Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Diskou Barack Obama

 

Men vèsyon kreyòl diskou Barack Obama pwononse jedi swa (28 dawou 2008) nan vil Denver [eta Colorado, Etazini] nan konvansyon Pati Demokrat la alokazyon aseptans nominasyon Pati Demokrat la kòm kandida alaprezidans.

Vèsyon kreyòl ayisyen: Emmanuel W. Védrine.

 

 

 

 

Barack Obama, Source.

Barack Obama

Obama: Mèsi anpil!
(aplodisman)
Mèsi anpil!
(aplodisman)
Mèsi nou tout!
Pou prezidan [Howard] Dean e pou bon zanmi m Dick Durbin, e pou tout sitwayen gran nasyon sa a, avèk yon gratitid pwofon e ak yon gran imilite, mwen asepte nominasyon sa a pou prezidans Etazini d Amerik.

(aplodisman)

Kite mwen esprime remèsiman m a kandida ki akonpaye m nan vwayaj sa a, e espesyalman a sa ki fè plis wout, yon chanpyon travayè ameriken e yon sous enspirasyon pou pitit fi mwen yo e pou pitit fi pa ou, Hillary Clinton.

(aplodisman)

Pou prezidan Clinton, pou prezidan Bill Clinton, ki te fè yèswa elòj chanjman an, yon bagay ke sèl li menm te ka fè.

(aplodisman)

Pou Ted Kennedy, ki enkane lespri enterè jeneral.

(aplodisman)

e pou pwochen vis prezidan Etazini an, Joe Biden: mwen remèsye nou tout.

(aplodisman)

Mwen trè rekonesan pou tèmine vwayaj sa a an konpayi youn nan meyè òm d eta nan epòk la, yon moun ki alèz ak tout moun, ki alèz tou avèk dirijan entènasyonal e avèk kondiktè tren Amtrack ke l pran chak jou pou rantre lakay li.
Pou [fanm ki] lanmou lavi m, pwochèn premyè dam nan, Michelle Obama.

(aplodisman)

e pou Malia ak Sasha, mwen renmen nou tout, e mwen fyè anpil de nou.

(aplodisman)

Sa gen katran, mwen te parèt devan ou pou te rakonte w istwa mwen, youn ki gen pou wè ak yon inyon brèf ant yon jènòm [ki sot nan] peyi Kenya ak yon jèn dam [ki sot nan] eta Kansas e [moun sa yo] pa te gen chans, ni tou yo pa t koni, men yo te pataje konviksyon ke ann Amerik, pitit yo ta ka akonpli, kèlkeswa, sa l gen nan tèt li.
Sa, se pwomès ki distenge peyi sa a ak lòt, lefèt avèk travay di e avèk sakrifis, chak nan nou kapab pousuiv rèv endividyèl nou, pandan moun sa a fè pati de yon gran fanmi ameriken ki asire jenerasyon k ap vini an posiblite pou pousuiv, li menm tou, rèv li.
Se rezon sa a ki fè mwen la aswè a. Paske depi 232 ane, chak fwa pwomès sa a te an danje, gason ak fanm òdinè, etidyan ak sòlda, fèmye ak pwofesè lekòl, enfimyè e tout lòt moun, te jwenn kouray pou kenbe l vivan.
Nou kontre bab pou bab a youn nan moman kle sa yo, yon epòk kote nasyon an nan lagè, ekonomi an nan difikilte, e pwomès ameriken an, yon fwa ankò, menase.
Aswè a, anpil Ameriken pa gen travay, e anpil ap travay pi di pou fè mwens lajan. Anpil pami nou pèdi kay nou, anpil nan nou wè valè kay nou desann. Anpil pami nou gen machin ke nou pa ka kontinye kondi, kat kredi, fakti (bil) ke nou pa ka peye, ak frè eskolè ki si wo pou n ta peye.
Pou defi sa yo, repons lan p ap sòti sèlman bò kote gouvènman an. Men lefè ke pèson pa reponn, se rezilta yon echèk politik ki anpàn nan Washington, e move politik George W. Bush.
(aplodisman)
Amerik, nou vo mye ke uit ane ki sot pase yo. Nou se yon pi bon peyi!

