Ki Nov?
 
Ayiti
 
Cap-Haïtien

Cap-Haïtien - Peinture de Eddy Pierre. Source

 
Palais Législatif, 12 Janvier 1998

Exposé général de la situation du pays

présenté par le président de la République devant le corps législatif.

Monsieur le Président de l'Assemblée Nationale,
Monsieur le Vice-Président de l'Assemblée Nationale,
Messieurs les Membres du Bureau,
Monsieur le Doyen,
Madame et Messieurs les Membres du Corps Diplomatique,
Honorables Sénateurs et Députés de la 46ème Législature,
Madame et Messieurs les Ministres et Secrétaires d'État du Gouvernement,
Monsieur le Président et les Membres de la Cour de Cassation,
Monsieur le Président et les Membres de la Cour Supérieure des Comptes et du Contentieux Administratif,
Mesdames et Messieurs les Représentants des Organisations Internationales,
Mesdames et Messieurs,
Peuple Haïtien,

Konstitisyon an mande pou chak dezyèm lendi janvye, kidonk, chak ane nan okazyon premye sesyon Lachanm nan, Prezidan Repiblik la fè yon ekspoze jeneral sou sitiyasyon peyi a pandan chèf gouvènman an, kidonk Premye Minis la, fè yon bilan aksyon gouvènman l ap dirije a.

Kòm Premye Minis demisyonè a, deside, nan dat 20 oktòb 1997, pa vin nan travay ankò, se sèlman, ane sa a, ekspoze chèf Leta a, sou sitiyasyon jeneral peyi a k ap kapab fèt devan Lachanm nan.

Ki jan sitiyasyon jeneral peyi a ye?

Lè wap fè yon bilan, ou blije gade ki kote w soti.

Ki kote nou soti?

M ap repete l yon lòt fwa ankò, men m si m di l mil fwa deja: Ayiti se yon peyi ki kraze. M ap repete l paske lè moun ap di Leta pa mete lekòl, Leta pa konstwi wout, Leta pa bay dlo potab, Leta pa bay elektrisite, se pa de Leta pa nou an y ap pale. Souvan, se menm moun ki t ap soutni Leta ansyen an, Leta pezesouse a ki vle lage chay la sou do nou. Pèp Ayisyen, tèt ou fèt pou klè. Ayiti, jodia, se tankou yon kay kraze n ap rebati. Twa zan koudeta a se dènye siklòn Gòdonn ki defèt tout jefò ki te kòmanse pandan 7 mwa pouvwa Lavalas la an 1991. Jodia, se labou koudeta a n ap eseye mete deyò pandan n ap fè atansyon pou vye planch ak tout klou pa blese nou, pou vye miray ki fin fann pa vide sou nou.

Se konsa, ak anpil prekosyon, men avèk anpil detèminasyon nan moman retou a, Prezidan Aristid kraze lame a pandan li fè atansyon pou zam lame ki t ap kraze a pat vire kont nou. Kraze lame d Ayiti ki te papa ensekirite a, se retire labou ak tout vye planch ak klou, tout vye miray ensekirite a. Men, lè ou fin netwaye, retire debri, fòk ou konstwi. Polis la, se kay sekirite a k ap monte blòk pa blòk. Konstwi pa ni fasil ni rapid. Fòk ou fè plan, fòk ou fouye fondasyon, koule dal, monte miray, korije mi kwochi, mete pòt, fenèt avan ou ka di kay sa a kapab ba ou sekirite tout bon kont lapli, solèy, bèt, zenglendo, elatriye.

