Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Wyclef Jean ap chèche yon
solisyon lapè pou Ayiti atravè dyalòg

E. W. VEDRINE

5 novanm 2004

Wyclef

Jean Wyclef. Son Site.

Écoutez Gonaives Haïti

Se yon bèl ide Wyclef ap eseye fè yon bagay kòm yon gran vedèt Ayisyen-Ameriken trè koni nan monn mizik la o nivo entènasyonal kote l ap eseye pale ak diferan gwoup epi wè kijan li kapab konekte yo. Men li dwe konnen ke chak ti gwoup an(n) Ayiti (ke l te biznismann, pouchis, dilè dwòg, sòlda demobilize, gang, politisyen, entelektyèl, ak manm elit kowonpi nou an) gen enterè patikilye yo ki trè lwen de ede solisyone pwoblèm Ayiti.

Pa egzanp, lè nou gade diferan pati politik sou teren an (plis pase 20), e lòt gwoup ki bay tèt yo yon nimewo idantite, yo pa t gen okenn ajennda pou Ayiti (ni avan ni aprè 29 fevriye 2004) ke eslogan: ARISTID DWE ALE!  E kòm nou konnen, ansyen prèt la renmen pouvwa kote l santi l tankou yon wa sou twòn li. Donk, li depan de Ayisyen si yo vle vrèmanvre vin ak yon solisyon ki kapab benefisye peyi a.

Si nou fran ak nou tèt e san patipri, OKIPASYON (twazyèm nan kounyeya e youn ki vizib) pa solisyon pèp ayisyen bezwen e kèlkilanswa moun ki ta eli prezidan Etazini nan dat 2 novanm 2004 pa t ap solisyon an nonplis pou konjonkti politik aktyèl la Ayiti. Li klè kou jou nan sa m li sou diferan fowòm ke gen Ayisyen pro-Bush, ak sa ki pro-Kerry (kit yo rete Ayiti ou nan dyaspora a). Sa yo ki pro-Bush t ap swete Bush reeli, yon fason pou kite Aristid nan kanpe lwen e pami sa yo ki pro-Kerry, yo t ap swete Kerry eli e petèt (ou pa janm konnen kote dlo soti l antre nan bwa joumou) li ta ka jwe wòl yon «dezyèm Bill Clinton» pou voye Aristide tounen Ayiti e delaetan, sa l fè l fè. Men kesyon enpòtan an se: ÈSKE SA TA YON NO! UVO KÒMANSMAN POU AYITI (lè l gen plis pase 20 deja)? De mèm, Aristid te gen ase tan pou l te pwouve tèt li kòm lidè paske Lavalas yo te gen pouvwa absoli de 1994 (oktòb) - 2004 (fevriye) – ann di l konsa paske koudeta 1991 lame a te fè vin estope tout bagay; sa te bay nesans tou a pi move anbago nan istwa peyi a (soti 1991 pou rive 1994). Men Ayisyen (kit se lidè oubyen senp sitwayen) pa kapab kontinye blame zòt pou sò Ayiti – pa e.g, lè yo pa t jwenn sipò finansyè konplè aprè Preval vin sou pouvwa an 1996 oubyen aprè Aristide vin sou pouvwa an 2001). Klèman, sèten peyi etranje pa t vle ede Ayiti pandan epòk sa yo, e patikilyèman pou pwoblèm nan eleksyon lejislatif yo (ke kèk Ayisyen ka wè kòm YON BWALONG POU APRANN DEVLOPE LIDÈCHIP ) e peyi sa yo benefisye de pwoblèm Ayiti an menm tan, men nou pa ka kontinye blame yo lè nou bliye pwòp responsablite nou vizavi manman peyi a.

An palan de «dyalòg», kesyon nou ka poze se: ÈSKE DYALÒG PAMI AYISYEN (ki gen diferan enterè) ka pote fri? Men TOUJOU GEN YON SÒTI si Ayisyen ka chita ansanm bò tab la epi mete tout diferans yo de kote dekwa pou fikse rega yo sou YON PEYI . Pou fè sa, chak grenn Ayisyen dwe konsyan de REYALITE AYISYÈN NAN epi deside kibò yo vle ale (annaryè oubyen annavan).

TE GEN DYALÒG (si nou vle retounen nan listwa avan fevriye 2004) ant Aristid e swadizan «opozisyon an», (li pi bon pou n ta di «Konvèjans» - kit yo kwè Aristide te serye ou pa). Men Konvèjans te SÈLMAN vle pou l kite pouvwa. Li enpòtan pou n mansyone ke se tout yon kesyon ki ta pran rasin li nan rezilta ELEKSYON LEJISLATIF ME 2000 YO . Sou presyon tòp ofisyèl gouvènman an, Leon Manus yon avoka ki gen 84 lane e ki te tyèmann kolèj elektoral la, te oblije pran egzil san bat je dekwa pou te pwoteje lavi l. «Anbasad yo nan Pòtoprens te repo! nn a menas lanmò kont Leon Manus kote yo te voye yon elikoptè vin pran l pou mennen l an(n) egzil.» (tradiksyon kreyòl yon sitasyon Christopher G. Fauntroy, 2000).

