Ayiti

Konjigezon vèb «pa genyen»

Jean Erich René
 

An Ayiti, «pa genyen», se yon Endikatif Prezan, yon pichon madichon ki tonbe sou tout yon popilasyon, tankou yon malediksyon e ki lage pèp la nan yon gro tribilasyon. Ni Gouvènman, ni lopozisyon pa fè oken aksyon pou pote yon solisyon. Yo pito chita ap pale de eleksyon malachon. Tandiske anba tout tonèl, nan tout riyèl se yon sèl rèl: pa gen si, pa gen la.

- Premye konjigezon: «Pa genyen manje»

Sa a se boul pik peyi dayiti. Yon fanmi chaje ak ti moun leve depimmaten jouk solèy kouche pa janm goute dlo sèl. Sa k pi rèd la, sa pa di pèsonn anyen. Zotobre yo ap bouloze. Poutan pèp la pa mande roti ni dòb. Yon gode mayi moulen oubyen pitimi, oubyen diri ak yon demi gode pwa rouj oubyen pwa nwa oubyen pwa dekayèt, regle koze l. Si l ta jwen n yon aksantegi vyann ak 2 pake lanman oubyen ti lalo, oubyen zepina, oubyen fèy kaya, se sa nèt.

Chak jou, se menm mizèrere a pou chodyè monte. Timoun yo fin kwachoko. Moun grangou pa ka kenbe protokòl lekòl. Lasyans di depi yon timoun mal manje, de zewo a katran, l ap gen problèm azoukennkenn pou tout rès vi l. Lè li vin granmoun, l ap fenyan, paske li pa gen fòs pou li travay. Menm jèm li yo fèb. Li gen dwa fè pitit zopope. Kidonk zafè manje a, se pa yon bagay pou nou betize ak sa. Pèp ayisyen an fin delala anba mal lavi ak grangou. Se pou nou demele nou tankou mèt Jan Jak pou nou bay pèp la manje pou yo ka sispann konjige vèb pa genyen manj.

- Dezyèm konjigezon: «Pa genyen Kay»

Menm zwazo gen nich pou li dòmi. An Ayiti, genyen plis fanmi ke kay ki bati. Se yon tray pèp la ap pase pou li jwenn yon kote pou li rete. Pri lwaye kay ap moute bwa. Se chak fanmi ki blije degaje yo pou bati de p y ès. Gouvènman an Ayiti pa gen politik lojman. Nan tout peyi serye, se gouvènman an ki fè bank prete konpanyi prive lajan pou yo bati kay pou tout moun jwenn kote pou yo rete. Mezi lajan w mezi wanga w. An Ayiti, moun ap monte pil sou pil chak ane kite mele moun sa. Kilè pèp la ap sispann konjige vèb «pa gen kay»?

- Twazyèm konjigezon: «Pa genyen dlo»

Ayiti se yon zile li ye, li chaje ak dlo toupatou. Chak maten se yon posesyon moun ak bokit ki pral bouske dlo. Lè Esnèp bay dlo, se dezoutwa moun ki gen lajan ki pran abònman tiyo. Se pa dlo ki pa genyen. Lè Bwadchèn desann, ak kisa li brote moun se pa ak dlo? È ske dlo sa a ki tounen lavalas nan Matisan, Lali, elatriye, se pa li yo bwè a? Èske gen 2 dlo? Nan tout lòt peyi, yo kolekt e menm dlo rigòl, yo pirifiye l, yo resikle yo pou yo tounen yo nan tiyo. Nan Pòtoprens la nan Marin Ayisyèn, la a nan Maryani dlo ap gaspiye, tandiske nan mitan Pòtoprens tiyo sèk kon pen. Olye yo bay 2'000 kay dlo pou 20 dola pito yo te bay 10'000, 30'000 kay dlo a 5 dola. Yo ta va fè plis lajan e plis moun ta jwen n dlo.

- Katriyèm konjigezon: «Pa genyen limyè»

Blakawout fè chanmchanm an Ayiti. Televizyon, frijidè, òdinatè tout tounen biblo, pa gen kouran pou yo mache. Motè kraze, pa gen gaz. Daprè yon etid syantifik ki fèt pou tout planèttè a, Ayiti se youn nan peyi ki chanpyon nan program bay kouran ak enèji solè. Poukisa? Paske Ayiti chita sou ren glòb la. Sètadi lan ekwatè, kote solèy la ap tchatcha tout tan. Se pa de anvi peyi tankou Kanada ta anvi nan plas Ayiti. Yo pa t ap sèvi ak motè elektrik ni ak idwo ankò. Kote ki gen chenn pa gen kou.

La a nan yon magazen yo rele Canadian Tire, yo vann pou 200 dola yon pano solè ki kapab bay limyè nan yon kay, li fè frijidè mache ak televizyon, ò dinatè, ponp dlo, ak gras ke Pè Letènèl voye ban nou nan solèy la. Daprè keksyon ke mwen poze gro teknisyen yo, matyè ki fè pano solè yo se silis, sètadi yon sab ki nan tout rivyè an Ayiti.

Si nou kwè m manti, men adrès Konpayi sila a:

ICP Global Technologies
Montreal Canada
H3N 1W5
Champlain
N.Y U.S.A 12914
Made in Canada
Men adrès intènèt li: www.icpglobal.com

Li lè, li tan pou nou fini ak konjigezon vèb pa genyen.

Jean Erich René
(edisyon E. W. Védrine, avril 2005)
avril 2005