Polis la ap monte. Fondasyon an ap vin pi dyanm chak jou, koreksyon ap pote chak fwa sa nesesè. Nan rankont Ekzekitif la fè ak KASEK yo, n ap etidye mwayen rapid pou nou mete 3 polisye nan chak seksyon kominal prese prese. Polisye ki pwal sèvi nan seksyon yo, se, apre dizon ak kasèk yo, moun ki rete nan seksyon an menm y ap ye. Diferan enstans nan seksyon an, nan tèt ansanm, ap pwopoze yon lis 20 moun pou Direksyon Jeneral Polis la chwazi 3 ladan yo dapre kritè polis la. Polisye sa yo, se ap manm PNH, kap travay sou otorite PNH, men y ap abite nan seksyon an. Se konsa, nan patisipasyon, nan diskisyon ak konsène yo, se yon gwo twou n ap rive bouche nan miray ensekirite a. Se yon pyès tou nèf n ap rapòte nan nouvo kay sekirite a.

Nou di: enstitisyon yo kraze.

Nou ka pran lòt ekzanp tankou Lajistis la. Tout moun konnen sistèm jidisyè nou an se yon eritaj diktati a, yon eritaj Leta pezesouse a, kidonk yon jistis pou gran nèg kont pi piti, yon jistis pou moun ki gen parenn, pou moun ki gen zanmi nan Leta, kont moun ki pa gen parenn nan Leta... Pou korije sa, nou gen lwa sou refòm jidisyè a ki deja vote. Lwa sa a, n ap mare l avèk atik 175 Konstitisyon an ki prevwa pou Prezidan Repiblik la nonmen jij kou dapèl yo ak jij tribinal premyè enstans yo apati yon lis chak asanble depatmantal ap gen pou soumèt li. Prezidan Repiblik la ap gen pou l nonmen jij de pè yo apati yon lis asanble kominal yo ap gen pou yo prepare. Bati kay Jistis la blije pran tan si nou vle bati yon kay solid. Men, n ap rive bati l, dapre konstitisyon an ak lalwa, nan tèt kole ak tout enstans ki konsène yo, kidonk, nan patisipasyon.

Polis ak Jistis, se 2 ekzanp ki montre difikilte pou debleye yon kay kraze pandan wap bati yon kay tou nèf.

Difikilte pou konstwi Lapolis ak yon lòt kalite aparèy jistis, se prèske menm difikilte yo nan tout lòt administrasyon yo, kit se Ladwann, DGI, ONA, APN, menmjan ak tout Ministè yo.

Kijan administrasyon piblik la ap mache jodia?

Pèsonn pa ka pretann administrasyon piblik la ap bay bon sèvis malgre tout jefò nou rekonèt k ap fèt.

Gen administrasyon ki gen twòp moun ki pa p fè anyen, pandan gen administrasyon tankou kolektivite teritoryal yo, meri, kasek elatriye, ki pa gen ase moun pou ede yo fè travay yo gen pou yo fè. Gen administrasyon ki gen twòp moun enkonpetan pandan moun konpetan pa touche ase kòb pou travay y ap fè a. Yon lòt bò, salè nan fonksyon piblik la se yon dezòd jeneral tèlman yo varye de yon ministè a yon lòt, tèlman diferans ant pipiti salè yo ak salè ki pi wo yo gran. Se pou sa, gen 2 komisyon k ap travay e ki gen pou bay rapò yo nan mwa fevriye a pou pèmèt kòmanse mete lòd nan administrasyon piblik la.Komisyon sa yo ap travay pou di ki kalite fonksyonè ki pou genyen nan chak pòs, nan chak administrasyon, dapre konpetans yo, ki kantite pou yo ye, ki salè pou yo touche.

Toutotan nou pa gen zouti sa a nan men nou, nou pap ka rantre nan refòm administrasyon piblik la. Lwa ki pèmèt refòm nan fèt vote deja. Men akote zouti legal sa a, fòk nou gen yon etid administrasyon an ki se zouti teknik la ki pwal pèmèt fè yon administrasyon kòrèk ak salè kòrèk. Se pousa, nou mande tout moun tann rapò sa a, m ap repete, kap pare nan mwa fevriye. Nou mande donk tout moun ki gen revandikasyon salè pou yo fè yon ti tann. Si n al twò vit, nou pa p sòti nan gagòt la.

