Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Quatre nouveaux titres chez Presse Trilingue
Kat nouvo liv lakay Près Trileng
Four New releases by Trilingual Press

 

Tyaka poetica

Tontongi

 

 

 

 

 

 

 

ISBN 978-1-936431-37-3 • 2021 • 400 pages  • $25.00 + $3.95 + $3.95 (in the USA)

Tyaka poetica

Lektè ak lektris yo ap apèsi nou fè nan liv sila a yon melanj de jan ak tematik ki parèt pafwa toudisan. Se yon estil mwen eksprèseman chache mwen rele estil tyaka. Kouwè tyaka—yon manje ayisyen ki fèt de melanj mayi, pwa, krèm joumou, lèt kokoye, vyann, epis, elatriye, pou konpoze yon repa koupe-dwèt—, mwen melanje engredyan diferan e ki aparamman pa ale ansanm pou kwit yon pwodui final ki gen yon estetik ak yon flavè varye ki mete an valè chak grenn engredyan yo pandan y ap pwojte konpleksite kalite ansanm lan.

Liv sila a gen ladan li de (2) liv, avèk kwazman tematik ak jan (memwa, esè, powèm, pwofil, tematik konik, elatriye).
Nou tout fè pati yon tijan de yon Totalite rasanblè, menm si nou plase plis atansyon n ak fokalizasyon n sou patikilarite nou ak endividyalite nou. Lafrans komemore an me 2018 senkantyèm anivèsè evennman Me-1968 yo. Se te pandan adolesans mwen. Byenke m te fèt e t ap viv nan Pòtoprens pandan evennman eklatan e fantastik sa yo, mwen te aplodi yo e twouve yo gen yon frechè rejwisan, dotanpli mwen t ap konfwonte, kouwè tout jèn jenerasyon m yo nan bò kote lanmè Karayib sila a, mond fèmen, menasan, represif diktati Papa Dòk la, avèk tonton-makout li yo, dwèt yo toujou pre gachèt revolvè ’45 oswa Uzi yo a.
Tyaka Poetica se yon ti jan tout sa, e plis ke sa: li se emosyon m ak esperyans endividyèl mwen ansanm ak koneksyon mwen, nou ta ka di, avèk totalite eksperyans èt imen yo, nan sans Edouard Glissant konsevwa li. De dimansyon sa yo de mwen-menm-nan-lemond ak mwen-menm-endividi-otonòm reprezante isit la nan kèk fason. Si nou ka konpare tèks avèk optik oswa avèk reyon solèy, mwen ta di tyaka se tankou yon kaleyidoskòp oswa yon akansyèl ki konpoze de anpil koulè diferan men ki fòme alafen yon inite esplandid e mèveye. Se omwen sa m swete.

* * *

Nou konnen kouman konplezans, lachte ak abdikasyon klas politik e entelektyèl alman an te fasilite monte o pouvwa rejim nazi a an 1933, men moun pa twò konnen ke sa ka rive tou nenpòt ki kote jounen jodi a, kouwè nou wè nan ane 2016 nan Etazini kote elektora a lese yo pran lòlòj li (zonbifye se yon pi bon mo) avèk demagoji yon entreprenè anbisye, eritye richès papa li.
Koutje an revè mwen voye sou Oksidan an pa soti sèlman de yon raj kont zak babari ak degradasyon èt imen moun ap fè onon «libète» pou antrepriz, pou posede bagay ki te dwe bagay tout moun, oswa onon «sekirite», dènye mo paspatou sa a vin tounen lakrèm pretèks pou jistifye zaksyon ki pi orib Leta pwotektè ap koze ansanm ak reklamasyon otorite ak fòs ki pi orib yo pou veye lòd sosyal la, ki vin deplizanpli pi militarize e fachize nan Etazini sèdènye tan. Se egalman yon rejeksyon fòs sa yo, ki rive enstore yon sitiyasyon kote yon polisye nan nenpòt kèl minisipalite, piti kou gran, ka tiye avèk enpinite nenpòt kèl moun ras nwa.

* * *

Yon moun pa ka pa pale de «fenomèn Trump» la nan yon koleksyon esè ak powèm ki ekri nan ane 2016–2020 yo nan Etazini. Se te kòmsi ou ta pale de Sad nan prizon Bastille san w pa mansyone Revolisyon Fransèz a.

Pou m eseye konprann Trump, mwen aplike osijè li sa mwen rele a antwopoloji revèse oswa envèse, sètadi yon rega ki diferan de sa Oksidan pote sou tèt li a, yon rega diferan de pwòp imaj de li menm li reflekte nan inivè nasisis li a. Sa, mwen menm, mwen wè nan swadizan fenomèn Trump la, se fayit ak demisyon de tout yon klas politik ki vin sou ladefansiv akoz de konbin ak vorasite yon prens privilejye sistèm kapitalis k ap triyonfe a. Li pa pè avili sistèm lan paske kapitalism triyonfan li reprezante a ap mennen bann lan.

