Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

1970 – 2011 : 41 lane
1986 – 2011 : 25 lane

Haiti:
«Mon père a fait la révolution politique, moi je ferai la révolution économique»; Divalye,

Sosyete apated,
globalite, konplisite, kontinuite…
anba dikta sa yo rele «kominote entènasyonal» la.

 Raynal Trouillot

Vèsyon kreyòl

Se dwòl lè moun ap pale de krim, se krim politik sèlman yo wè. Nan sosyete a, gen lòt krim, gen krim ekonomik, gen krim kiltirèl ak sosyal. E se yo ki anjandre krim politik yo.

Anplis lè y ap pale de «torture», de krazezo, se de fò Dimanch sèlman y ap pale; yo pa wè sa k ap pase nan lekòl yo kote anpil enstititè/pwofesè se bouwo yo ye nan aplikasyon frankofoni-FIC-jakorepèt-manipilasyon, nan antre nan pèsonalite moun, nan kraze mantal moun atravè yon atmosfè imilyasyon, mepri anti-peyizan, anti-ayisyen. E tout sa mennen nou nan aplikasyon politik neyoliberal «Gran zanmi Ayiti yo» enpoze n nan kad global yon politik mòde-soufle ki chita sou senk paramèt sila yo: depandans, vyolans, rivalite, lagè, mizè…

Ki sa moun pa ta ka konprann la?

Se sou rejim divalye politik neyoliberal la koumanse:

+ Ak soutretans nan ki parèt Ayiti nan lane 1970 yo e ki an fèt sèvi pou blokaj fòs pwodiktif yo onivo lavil; Divalye-pè swadizan fè revolisyon politik, pitit li pwomèt pou l fè revolisyon ekonomik…

Nou te ka pale di tou te gen vant e acha ayisyen an Repiblik Dominikèn pa tètbetay sou fwontyè defason ofisyèl, e te gen tou yon atitid pouryanis/kimele leta neyokolonyal la lè resòtisan l yo (peyizan)  nan cho nan peyi vwazen yo;

  • Ak «kenkayri» e «bank bòlèt» ki pran fòm ak ekstanksyon nan sosyete a , ki vin bati e pran twotwa pou yo
  • Ak Pelig ki pa sèvi pou awoze tè yo (blokaj fòs pwodiktif yo nan andeyò), ki pa sèvi a elektrifye andeyò e finalman peyi an toutantye; nan sistèm apated la, kolòn sou kolòn pilòn elektrik pase pa-anlè tèt peyizan ki se 80 a 90% endividi nan peyi a, ke sistèm ayisyen an pa konsidere kòm moun alewè kòm sitwayen…

Isit, nan koze afè tè, nou rate refòm agrè, ak posiblite revitalize, remanbre, e awoze tè yo nan peyi a; ak pwodiksyon nasyonal la ki rejte, non sèlman peyizan an sòt viktim men klas mwayèn nan tou paske sitiyasyon sa a vin-lage li nan prekarite…

  • Ak Destriksyon kochon kreyòl yo ki se bank peyizan yo;
  • Ak asasina ti voudourizan tradisyonèlman nan lit ki opoze l a gwo vodourizan-gwo pwopriyetè;

Vodou an jeneral pa janm pran pwomosyon; li toujou sèvi kòm tifanmi dèyè lakou, an tirèstavèk, sètadi sou fòm fòlklorik…