(aplodisman)
 
Peyi sa a vo mye pase yon peyi kote yon fanm nan [eta] Ohio, ki prèt pou pran retrèt li, apre yon vi travay anpil, riske desas nenpòt ti maladi.
Nou se yon peyi ki vo mye ke peyi kote yon nonm nan [eta] Indiana dwe anbale machin ke l t ap travay sou yo depi 20 ane, epi l wè yo chaje yo sou bato pou voye an Chin, gòj li sere pou l esplike kijan li santi yon echèk lè li retounen lakay li pou l rakonte fanmi l nouvèl sa a.
Nou gen plis jenewozite ke yon gouvènman ki kite veteran l yo dòmi nan lari e fanmi k ap anfonse nan povrete.

(aplodisman)

Kilès ki pa leve ti dwèt li.

(aplodisman)

Kilès ki pa leve ti dwèt li lè youn nan pi gran vil ameriken yo ap nwaye devan zye nou.

(aplodisman)

Aswè a, mwen di pèp ameriken an, Demokrat, Repibliken, atravè peyi a: sa sifi!
 
(aplodisman)

Moman sa a, eleksyon sa a se chans pou n gade vivan nan  XXI° syèk la, pwomès ameriken an.
Paske semèn pwochen nan [eta] Minnesota, menm pati ki bay George Bush ak Dick Cheney 2 manda epi ki pral mande w yon twazyèm. E nou isit, nou isit paske nou renmen twòp peyi sa a pou ta kite kat ane k ap vini yo sanble ak uit ki sot pase yo.

(aplodisman)

Kat novanm, nou dwe leve kanpe pou n di: uit, sa sifi.

(aplodisman)

Kounyeya, pa gen anbigite (konfizyon). Kandida repibliken an, John McCain, te abiye ak inifòm peyi sa a ak kouraj e distenksyon, e pou sa, nou dwe l respè ak gratitid.

(aplodisman)

E semèn pwochen, nou pral tande y ap pale de epizòd sa yo kote l pran distans li ak pati li, prezante kòm prèv ke l ka pote chanjman nou bezwen an.
Men bilan an klè: John McCain vote 90% (katrevendis pou san) nan yon seri ka pou George W. Bush.
Senatè McCain renmen pale de «jijman» men, vrèman, de ki jijman lè ou estime ke George W. Bush gen rezon nan 90% ka yo?

(aplodisman)

Mwen pa konnen si se ka pa ou, men mwen pa prè pou parye sou chanjman an ak 10% chans pou ta genyen.

(aplodisman)

Verite a, sèke sou tout pwoblèm ki te ka gen yon efè sou lavi, sante, edikasyon nou, ekonomi an; senatè McCain te toujou endepandan.
Li deklare ke ekonomi an fè gran pwogrè sou prezidan an. Li di ke fondamantal ekonomi an te solid. E lè, youn nan konseye prensipal li yo -- moun ki dirije pwogram ekonomik li an, deklare apwopo angwas li resanti pa Ameriken, - yo soufri jis yon resesyon mantal, epi nou vin tounen, e mwen site, «yon nasyon k ap fè gwo bri».
 
Yon nasyon k ap fè gwo bri? Al di sa a ouvriye ki fyè ki nan yon izin otomobil nan [eta] Michigan ki kontinye ap vin travay chak jou epi travay pi di ke jamè apre anons fèmti izin nan, paske yo konnen ke lòt moun konte sou fren yo t ap fabrike yo. Al di fanmi militè yo sa, moun sa yo ki pote fado yo an silans lè yo pati pou yon twazyèm, katriyèm, senkyèm misyon (pou sèvis militè). Yo pa moun k ap fè gwo bri. Yo travay di, yo respekte angajman yo, e yo kontinye san plenyen. Se Ameriken ke mwen konnen.

(aplodisman)

Sa pa vle di ke senatè McCain ta endiferan a sa k ap pase nan lavi ameriken yo. Men m panse senpleman ke li pa konprann sa.

(ekla ri)

Poukisa li ta defini yon moun ki nan klas mwayèn kòm yon moun ki fè mwens pase 5 milyon dola pa an? Kijan li ta ka pwopoze gran antrepriz yo e lòt konpayi petwolyè yo plizyè santèn milya dola kòm kado fiskal, men pa yon peni pou bese enpo pou plis pase 100 milyon Ameriken? Kijan li ta pwopoze yon plan sante ki an reyalite ta takse benefis moun ou yon plan edikasyon ki pa prevwa ditou pou ede fanmi peye depans inivèsitè, ou ankò yon plan ki ta privatize sistèm retrèt la e ki ta jwe retrèt nou nan lotri?

(kri an derizyon)

Se pa paske John McCain pa sousye, men se paske li pa konprann sa.

