Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Rasin yon plant1

(yon tèks Jean Erich René)

Ceiba pentandra
Racines contreforts de Mapou, Ceiba pentandra. Photo F.Palli

Bagay ki pi enpòtan nan yon plant se rasin li. Dayè se premye bagay yon grenn fè, lè l fenk ap jèmen, se yon ti rasin. Se lè l fin fè rasin ki pou ba l manb ke lòt pati nan plant lan kòmanse ap parèt.

a) Ki wòl yon rasin ?

Se rasin ki pèmèt plant lan makònen nan tè a pou l pa sot tonbe. Lajè ou wè yon plant ye, se longè rasin ke li genyen. Lanati bati plant lan pou rasin li sipòte tout chay ke l pote e pou l reziste tou anba van, tanpèt si yo pa trò fò.

Se rasin lan ki pran dlo ke plant lan gen bezwen nan tè a ak tout matyè li gen bezwen pou l prepare manje l pou l nouri tèt li. Rasin nan se gadmanje plant lan li ye tou. Se ladan li sere manje l ap bezwen pita. Nan yon plant, gen plizyè rasin: gen rasin prensipal, se li ki parèt anvan; li fè pitit, li pete lòt rasin sou kote l ke yo rele rasin lateral.

b) Èske tout plant gen menm kalite rasin ?

Rasin tout plant pa fèt menm jan. Gen plant rasin prensipal yo plonje dwat nan tè menm jan ak yon toupi. Yo rele rasin sa yo rasin pivotant. Pa egzanp, nou gen karòt ke nou manje chak jou a se yon rasin pivotant li ye.

Pye mango tou gen yon rasin pivotant. Se sa k fè pye mango pa ka pouse sou tè ki gen karyann tankou Dèlma ak lòt kote paske pivo a pa ka pèse karyann nan. Depi l jwnen ròch karyann, pivo a pa ka devlope ankò pye mango a mouri.

Gen rasin ki grosi anba tè men yo vin tou ron ou prèske ron, yo tounen sa yo rele yon bilb tankou patat, zonyon ak pomdetè. Genyen ki vin tou long tankou manyòk. Yo rele rasin sa yo tibèkil.

Gen yon seri rasin ki gaye tankou cheve anba tè a. Yo makònen kò yo nan tè a pou kenbe plant lan byen solid. Yo rele rasin sa yo rasin fasikile. Pa egzanp rasin pye palmis, pye mayi. Rasin sa yo plante pye bwa sa yo solid lan tè, se pa fasil pou yo rache. Se sa k fè yo chwazi palmis kòm senbòl libète nou.

Gen yon seri plant ki pete rasin lan tij yo. Ou gen dwa wè ke gen yon rasin ki soti nan yon branch bwa ki desann a tè. Pa egzanp figye. Gade yon pye figye byen n a wè sou tout branch li gen rasin k ap pann. Yo rele rasin sa yo: rasin advantiv.

Gen rasin menm ki kouri tankou lyann anba tè a, y al pete boujon tou patou. Pa ekzanp rasin veritab. Se konsa yo prepare plan veritab. Yo koupe rasin veritab la kote l pete pitit la.

c) Kouman yon rasin fèt.

Tèt rasin nan kole ak tij la. Pati ki separe yo a, yo rele l kolè. Sou tout kò rasin nan gen yon seri pwèl yo rele pwèl absòban, sètadi se yo ki souse nan tè a dlo ak sèl minero ke plant lan gen bezwen pou l prepare manje l. Gen yon seri kanal andedan rasin nan ki pran dlo ak sèl minero yo pou l pase nan tij la avè yo pou l pote yo nan fèy la pou plant lan fè manje l. Pwent rasin nan gen yon ti bouchon sou tèt li ki proteje l. Lè rasin nan ap grandi, li konn jwenn ak yon seri bagay di, tankou ròch, ki te ka andomaje l. Se ti bouchon sa a, ki nan tèt li a ke yo rele kwaf, ki proteje l e ki pèmèt li grandi san danje.

d) Ki rasin yo manje an(n) Ayiti.

