Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Bonjou, mwen se Ayisyen!

Bonjour, je suis Haïtien!

Mwen fèt Ayiti epi KREYÒL

Se lang matènèl mwen.

M aprann FRANSÈ lekòl.

Lakay, se KREYÒL mwen pale.

Nan lekòl, mwen ka esprime m an KREYÒL

ou an FRANSÈ.

Nan lari, mwen pale KREYÒL

tankou tout moun.

Mwen pale KREYÒL ak tout zanmi ayisyen m yo.

Mwen rakonte blag an KREYÒL paske

tout Ayisyen fè sa.

Lè m ap jwe nan lakou lekòl la,

Mwen pale KREYÒL ak zanmi m yo.

Mwen manje pla KREYÒL chak jou.

Mwen reve an KREYÒL.

Mwen wè lemonn an KREYÒL.

Mwen li tout sa m ka jwenn an KREYÒL

e an FRANSÈ.

Mwen ka ekri an KREYÒL e an

FRANSÈ kounyeya.

Mwen panse an KREYÒL menm lè

M ap ekri an FRANSÈ.

Mwen fyè dèske m se Ayisyen. 

Je suis né en Haïti et le CRÉOLE

est ma langue maternelle.

J’ai appris le FRANÇAIS à l’école.

A la maison, je parle CRÉOLE.

A l’école, je peux m’exprimer en CRÉOLE

ou en FRANÇAIS.

Dans les rues, je parle CRÉOLE

comme tout le monde.

Je parle CRÉOLE avec tous mes amis haitiens.

Je raconte des blagues en CRÉOLE car

tous les Haitiens le font.

Quand je joue dans la cour de l’école,

Je parle CRÉOLE avec mes amis.

Je mange des mets CRÉOLES chaque jour.

Je rêve en CRÉOLE.

Je vois le monde en CRÉOLE.

Je lis tout ce que ce je peux trouver en CRÉOLE

et en FRANÇAIS.

Je peux écrire en CRÉOLE et en

FRANÇAIS maintenant.

Je pense en CRÉOLE même

quand j’écris en FRANÇAIS.

Je suis fier d’être Haïtien. 

(Emmanuel W. Vedrine)
Koleksyon: "Kri pou liberasyon"

boule  boule  boule  

Contact
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (USA.)
Courriels: evedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com

Viré monté