Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Yon moun ki rejte kilti l

Emmanuel W. VEDRINE

Depi yon moun pa apresye engredyan ki konpoze kilti l, moun sa a se yon ZONBI. Fò l al manje sèl pou gwo bonnanj li eseye tounen.

Ayiti pa pral fè yon pa kita yon pa nago toutotan chak grenn Ayisyen poko pran konsyans kilès li ye. L ap pran ti tan pou yon pèp ki t ap viv anba joug esklavay pandan plizyè syèk wè limyè. Se kòmkidire se nan kav li t ap viv.  Menm si l soti deyò, l ap wè twoub pandan yon sètan tan.

Nou, ki konsyan de pwoblèm sikolojik sa a (yon konplèksdenferyorite lakay endividi a), gen yon kokenn travay edikasyon sou zepòl nou pou n fè e si nou pa fè l, konnen nou mechan.

Kansè sa a se youn nan engredyan ki kontribye nan soudevlopman Ayiti jounen jodiya, e ki divize moun ki te pase sou ban lekòl ak sa ki pa t janm gen chans pase.

Li enposib pou Ayiti rive devlope tout bon ak mantalite kolonyal anpil Ayisyen kontinye ap viv jounen jodiya, e sa pi rèd toujou lè n konnen se moun ki swadizan pase plizyè ane sou ban lekòl ki pa ta gen LISIDITE men ki, elas,  rete ZONBIFYE.

Ansòm, se EDIKASYON Ayiti a ki gen yon kansè men youn ki tretab si l resevwa bonjan dòz kimoterapi nesesè. Ayibobo pou tout entelektyèl konsyan ki pa pè di e ki pa t pè di laverite menm si yo ta peye ak san yo pou wete lasi nan je pèp yo.

E. W. VEDRINE

boule

A person who rejects his culture

Emmanuel W. VEDRINE

Once a person doesn’t appreciate the ingredients that make his culture, this person is like a LIVIND DEAD. He must eat salt for his soul to try to return to his body.

Haiti won’t budge a step forward as long each Haitian doesn’t become conscious of who they are. It will take a bit of time for people who were living under the joke of slavery for many centuries to see the light. It’s like they were living in a cave. Even they get out of it, they would have a blurred vision for a while.

We, who are conscious of this psychological problem (this inferiority complex), have such a heavy task on our shoulders, one to educate, and if we don’t do it we would be mean.

This cancer is one that contributes to Haiti’s underdevelopment today, and one that divides people who have been to school and those who did not have a chance to attend.

It is impossible for Haiti to progress for real with the colonial mentality that many Haitians are living today, and it is even worse when we know it’s people who attended school for many years who would not have LUCIDITY but alas, who remain ZOMBIFIED.

Indeed, it’s EDUCATION in Haiti that has a cancer but one that is curable if receive proper doses of chemotherapy. Praise be given to all conscious intellectuals who don’t fear and who did not fear of telling the truth even they would pay a price with their blood in order to remove eye matter from their people’s eyes.

E. W. VEDRINE

boule

Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
HaitianLanguage@gmail.com  – CreoleEditions@gmail.com

Viré monté