Nou sot pran administrasyon piblik la e nou eseye montre kijan n ap jere avèk difikilte yon eritaj; yon eritaj ki lou anpil. Men eske yon administrasyon ki pa t mache kapab bay bon sèvis? Sa vle di: èske se jodia tout wout kraze nan peyi a, osnon èske n ap eseye fè jefò pou nou ranje yo? Èske se jodia toudenkou peyi a debwaze? Èske se jodia peyi a pa gen dlo, pa gen telefòn, pa gen kouran?

Ann pran ekzanp kouran an. Toutmoun ap rele anmwe pou rate kouran:timoun pa ka etidye, atizan pa ka travay, boutik ap pèdi lajan. Pwoblèm kouran an trè senp. Se solisyon an ki difisil. Kouran an, tout moun konn sa koute kòb. Pa ekzanp, nan Kafou, nou gen 5 gwoup elektwojèn enstale, gen 3 k ap travay. Chak gwoup elektwojèn konsome chak jou 11.000 galon gazòy e poutan sou chak 100 goud kouran EDH bay, se 23 goud sèlman ki rantre nan kès li. Rès la, pa peye. E nan kouran ki pa peye a, gen 54% priz ilegal. Tout moun ki gen biznis konnen si sou chak 100 goud ou vann, ou touche 23 goud, ou pa p ka kenbe. Wap fè fayit. Se pou tèt sa, chak ane, Leta oblije soutni EDH ak yon èd 100 milyon goud. Men pwoblèm nan. Èske solisyon l fasil? Non. Paske li trè difisil pou al antre tout kote ki gen priz kouran san ou pa pwovoke dòt pwoblèm.

Jodia fristrasyon anplwaye Leta ki pa touche ase mele ak fristrasyon popilasyon an ki pa jwenn sèvis, ki pa nan travay, k ap bat dlo pou fè bè rann sitiyasyon sosyal la difisil. Nou mande tout moun ki vle peyi a vanse pou fè tèt yo klè dekwa pou moun ki pa vle peyi a vanse, moun ki te fè koudeta, moun ki te apiye koudeta, pa pran woulib sou revandikasyon jis nou yo.

Men, fòk nou di l tou, yonn nan pi gwo fristrasyon Pèp Ayisyen, se kriz anndan Lavalas la ki kreye yon kriz politik depi 7 mwa andedan peyi sa a . Kisa kriz la ye? Kit se Prezidan, kit se Senatè, kit se Depite, kit se Majistra, Kasèk, Pèp la bay Lavalas la tout pouvwa a tèlman li te fèl konfyans. Epi, divizyon mete pye. Divizyon ki mennen nan pwoblèm eleksyon 6 avril yo ki vin apre sa pwovoke demisyon Premye Minis la.

Apre anpil chita ak divès sektè ki konsène nan kriz la, pou sa ki konsène eleksyon yo, mwen deside met sou pye yon komisyon k ap bay nasyon an opinyon l sou eleksyon yo. Map tann rapò l.

M ap pwofite okazyon an pou m raple ke Prezidan pa kapab bay dizon l sou eleksyon, ni nan kraze KEP, ni nan kraze Palman.

Sou kesyon Premye Minis la, m fè sa Konstitisyon an di m fè nan atik 137 li. M fè sa 2 fwa deja. E m ap kontinye fè devwa m. Pèp Ayisyen an va jije.

Premye Minis ki poko ka ratifye a mennen nou dirèk dirèk sou pwoblèm ekonomik yo. Absans premye minis fè nou pèdi anpil èd ekstèn ki te dwe ale nan konstriksyon wout, dlo potab elatriye. Se trè grav pou yon peyi ki nan eta peyi pa nou an. Men, sa k pi grav, kriz la bloke osnon ralanti envestisman sektè prive ayisyen kou etranje ki ta ka fèt anndan peyi a, envestisman ki ta ka pèmèt anpil anplwa kreye pandan yon pakèt chomè ap chèche djòb, envestisman ki ta ka pèmèt ogmante resèt Leta yo nan taks.