  • Ak operasyon virtyèl, operasyon similasyon byen òkestre sou yon refòm edikatif ak kreyasyon IPN nan fen manda rejim divalyeris la; se pa ti enèji pwofesyonèl de bòn fwa depanse nan travay sila a konprenan gen yon bagay serye ki pral fèt. Jounen jodi a apre 7 fevriye 86, tout travay sila lage nan fatra, nan poubèl Ministè Edikasyon Nasyonal. Yon kòb depanse gaspiye opwofi Henry Deschamps ak FIC e sou fòm liv-kaye ak pedagoji apwopriye. Yon veritab gaspiyaj nan tout sans… Dayè ak aplikasyon politik neo libéral la, jonksyon ant lekòl ak pwodiksyon nasyonal la pa ta ka fèt, paske yo se lèt ak sitwon.
  • Ak deja anvayisman legliz refòme yo mete ak legliz katolik nan atitid anti-vodou, anti-peyizan, anti-ayisyen yo (pizoumwen nan jan sa vle fèt jounen jodi a nan peyi mizilman yo ak legliz oksidantal yo kont islam nan k ap reziste);
  • Ak aparisyon ONG nan peyi a nan koumansman ane 80 yo depi sou Janklod, e ki vin mete an koz leta-pwovidans, nosyon leta-fò a, e pou transfòme l a nosyon leta ayisyen swadizan fèb, e «swadizan iresponsab» : Leta pase de peryòd etatizasyon pou rive a peryòd neyoliberal nan yon menm rejim. AK aparisyon ONG nan peyi a, leta pa fè anyen lòt ke devwale nati neyokolonyal li an sètadi nati leta yon peyi kolonize ou depandan.  Se yon chwa politik ke politisyen vle fè pase konsa-konsa pou erè, pou move kalkil…

Sou tout sa moun te konn tande sou deklarasyon rejim Divalye-pè pa egzanp, an fèt se te yon rejim ki te chita sou yon nasyonalis de fasad, e ki te bay tèt li maj manèv pou deklare yon anbasadè «pèsona no grata». Senp kesyon prestij yon diktati nou ka kalifye de diktati pèsonèl…

Dayè, anvan menm Divalye, leta chase et deposede peyizan pou fè transaksyon lwe tè ak etranje et menm pou yon ti ponyen lajan;

  • Nan sèvi ak repèkisyon mouvman Me 68 yo ki te yon mouvman jèn yo nan lemonnn patikilyèman an Ewòp; Janklod te kalifye gouvènman l nan epòk la kòm etan «gouvènman de lajenès»… Pou Janklod te prezidan, jèn vin majè a 18 an, alòske anvan fò te gen 25 an.
  • Ak monte ewotism anpi pònografi fen ane 1980 yo, kòm mwayen pou jèn jwenn konpansasyon fas a pwoblèm eklatman familyal, yo vin piplis ap konfwonte: fim ap pase, nan jan fim «Terèz ak Izabèl», fim «Emanyèl»…

Monte sila yo pase kòm eleman reprezantatif lamodènite. Mès yo koumanse lage ak yon fenomèn yo rele «Lafrechè» kote nan epòk la de jèn de milye diferan mete ansanm pour ale nan pwogram; kote granmoun ap makònen-renmen ak jennfi, jenngason ki bezwen bèl rad, pou mete, bijou pou kale kò yo.

N ap fe remake ke «Lafrechè» a tap sikile nan yon milye ki pa t milye pa l.

Apre chit rejim Janklod, anpil jenn sa yo tonbe nan pwostitisyon ale nan lari; pwofil bouzen nan lari a chanje, e granmoun bouzen-ansyen vin pa ka kenbe konkirans lan...

  • Nan pase li pase nan yon menm rejim nan de ideyoloji nwaris la pou abouti a ideyoloji milatris la ak maryaj Divalye-Benèt:

Nan pratik politik dirijan peyi a, pa gen anyen rejim divalyeris la pa fè anba senbòl ki te senbòl pentad la; sou Divalye-pè kòm gwo endijenis, rejim nan:

+ Relanse siyati konkòda Nikola Jefra 1860-1960; Legliz katolik rete pirèd legliz deta peyi a (1960); teren/tè pa sispann bay, sibvansyon pa sispann bay. Legliz refòme yo yomenm te koumanse ap pran fil sou bò pa yo (Nan plas kolonblan yo, se yo ki konnen, se yo ki gen laverite).

Siyati pou lavaj sèvo ti ayisyen an;

+ Debarase l de prèske ansanm entelektyèl peyi a mete ak enperyalis franse an patikilye ki te bezwen sèvo pou opere yon ajisteman estritirèl nan kontinan afriken an apre dezyèm gè mondyal la, e pou kontinan sila a pase an dous de kolonizasyon dirèk a kolonizasyon endirèk (ou neyokolonyalism).

Kanada jwenn pa l tou nan piyaj sèvo peyi nou an.

