Ayiti

ANMWE ! OSEKOU !
POU LEKÒL PEYI DAYITI K AP DEPAFINI ANSANM AK METYE FÈ LEKÒL LA KI PA VO ANYEN

otè: Josué MÉRILIEN, Jean Frito CHARLES, Norbert STIMPHIL
manm UNNOH (Union Nationale des Normaliens d'Haïti)

©1995. Tradiksyon kreyòl: Jean F. Charles
Koutwazi: E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT

Ecoliers
Photo © by Marie-Jo Mont-Reynaud

Demisyon leta nan zafè ledikasyon depi nan tan menmbo rive jouk jounen jodiya, anpwazonnen sektè fè lekòl la ak lespri fè lajan an, se bagay sa yo ki esplike an gwo kalte glise desann nivo lekòl nan peyi Dayiti a ak kesyon lekòl nan peyi a k ap pwodui yon bann ak yon pakèt entelektyèl zoukoutak ki pa kapab reflechi, ki pa kapab panse.

Kidonk, nou kapab poze tèt nou kesyon: èske dirijan yo, nan leta domokratik n ap mete sou pye a kote menm jan yo prevwa l nan plan Pari a, ledikasyon nan sektè yo bay plis enpòtans yo, k ap fèmen je yo sou tout bagay sa yo epitou kite lekòl la ap degrengole nan pwen sa a? Èske yo pa toujou di «si lekòl la pa bay anyen leta pa bay anyen»?

Jounen jodiya kisa lekòl peyi Dayiti bay, kisa leta peyi a bay? Si nou rete de bra kwaze, kisa lekòl Ayiti ak leta ap bay nan jou k ap vini yo? Èske se pa devwa dirijan kounye yo pou yo pran prese prese tout kalte mezi pou sitiyasyon gògmagòg sa a ki dire twò deja kote premye viktim yo se avan tout lòt elèv yo, pwofesè yo, paran yo e apre nasyon an ka sispann?

SITIYASYON PWOFESÈ YO SOU ZAFÈ LAJAN

Sitiyasyon pwofesè yo nan zafè lajan, ki te deja ap bay moun tètfèmal, pa sispann vin pi mal ak lavi a ki chak jou Bonjye mete vin pi chè. Lavichè a ki monte pase plis 300% (twasan pou san), vin fè mwayen pwofesè yo te genyen pou achte ki te deja pa t vo anyen vin pa vo anyen pi rèd.

Sa pwofesè yo ap panse nan zafè lajan se tèt chaje nèt. Yon kote, ti kòb y ap touche a pa fè yon pa kita, yon pa nago; yon lòt bò depans y ap fè yo, fòk ou ta miltipliye pa twa. Kidonk, si w ta mete sou yon balans kantite kòb y ap touche a ak kantite kòb y ap depanse a, bò kote nan balans lan ki gen lajan y ap depanse a ap file monte nan syèl nèt ale pandan ke bò kote ki gen lajan y ap touche a ap glise desann anba late. Kidonk, pwofesè yo an(n) Ayiti ap nwaye pi fon nan dèt epitou, yo pa ka mete menm senk kòb nan yon bwatsekrè.

Pa gen pyès sistèm ki egzije pou ta pèmèt pwofesè yo prete lajan. Se sa k fè yo lage nan men yon pakèt ponyadè ki fikse yo menm ki valè lajan yon moun dwe mete sou lajan yo prete yon moun, san pyès moun pa di yon mo nan sa.

Sitiyasyon pwofesè yo nan koze lajan, frajil tankou yon ze. Li vin pi frajil toujou ak koze lavichè ki gen nan peyi a nan moman n ap viv la. Pwofesè yo twouve yo jounen jodiya nan lenposiblite pou satisfè menm bagay sa yo ke yo bezwen anvan  tout lòt yo tankou zafè manje, kay pou yo rete, koze lasante, lekòl timoun pou peye, zafè achte liv pou l prepare kou, elatriye… Sa k pi rèd toujou sèke sosyete kwense yo nan yon dyagonal kote yo pa ka fè okenn jefò pou chanje reyalite sa a ki bay kè sere epitou, ki ka fè yon moun leve kanpe.

Pou l ka genyen yon ti lavi miyò, anpil pwofesè primè ak preskolè sètoblije al travay nan de lekòl lòt kote kanmarad segondè yo, yo menm yo oblije travay soti setè nan maten pou rive jouk nevè nan aswè. Si nou kontwole, sa fè katòzèdtan kou chak jou Bondye mete, swasanndizèdtan chak semèn soti lendi pou rive vandredi.