Gen yon seri bagay yo manje an(n) Ayiti, anpil moun pa menm konnen si se rasin yo ye. Pa egzanp: patat, yanm, manyòk, tayo, mazonbèl.

Rasin
Patat, pòmdetè, karòt. Photo F.Palli

1. Patat

Patat se yon rasin. Li donnen anba tè. Patat se yon tibèkil li ye. Patat gen gou dous. Se yon lyann ki kouri sou tè a, e ki bay patat. Patat an Ayiti ki pi dous; yo kiltive pi plis sa rele ti savyen. An Ayiyi nou manje patat boukannen, patat bouyi, patat nan lèt. Yo graje patat la tou, yo mete lèt ak lòt epis ladan l pou fè pen patat. Bwa patat se yon gro kalman li ye. Yon moun ki pran nan piman gen dwa frote bouch li ak bwa patat, chalè piman an ap pase, moun nan ap soulaje. Lèt patat geri maleng tou. Si w blese ou byen si w boule, ou pa gen pansman ou graje patat mete sou maleng lan l ap geri.

Lè y ap plante patat, se lyann patat la (bwa patat la) yo pran yo fè sa yo rele yon bouti ak li. Men si ou bezwen fè plan pou nenpòt ki chan patat ou pa oblije sèvi ak bouti. Pa egzanp si Ayiti vle ekspòte patat, l ap blije fè sa yo rele prodiksyon endistriyèl. Lè sa a, ou pran patat lan kalite ke ou gen bezwen pou fè yon gran prodiksyon; ou mete yo lan yan rigòl. Ou kouvri tout ak yon kouch tè ki gen 5 santimèt epesè. Yo pral jèmen pou bay kantite plan yo gen bezwen an. Epi y a mete yon fil fè sou pikèt pou fè lyann patat la kouri pi byen

Pou plante patat, se pou mete chak bouti yo, a yon distans de 35 santimèt. Fòk ou foure bouti yo nan yon trou ki gen 15 santimèt profondè. Lè w ap plante bouti patat la, se pou kite 2 fèy deyò.

2. Yanm

Igname
Yanm, Dioscorea sp. Photo F.Palli

Yanm se yon manje de kalite li ye. Li gen bon gou. Se yon tibèkil li ye tou. Si w bezwen gen gro yanm, fòk tè a byen mou pou yanm nan ka layite kò l. Pou plante yanm, se tèt yanm lan ou pran ki pouse boujon ou mete anba tè. Lè yanm nan kòmanse pete tij, ou fèt pou ba l gòl pou l grenpe. Ou gen dwa fè l monte tou sou yon pye bwa. Ou gen dwa pran 3 a 4 mwa anvan w fouye yon yanm.

Yanm se yon manje ki chaje ak kalori. Yanm gen vitamin (Vitamin B1 ak Vitamin C). Yanm chaje ak fè ki bon pou san. Lè w kraze yanm ou melanje l ak pwason oubyen fèy, li trè nourisan pou tibebe. Yon moso yanm pi rich pase yon moso pen ki fèt ak farin ble. Yanm pa fè vant moun gro tankou pen ak bè ou ak manba fè moun obèz.

Meyè fason pou fè yon yanm kenbe tout vitamin li, se bouyi l ak tout po. Apre w a kale l. Lè w kale yanm anvan ou bouyi l tout vitamin nan ale lan dlo yanm nan. Yo manje yanm fri.Yo koupe l an lèch. Yo tranpe l nan dlo sale frèt pandan yon ti moman. Yo seche li nan yon twal oubyen yo kite l degoute. Answit, yo lage ti lèch yo lan lwil doliv jiskaske li dore. Si yanm nan deja bouyi ou pa bezwen tranpe l nan dlo ankò anvan w fri l.