+ Kreye levènman yon konplo-bidon pou eliminen yon opozan e selebre yon viktwa-bidon a limaj «Hollywood»: ansasina reyèl, likidasyon, egzekisyon-somè, krazezo, maryaj fòse, disparisyon moun, pwovokasyon, ensekirite san men kache, teworism deta (kagoula), intimidasyon, chantaj, fo akizasyon, arestasyon san manda, koulwa lanmò, kondanasyon amò…

+ Sèvi ak  chif mistik, chif «22» prensipalman pou mistifye moun, e ki abouti pa konsekan a akselere-miltipliye bidonvil nan vil yo prensipalman nan Pòtoprens.

E lòt konsekans: gen ogmantasyon trafik timoun-esklav, tirèstavèk nan vil yo, epi miltiplikasyon lekòl-bòlèt yo ki sèvi pou anpeche devlòpman konsyans sosyal titonton makout la anndan sistèm l ap defann nan…

+ Nan espekilasyon imobilyè; moun ki enplike nan kreye bidonvil yo, se chèf militè (kolonèl, kapitèn), se moun nan gouvènman, se moun nan meri, jouka komèsan yo ki bay lajan ki bay kredi…

Kòm si bidonvil la se yon bon bagay, li konn pote non yon moun ki sou pouvwa: «Site Simòn» e ki transfòme l pita an «Site Solèy»

+ Jwe sou prejije koulè san li pa mete an kesyon sistèm apated ki nan peyi a, yon sistèm apated ki pa di non l, e ki plis pase yon kesyon koulè…

Divalye eliminen-koupe tèt lame a, louvri espas la bay moun nwa nan administrasyon piblik la, yon administrasyon ki sitou chita Potoprens, nou kapab kalifye de administrasyon neyokolonyal de yon leta neyokolonyal...

Se konsa, rejim divalye a ranfòse santralizasyon ki nan vil yo, e patikilyèman nan Potoprens. Sistèm apated nan men milat yo pa fè yon pa lè li tonbe nan men mesye nwaris yo…

+ Jwe sou kontradiksyon kiltirèl sosyete a pou eliminen fòs pwogresis nan ki nan peyi a san gwo tètchaje. Kontradiksyon  nan jan:

  • Travay entelektyèl/ Travay manyèl;
  • Teyori/ Pratik;
  • Fomasyon fòmèl/  Fòmasyon enfòmèl;
  • Tradisyon ekri/ Tradisyon oral;
  • Moun lespri/ Moun sòt (ou ankò moun ki pa konplekse ak moun ki konplekse ou konplèks siperyorite/ Konplèks enferyorite);
  • Lespri syantifik / Lespri anpirik;
  • Relijyon/ Layisite;
  • Rasism ayisyen/ rasism dominiken kont sosyete peyizan ke Ayiti ye a.

+ Sèvi ak vodou, e li pa fè anyen pou legalize vodou, lang kreyòl, medsin tradisyonèl la pou louvri espas bay kilti maspèp la. Ak aplikasyon endijenis nan politik, kilti maspèp la atout zansèt yo konsidere kòm malpwòpte, kòm salopri, kòm vye bagay….  Wouch ! Kilti ansyen esklav!

E lekòl, legliz, anpi òganizasyon sosyete sivil yo, pati dedwat (e ak moun ki pran pòz degoch), yo pa fè anyen lòt ke oryante santiman, sansibilite ak imajinasyon moun yo a loksidantal, selon bonvoulwa kolonizatè yo, e selon bonvoulwa kolonyalis ki nan peyi a …

Se pa etonan ke sosyalis dedwat ak nèg dedwat te konn chita nan yon menm salon, nan yon menm elan an matyè koyegzistans pasifik, ap tande «Georges Brasen», «Leo Fere», «George Moustaki», «Gibert Becot» san okenn pwoblèm…

Divalye pè fè 14 lane opouvwa, pitit li fè otan.

