Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Kokobe al nan mereng, sa l pran se pa l

Jean-Claude Charlet


Photo E. W. Védrine.

KOKOBE AL NAN MERENG, SA L PRAN SE PA L
(A handicapped person goes to the meringue dance, s/he will suffer the consequences of his /her action)

(Editoryal  Jean-Claude Charlet, 15 Oktòb 2025. Emisyon «Nouvel Horizon» ak Kaptenn Gary Zizi, Radio Tele Boston). Jean-Claude Charlet – Editorial. October 15, 2025).

Nou gen de (2) mo enpòtan nan pwovèb sa a (kokobe ak mereng). Malerezman, lakay nou yon moun ki gen yon andikap kèlkonk, nou toujou pre pou n pase l anba rizib kòmkwa li pa ta gen plas li nan sosyete pa nou an. Mwen di sosyete pa nou an, se paske nan kilti pa nou an, nou pa fòme ase pou n bay moun sa yo respè yo merite.

Moun nou rele kokobe yo se sila yo ki paralize. Gen ladan yo se apre yon estwok, sa vle di yon aksidan vaskilè serebral. Konsa, yo paralize yon bò; nou konn di bò a pati nèt. Gen de moun se depi nan akouchman kèk mannèv pase mal yo vin pèdi mobilite yo. Lakay pa nou, nou tèlman pa konn apresye, pa respekte valè kay moun, nou menm rive foure gwoup moun sa yo nan pwovèb: Kokobe al nan mereng sal pran se pa l. Lòt mo ki enpòtan se mereng.

Depi w di «mereng», moun ki save nan zafè mizik ap di w: mereng la jwenn rasin ni nan yon mo panyòl «merengue», ki yon (rit) mizik panyòl cho cho, ak fason pou danse l.

Lè nou di: Kokobe al nan mereng, sa l pran se pa l; se lè yon moun antoutyout, yon moun ki cho pase leve danse al foure kò l nan tout sòs, fè bank, kase pari tout kote l pase. Kou w tande l jwenn ak zo grann ni, kafe l koule ak ma nan fè estera, menm lè w ta wè moun sa a ap trepase.

Granmoun lontan ap chita kè pòpòz l ap di: Kokobe al nan mereng, sa l pran se pa l. Nan ka sa a nou ka konprann, gen anpil moun k ap vole ponpe, pyafe nan mitan nou yo pi mal ke moun andikape; n ap rele kokobe yo.

Yon moun ki gen fèy zòrèy li pi long ke tèt li, yon moun ki konnen l twò granmoun pou l tande konsèy, kisa l ye? Yon kokobe ki pral nan mereng. Gen de mari k ap koute nou la ki sètoblije ap plenn nan kè, ki menm jan ak moun ki pran nan pwa grate akoz de yon lajan ki anfouwaye mal. Madanm nan te di yo non, pa l foure tèt yo nan yon biznis.

Gwo tanta monte yo, yo pa tande madanm nan. Jounen jodi a lajan fè fon. Lajan pèdi; yo pran nan zip. Chat oblije pran lang yo; gen ladan yo se sou kèk vè tafya y al konsole yo. Y ap di si yo te konnen.

Enben bon, ou konn sa k pase, si w te konnen se dènye pitit manman w li p ap fè ankò. Gen de madanm ki anndan kò kay la k ap mèg nan tout plim cheve yo paske yo t al envesti yon lajan san mari yo pa konnen, genyen mari a te di yo non, piske
se yo kite travay pou fè lajan yo, mari sa p at gen la voix au chapitre (lavwa o chapit).

Jounen jodi a men lajan fonn kou bè nan solèy, yo tonbe nan dans ki mele, vin jwenn si se labank yo t al pran ponya an pansan yo te pral leve gwo lo. Se je wont yo pa ka pete kout rèl anndan kò kay la, chak kout soupi yo fè kont pou pete panno. Tout se yon bann kokobe ki al nan mereng, sa yo pran se pa yo. Gen yon valè jenn fanm ak jenn gason ki pran nan mera nan kouri al marye, plase.

Malgre paran yo te di yo non, mare kòd lonbrik sa pa t ap mache. W ap betize! Wè pa wè, se te kle granmoun yo t ap jere. Men konye a, dlo pase farin, labouyi gate. Y ap mòde bout zong yo; vin jwenn si pitit tonbe, se tounen vin anmègde papa, manman ak pitit pitit.

Kòm se kokobe ki te deside al nan mereng, sa yo pran se pa yo. Gen de moun w al foure kò w anba yo kòm zanmi, moun lakay ou te pale w. Ou te fè fèy zòrèy ou pi long ke tèt ou. Jounen jodi a, se nan yon je zegwi zanmi sa a ap fè w pase. Li sove ak lajan w, l ap ba w kout lang. Jalouzi fè zanmi sa a tounen pi gwo ènmi pou ou kote n ap pale la a.

Jounen jodi a, pi gwo mal yon moun ka fè w se mande w pou zanmi sa, lè konsa se nan tonbe twoke lang pou reponn. Kèlkeswa moun ki tonbe nan kategori sa nou di la yo, sispann pale moun andikape mal, kòmkwa pou w ap rele yo kokobe paske w pi mal pase yo. E, piske w toujou fè fèy zòrèy ou pi long ke tèt ou, ou lage kò w nan mereng. Enben, sispann enmègde zòrèy moun! Sa w pran se pa w.

* * *

Courtesy : Koutwazi : Cortesía
Védrine Creole Project, Inc.
Boston, MA. USA

*

 Viré monté