Kouman yo konsève yanm.

A) Sou galta (galata)

Yanm se yon tibèkil ki konsève byen. An Ayiti yo sere l sou galta pou pare grangou. Pi bon fason pou konsève yanm se kite l anba tè. Men si w deja fouye l, se pou chache yon kote ki fè nwa e ki sèk pou mete l. Si w sere l nan bon kondisyon, l ap rete pandan plizyè mwa. Men de tanzantan fòk ou voye je pou wè si l kòmanse pouri pou gen tan sèvi ak li. Oubyen pou kase tèt boujon ki pete yo.

B) Bouyi

Pou konsève yanm, ou gen dwa bouyi l jistan li byen kwit ak tout po. Lèfini ou kale l. Ou koupe l an tranch. Ou mete tranch sa yo seche nan solèy pandan 3 jou. Konnyela a, ou gen dwa sere yo pou manje yo apre. Ou gen dwa pile yanm bouyi, seche yo tou pou fè farin yanm.

C) Nan yon twou

Yon lòt fason yo konsève yanm byen se fouye yon twou ki ka kenbe kantite yanm ou genyen an. Ou ranje yon kabann pou yo ak pay. Ou mete tout yanm yo oubyen kouche oubyen kanpe youn kont lòt. Lèfini ou kouvri tout ak tè.

D) Yon tès

Andedan yon pyès kay, pran tout lyann yanm yo, fè yon kabann avèk yo anba yon pyebwa. Ou gen dwa mete tou pay mayi ou fini rekòlte atè a. Lèfini mete yanm anro yo.

e) Kisa nou ka fè pou yon tibèkil vin pi gro ?

Pou ka fè yon rasinn tankou tibèkil patat, manyòk, pòmdetè, grosi fòk tè a pa trò di; sètadi fòk tè a lach pou l ka jwenn kote pou yo layite kò yo jan yo pi pito. Se sa k fè, lè y ap plante plant tankou patat, yanm, manyòk, pòmdetè yo fè yon bit tè ki gen 30 santimèt kòm lajè ak 15 santimèt wotè. Ou mete bouti a nan mitan. Konsa lè rasin nan ap pouse li, pa gen danje ditou.

Lè w ap fouye tè a pou fè bit patat, oubyen bit yanm elatriye, si w melanje tè a ak fimye oubyen ak yon angre 5-10-10, kèlkeswa rasin nan (kit se te patat, manyòk, yanm), machwè l ap gonfle jis li about. Fòk ou fè anpil atansyon lè w ap fouye bit sa a pou pa kòche tibèkil ou yo.

f) Egzanp pratik

Manyòk

Manihot esculenta
Manyòk, Manihot esculenta. Photo F.Palli

Manyòk se yon plant ki pouse nan nenpòt ki tè pòv oubyen tè sèk. Manyòk pa pè tan sèk. Li gen dwa rete nan tè lontan san li pa mouri. Se sa k fè yo plante anpil manyòk an Ayiti. Se manyòk ki repare nou lè move tan. Ou mèt tande tout lòt plant kraze oubyen mouri, manyòk la tyèl. Manyòk se yon rasin ki pouse anba tè. Se yon tibèkil li ye. Pi gro cho manyòk bay: menmsi ou pa fouye l, li pa pouri anba tè. Li la, l ap tann ou. Li konsève byen anba tè. Pou yo plante manyòk, se bwa manyòk la ou pike nan tè.

I. Kouman yo manje manyòk

1. Bouyi tankou viv

Atansyon gen 2 kalite manyòk: manyòk dous, manyòk anmè.Manyòk dous la, yo bouyi l tankou patat pou manje l. Ou gen dwa boukannen l tou anba sann menm jan ak patat. Manyòk anmè a gen yon pwazon ladan l. Yo pa manje l konsa.