(aplodisman)

Pandan 2 deseni msye ap puize nan menm ansyen filozofi repibliken sa a ki konplètman diskredite: bay plis a sa yo ki posede plis, epi priye pou ke pwosperite vini natirèlman epi redesann sou tout lòt moun. Nan Washington, yo rele sa «sosyete popriyetè», men sa sa vle di, sèke ou dwe debouye w pou kont ou. Nan chomaj? Pa gen chans; sa vle di, debouye ou. San asirans maladi? Mache a va okipe l de sa, debouye ou. Ou fèt nan povrete? Pran sò ou an men, debouye ou.

(aplodisman)

Bon, li lè ke ou vin popriyetè echèk yo. Li lè li tan pou n chanje Amerik. E se rezon sa a ki fè mwen prezante nan eleksyon pou vin prezidan Etazini.

(aplodisman)

Nou menm demokrat, nou mezire de fason trè diferan sa ki fè pwogrè peyi sa a. Nou mezire sa lè n gade konbyen moun ki kapab jwenn yon travay pou peye lajan yo prete sou byen imobilyè, lè n gade si ou kapab ekonomize yon ti kòb chak mwa pou kapab, yon jou, asiste a gradiyasyon pitit ou nan inivèsite. Nou mezire pwogrè lè n konstate 23 milyon anplwa lè Bill Clinton te prezidan,

(aplodisman)

lè fanmi ameriken an mwayèn wè revni l monte $7,500 olye l bese de  $2000 sou George W. Bush.

(aplodisman)

Nou pa mezire fòs ekonomi nou an lè nou konte konbyen bilyonè nou genyen oubyen pa pwofi Fòtin 500 yo - men pito lè n gade si yon moun, ki gen yon bon ide, ka pran yon risk pou lanse yon antrepriz tounèf, oubyen si yon sèvez ki viv sou tep (poubwa) kapab pran yon jou konje pou l okipe l de timoun li ki malad san ke li pa pèdi travay li; yon ekonomi ki onore diyite travay.
«Fondamantal» (ou sa ki esansyèl) nou itilize pou mezire solidite (ou fòs) ekonomi an, se detèmine si nou kapab fè pwomès fondamantal sa a viv ki fè Etazini yon gran peyi, pwomès ki fè m kanpe isit (devan w) aswè a.
Paske, sou vizaj jèn veteran ki tounen sot Irak ou Afganistan yo, mwen wè granpè mwen, ki te anwole aprè Pearl Harbor, ki te mache nan lame Patton, e ki te rekonpanse pa yon nasyon ki plen gratitid ki te ba l chans etidye nan inivèsite, gras a finansman lalwa sou «GI» yo.
Sou vizaj jèn etidyan sa a, ki dòmi twa èd tan avan travay de nui l; mwen panse a manman m, ki elve mwen menm ak sè m pou kont li alòske li t ap travay e li t ap etidye pou l gen yon diplòm. Manman m ki, li menm, a yon sèten moman te oblije mande koupon [nan men leta] pou l achte manje men li te toujou kapab voye nou nan meyè lekòl nan peyi a atravè lajan etidyan te jwenn prete, ansanm ak bousdetid. Men ki kanmèn reyisi pou voye nou nan meyè lekòl peyi a gras a èd li te jwenn pou prete lajan pou peye frè eskolè, ak bousdetid li te jwenn.

(aplodisman)

Lè m tande yon lòt travayè ki di m izin li fèmen, mwen sonje gason ak fanm sa yo nan sid Chicago, ke m te apiye batay yo - sa fè 2 deseni apre fèmti asyeri lokal la.
E, lè m tande yon fanm ki pale m de pwoblèm li pou kòmanse pwòp biznis li, oubyen pou jwenn yon mwayen nan lemonn, mwen panse a pwòp granmè mwen ki elve (li menm sèl) de ran sekretè a kad mwayen, malgre endikap ki te egziste pou te yon fanm ki fè l rate plizyè fwa tren pwomosyon yo. Se li menm ki anseye m sa yo rele travay di. Se li menm ki vag sou acha yon vwati nèf ak yon wòb nèf pou li menm dekwa pou l te ka pèmèt mwen genyen yon lavi miyò. Li parye sou mwen tout sa l te genyen. E, byenke l pa t an mezi pou vwayaje, mwen konnen ke l ap gade aswè a, e aswè a se pou li tou.

(aplodisman)

Kounyeya, mwen pa konnen ki tip de vi John McCain imajine ke selebrite yo mennen, men sa a se pa mwen.