Genyen ki konn travay menm samdi ak dimanch, san pran souf. Yon nonm k ap travay nan kondisyon sila a, èske l posib pou li prepare kou l ap fè yo, planifye devwa l ap bay yo, korije fèy elèv yo, mete bèt sou li, bay madanm ak pitit li yo yon ti tan, elatriye…?

Kidonk, ann poze tèt nou yon kesyon: Èske yon nonm konsa ka fè lekòl tout bon vre?

Nou p ap pale de zafè lwazi, sa k ta ka bay mouche yon ti chans pou l ta chaje batri l lè nou konsidere li pa ka satisfè premye bezwen l yo. Kidonk, nou pa bezwen konte depi midi pou rive katòzè pou n di sa a chire pou tout vi l.

Dènye kou ki touye koukouy la sèke pwofesè sa a k ap travay ak zong li san zouti pou fè timoun aprann, nan de lekòl ki pa gen anyen, menm kote pou «al fè bezwen» dwe demele l kou mèt Janjak pou l pa janm tonbe malad paske ni li menm, ni madanm li ak pitit li t ap chire. Yo t ap chire paske:

  1. Li t ap tonbe ansanm ak fanmi l nan yon tèt chaje ki pa rete ak tèt chaje, paske pyès direktè lekòl pa t ap ba l yon goud depi premye mwa maladi l la osinon kou l fèk tonbe malad la.
     
  2. Li t ap mouri paske l pa genyen asirans maladi ki ta ka ede l peye kantite lajan l ta dwe depanse kay doktè k ap monte nan syèl chak jou Bondye mete.

N.B – Konprann byen: ni leta, ni nan lekòl prive yo, yo bezwen pwofesè a se lè l dyanm, lè yo kapab souse san l, prije l. Kidonk, ni nan leta, ni nan sektè prive a, yo kapab voye l al grate santi san pwoblèm. Ann di li pa menm gen dwa pou l tonbe malad, si l enfim se pi rèd.

Sanble bò lakay an(n) Ayiti, pwofesè yo kondane pou yo mande lacharite menmsi yo pase tout vi yo nan fè lekòl. Lè yo fin gaspiye tout jenès yo, konsakre tout vi yo nan fòme fonksyonè pou peyi yo, soti nan sa k pi wo yo pou rive nan sa k pi ba yo (depi prezidan peyi a, pase nan minis yo pou rive nan pi piti anplwaye a) men kisa yo sere pou li.

Pakèt ansyen pwofesè ki vin granmoun osinon ki pa ka fè lekòl ankò, ki sètoblije mande lacharite, chif pwofesè sa yo pa pi piti ditou. Ou kapab frape bab pou bab ak yo chak jou Bondye mete, nan koridò Ministè Ledikasyon Nasyonal osinon lòt kote ap tyeke.

Pou malè sèk sa a pa tonbe sou tèt yo, yon bann pwofesè kouri kite metye fè lekòl la oubyen pou yo ale aletranje (sa ki reprezante yon gwo pèt pou peyi a) osinon pou y al fè yon lòt dyòb ki bay mwens kè sote (sa k reprezante yon pèt moun save pou zafè ledikasyon an ki te deja pa gen anpil). Menm jan ak bon jan tè nou yo, ki chak lè lapli tonbe ap kannale desann al nan lanmè, sa ki bay lanati yon pakèt tètchaje, bann pwofesè maton ki gen bèt sou yo tout bon vre k ap kraze yon kite sa chak ane osinon k ap veye je pou yo bwaze kite lanseyman, bagay sa a fè nivo lanseyman nan peyi a desann pi plis. Sa bay yon pakèt lòt kalte pwoblèm ankò.

Kòm zouti pou fè lekòl yo mache ak tèt an plas pwofesè yo bezwen an pa egziste, pa ka genyen okenn reliyasyon ant mèt ak elèv yo pou ta aprann menm jan tankou yon nonm yo rele Masèl Postik kwè l la.

BAY METYE FÈ LEKÒL LA VALÈ: YON BAGAY BRID SOU KOU

Pou nou menm nan UNNOH, pou metye fè lekòl la gen valè, fòk:

  1. Yo mete lòd nan dezòd sa a: (Tout moun pwofesè ke l te ale lekòl pou sa, ke l pa t ale lekòl pou sa)
  2. Yo mete sou pye bonjan pgram fè mèt yo vin maton
  3. Yo bay pwofesè yo yon salè ki rezonab
  4. Leta adopte yon politik sekirite sosyal

Lòt bagay ankò pou bay kozman fè lekòl la valè tout bon vre epitou fè ledikasyon an jwe wòl li san mank nan devlopman totalkapital pèp ayisyen ak fè peyi a vanse. UNNOH fè gouvèlman konstitisyonèl peyi a ansanm ak minis ledikasyon Nasyonal la rekòmandasyon nou pral site yo:

  1. Se pou leta bay tout pwofesè alawonnbadè, rapidopresto yon ajisteman salè ki egal 300% (twasan pou san), menm jan ak lavichè a ki depase nivo sa a. Apre ajisteman sa a, leta dwe bay tout pwofesè yon ogmantasyon ki pral  depann  de diplòm pwofesè a genyen ak kantite tan l genyen depi l ap fè lekòl.
     