2. Ak manyòk anmè, yo fè kasav oubyen bobori

Pou fè kasav ou byen bobori, yo graje manyòk anmè a, sou yon graj. Lèfini yo tòde l nan yon moso twal. Tout pwazon an se nan dlo manyòk la li ye. Si w bwè l w ap mouri. Se sa k fè lè yon vant moun gro an Ayiti yo di l ou sanble ak ti kochon ki bwè dlo manyòk. Yo mete tout ma ki lan twal la seche, pou l fè farin manyòk ke yo pran yo mete sou yon platin cho pou fè kasav. Gen 2 kalite kasav: gen kasav molas, gen kasav sèk. Diferans ki genyen ant kasav ak bobori sèke bobori a pi epè. Lè y ap fè kasav ak bobori, yo mete sèl ak kokoye graje nan farin manyòk la pou l gen pi bon gou. Ayiti te gen dwa fè ti kasav ki gen 10 santimèt dyamèt pou l voye nan peyi etranje. Se pa de kontan yo ta kontan dejene ti kasav griye ak bè oubyen ak manba. Depi l byen anbale.

3. Labouyi ak kokoti

Yo fè labouyi farin manyòk ki trè nourisan pou tibebe.Li gen anpil kalsyòm ladan. Li fè ti bebe a pran manb pi vit . Zo tibebe a di pi vit. Lè yo brase farin manyòk la ak dlo ak sèl ak grès li fè yon manje an Ayiti ke yo rele kokoti. Si w kite farin manyòk la yon ti jan vle
kanni pou l vin kandil, kokoti sa a se ayayay.

4. Boul manyòk.

Ou gen dwa pran farin manyòk la ou fè boul ak li pou mete nan pwa. Ou louvri farin lan nan yon veso, ou mete yon ti dlo sèl ladan l. Ou Petri l tankou nenpòt ki pat. Ou pran moso ak yon kiyè bwa oubyen ak men w. Ou roule l lan men w pou fè boul. Ou tann pwa w byen konsonmen epi w lage l ladan. Ou gen dwa mete l tou nan nenpòt ki bouyon w ap fè.

5. Gato manyòk

Pou fè gato manyòk, yo pran farin manyòk la yo fè l kwit nan siro kann. Lèfini yo roule l tankou yon pat pou fè l vin tou long. Yo koupe l, yo vlope l nan fèy bannann, yo mete l boukannen yon ti moman ankò nan dife pou l ka vin di. Yon gato manyòk mezire 30 santimèt (nan) longè ak 3 santimèt edmi (nan) lajè.

6. Legim

Nan peyi afriken yo, gen anpil lòt bagay yo fè ak manyòk. Pa egzanp yo fè legim ak fèy manyòk. Yo swe l tankou zepina, yo bat li yo mete epis ladan l, yo fè bon legim. An Ayiti, yo pa manje fèy manyòk. Afriken yo gen lòt bon pla yo fè ak manyòk pouri.

II. Kisa yo fè ankò ak manyòk ?

1. Lanmidon

Pou yo fè lanmidon, yo kite dlo manyòk la poze. Raple w ke nou te di lè y ap fè farin manyòk la, lè yo fin graje l, yo tòde l. Ebyen dlo yo jwenn lè yo tòde farin manyòk la, se li ki rele dlo manyòk la. Lè yo kite l poze nan (yon) ganmèl, li bay yon farin. Se farin sa a yo rele lanmidon. Labouyi lanmidon ak sik nouri timoun anpil.Yo kole papye ak labouyi lanmidon.

