Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Matinik aprè deba sou atik 73-74

16. Pwodiksyon kreyòl ekri e sipò konkrè l, grafi a

Jean BERNABÉ

21. Janvye 2011

Le texte en français

(Vèsyon kreyòl ayisyen: Emmanuel W. Védrine)

Angwo, premye ekri kreyòl yo remonte a segond mwatye XVIIIèm syèk. Yo se fè kolon orijin ewopeyen, ki sousye pou eksprime reyalite lokal yo sou yon mond rejyonalis. Si lang kreyòl oral la se youn nan de (2) lye senbolik envestisman idantè esklav yo, lang ekri a pote sou yon kouch sosyal frankofòn e kreyolofòn; li fè apèl a lang kreyòl ekri a ki koresponn a yon mòd kilti popilè yo pase nan moul.

Anfas fransè, lang ofisyèl e enstriman pouvwa, kreyòl okipe, tou natirèlman, fant (oubyen espas) ideyoloji pre-romantik ap eseye jwenn, patikilyèman nan rechèch foklorik li, nan sans jèmatik (presizeman non-pejoratif) tèm sa a ki orijin anglè. Jodiya, bay kreyòl responsablite, lang ki esansyèlman gen estati oral, fonksyon ki makònen ak pratik ekriti – pa bagay ki fasil. Demach sa a te pi difisil ankò nan kòmansman XVIIIèm syèk. Nan absans bakgrawoun literè, se sitou yon imitasyon ekriven fransè ki te make premye tantativ yo. Moun ki ta ale pi fasil a egzèsis sa a pa lòt moun ke La Fontaine. Donk Fab se fòm ekri a ki pi pwòch kont, jan oral ki prezan nan Zantiy yo – pratikman depi orijin yo. Ansuit, ekri kreyòl yo, san yo pa poutan demarye avèk tradisyon fransè a, pral dèyè yon divèsifikasyon* jan (literè) sa yo: pwezi, teyat, woman, esè. Si efò yo, ki souvan, gen anpil merit – poko jwenn sanksyon yon piblik rich, sa eksplike yon jan rate moun k ap li. Rate sa a li menm gen plizyè faktè dèyè l, youn ki gen plis enpòtans konsènan grafi a.

Jenèz mànyè pou ekri kreyòl

Premye moun yo ki te chèche mwayen note kreyòl se te, pa definisyon, moun alfabetize. Alfabetize an fransè, natirèlman, yo te kòmanse ekri kreyòl alamòd fransè. Mànyè sa a, yo kalifye l etimolojik*, paske l pran kòm baz etimon* mo yo, sètadi fòm yo genyen nan lang yo soti (ou pran nesans lan). Si sistèm etimoloji kreyòl ta sanble l rann lekti l pi fasil, yon lòt kote, li konplike ekriti san oken dout. Efektivman, sistèm lengwistik fransè a, kòm li trè diferan de pa fransè a, li enposib pou adapte ladan nòm òtografik yo pou kreyòl. Andotretèm, yon sistèm ekriti kreyòl ki chita sou etimoloji fransè mo kreyòl yo, se yon koze pwoblematik: non sèlman l koute akoz iregilarite l e apwoksimasyon l yo, men tou, sa k pi grav la, mank respè pou otonomi lang kreyòl la. Nanpwen anyen kont lang fransè a nan preyokipasyon nòmal otonomi sa a. San konte kesyon ki poze pou konnen kijan yo ekri, nan yon fason etimolojik, mo kreyòl yo ki gen yon orijin afriken ou karibeyen.

Ant de doulè, chwazi sa k fè mwen mal la !

Pou diferan rezon ki endike avan, yon sistèm non-etimolojik parèt nan XXèm syèk -- yon sistèm non-etimolojik, fonde, fwa sa a, non pa sou reprezantasyon ekri mo a baz fransè yo, men sou pwononsiyasyon mo kreyòl la menm. Se konsènan yon sistèm ekriti fonetik (yo note yon son pa yon lèt e toujou menm nan). Sistèm  fonetik la gen merit pou l prezève otonomi kreyòl la. Okontrè, non sèlman li pote yon twoub nan abitid lekti kreyolofòn yo (ki frankofòn tou, ki pliye, ki jwenn degi a yon lekti ki ekstrèmman pi rich an fransè), men tou, li akòde yon fè ki enpòtan a akoustik* (son lang nan) men se pa sa ou wè ki ekri (karaktè grafik yo). Sepandan, lekti se yon avanti ki esansyèlman okilè* e tout entèferans avèk aspè sonò lang nan la pou l jennen egzèsis la. Espesyalis yo pale de sibvokalizasyon, fenomèn ki depann de yon patoloji* lekti a e ki konsistan nan lekti tout bagay pou mete mouvman kòd vokal yo an aksyon.

