Agwonòm sa a timid; li dirije Ayiti ant 1996-2001 e se li ki linik prezidan peyi a ki fini manda senkan l lan. Gen de (2) sondaj ki fèt atravè «Institut Gallup» ki pwochte l an tèt vot yo. René Préval fè etid li nan peyi Bèljik anvan l antre Ayiti nan ane 70 yo kote l patisipe nan mouvman pou chavire diktadi Jean-Claude Duvalier a. Apre «Bebé Doc» tonbe an 1986, li vin yon pwòch kolaboratè Jean-Bertrand Aristide, ansyen «prèt bidonvil yo» ki vin premye dirijan ki eli demokratikman an 1990.
Preval suiv «Titid» an(n) egzil Ozetazini aprè koudeta septann 1991 lan epi l retounen ak li Ayiti pandan envazyon amerikèn lan ki te pèmèt li repran pouvwa twazan apre. Nan fen 1995, li (Preval) ranpòte eleksyon prezidansyèl yo, Aristide pa t ka ale nan eleksyon (selon lalwa). Eleksyon li an (1995) pral make premye tranzisyon pasifik nan peyi a ant de (2) dirijan ki eli depi endepandans peyi a an 1804.
Aristide retounen sou pouvwa an 2000, anvan yo chavire l yon dezyèm fwa an 2004. Plizyè Ayisyen estime, an ka eleksyon, René Préval ap otorize l rantre sot an(n) egzil kote l ye Afrikdisid la. Li presize ke l p ap anpeche retou l, men l ap gouvène san enfliyans li. Pati l la pote non «Lespwa» (l'espoir an fransè).
Soti nan yon fanmi elit komèsan, eslogan endistriyèl rich sa a: se: «Lòd, Disiplin, Travay». Se youn nan dirijan «Group 184», yon kowalisyon òganizasyon ki te òganize manifestasyon pou reklame depa Aristide.
Baker, ki viv Ozetazini deja, te ka lanse l nan kanpay la kòm kandida endepandan gras a yon petisyon ki gen anviwon 100.000 siyati an favè kandidati l. Li te pran yon kout prizon lè Aristide te sou pouvwa; li benefisye soutyen yon pati nan boujwazi komèsan an ak soutyen chèf peyizan kouwè Chavannes Jean-Baptiste. Kesyon k ap poze se, èske Baker, ki yon milat, kapab jwenn ase soutyen nan yon peyi ki gen majorite moun po nwè.
Manigat te prezidan pandan senk mwa an 1998 apre l te fin ranpòte eleksyon lame a trike. Menm lame sa a chavire l lè misye te tante reyòganize tèt li. Espè sa a nan Zafè Entènasyonal, benefisye soutyen finansye manm elit endistriyèl la. Pati l la apateni a mouvman Demokrat Kretyen.
Ansyen opozan rejim Duvalier a, fonde Pati Sosyalis Ayisyen; li te senatè de 1990-1994. Li reprezante fizyon «sociaux-démocrates», yon regwoupman twa (3) pati politik ki jwenn soutyen Pati Sosyalis Fransè.
Fèt nan yon fanmi peyizan, ansyen chèf lapolis sa a pati kite Ayiti an(n) oktòb 2000 pou l refijye l an Repiblik Dominikèn apre yo te akize de yon koudeta l t ap maniganse. Li rejwenn yon geriya ame an fevriye 2004 ki fòse Aristide kite pouvwa a apre twa semèn vyolans. Li te fè konnen ke ansyen diktatè chilyen an, Augusto Pinochet te ewo li.
. . .
|