(aplodisman)

Se yo ki ewo mwen. Istwa yo se istwa ki pase lavi m nan moul. E se o non yo ke m gen entansyon genyen eleksyon sa a epi pou kenbe pwomès sa a vivan antan ke prezidan Etazini.

(aplodisman)

Kisa pwomès ameriken sa a ye? Se yon pwomès ki di ke chak nan nou gen libète chwazi lavi nou vle mennen, men nou gen tou obligasyon pou trete lòt moun ak diyite e respè.
Se yon pwomès ki di ke mache a dwe rekonpanse efò e inovasyon e pwodui kwasans, men afè yo dwe respekte responsablite yo kote travay dwe kreye pou Ameriken, pou pran swen travayè ameriken, e pou respekte kòd wout la.
Se yon pwomès ki di ke gouvènman pa kapab rezoud tout pwoblèm nou yo, men li dwe fè sa nou pa ka fè nou menm: li dwe pwoteje nou de mal, epi bay chak timoun yon edikasyon adekwa; mentni dlo nou yo pwòp epi bay jwèt nou yo sekirite; envesti nan lekòl tounèf, nan wout tounèf, nan lasyans e nan teknoloji.
Gouvènman nou an dwe travay pou nou, pa kont nou. Li dwe ede nou, li pa dwe fè nou mal. Li dwe garanti nou ke opòtinite yo pa egziste sèlman pou sa  yo ki gen lajan e ki gen enfliyans, men pou tout Ameriken ki dispoze travay.
Se pwomès sa a nou dwe kenbe. Se chanjman sa a nou bezwen kounyeya. Donk kite m esplike w egzakteman kisa chanjman ta vle di si m vin prezidan.
Chanjman sa a vle di ke kòd enpo yo pa rekonpanse lòbiyis ki te ekri l, men travayè ameriken ak ti antrepriz ki merite l.

(aplodisman)

Ou konnen, kontrèman a John McCain, mwen pral sispann bay antrepriz yo yon seri dediksyon fiskal ki demenaje anplwa yo pou voye yo aletranje, e mwen pral kòmanse akòde yo a konpayi ki kreye anplwa isit ann Amerik.

(aplodisman)

M pral elimine yon seri enpo sou ti antrepriz e sa yo ki apèn kòmanse k ap kreye anplwaye kalifye e ki byen peye demen.

(aplodisman)

Tande byen: mwen pral redui enpo yo – wi, redui enpo yo - 95% pou fanmi ki nan klas travayè paske nan yon ekonomi tankou sa a, dènye bagay pou fè se ogmante enpo yo pou klas mwayèn.

(aplodisman)

E, pou byen ekonomi nou an, pou sekirite nou, e pou avni planèt la, mwen pral bay tèt mwen yon objektif klè antan ke prezidan: an dizan, m pral met fen a depandans nou vizavi petwòl Mwayennoryan an.

(aplodisman)

Nou pral fè sa. Washington ap pale depi 30 ane de depandans nou sou petwòl. E konsènan sa, John McCain fè pati de 26 nan ane sa yo.
 
(ekla ri)

E, pandan peryòd sa a li di non a vwati ki konsome mwens enèji, non a envestisman nan enèji renouvlab, non a gaz renouvlab yo. Jodiya, nou enpòte twa fwa plis petwòl ke lè senatè McCain te eli pou premyè fwa.
Li lè pou met fen a depandans sa a epi konsidere explwatasyon [petwolyè] se senpman yon mezi tranzitwa, pa yon solisyon alontèm, pa menm yon solisyon pwòch.

(aplodisman)

Antan ke prezidan, mwen pral puize nan rezèv gaz natirèl nou yo; mwen pral envesti nan teknoloji chabon pwòp, e mwen pral jwenn mwayen pou kontwole ak tout sekirite enèji nikleyè. Mwen pral ede endistri otomobil nou an pou l kanpe, de manyè pou yon seri vwati ekonomik nan enèji kapab konstwi isit, Ozetazini.

(aplodisman)

Mwen pral fè an sòt ke pèp ameriken an kapab achte vwati sa yo. Epi m pral envesti 150 milya dola pandan dis premye ane k ap vini yo nan sous enèji renouvlab ki aksesib – enèji van e solè, e biyokabiran pou pwochen jenerasyon an; se yon envestisman ki pral kreye yon seri endistri tounèf e 5 milyon anplwa tounèf byen peye epi yo p ap ka delokalize yo.

