.

For another level of conversation in the advantage of Haiti

(E. W. VEDRINE)
Feb. 26, 2006

Well, many times, many Haitians refuse to accept the Haitian Reality the way it is. What is the reality before us today? It's clear and simple: the Haitian people want to walk in the path of democracy. What does that mean for them? A simple answer we can imagine: they say "down with dictatorship!". So for someone to ascend to power today, well it's clear and simple: he must go through the electoral process. Honest elections are like an exam where it's the people who grade the candidates based on their work on the field. That's how they decide to cast a vote for whoever the candidate of their choice is. My friends, it is as simple as good morning, it is as clear as coconut juice, it is as clear as the day. That's what we see that just happened in Haiti despite of the attempt of a small sector who is against changes in order to take care of their own business the way they want, without respecting the majority's choice.

How many of us would like to see for sure Haiti's advancement? I am certain that most Haitians would answer yes. Well if you answer yes that means you support democracy, that means you respect the majority’s choice (when they decide to choose a leader to lead them), that means you accept a certain level of tolerance (here, it does not mean bad behavior, causing problems, showing lack of respect for one another, 'chimè’* who go wild / destroying people's properties). In a democracy, there suppose to be a certain level of tolerance (for instance, one should be free to give his opinion / to make his opinion be heard; one should respect someone's opinion, respect someone's choice that can differ from your own).

Our focus now should rather be Haiti's future. How is tomorrow is going to be for Haiti? To answer this question, well it is each of us who is responsible of tomorrow's results. Yes, we are responsible for a better or for a worse tomorrow. If we would like to see a better tomorrow, well, we have the chance today to change our old way of thinking (for instance, putting one another down through our words and actions, functioning in our own small clans, talking a lot but never accomplish any serious thing in the advantage of Haitians and Haiti, wasting time talking trash / criticizing things of the past whereas there are important things to be done today, waiting for foreigners to come to do things for us, calling foreigners for anything because we cannot get along).

We have the chance today to contribute to something that can help Haiti (even through some great ideas that we can write down for Haiti's development). As I've said before, whoever the leader / political party that would ascend to power today, it is impossible to expect that government to solve in five years all the problems that have existed before. It's impossible! The important thing, we expect a government who can try to throw the essential bases, the infrastructural ones that many of us have been dreaming of. We need a government who can listen to constructive critics. We need a government who is open to listen to everybody's claims and to take them into consideration. We need a government who can chat from time to time about progress being made, about the problem that government is facing in order to function well, and how we, citizen can help. And one who can see the importance of human resources to put them in application in order to benefit Haiti's development.

Note:

* Chimè (Chimère): a derogatory term for the unemployed that has become synonymous with both ‘gangster’ and ‘Aristide-supporter.’ (Lyn Duff).

Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
e_vedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com
 

 
Logo