Etazini sot konfwonte ak yon demon ki ba li yon sèl altènativ : oswa li kontinye demantibilasyon sistèm dwa a jiska vin enpoze diktati yon sèl moun (kouwè Trump te eseye a), oswa li reprann kap li. Kriz enstitisyonèl oswa konstitisyonèl etazinyen an, ki te agrave pa abi san rete Trump te fè de sistèm de dwa a, vin rezoud nan afimasyon Leta de dwa a, e sa te ede gras ak rezistans popilasyon an ansanm ak vijilans medya yo, jounalis yo ak jij kouraje yo. Gras ak rezistans li kont otoritarism, peyi a ap vin rejwenn ekilib demokratik li e nou espere l ap vin tire tou yon leson pozitif de lannwit penib istwa sila a. Men menas yo toujou la e reyèl.

* * *

Kanta lit liberasyon ayisyen an, li ap dewoule jounen jodi a sou plizyè teren e sou plizyè ang. Li dewoule byennantandi, dabò ann Ayiti kote pèp la ap konfwonte ak yon boujwazi patripòch, reyaksyonè, totalman endiferan ak malè pèp la, ki alye l ak enperyalism ewo-etazinyen an, ki limenm nan tou pa l an kwalezo avèk gouvènman santral la, yon gouvènman ki espesyalis nan montre sa l pa ye e ki alye l ak gangstè pou kenbe pouvwa.

Lit liberasyon ayisyen an ap dewoule tou sou teren idantite kiltirèl e lengwistik la kote, malgre gran konba gason ak fanm vayan, pami yo Iv Dejan ak disip kreyolis li yo ap mennen, minorite ki annamoure pou franse yo poko vle de bon gre pèdi privilèj yo estime ki vin pou yo daprè dwa yo.

Solisyon pwoblematik sila a, nan kondisyon sa a, parèt klè pou nou: valorizasyon lang matènèl ayisyen an, non pa nan dezavantaj franse, men nan yon vizyon liberasyon k ap rann li alafwa egalego avèk franse e ki ap tabli li kou enstwiman predileksyon devlopman ekonomik Ayiti.

* * *

Nan liv sila a, mwen eseye tou kaptire pwoblematik egzistansyèl, sosyoekonomik, politik e moral k ap sakaje epòk nou an e ki anpeche rejwisans anpirik lavi nou. Epi chèche tou nannan pwofondè rasin yo ki ini nou youn ak lòt e ki idantifye nou antanke èt ki panse, ki kreye itopi e ki kapab reyalize li.

Nan tèks nan fen liv la ki titre «Etazini anfas doub kriz KOVID-19 ak kontestasyon kont rasism sistemik» la, mwen fè yon toudorizon sou de kriz sa yo ki akable Etazini apati mas 2020 jiska jounen jodi a (mas 2021). Iripsyon pwoblematik sa yo devwale tandans fachis yon sèten klas ak yon sèten milye politik nan peyi Etazini, ansanm ak posiblite solidarite ant diferan gwoup sosyal e rasyal yo pou chanje lavi. Chanje lavi, se menm tèm lan ak souwè nou evoke nan yon tèks pi devan an sou pwoblematik Ayiti a. Nou swete lektè ak lektris yo yon bon lekti.

* * *

Tablo kontni (dyakout liv la)

Remèsiman
Entwodiksyon
Anvan-koze

Premye pati

Ane Trump yo nan Etazini

Konik tan an

I. De premye ane administrasyon Trump lan (2017–2019)

II. Zafè «Ukrainegate» lan ak pwosesis destitisyon an (impeachment)

III. Etazini anfas yon doub kriz KOVID‑19 ak kontestasyon kont rasism sistemik

IV. «Yon fayit lidèchip fenomenal e katastwofik»

V. Toubiyon kawo: Kriz kòm posiblite pou rekòmansman

VI. Sou koudeta enzireksyonèl rate 6 janvye 2021 an


Dezyèm pati

Entwodiksyon

Simbi nan dlo

Teworism sou Nanm moun

Ayiti de kriz an kriz men lavi ap kontinye

Goudougoudou pa dous ni dou

Yon pèp anvi

Mizikal pou Mirabo

Ayiti se pa sa ou di a, Misye Tèt-Mato

Pou sa ki twomatize yo ak sa ki ale yo

Orevwa, Matant Lili

Manno Charlemagne nan lavi kou lanmò

Vizyèl

Vizit mwen ann Ayiti an jiyè 2016: Yon memwa

Vizit mwen ann Ayiti…

Souvmans 17 oktòb 2018 ann Ayiti

Chanje lavi: Pledwari pou yon apwòch otojèn ann Ayiti

Post-Scriptum: Sou asasinay Jovenel Moïse la

Anèks franse
Annexe française

Rezime yon istwa sosyolengwistik opresif

Résumé d’une histoire sociolinguistique oppressive

Chronique d’une fenêtre ouverte sur le règne du pseudo-Néron

Un coup d’œil sur ma poésie

En observance du dixième anniversaire de la mort de Paul Laraque

Finalité et coups de la décrépitude

La mort de Papa Doc

Le terrorisme de l’esprit

L’osmose de la proie et l’ombre

Simbi dans les eaux

Nòt pou chapit ak tèks yo

Annex / Anèks

Profil de l’auteur

Pwofil otè a

* * *

Ou ka jwenn liv nan adrès lyen pi devan yo:
Vous pouvez obtenir le livre en suivant ces liens:
You may purchase the book by following these links:

Trilingual PressAmazon

*

Viré monté