(aplodisman)

Amerik, li lè pou yon seri ti plan. Kounyeya, li lè pou n respekte obligasyon moral nou pou garanti chak timoun yon edikasyon ki gen nen nan figi l o nivo mondyal; se sa ki enpòtan pou fè pati de konpetisyon ekonomi global la. Ou konnen, Michelle ak mwen isit aswè a paske nou gen chans genyen edikasyon sa a. E mwen pa pral pèmèt konpwomi sou pwen sa a, ki ta prive kèk timoun de chans sa a.
 
(aplodisman)

Mwen pral envesti nan edikasyon pi jenn timoun. Mwen pral rekrite yon lame nouvo anseyan epi yo pral jwenn salè elve e y ap jwenn plis soutyen. E ann echanj, mwen pral atann de yo nivo pi elve epi pou yo gen plis kont a rann. Epi nou pral kenbe pwomès nou anvè chak jèn ameriken -- si ou angaje nan sèvi kominote oubyen peyi ou, nou pral fè an sòt ke ou kapab gen aksè a inivèsite. Nou pral asire nou ke ou kapab peye pou edikasyon w nan inivèsite.
Jodiya se lè pou n kenbe pwomès nou pou ofri yon asirans medikal aksesib e youn ki bon mache pou tout Ameriken. Si ou gen asirans sante, plan mwen an pral diminye sou sa w ap peye a. Si ou pa genyen, w ap kapab gen menm tip kouvèti ke manm kongrè genyen. E kòm yon moun ki wè manman m ki t ap debat ak konpayi asirans pandan l sou kabann lopital pral mouri ak yon kansè, mwen pral fè an sòt ke sosyete sa yo sispann enpoze yon seri diskriminasyon a moun k ap soufri e ki plis bezwen swen.

(aplodisman)

Se jodiya nou dwe ede fanmi yo lè n entwodui kèk jou konje maladi, epi meyè konje pou fanmi, paske pèsonn nan Etazini pa dwe gen pou chwazi ant kenbe travay li e okipe yon timoun malad oubyen yon paran k ap soufri.
Se jodiya tou ke n dwe chanje lwa ki an rapò ak fayit pou ka pwoteje pansyon w avan bonis PDG yo, e nou dwe pwoteje Sekirite Sosyal pou jenerasyon k ap vini yo.
Se jodiya ke n dwe kenbe pwomès nan egalite travay pou ekivalans yon jounen travay, paske mwen vle pitit fi mwen yo gen menm opòtinite ak pitit ou yo.

(aplodisman)

Kounyeya, anpil nan plan sa yo pral koute lajan. Se rezon sa a ki fè m esplike kijan sa pral finanse [Yon pati kan pwojè sa yo pral koute lajan, se poutèt sa mwen esplike – kote nou pral siprime nich antrepriz yo e paradi fiskal ki pa ede nan kwasans Amerik. Mwen pral antre tou nan bidjè federal la liy pa liy pou elimine yon seri pwogram epi fè pwogram nou bezwen yo travay pi byen epi koute mwens – paske nou pa ka fè fas a tyalenj venteyinyèm syèk la ak tyalenj biwokrasi ventyèm syèk la.
(aplodisman)
Antan ke demokrat, nou dwe admèt tou ke pou reyalize pwomès Amerik la, sa mande plis pase lajan. Sa pral mande chak nan nou yon nouvo sans responsablite pou rejwenn sa John F. Kennedy rele «fòs entelektyèl e moral». Wi, gouvènman an dwe montre wout sou endepandans enèjetik, men chak nan nou dwe pote pwòp kontribisyon pa nou dekwa pou rann kay nou oubyen antrepriz nou pi efikas.

(aplodisman)

Wi, nou dwe founi plis echèl pou siksè a jenn gason nou yo ki tonbe nan krim ak dezespwa. Men nou dwe rekonèt ke meyè yo pa pral ranplase paran yo, ke se pa gouvènman ki ka etenn televizyon an e fè an sòt ke timoun fè devwa yo, ke papa yo pran responsablite yo an men pou ofri lanmou ak konsèy a pitit yo.
 Responsablite endividyèl ak responsablite kolektif la se esans pwomès Amerik la. E de mèm fason nou pral kenbe pwomès sa a vizavi lòt jenerasyon an isit, nou dwe kenbe tou pwomès Amerik la aletranje.
Si John McCain vle gen yon deba pou konnen kilès nan nou ki gen karaktè ak jijman nesesè pou vin pwochen kòmandan an chèf la, mwen prè pou sa.