Malgre tout pwoblèm sa yo, administrasyon an ap fè anpil jefò sou kesyon ekonomik la. Se konsa, enflasyon an pase de 51% nan moman retou demokrasi a pou varye kounye a ant 16%-17%. Se konsa tou, resèt Leta yo pase de 2.5milya goud an 94-95, pou rive a 3.5 milya goud an 95-96, e 4.7 milya an 96-97. Sa vle di resèt Leta yo preske double an 2 zan.

Malgre efò ki reyalize nan resèt yo, anpil travay rete pou fèt. Se konsa yon rapò ki parèt semèn sa a detèmine 40% resèt Leta yo se Ladwann yo kolekte menm si genyen ki pou DGI. Rapò sa a fè konnen se sèlman 10% resèt Ladwann ta dwe kolekte ki rive rantre nan kès li. Chif la parèt nou ekzajere, menm trè ekzajere. Poutan li siyale yon pwoblèm, li endike valè jefò nou dwe fè pou ogmante resèt Leta yo pou peyi a ka vin chak jou pi plis kapab konte sou pwòp tèt pa l.

Egzekitif la deja prepare 6 lwa pou pèmèt envestisman prive fèt nan peyi a pou plis djòb kapab kreye: tankou lwa sou zòn franch, yon nouvo kòd pou envestisman elatriye.....

Kòm gouvènman an demisyonè, nou oblije tann kriz gouvenmantal la rezoud pou lwa sa yo depoze devan Palman an.

An atandan n ap avanse sou 2 priyorite: desantralizasyon ak pwodiksyon nasyonal.

Anpil rankont deba fèt swa ak Majistra, Kasek ak Egzekitif la pou pataje pwenn vi, pou aplani difikilte. E, yon lòt bò, mwayen lajan Kolektivite yo ogmante seryezman. Se konsa:

An 94-95 Kolektivite yo te jwenn 31 milyon goud
An 95-96 kòb sa a monte a 52 milyon 600 mil goud
An 96-97 kòb kolektivite yo rive 240 milyon 500 mil goud.

Pou pwodiksyon nasyonal la nou retni 2 priyorite:

  • Youn se Tourism: yon efò patikilye ap fèt sou Jakmel ane sa k ap resevwa yon envestisman 18 milyon dola ameriken. E nou espere ane pwochèn, premye bato kwazyè yo ap rive Jakmèl. Kontak pran avèk liy maritim yo deja pou sa.
  • Lòt priyorite a se pwodiksyon nasyonal la avèk kòm poto mitan refòm agrè a kote nan Latibonit, plis pase 9000 benefisyè deja resevwa 1/2 ekta tè. Pri angrè a bese de mwatye.

Kredi agrikòl la pase de 22 milyon goud an 96-97 a 120 milyon goud an 97-98. 30 milyon goud sou 120 milyon an deja dekese sou 3 premye mwa ekzèsis fiskal la. Anpil efò ap fèt pou irige nouvo pasèl osnon pou amelyore sistèm irigasyon ki la deja yo.

Anpil ekipman lou achte ane sa a pou ede agrikilti a swa pou amenaje wout daksè, swa pou amenaje nouvo pasèl. Patikilyèman nan Latibonit, tout efò sa yo kòmanse pote fwi kote randman pou chak ekta pase deja de 2 tòn anviwon diri a 4 tòn pa ekta.

Pèp Ayisyen, sitiyasyon an difisil. Nap fè tèt nou klè ansanm pou nou kontinye vanse. Nap fè tèt nou klè ansanm pou nou kontinye fè peyi a mache.

Medam, Mesye Senatè ak Depite yo, nan kòmansman sesyon sa a, mwen swete nou bon travay.

René Préval

 
 
logo