Bèl Bla

Bravo pou majistra!

Emmanuel W. Védrine
 

Vwala se te yon fèt patwonal yo t ap selebre sou waf Okay. Donk anpil moun nan vil la te reyini. Machann fresko, machann chenjanbe, machann kola glase, machann pojina, eksetera era, tout te la. Òganizatè fèt fin fè diskou remèsiman, remèsye tout moun ki te fè selebrasyon sa a vin yon siksè. Men majistra vil la potko janm pale, misye se yon nèg timid. Ak ankonbreman foul la, moun ap pouse youn lòt pou fè plas pou ka wè pi byen moun k ap pale sou podyòm, gwoup mizisyen k ap jwe... Nan pouse, pouse, yon moun pouse majistra a epi l sot tonbe nan dlo a ansanm ak on ti lezanj ki te bò kote l. Kòm msye konn naje, donk se lizaj li sekouri timoun nan pou l pa nwaye. Li sot deyò ak ti lezanj lan byen mouye.

Kounyeya tout foul moun lan se majistra a y ap gade, tout moun bat bravo pou li: «Mezanmi, gade jan nou gen yon bon majistra! A, msye se yon lidè tout bon ki ta bay vi l pou pèp la», se konsa anpil moun t ap di. Tout jounalis gentan rasanble kote msye ap lonje mikwo ba li pou l pale, pase yo wè l anvi di yon bagay. Misye voup li pran yon mikwo epi l di: «Lanmèd pou moun ki te pouse do m nan!».

Mezanmi, pa di m ap salopete lasosyete non. Donk pandan m t ap gade sèn lan, yon ti bandi ban m yon koutpye nan dèrryè epi w wè m vin tonbe jouk la a pou te rakonte w istwa a.

Give it up for the mayor!

Emmanuel W. Védrine

One upon a time, there was a PATRONAL festivity taking place on the Okay’s Warf. So, many people in the city gathered there.   Snow corn vendors, “chenjanbe” vendors, soft drink vendors, so on and so forth…, all of them were present. The organizers of the celebration gave his speech, thanking everyone who made that celebration a success. But the mayor of the city had not talked; he is a little bit shy. With the thong of the crow, people were pushing and shoving, trying to make room so that the they could see better those who were talking on the podium, groups of musician who were playing... While pushing, and pushing each other someone pushed the mayor and he felt in the water together with a youngster who stood by him. Since he knew how to swim, it made sense to save the child’s life, avoiding him/her from drowning. He got out together with the child, soaked.

Now the crow’s focus was on the mayor, everyone was looking at him, clapping bravo for him: “Gee, look how we have such a good mayor! He is a real leader who would give his life for the people”, Many people saying that. All journalists were already gathered by  him, trying to hand him a microphone to talk because they see that would like to say something. All of a sudden, he grabbed the mike and said: “fuck you to the person who pushed me in the water!!”.

Friends, don’t say that I am  dirtying the society. So, while I was there watching the scene also, a little bandit gave me a little kick in the butt and then I landed here just to share this story with you.

(E. W. Védrine)

Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
e_vedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com

 

 
Logo