(aplodisman)

Pou kèk moman, senatè McCain t ap tounen rega l vè Irak jis kèk jou apre 11 septanm; mwen te kanpe pou m opoze a lagè sa a, lè m konnen ke li t ap detounen atansyon nou a vrè menas n ap fè fas. Lè John McCain di ke nou te ka debouye nou ann Afganistan, mwen te di ke fò n ta gen plis mwayen e plis twoup pou fini batay kont teworis sa yo ki te atake nou 11 septanm, epi montre klèman a Osama Bin Laden ansanm avèk lyetnan li yo ke se yo menm nou ta renmen poze lapat sou yo si n kontre yo fas a fas. Ou konnen, John McCain renmen di ke l pral suiv Bin Laden jis nan pòt lanfè – men li pa menm pral nan kav kote l ap viv la.

(aplodisman)

E jodiya, kòm mwen mande pou travay sou yon kalandriye pou retire twoup yo ann Irak – yon bagay ki fè eko pou gouvènman irakyen an e menm pa gouvènman Bush la, menm lè n aprann ke Irak gen yon sipli de 79 milya dola tandike n ap woule nan defisi; John McCain izole tèt li nan refi sansès li pou l fini ak yon gè ki san presizyon.
Se pa jijman sa a nou bezwen. Sa pa pral pwoteje Amerik. Nou bezwen yon prezidan ki kapab fè fas a menas sa yo demen, youn ki pa kontinye ap sèvi ak menm ide pase yo.

(aplodisman)

Ou pa kraze yon rezo teworis ki opere nan 80 peyi lè w konnen se Irak pou mete anba okipasyon. Ou pa pwoteje Izrayèl epi dekouraje Iran (ak entimidasyon) senpman lè ou itilize mo di (retorik louch) nan Washington. Ou pa ka reyèlman ede Jòji lè ou kreye yon sòt baryè pou ansyen alyans ou yo. Si John McCain vle suiv George Bush ankò avèk plis diskou fèm e ak move estrateji, se chwa pa li men se pa sa Amerik bezwen.

(aplodisman)

Nou se pati Roosevelt la. Nou se pati Kennedy a. Alò, pa di mwen ke Demokrat yo pa pral defann peyi a. Pa di mwen ke Demokrat yo pa pral pwoteje nou. Politik etranje Bush-McCain gaspiye eritaj ke plizyè jenerasyon ameriken, demokrat e repibliken konstwi, e nou isit pou retabli eritaj sa a.

(aplodisman)

Kòm kòmandan an chèf, mwen pa pral janm ezite defann nasyon sa a, men mwen pa pral voye twoup nou yo kote ki gen danje - sèlman avèk yon misyon ki klè e ak yon angajman sakre pou ba yo ekipman yo bezwen pou batay e avèk pwoteksyon, swen yo merite lè yo retounen lakay yo.

(aplodisman)

Mwen pral fini lagè sa a ann Irak avèk responsablite epi mwen pral fini batay kont Al Qaeda avèk Taliban ki Afganistan yo. Mwen pral rekonstwi fòs militè nou pou afwonte konfli demen men mwen pral renouvle tou diplomasi ki lou, dirèk, ki ka anpeche Iran jwenn zam nikleyè epi kontwole agresyon Larisi a. Mwen pral konstwi nouvo patenarya pou konbat menas nan XXIe syèk la: teworis ak pwoliferasyon nikleyè, povrete, jenosid, chanjman klimatik ak maladi. Epi mwen pral retabli repitasyon moral nou dekwa pou Amerik vin tounen yon fwa ankò - dènye, meyè espwa pou tout sa yo ki vle libète, ki vle viv an pè e ki aspire a yon demen meyè.

(aplodisman)

Se politik sa yo mwen pral aplike, E nan semèn k ap vini yo, m ap prepare mwen pou debat ak John McCain.
Men sa ke mwen pa pral fè se sijere senatè a ke l itilize pozisyon l yo pou motif politik, paske youn nan bagay ke n dwe chanje nan politik nou se lide ke moun pa kapab an dezakò san youn pa tyalenj karaktè lòt sou patriyotis.

(aplodisman)

Epòk yo twò enpòtan, paryaj yo twò wo pou menm patizan yo. Donk ann dakò ke patriyotis pa gen patizan. Mwen renmen peyi m, ou renmen peyi w tou, e John McCain renmen peyi l tou. Gason ak fanm ki sèvi sou chan batay nou yo kapab demokrat, repibliken e endepandan, men yo batay ansanm, yo senyen ansanm e gen ladan yo ki mouri ansanm sou menm drapo a. Yo pa t sèvi yon Amerik wouj [repibliken] ou yon amerik ble [demokrat]; yo sèvi Etazini d Amerik.