Sistèm etimolojik e sistèm fonetik, chak gen defo pa yo; moun dwe chwazi sa ki «mwen mal la», sètadi fonetik la. Wi, men a kondisyon pou amenaje l selon kritè ki makònen ak fasilitasyon lekti. Gen posiblite ki egziste pou amenaje sistèm fonetik la san mete an danje otonomi grafi kreyòl la pa rapò a pa fransè a, kote ou rekipere sèten varyasyon ki an mezi pou baskile pratik lekti kreyòl depi esfè akoustik a esfè vizyèl la. Pami (ou kay) advèsè kreyòl yo, mentyen lang sa a andeyò lekòl, alevwa (alewè) dechoukay li tanzantan k ap fonksyone lontan, nan fason konsyan ou enkonsyan, kòm mwayen pou evite risk yon pèsonalite ki deranje. Pi souvan, agiman yo vin avè l la, se te toujou lefèt moun pale kreyòl – sa anpeche moun pale fransè kòmsadwa. Sa te kapab vre, presizeman, yo dezasosye anseyman de (2) lang sa yo, poutan yo an kontak prèske pèmanan. Nan ka yon asosyasyon de (2) lang yo, okontrè sa kreye tout yon aksyon kowòdone, yon koperasyon entèlengwistik, youn ki dwe note de mànyè absoli e yon pedagoji eskolè ki kapab itilize. Aksyon kòwòdone sa a kapab pwodui sèlman efè pozitif yo nan domèn anrichisman kapasite ekspresyon.

Konfwontasyon de sistèm yo : etimolojik e fonetik kreyòl la

Sonje sa sistèm fonetik la fè konnen ke chak son koresponn a yon lèt e toujou menm lan. Prensip sa a GEREC enplemante, li pa twouve l kòdyòm. Tout lengwis yo itilize menm konvansyon fonetik pou dekri tout lang nan lemond. Nan sistèm GEREC kenbe e pwomouvwa a, mo kreyòl ki vle di «eau» (an fransè)  toujou ekri «dlo», menm jan tou pou mo ki siyifi «dos» (an fransè) ekri «do». Donk yon ekriti fonetik pa pral note «dleau» oubyen tou «dos», tankou sa fèt nan yon sistèm etimolojik, ki refere a mo fransè «eau» e «dos». Pou konprann a ki pwen yon demach etimolojik konplike ekriti kreyòl, gen rezon refere a egzanp suivan yo, ki montre an fransè, yo kapab note yon menm son avèk yon bann ak yon pakèt konbinezon grafik e ki varye. Pou site kèk, ann kenbe son «o». Note «o» (nan fransè «domino» o sengilye), «os» (nan menm mo a, o pliryèl), «ot» (nan pot »), «ots» (nan «pots, o pliryèl), «au» (nan «aujourd’hui»), «aud» nan «chaud», «auds» (nan «chauds», o pliryèl)  «aut» nan «sauter»), «eau» (nan «beau»), «eaux» nan «beaux», o pliryèl) «op» (nan «trop»), «ôt» nan «suppôt», «ôts» (nan «suppôts», o pliryèl), «ault» (nan «Renault»), etc. Nou te ka kontinye toujou nan enimerasyon sa a sou diferan mànyè pou ekri son «o» an fransè, sa ki bay mezi konpleksite sistèm ekriti n ap pale a. Donk se apwopo de (2) sistèm, pa apwopo varyasyon yon kote (grafi fonetik) e varyasyon trè gran, lòt kote a (grafi etimolojik).

Yon remak esansyèl enpoze l : si se pa t fransè ki te lang kreyòl nou yo, men espayòl, pa ta janm gen konfli ant ekriti fonetik e ekriti etimolojik. Poukisa? Pou yon rezon trè senp ki wè, presizeman, lefèt ke yo ekri espayòl, a youn ou de (2) eksepsyon prè, de fason fonetik. Konsa tou, dènye remak sa a fè yon ranvwa dozado a sa mwen rele «fondamentalistes de l’étymologisme», yon kote, epi «les intégristes du phonétisme», yon lòt kote. Pou chwa sistèm fonetik la menm pou ekriti kreyòl, sa kontinye soulve kritik vyolan e ideyolojik, alòske ki koresponn a yon demach reyalis e pragmatik, menmsi li objektivman rebitan, ki yon bagay ijan ki bezwen remèd. Men, gen remèd! Sa pa deplè sa yo rele «intégristes de la phonétique pure», ki refize aksepte entwodiksyon yon sèten souplès nan sistèm grafik sa a kote yo te souliye davans evidans difikilte.

