Bèl Blag

Konpè Chat mande goute siwo traka

(E. W. VEDRINE)

Chat

Vwala yon lè, te gen yon chat ki t ap manje zèl poul ak lòt ti vyann men l twouve sa pa t ase. Li tonbe pwonmennen chèche lòt manje. Kòm pwovèb la di: pwonmennen chèche pa janm dòmi san soupe.

Nan mache chèche, li pase yon kote; li tande yon mal chen k ap plenyen bay Bondye pandan chen sa a t ap niche yon siwo.

Konpè Chen di: «la traka pou mwen Bondye! Ala traka Papa! Ala traka!».

Konpè Chat di: «ifout! Nèg la jwenn yon bagay dous konsa l ap bwè epi l ap rele ‘ala traka!»

La tou, konpè Chat tonbe plenyen bay Bondye: «Papa, souple fè m jwenn yon ti traka non pou m niche lang mwen tou».

Bondye bay konpè Chat randevou pou yon jou mèkredi a midi nan yon savann dezole. Jou a rive vre epi midi sonnen beng! beng! Konpè Chat panse se lamàndisyèl ki ta pral tonbe lè l tande yon kokenn bri, yon kokenn wounou wounou. Lè misye vire tèt gade, li wè yon mal chen nwa byen manbre k ap kouri dèyè l tout boulin.

Konpè Chat di, pye sa m te manje m pa t ba w (li pati tout boulin)!

Li fè plizyè èd tan ap kouri. Konpè Chen tache la dèyè l! Finalnan, konpè Chat jwenn yon ti pyebwa, misye voupe li vole sou yon branch epi l ap gade konpè Chen anba a.

Konpè Chat pa ka respire ankò, tèlman misye bouke. Li pran yon ti soup, epi l leve tèt li anlè: «Bondye, gade, ou pa bezwen kontinye ban m nan siwo sa a ankò tande. Li gen piman ladan!».

Pandan mwen te sou wout la, ap suiv sèn lan, yon ti vakabon ban m yon ti kout pye nan fès epi m tonbe jouk la a pou rakonte ou ti istwa sa a.

 

 
Logo