(aplodisman)

 Donk mwen gen nouvèl pou ou, John McCain: nou tout wè peyi nou avan.
 
(aplodisman)

Amerik, travay nou pa pral fasil. Defi ke n ap fè fas ak yo mande chwa difisil e demokrat kòm repibliken pral bezwen dwe eskli ansyen ide ak politik tan pase yo. Sa ki pèdi nan uit ane ki sot pase yo pa ka mezire sèlman atravè salè ki pèdi ou pa pi gwo defisi komès. Sa ki pèdi tou se sans byen komen nou. Se sa ke nou dwe retabli.

(aplodisman)

Nou ka pa dakò sou avòtman, men nou ka sètènman jwenn ansanm sou rediksyon nonb de gwosès fòse nan peyi sa a.

(aplodisman)

Reyalite sou posesyon zam kapab diferan pou chasè nan zòn riral [eta] Ohio e pou sa yo k ap sibi vyolans gang nan [vil] Cleveland, men pa di mwen ke nou pa kapab fè respekte Dezyèm Amannman an pou anlve zam kouwè AK-47 nan men kriminèl.

(aplodisman)

Mwen konnen ke gen diferans sou maryaj omoseksyèl, men nou ka sètènman rejwenn nou pou frè ak sè omoseksyèl nou yo kapab rann vizit a yon moun li renmen ki nan yon lopital epi viv lavi lib san diskriminasyon.

(aplodisman)

Ou konnen, pasyon sou imigrasyon kapab eksite kòlè, men mwen pa konn pèson ki benefisye lè yon manman separe de jenn pitit li oubyen lè yon anplwaye redui salè ameriken yo pou l anplwaye travayè san papye. Men sa tou, fè pati de pwomès Amerik la, pwomès yon demokrasi kote nou ka jwenn fòs ak lagras pou redui divizyon e pou nou rasanble nou nan yon efò komen.
Mwen konnen gen moun ki pa pataje tip konviksyon sa yo, yon tèl optimis. Yo di ke volonte nou pou n fè vi piblik nou yon bagay ki pi gran, pi solid, pi onèt se jis yon  «cheval de troie» pou enpo pi elve e abandon yon seri valè tradisyonèl. E fò n atann a sa, paske si ou pa gen ide tounèf, w ap ka sèlman itilize yon seri teknik ki pase mòd pou ka fè moun k ap vote yo pè.

(aplodisman)

Si ou pa gen bon bilan ke ou kapab defann (oubyen pati apati yon dosye), donk ou ka sèlman prezante rival ou tankou yon moun yo dwe rale kò yo sou li. Ou fè yon gwo eleksyon ki baze sou ti bagay. E ou konn kisa? Sa mache avan, paske diskou sa a se mefyans ki nouri l, mefyans ke nou tout genyen vizavi gouvènman an. Lè Washington pa fonksyone, lè tout pwomès li yo sanble yo pa akonpli (yo vid). Si espwa ou te genyen yo pèdi, pèdi ankò, donk li ta pi bon pou sispann espere epi kontante ou de sa ou konnen deja.
 
Mwen konprann sa. Mwen reyalize ke mwen pa kandida yo ta pi renmen (pwobableman) pou pòs sa a. Mwen pa gen pwofil tipik la, epi mwen pa pase karyè mwen nan koridò Washington yo. Men mwen kanpe devan ou aswè a paske nan tout rakwen Amerik la gen yon bagay k ap brase. Sa ke defetis* yo pa konprann sèke eleksyon sa a pa yon eleksyon apwopo mwen menm; se yon eleksyon apwopo ou menm.

(aplodisman)

