Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan
Senkant pousan, plis yon vwa depi premye tou

(Emmanuel W. VEDRINE)
25 novanm 2010

Paysans

Paysans Haïtiens, août 2009. Photo Frédéric Gircour.

«Jou a rive! Fòk sa chanje! Nou pa sa rete gade!». Kòm refren chan popilè sa a endike, jou a rive, pèp ayisyen bouke apre 12 janvye 2010. Li bouke anba dwòg, ensekirite, ret tann etranje k ap vin ede Ayiti, gang k ap ravaje Ayiti, kidnaping, kolera, koripsyon, krim, lamizè, lavichè, rete tann manje sinistre e anba soudevlopman. Y ap dòmi nan lari depi avan 12 janvye. Yo depafini depi avan 12 janvye. Pitit yo pa ka al lekòl gratis ti cheri byen lontan avan 12 janvye.

Nou konnen 1804 pa t reyalize nan yon jou. Li te pran tan ak espwa pou l konkretize (atravè inyon, fratènite, pèseverans: twa wòch dife ki te ban nou endepans). Men Depi 1806, apre asasina Papa (Jean-Jacques) Dessalinines, se chen manje chen; chèn inyon fè lafòs la kase. Chak koukouy klere pou je l. Anpil lidè ap eseye pran pouvwa e si yo monte, y ap tou eseye kenbe l avi dekwa pou gen plis tan pou regle koze yo epi bliye pèp la.

Malgre tout pwoblèm sa yo Ayiti ap konfwonte jounen jodiya, anpil Ayisyen kontinye ap pale de «desanzan endepandans». Men pou Ayisyen ki reyèlman konsyan, e ki ta renmen wè chanjman tout bon, y ap wè fò ta gen yon degi apre chantay «desanzan» sa a. Donk «desanzan endepandans, desanzan depandans»; «desanzan pale anpil, desanzan initil»; «desanzan goumen pou pouvwa, desanzan dezespwa»; «desanzan grate santi, desanzan san ankonpli bounda nini». Finalman, desanzan soudevlopman kòm rezilta. Sa k pase lidè ayisyen? Poudi gen lidè ayisyen tout bon? Eske nou dwe rele yo «lidè» ou «dilè»? Jou a rive! Fòk sa chanje! Nou pa sa rete gade!

Pèp Ayisyen pa enbesil. Analfabèt pa bèt. Li wè reyalite a deja; li wè kilès ki nan wout pou vin prezidan Ayiti. Depi moun sa a pa monte nan premye tou, konnen gen magouy pa anba. Se pi gwo erè mechan yo kapab fè si y al vòlè eleksyon sa yo, pou fin antere pèp la olye li ta jwenn yon sewòm oral pou kenbe l annantan (re)konstriksyon Ayiti. Frè, ou menm ki gen pouvwa kraze brize anba zago w, ki gen zam pou distribiye bay vakabon fè dezòd pasipala dekwa pou anile eleksyon 28 novanm yo, ou menm ki kont chanjman pèp la bouke tann depi desanzan, pran yon ti moman pou reflechi, pou di: «Non! Non! Non!»

Bay pèp la yon chans pou l vote! Kite sa fèt nan lapè! Kite pèp la chwazi kilès li vle gouvène l apati 7 fevriye 2011. Frè, mwen konnen se Ayisyen parèy mwen ou ye, bay Sò Ayiti yon ti chans fwa sa a! Bay Pèp Ayisyen yon chans! Montre lemonn antye Ayisyen sivilize! Bouke fè tenten! Nou bouke ak imaj negatif Ayiti! Frè, bay demokrasi yon chans pou l boujonnen! Epi lè l kòmanse boujonnen, sa pral bon pou ou, pou mwen, e pou tout Ayisyen. Kòm ou renmen ti gwòg ou, bwè l, men pa mande bandi fè dezòd pou gate eleksyon sa yo. Mwen konte sou ou tou, pèp ayisyen konte sou ou, e lemonn antye konte sou ou 28 novanm 2010. Jou a rive! Fò n avanse! Nou pa kapab rekile!

boule

 Viré monté