Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

3e edisyon Festival Literati Kreyòl la nan wout

Publié le 2021-08-04 | lenouvelliste.com

Festival Literati Kreyòl (FEL) tounen ankò. Sòti premye pou rive 5 desanm 2021 k ap vini la, responsab gwo festival literati sa kase randevou ak gran piblik la pou vin fè deba diskite ak ekriven, lektè, powèt pèp kreyolòfòn yo. Nan gwo festival sa, envite yo ak patisipan yo pral pale literati, yo pral pale kreyòl. Ekriven ayisyen Lyonel Trouillot se envite ki alonè nan 3e edisyon festival sa a.

3e edisyon Festival Literati Kreyòl

Nouvèl  la gaye toupatou. Twazyèm edisyon festival la se pou premye pou rive 5 desanm k ap vini la. Festival sa k ap fèt anba tèm «Literati nan konstriksyon moun» pral bay lapawòl ak tout moun, sitou gwo womansye ayisyen Lyonel Trouillot. Pandan 5 jou, anpil aktivite  pral taye banda sou Facebook, YouTube, nan Inivèsite, bibliyotèk, lekòl, sant kiltirèl ki nan Pòtoprens tankou nan vil pwovens.

Ajenda twazyèm edisyon an byen chaje ak tout kalite aktivite. Ap genyen literè ak kiltirèl, tankou Konferans, atelye, sware kiltirèl, espektak (mizik, pwezi), ekspozisyon ak vant liv, powèm nan bis, elatriye...

Bò kote envitè donè a, Lyonel Trouillot ap genyen yon latriye ekriven k ap prezan nan twazyèm edisyon sa a. Plis pase yon ventèn. Pami yo, Jeanie Bogart, powetès ayisyen k ap viv Kanada; Evelyne Trouillot, ekriven ayisyen; Indran Amirthanayagam, powèt ameriken; Hilario Batista Felix, powèt kiben; Grégory Rabess, chantè ak powèt Ladominik; Dédé Dorcély, powèt ayisyen; Yves Marie Seraline, Matinik; Jean Baptiste Anivince, powèt ayisyen; Iléus Papillon, powèt ayisyen; Wilkens Scott Fifi, powèt ayisyen k ap viv nan peyi Etazini; Pauris Jean-Baptiste, ekriven ayisyen; Bonel Auguste, powèt ayisyen; Yves Marie Jean, powèt ayisyen k ap viv Etazini; Rodolphe Mathurin, ekriven ayisyen; Pierre Michel Chéry.

Festival entènasyonal literati kreyòl (FEL) se premye evenman literati kreyòl nan peyi Ayiti, nan Karayib la ak nan Oseyan endyen an. Pandan de premye edisyon li yo ki te dewoule an 2019 ak 2020, Festival entènasyonal literati kreyòl rive touche plizyè santèn moun nan bibliyotèk, lekòl, sant kiltirèl ak lòt espas, nan Pòtoprens ak nan plizyè vil pwovens peyi Ayiti. FEL se yon inisyativ emisyon literè Pawòl kreyòl sou Signal FM powèt Jean Baptiste Anivince ap anime depi avril 2017, selon yon pwopozisyon istoryen ayisyen Michel Soukar. OMDAC (Organisation martiniquaise pour le développement de l’art et de la culture) ak Fondation Maurice Sixto se patnè òganizatè evennman an depi kreyasyon l. 

Plis pase yon espas pwomosyon, valorizasyon ak difizyon, FEL se yon vitrin pou pwodiksyon literè lang kreyòl bay kalinda nan pèspektiv pou rapwoche, kreye deba ak bon jan diskisyon nan mitan ekriven, entèlèktyèl, lektè, powèt pèp kreyolofòn yo. Konsa, Festival entènasyonal literati kreyòl louvri an lagan pou Matinik, Gwadloup, Sentlisi, Sechèl ak tout lòt
peyi kreyolofòn.

Parapò ak sitiyasyon sante mondyal la kote Kovid-19 ap fè raj nan anpil peyi, ekip FEL la deside, menm jan sa te fèt nan dezyèm edisyon an, adopte yon fòmil ibrid (prezansyèl/ vityèl) pou dewoulman aktivite yo.

Judes Duranty

 *

Viré monté