  2. Mete yon ti kraze chak ane sou lajan pwofesè yo ap touche a; ti kraze sa a dwe mache bradsou bradsa ak lavichè.
     
    N.B Ajisteman salè nou sot pale nan #1 an, pa dwe gen anyen pou l wè ak kantite lajan lekòl yo ap fè, okontrè yo dwe konsidere l tankou yon chans yo bay mèt lekòl prive yo pou chanje jan y ap peye pwofesè yo.
     
  3. Bay tout pwofesè yo ansanm ak fanmi yo asirans maladi ak kèk avantay tankou: Bati kay ba yo pou rete, prete yo lajan, elatriye…
     
  4. Peye pwofesè yo pou pi ta levennsenk chak mwa epitou, bay pwofesè k ap travay nan ziltik yo kote ki pa genyen enfrastrikti tankou kay pou yo rete, bonjan wout machin, dlo, limyè, elatriye… yon ti lajan anplis.
     
  5. Fòse lekòl prive yo peye pwofesè yo twa mwa vakans yo ansanm ak bonis mwa desanm nan.
     
  6. Mete bonjan kontwòl sou ki fason y ap bay lekòl prive yo lisans pou yo fonksyone ansanm ak kantite lajan y ap fè.
     
  7. Bay tout pwofesè ki fenk fini etid yo nan lekòl nòmal dyòb rapidopresto epitou, nonmen nan lekòl piblik yo, tout pwofesè nòmalyen ki poko jwenn dyòb.
     
  8. Egzije siyati yon kontra tèt kole ant pwopriyetè lekòl prive yo ak pwofesè yo pou tikrik tikrak yo pa revoke yo.
     
  9. Mete sou pye yon pwogram tout bon vre pou fòmasyon mèt yo, k ap mete apa plizyè kalte pwofesè nan lanseyman an.
     
  10. Mete lòd nan metye fè lekòl la lè y  a mande tout pwofesè yo pou yo genyen yon lisans pou sa (lisans sa a ke leta ba yo l pa entèmedyè Ministè Ledikasyon Nasyonal).
     
  11. Ankouraje nan kozman politik desantralizasyon peyi a, mete sou pye yon bann koperativ «tèt kole pwofesè»; bi koperatif sa yo (ke leta va ede), se fè lekòl, libreri, enprimri ak tout lòt aktivite ki gen pou wè ak ledikasyon.
     
  12. Repanse kijan y ap fè lekòl piblik yo mache, pou sa yo dwe fè eleksyon pou yon konsèy jesyon k ap gen ladan l moun ki gen konesans, yo dwe pran moun sa yo (suivan) selon kalifikasyon yo ak konpetans yo.
     
  13. Siveye si lajan timoun yo peye chak ane pou fè lekòl yo mache sèvi tout bon vre pou achte ban ak lòt materyèl.
     
  14. Egzije kay y ap fè lekòl ladan yo genyen pou pi piti kèk grenn ekipman.
     
  15. Fè retounen nan dyòb yo tout pwofesè ak tout lòt kalite moun nan ledikasyon ki te sètoblije kraze rak pandan rèy panzouyis yo.

Jodiya pou lonje lamen bay lekòl peyi Dayiti a ki sou wout pout l disparèt, fòk prese prese nou bay metye fè lekòl la jarèt

Pou n fini, UNNOH pran angajmasn yon lòt fwa ankò pou l goumen pou:

  • Yon ledikasyon ki kapab an mezi pou l fè tout Ayisyen leve tèt yo byen wo.
     
  • Yon Ministè Ledikasyon Nasyonal ki kapab o sèvis pèp ayisyen an tout bon vre.
     
  • Mete lòd ansanm ak bay metye fè lekòl an(n) Ayiti a valè.
     
  • Mete kanpe yon sistèm ledikasyon tounèf, byen òganize, ki kapab devlope sans sosyal, fè sosyete a vanse. Mete anpil lajan nan kès peyi a ak yon alemye pou tout moun, bagay sa yo, se pou nonm yo rele Jean Capelle rekonpans yon sistèm ledikasyon ki byen òganize.
     
  S.O.S Pour l'École Haïtienne En Péril Et La Volarisation Du Métier d'Enseignement