Depi 18 mwa ou leve kanpe youn pa youn pou di: nou gen ase avèk politik ki pase yo. Ou konprann nan eleksyon sa a ke pi gwo risk nou ka pran se eseye menm ansyen politik yo ak menm ansyen jwè yo epi atann yon rezilta diferan. Ou montre sa istwa anseye nou – ke nan moman kle kouwè sa yo, chanjman nou bezwen yo pa sòti Washington. Chanjman an pral Washington. Chanjman parèt paske pèp ameriken an mande l – paske yo leve kanpe pou ensiste sou ide tounèf ak lidèchip tounèf, yon politik tounèf nan yon epòk tounèf.
Amerik, se youn nan moman sa yo.
Mwen kwè kèlkeswa di l ap di a, chanjman nou bezwen an ap vini paske mwen wè l deja. Paske mwen viv li. Paske mwen wè nan [eta] Illinois, lè nou te founi asirans sante a plis timoun epi retire plis fanmi nan wèlfè (èd sosyal) pou fè yo jwenn travay. Mwen wè li nan Washington, kote nou travay atravè (2) pati politik yo pou pote amelyorasyon nan gouvènman an epi pou ranfòse règ responsablite lòbiyis yo, pou bay veteran nou yo pi bon swen epi pou anpeche teworis poze men sou zam nikleyè.
E mwen wè li nan kanpay sa a. Atravè jèn moun ki vote pou premye fwa, men tou atravè sa yo ki santi yo jèn nan kè yo, atravè sa yo ki angaje de nouvo apre yon lon peryòd san yo pa t fè sa, atravè repibliken ki pa t janm panse yo ta chwazi yon bilten demokrat men yo fè sa; mwen wè sa atravè travayè ki ta prefere redui twa èd tan pa jou nan lè travay yo menm si se yon bagay ki di pou yo olye pou ta wè zanmi yo pèdi travay yo; mwen wè sa atravè sòlda yo ki retounen nan lame apre yo fin pèdi yon bra oubyen yon janm; mwen wè sa atravè bon vwazen ki akeyi yon etranje lè yon siklòn frape epi ki koze inondasyon.
Ou konnen, peyi sa a ki pa nou an gen plis richès ke nenpòt (lòt) nasyon, men se pa sa ki fè nou rich. Nou gen pi gwo lame sou latè, men se pa sa ki fè nou fò. Inivèsite nou yo avèk kilti nou se sa tout moun nan lemonn anvi, men se pa rezon ki fè lemonn kontinye ap vin bò rivaj nou yo.
Men se pito espri ameriken an – pwomès ameriken an – ki pouse nou vè lavan menm lè wout la pa sèten; se li ki simante nou ansanm malgre diferans nou; sa fè nou fikse rega nou, non pa sou sa nou wè men pito sou sa nou pa wè, yon andwa ki yon ti jan fou.
Pwomès sa a se pi gran eritaj nou. Se pwomès mwen fè a pitit fi mwen yo lè m ba yo asirans prezans leswa (avan y al dòmi), e yon pwomès ou fè a pitit pa ou – yon pwomès ki pèmèt imigran travèse oseyan e piyonye (premye moun) pou travèse a lwès, yon pwomès ki kondi travayè yo pou manisfeste e pou fanm yo egzije dwa pou vote.

(aplodisman)

E se pwomès sa a depi 45 ane jodiya ki reyini tout Ameriken nan tout rakwen tè sa a pou kanpe ansanm sou yon gwo sant d acha nan Washington, devan Moniman Lincoln pou tande yon jèn predikatè ki sot [eta] Jòji k ap pale de rèv li.

(aplodisman)

Gason ak fanm ki te reyini la te ka tande anpil bagay. Yo te ka tande plizyè kòlè e dezagreman. Yo te ka di yo pou sede a lapèrè e a fristrasyon ki makònen ak plizyè rèv ki pa reyalize. Men sa moun yo te prefere tande – moun diferan koulè e kwayans ki sòti nan tout sègman lavi – sèke ann Amerik destine nou makònen, epi rèv diferan ke nou genyen vin fè nou youn.
«Nou pa mache sèl», predikatè a rele. «E pandan n ap mache, nou dwe jire ke n ap toujou ale vè lavan. Nou pa ka fè bak».
Amerik, nou pa ka fè bak.

(aplodisman)

Nou gen anpil travay pou fè; anpil timoun pou edike; anpil veteran pou n bay swen; yon ekonomi pou n remete sou pye; vil pou n rekonstwi; fèm pou n sove; anpil fanmi pou n pwoteje; anpil sò pou n amelyore. Amerik, nou pa ka fè bak. Nou pa ka mache pou kont nou. Nan moman sa a nan eleksyon an, nou dwe jire yon fwa ankò pou n mache vè lavan. Ann kenbe pwomès sa a – pwomès ameriken an, e pou reprann mo ki ekri, ann kenbe fèm san vasiye, se deklarasyon piblik espwa nou.

Mèsi! Ke Bondye beni ou. E ke Bondye beni Etazini d Amerik.

Barack Obama
4.9.2008
[Acceptance Speech of the Democratic Party at the Denver Convention in Colorado
for the presidency of the United States. Haitian Creole version by Emmanuel W. Védrine]

Vidéo

boule   boule   boule 

Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
evedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com

Viré monté