Lòt remak patikilyèman enpòtan: ki soti nan yon istwa patikilyè, konpleksite ekstrèm sistèm grafik fransè a pa fè prejije ak li menm nan lekti nan lang sa a, a kondisyon, sepandan, pou fè yon bon aprantisaj sistèm nan. Se kote moman fondamantal la ye nan lit kont iletrism*! Konpleksite sa a kapab menm yon atou, paske l kapab rann chak mo endividyèl, pou l ba li fizyonomi pwòp. Pa egzanp, devan mo fransè suivan yo: «conte», «comte», «compte», lektè a pa gen oken mal pou jwenn wout li imedyatman. Okontrè, mo kreyòl «kont», ki kapab gen plizyè sans, kapab rete anbigi. De fè sa a, konpleksite a pèmèt lektè ki byen fòme a pou l gen pèfòmans lekti siperyè, sou sa yo ki nan sistèm fonetik la ki pa benefiye efè endividyalizasyon grafik sa a. Sètènman, aplike a kreyòl sou fòm grafi etimolojik, yon tèl sistèm, n ap di l ankò, doubleman katastwofik (kreyasyon yon depandans e konplikasyon ki pa koresponn a estrikti lang sa a). Pakonsekan ou dwe pwoteje ou kont tout dògmatism e evite kwè ke baz fonetik ekriti kreyòl la, ke mwen souliye defo l yo, pa kapab nan oken ka pou kòmanse, modifye, amenaje nan yon sans mwen rijid.

Ant dògmatism e yon lekti ki fasil, chwa klè, men pa pou tout moun

Menm jan nou distenge islam e islamism, donk li enpòtan pou tabli yon distenksyon ant fonetik e entegrism fonetik. Andotretèm, pragmatism la e preyokipasyon yon gran fasilite lekti kreyòl se sèl bousòl ki dwe gide sa yo ki, di (ki gen tò ou rezon) yo se espesyalis grafi kreyòl la. Se pou rezon sa a, mwen pwopoze nan GEREC yon apwòch tounèf sistèm fonetik la, avèk objektif fasilitasyon ki endike pi wo yo epi fonde sou yon sèten varyasyon kontwole. Sa abouti a sa nou te rele «le standard 2», ke yo te vin adopte lajman an Matinik aprè kèk ezitasyon. Men, mwen te vle ale pi lwen toujou ke «standard 2» sa a, mwen te rankontre difikilte ki makònen a yon «montée intégriste». Ant sa yo ki opoze a tout inovasyon e sa yo ki, pa vrè taktik, fè sanblan yo t ap suiv mwen, pandan yo t ap jere sekrètman yon opozisyon a sa mwen wè, pandan reyinyon ansanm sou sijè a, mwen te rete minoritè pito sou posisyon novatris sa a. Mwen gen fèm entansyon defann li e pwomouvwa l.

Demokrasi etranje pou panse syantifik

Yon sistèm grafik pa yon yon pwodui pirman syantifik, paske l gen yon dimansyon teknik ki makònen ak sa Lévy-Strauss rele an fransè «bricolage» (oubyen «kole-pyese» an kreyòl). Yon lòt kote, li dwe apiye sou analiz syantifik! Lasyans, kòm konstriksyon savwa, kapab sèl domèn kote demokrasi pa gen oken enpòtans. Kòm temwayaj pakou Copernic ou Galilée, laverite ou erè syantifik pa gen anyen pou wè ak vot majoritè. Sètadi, dimansyon politik e pragmatik tout amenajman lengwistik fè ke se pa nesesèman meyè yo ki enpoze alafen. Kesyon rapò de fòs! Pa gen anpechman! Yon chèrchè (fouyadò) ki an pozisyon minoritè pa fòseman enkapab pou souse mwayen pedagoji siperyè a sa yo ki deplwaye (pasivman ou aktivman) majorite. Gran detèminasyon m se chèche mwayen pou lekti kreyòl pa rete yon prèv dekourajan. Demen va deside! Deklarasyon sa a sèvi m tranzisyon vè yon lòt domèn, anonse dabò, kote mwen swete devlope ribrik sa a. Se apwopo vizyon politik Matinik.

Nòt:

akoustik (adj/n): Ki sèvi nan pèsepsyon son yo. 2. Relatif a son., nan domèn akoustik. II. Pati fizik ki trete son e ond sonò yo.
 
divèsifikasyon (n): Aksyon pou rann son yo divès.
 
dogmatism (n): Karaktè dògmatik, rejè dout, kritik.
 
etimolojik (adj): Relatif a etimoloji (syans sou irijin mo, lokisyon, rasin, rekonstriksyon evolisyon yo ki remonte a eta ki pi ansyen).
 
GEREC-F (Groupe de Recherches et d'Etudes en Espace Créole et Francophone)
 
etimon (n): Rasin ki bay etimoloji yon lòt mo.
 
iletrism (n): Enkapasite pou dechifre yon tèks senp.
 
okilè (adj): Ki an rapò ak zye.
 
patoloji (n): Syans ki makònen ak fizyoloji e ak anatomi; objektif li se etid ak konesans kòz  yo e sentòm maladi yo. 

boule  boule  boule

La Martinique après le débat sur les articles 73-74

boule

 Viré monté