Lè peyi a t ap travèse pwoblèm entèn ivè 2003 epi presyon nan men kominote entènasyonal la t ap monte lesyèl, Aristide te ka senpman DEMISYONE OFISYÈLMAN (kòm jès) epi yo t ap ba l kredi pou sa. Verite a sèke li vin tounen politisyen ki pi popilè Ayiti (vle l ou pa) epi l kwè nan popilarite l dekwa pou l ta ret fin acheve manda l. Sa, nan yon sans, bloke chemen espwa pou anpil lòt politisyen ki aswafe pouvwa pou ta vin fè kou pa yo pi devan. Yo ta fè nenpòt bagay pou desann li paske yo pè pou pati Lavalas la pa rete sou pouvwa pou tout tan (lè yon gwo pousantaj moun nan popilasyon an sipòte Aristide) byenke yo t ap toujou pase atravè pwosesis elektoral. Aristide li menm, ta fè tou nenpòt bagay pou l kenbe pouvwa a jiskaske l fini manda l. Donk, klèma! n batay la se youn ki pou POUVW A . Men ankò, kesyon nou ka poze se: Pouvwa pou fè kisa? Pouvwa pou travay pou chanjman peyi a bezwen? Pouvwa pou bay tout moun manje? Pouvwa pou jete baz enfrastriktirèl peyi a bezwen? Pouvwa pou emèjans bonjan lidèchip? Pouvwa pou jere enterè pèsonèl pi byen? … Yon dal ak yon pakèt kesyon nou te ka kontinye poze e ki gen pou wè ak LIT POUVWA AN(N) AYITI .

(Tradiksyon anglè – kreyòl: E. W. Vedrine)

boule

Wyclef Jean in search of a peaceful
solution for Haiti through dialogue

by E.W.VEDRINE

Nov. 4/2004

Wyclef en martinique
Jean Wyclef en Martinique, le 21 juillet 2004. © Matinikphoto

It's good that Wyclef is trying to do something as a well-known Haitian-American superstar by trying to talk to different groups and see how he can try to connect them. But he must know that every little group in Haiti (be it businessmen, coup leaders, drug dealers, former soldiers, gangs, politicians, scholars, and members of our corrupted elite) has their particular interest which is far from helping to solve Haiti 's problems.

For instance, when we look at all these political parties on the ground (over 20) and other groups that give themselves an identifying number, they did not have any agenda for Haiti (before and after February 29, 2004) other than the slogan: ARISTIDE MUST GO! And as we know, the former priest loves power and he feels like a king on his throne. So, it's up to Haitians to come up with a solution that benefits the country.

If we are frank, OCCUPATION (the 3rd. visual one so far) is not the solution that the Haitian people need and whoever was elected president of the United States on November 2, 2004 would not be the solution for Haiti's current problems either. It is clear from what I've read on different forums recently that there are Hait! ians who are pro-Bush, and Pro-Kerry (whether they live in Haiti or in Diaspora). Those who seem to be pro-Bush were hoping that Bush get re-elected in order to keep Aristide away, and among those who are pro-Kerry were hoping that the senator get elected and MAYBE (who knows?) he would play the role of a “second Bill Clinton” to send Aristide back to Haiti and then from there, come what may. But the $60,000 question is: WOULD THAT BE A NEW BEGINNING FOR HAITI (when she already had over 20)?

Also, Aristide had enough time to prove himself as leader because the Lavalas were in full power from 1994 (October) - 2004 (February) - put it that way because the 1991 coup by the Army has disrupted everything; it also gave birth to the worst embargo in the history of the country (from 1991-1994). But Haitians (be it leaders or any simple citizen) can't continue to blame ot! hers for their Haiti's fate - e.g, when they did not get full financial support After Preval came to power in 1996 or after Aristide came to power in 2001). Clearly, certain foreign countries did not want to help Haiti during these times, and particularly for problems in the 2000 legislative elections (which can be seen by some Haitians as A CHALLENGE TO DEVELOP LEADERSHIP) and these countries do benefit from Haiti's problems at the same time but we can't continue blaming them when we forget about our own responsibility toward the mother country.

Talking about “dialogue”, the question is: CAN DIALOGUE AMONG HAITIANS (with different interests) BE FRUITFUL? But There is ALWAYS A WAY OUT if Haitians can sit down together at the table and put all their differences away in order to focus on the need of A COUNTRY. To do that, every Haitian must be conscious of the HAITIAN REALITY a! nd decide where they want to go (backward or forward).

THERE WAS DIALOGUE (if we want to go back in history before February 2004) between Aristide and the so-called “opposition”, (better say “kovèjans” - whether they believe Aristide was serious or not). But the latter ONLY wanted him to leave power. It is also important to mention that it's a whole issue that arose from the results of LEGISLATIVE ELECTIONS OF MAY 2000. Under pressure from top government officials, the 84 year old lawyer Leon Manus, the constitutional chairman of Haiti 's electoral college had to go into exile quickly in order to protect his life. “The embassies in Port-au-Prince acted on these credible death threats against Manus by sending a helicopter to take him into exile.” (Christopher G. Fauntroy, 2000).

When the country was facing internal problems in the Winter of 2003 and pressure from the international community was mounting, Aristide could simply RESIGN OFFICIALLY (as a gesture) and he would get credit for that. The truth is that he has become the most popular politician in Haiti (like it or not) and he trusts his popularity in order to hold on to power until the end of his term. That, in a way, blocks the road for some many others who are also thirsty of power. They would do anything to bring him down because they fear that the Lavalas party would keep power forever (since a very high percentage of the population supports Aristide). Aristide on the other hand, would also do anything to keep his power until the completion of his term. So, clearly, the fight is one for POWER when analyzing the problems. But agai! n, our question are: power to do what? Power to work toward the change s that the country needs? Power to feed everyone? Power to throw the infrastructural bases that the country need? Power for the emergence of good leadership? Power to manage personal interest better? … We could go on and on, asking so many questions dealing with THE STRUGGLE FOR POWER IN HAITI.

( E.W.Vedrine)

crabe

Sur Potomitan aussi:

Yélehaiti a movement led by Wyclef Jeanthat is helping to bring hope back to Haiti.

Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
HaitianLanguage@gmail.com  – CreoleEditions@gmail.com

Viré monté