E finalman Janklod tonbe-sove-kite pouvwa a apre ke trois mousketè sa yo amòse viraj la kòm ajan enperyalism nan: Mak Bazen, Lesli Delatou ak Ève Deni. Se konsa ke opozisyon an, sosyalis dedwat ak moun malonèt nan dyaspora a vin antre nan jwèt la, nan yon jwèt ekspè rele «jwèt demokratik» nan aplike a diferan echèl politik divalyeris san divalye ak kòm twal de fon «politik Neyoliberal la»…

Pou detounen atansyon moun, e pou pa entewoje sistèm nan, yon nouvo ekip parèt ak kòk san zepon kòm senbòl, e yo lage tout mal peyi a sou Divalye ou  sèlman sou ansyen pèsonèl klas dominan yo… Nouvo dirijan yo pa mete an koz pwoblèm fondamantal peyi a. Pami koz yo:

  • Klas dominan yo yomenm e nan yon konjonkti kote moun ap dekouvri piplis chak jou ke enperyalism nan ak fachism nan se marasa;
  • Eksplwatasyon ak si-eksplwatason peyizànripòv la, klas ouvriyè a (fanm an majorite), travayè yo nan peyi a e an Repiblik Dominikèn;
  • Absans reyenvestisman klas dominan yo (gwo propriyetè teryen yo, laboujwazi) nan sosyete a e ki mete toutmoun pou pèdi pèsonalite yo, prestij yo, fyète yo ap chyente dèyè èd entènasyonal;
  • Rejè kilti majorite popilasyon an, ak eskalad baryè ekonomik, finansye, kiltirèl, lengwistik, jiridik, segregasyonis (nwaris ak milatris)… pou pèp la pa ale lekòl;
  • Refòm edikatif la ki pa janm fèt vre, e ki pou lye ak pwodiksyon nasyonal, e ak kilti yon sosyete ki peyizàn pou jouk jounen jodi a;
  • Inyorans lalwa depi nan matènèl rive nan inivèsitè, e ki ann otaj anba men yon veritab mafya;
  • Ministè Edikasyon ann otaj anba men pè ak mè lenstriksyon kretyèn istorikman, e anba men kòporatism ak pwopriyetè lekòl prive;
  • Rasism ayisyen, rasism dominiken an mete ak rasism sa yo rele «kominote entènasyonal» la nan jan yo mete Ayiti nan divizyon entènasyonal travay la parapò a Larepiblik Dominikèn;
  • Kilt monopòl ki kanpe an dòg nasyonal ak baryè sosyal rigid ki otomatikman règlemante pataj richès yo, ki reglemante òpotinite yo, ki reglemante konsiderasyon sosyal yo.

Eben se konsa, nan letan ak lespas, apre 7 fevriye 1986, nouvo pèsonèl klas dominan peyi d-Ayiti pa fè anyen lòt ke rapousuiv swadizan «revolisyon ekonomik» janklod la, politik ekonomik neyoliberal ke rejim divalye a te deja antame, te deja mete anplas nan koumansman lane 70 yo. Yon divalyerism san divalye nan yon swadizan «peryòd demokratik». Kòk ak pentad fè kenken, e fini pa bay yon nouvèl kreyasyon nan imajinasyon popilè a ki se « tètkòk-boundapentad. Tan an pase, e sa fè deja plis ke ven lane (20 lane) rejim lavalas sou enfliyans ladyaspora; sektè demokratik la kòm rapousuiv «revolisyon ekonomik» rejim boutdi Divalye a, sètadi medsin neyoliberal la :

  • Agrikilti a neglije, e pelig rete pou pa sèvi a granchoz, a anyen;

Lòt jou la, 2008-2009 nan plato Santral, gen menm tantativ ki fèt pou sèvi nan agrikilti peyi a ak OGM (Organisme Génétiquement Modifié), e akselere depandans peyizan an parapò a peyi kolonizatè yo…

Mepri pou peyizan an ale jouk nan itilizasyon machin lou agrikòl ki te konn ipoteke rantabilite inite de pwodiksyon yo alòske chaje bra pou fè travay la.