2. Medikaman

  • Lè yon moun gen yon gro lafyèv ki cho, yo badijonnen kò l ak kleren ak lanmidon pou lafyèv la tonbe.
  • Timoun ki gen saranpyon (salonpyon), laroujòl (lawoujòl), se lanmidon ak kleren yo pase sou yo.
  • Labouyi lanmidon rete nenpòt dyare yon moun genyen.
  • Fanm ansent manje lanmidon anpil pou ka gen anpil lèt pou tibebe.
  • Lan gran laboratwa kote y ap fè medikaman tankou grenn aspirin, saridon elatriye…, yo sèvi ak lanmidon. Pa egzanp, si ou pran yon grenn aspirin se yon melanj lanmidon ak medikaman ki fè aspirin nan menm oubyen lòt grenn (sètadi sa yo rele prensip aktif la menm). Yo brase l ak farin lanmidon an kòm sipò pou fè ti bonbon ou wè yo mete nan bwat oubyen nan sachè medikaman yo. Mesye chimis yo di ke ou mèt bwè l san danje paske farin manyòk la p ap fè w anyen ki mal. Entesten tout moun dijere manyòk fasilman.

TIMTIM

Fort-de-France, marché
Fort-de-France, Grand Marché, sur la droite des racines de mazonbèl/mabounbèl.
Photo F.Palli

I. Di ki repons ki pi bon la a.

1. Yon rasin ki gaye kò l nan tout tè a tankou bab rele:

a) rasin pivotant

b) rasin fasikile

c) rasin advantiv

2. Pwent rasin lan gen yon chapo ke yo rele:

a) ekòs

b) libè

c) kwaf

3. Pou rasin nan pran sal gen bezwen nan tè a, li sèvi ak:

a) pwè l li yo

b) kolè

c) kanal bwa

4. Youn nan bagay ki fè yon tibèkil grosi se:

a) anpil dlo pou ba li

b) se yon bit tè byen laj ou fè anvan w plante l.

c) se yon gòl ou ba li pou l grenpe.

5. Site 4 rasin yo manje an Ayiti:

a) Patat, mayi, yanm, zaboka

b) manyòk, malanga, patat, yanm

c) malanga, pwa, yanm, manyòk

II. Reponn si se vre ou si se manti

Si se vre, ekri V
Si se manti, ekri M

a) Yon pye malanga gen plizyè malanga ladan l ( ).

b) Yanm pa gen vitamin ladan l ( ).

c) Yo di manyòk bon pou fè zo tibebe paske li gen kalsyòm ladan ( ).

d) Labouyi manyòk bay dyare ( ).

e) Menmsi gen move tan manyòk pa gen problem ( ).

f) Manyòk anmè anfle vant moun ( ).

g) Kasav se yon manje ki nourisan ( ).

h) Yanm bay moun san ( ).

i) Depi gen yanm sou galta, kay la gen manje pou lontan ( ).

j) Pi move patat la rele ti savyen ( ).

k) Malanga fè bon soup pou ti moun ( ).

l) Lanmidon se yon medikaman ( ).

III. Ekperyans pou nou fè lakay nou

Pi gro pwoblèm lan an Ayiti pafwa se pa manje ki pa genyen. Men se jan yo kwit li a. Chak jou se menm manje bouyi a. Sa fin pa koupe apeti w. Ou anvi manje yon lòt bagay. Ou bouke ak fòkseli a. Nan lòt peyi tankou Brezil ak (kèk peyi nan kontinan) Afrik gen lòt resèt ke yo genyen. Nou pral wè dezoutwa.

1. Manyòk fri

Menm jan ou wè Macdonald rache pòmdetè pou l fè ti baton pòmdetè pou l vann, se konsa o Brezil yo rache manyòk tankou ti baton. Yo fri yo nan grès menm jan pou bay moun manje. Tout timoun renmen manje yo.

2. «Farofa de Manteiga»

Se yon resèt ke yo itilize anpil nan peyi Brezil pou manje manyòk. Manje sa a popilè anpil lan sid Brezil. Men kijan yo fè l:

Pran

2-3 ti kiyè lwil doliv
1 zonyon byen kale
1 ze
1 tas farin manyòk
2 ti kiyè, sèl fen ak pwav pile
2 branch pèsi

Sote yon zonyon nan yon ti bè jistan l vin mou. Pa kite l pran koulè jòn. Bese dife w. Mete ze a. Brase l jistan l byen melanje. Tou dousman, ajoute farin manyòk la jiskaske melanj lan dore e ou wè l sanble li griye. Mete sèl, pwav ak pèsi a ladan l.

3. «Pao de Queijo»

1 tas farin manyòk
1/4 tas lwil doliv
1/4 tas dlo
1 ti kiyè sèl
1 ze
6 ti kiyè yogout
1 tas fromaj graje

Limen dife w. Si w gen fou, mete l sou 450°?F. Mete lanmidon w nan lan yon bòl. Melanje lwil, dlo ak sèl lan yon veso an metal. Fè l bouyi. Vide l lan farin manyòk la. Atansyon pou l pa boule. Pran yon kiyè bwa pou brase farin nan pou ka melanje l. Lè l byen pran, tann li frèt pou ajoute 1 ze. Melanje l byen. Mete 6 ti kiyè yogout. Lè w fin byen bat li, mete fromaj ladan l. Pase lwil pou byen petri pat la. Grese yon plat mete l ladan. Bese dife fou a a 350°F. Kite l kwit pandan 25 a 30 minit.

4. Soup manyòk an Afrik

Pran

1 grenn manyòk rachel lèfini pile l.
5 tas dlo
2 zonyom, rache yo
Sèl, pwav, pou ba l bon gou.
Bouyi manyòk la ak zonyon an.
Mete l nan yon blendè oubyen pile l nan yon pilon.
Mete sèl ak pwav ladan l.
Ou gen apeprè 4 a 5 bòl soup.
Ou gen dwa sèvi l ak pen

5. Salad yanm (Pou 6 moun)

5 tas yanm bouyi
2 zonyon koupe
1 tas sòs salad
1 leti
2 mwayenn tomat
2 ze bouyi

1. Koupe yanm yo an ti moso.
2. Melanje yanm yo ak zonyon an ak sòs la.
3. Sèvi l tou frèt ak leti, tomat ak ze bouyi koupe an tranch.

Pou fè yon tas sòs:
Pran 2 jòn ze bouyi
1/2 tas lèt
4 ti kiyè sik
5 ti kiyè ji sitwon
1/2 tas dlo
4 ti kiyè lwil doliv.

1. Kraze jòn ze a nan lèt la.
2. Mete sik la.
3. Vide dousman ji sitwon an ak dlo a. Lèfini brase yo.
4. Vide lwil la dousman
5. Sèvi li ak salad yanm lan.

6. Yanm miam (Pou 6 moun)

Pran:
6 gro moso yanm
¼ tas lwil doliv
2 ze
1 zonyon koupe
epis

1. Bouyi yanm nan kraze yo fen fen.
2. Mete ze yo, zonyon an ak epis yo. Brase yo ansanm.
3. Fè boulèt ak yo.
4. Mete yo nan lwil cho. Fri yo jistan yo dore.
5. Sèvi yo tou cho.

Se pa de renmen timoun renmen manje sa a lematen oubyen pou yo mete lan bwat pou y al lékol.

7. Benyen yanm (Pou 4 moun)

Pran:
2 tas yanm graje kri
1 ze
½ tas farin
½ tikiyè poud elevasyon
½ tas dlo
2 tas lwil doliv
1. Melanje yanm lan, ak farin lan ak ze a ke w bat nan dlo a
2. Depoze yo nan lwil cho a.
3. Fri benyen yo jiskaske yo dore.

Nan plas yanm lan, ou gen dwa mete patat oubyen manyòk oubyen bannann.

Note:

  1. Edisyon Emmanuel W. Védrine. Mas 2005
Xanthosoma sagittifolium
Tayo, Xanthosoma sagittifolium. Photo F.Palli

A lire aussi :

boule

Koutwazi

E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (USA)
imel: e_vedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com

 

Viré monté