  • Komèsyalizasyon vin mèt-mo ak moun k ap brase kont peyi a; ouvèti liberasyon enpòtasyon yo mare ak bès drastik tarif douwanyè yo. Se pa ti ravaj fenomèn «doumping» nan fè kont pwodiksyon nasyonal;
  • Vant ou likidasyon patrimwàn peyi a, antrepriz Leta yo ki te oryante nan pwodiksyon: Minotri, Siman d’Ayiti, Izin sikriyè Damòn, SODEXOL, ENAOL …
  • Vant antrepriz Leta yo ki te oryante nan sèvis: EDH, TELECO…
  • Ankourajman ak jemanfou fèt nan koze deteryorasyon tètkale e aksele anviwonnman an;
  • Enplantasyon vye endistri fèt, enplantasyon soutretans nan Wanament, e ak pwomès pou mete yo sou tout fwontyè ayisyano-dominiken an, e yon jan pou ke ouvriye ayisyen an  esklav modèn jounen jodi a travay nan mitan de (2) fòs represif.

Kidonk parapò a maspèp la, e parapò a 7 fevriye 86 li an, se yon gwo viktwa pou klas dominan yo ak enperyalism nan ki reyisi kase ren mouvman popilè a. E atravè litdeklas sa a, pa gen okenn pèspektiv menm alorizon pou amelyorasyon kondisyon de vi mas popilè yo, kondisyon travay etidyan yo pa egzanp nan inivèsite.

Parapò a yomenm antan ke klas ki bezwen kenbe sistèm nan entak, petèt menm rajeni l, se yon echèk. Refòm sou refòm fèt; pase gen amelyorasyon sistèm nan, se dejenere sistèm nan ap dejenere; se plonje sosyete a ap plonje. Dwat ak ekstrèm-dwat sou tout fòm ap madebat pou konsève l, soti nan tolerans zewo rive nan popilis, soti nan represyon rive nan achte konsyans moun. Moun nan elit peyi a ap goumen antre yo pou garanti blan ke yo pi gen kapasite jere sistèm apated la. E antretan, ak lèd sèten sektè nan dyaspora a, peyi a sou okipasyon, gen «kominote entènasyonal la» ki gen pretansyon akonpaye «pil kolonize sa yo», pil «enferyè» sa yo ye di nou ye, e montre kouman pou nou mennen, kouman pou nou viv sètadi nan jan pa l, nan fason pa l…

Apre 41 lane, «Revolisyon ekonomik» Divalye a pa bay anyen lòt sinon eklatman selil familyal, dezesperans, dezespwa, grangou, maladi, mizè, koripsyon pou lamajorite, e anrichisman pou yon timinorite…

E apre 25 lane menm atò «sistèm elektoral» la ap fware. Jechèch, kolonizatè ak kolonyalis yo pa fè bagay yo nan lèrèg…

E kòm blankomani a fò nan peyi a,«kominote entènasyonal» la, alez pou bay peyi nou an, tisourit ki anba pat li a ti moso pen, anpi kout grif sou kout grif nan yon lage ki pa di non l: yon lagè frèt, yon lagè bas-entansite.

Bistouri nan men l plen ak san, yon kominote entènasyonal maldizan-malpalan k ap gonfle kont an bank li, k ap fè lajan ak yon lame bizisman ki ale ak tout kalifikatif sila yo: sinik, makyavèl, malveyan, sadik, sanginè, jechèch…

Mezanmi, gen travay refleksyon pou sosyològ, sikològ, sikyat, ekriven, womansye, powèt, mizisyen peyi a.

Gen travay refleksyon pou dyaspora a…

Pou di vre, pati bonè pa di anyen, se konn lawout ki kichòy.

Gen aksyon pou moun serye, pou patriyòt fè pou redrese sitiyasyon an kelkelanswa ekip ki monte sou pouvwa a, ak eleksyon ou san eleksyon….

raynaldotr@yahoo.fr
Mas 2011

boule  boule  boule

Lòt atik nou ka jwenn:

  • Chronologie de la Mondialisation
  • Haïti sur fonds de Guerre de basse intensité
  • Haïti: Manifeste pour un Mouvement Culturel en Haïti (1)…
  • Haïti: Culture d’Apartheid et Guerre de Basse Intensité (2)
  • La Culture des Classes Dominantes, Culture de fuites en avant, du mépris et du racisme contre un peuple tout entier (3)
  • L’État Haïtien, un État Néocolonial qui ne dit pas son nom (4)

boule

 Viré monté