Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

 

 

Sèl Pou Dezonbifye Bouki

(Esè politiko-literè sou ekriven kontanporen ak sou trayizon demokrasi, mistifikasyon lengwistik ak lit pou chanjman ann Ayiti)

Otè: Tontongi

 

 

 

 

 

 

 

Sèl Pou Dezonbifye Bouki, Tontongi • Trilingual Press • 2014 • 190 pages •
ISBN 978-1-936431-22-9 • $15.00 + $3.95.

In the Beast’s Alley

Tablo kontni

Entwodiksyon
Chapo-Ba pou 90 zan nesans Jean‑Paul Sartre (1905–1995): Esè sou yon entwodiksyon kreyòl zèv li ak zèv Simone de Beauvoir
Yon liv antoloji Pòl Larak: «Œuvres Incomplètes»
Yon powèt nan Nouyòk
Sou langaj ak idantite
Jak Roumen e lang kreyòl: Li t’ap ekri l plis sil te viv pi lontan
Pou poze baz fondasyon yon akademi kreyòl ayisyen: Kèk konsèy pratik
Itopi tankou posiblite: Ayiti e pwojè imen inivèsèl la
Nesesite ak Idantite: Bezwen pou pwodiksyon ekritoryèl nan lang ayisyen
Bravo pou vot lwa sou Akademi Kreyòl Ayisyenan nan Palman: Valorizasyon nan dyeksyon yon chanjman epistemik ann Ayiti
Ti-moso souvenans ak obsèvans sou kolòk entènasyonal «Panse avèk Jak Roumen jounen jodia»
Trayizon demokrasi, mistifikasyon lengwistik & lit istorik pou chanjman ann Ayiti
Pèsistans prejije malpanse kont kreyòl ayisyen
Ayiti Demen
7

11
25
25
39
51
57
65
69

87
99
117
131
147

boule  boule  boule

Entwodiksyon

Pou entwodiksyon liv sila a mwen ta ka senpman repodwi entwodiksyon liv bileng mwen an Memwa Baboukèt / La Parole indomptée, kote mwen pale de «Memwa rezistans ak Alterite». Mwen defini toutokòmansman kisa alterite ye:

«Alterite nan limenm se sa yon lòt moun ye men li pè devwale l paske yo pa valorize l e vle l fè l wont de li. Nan limenm li pa met andanje ekzistans pa Zòt, ki gen dwa pou li ye sa li vle si li pa menase libète pa lòt moun. Sepandan, yo viktimize alterite, abize l, iyore l malgre limenm. L’ap ret toujou viktimize si li pa inisye yon zaksyon revandikasyon idantitè, sètadi nan sans yon zonbi ki vle goute sèl e ki fè sa li kapab pou li jwenn li.»

Mwen pale tou de Mèt Loulou, premye anseyan mwen te konnen nan klas pre-preparatwa nan zòn Monnatif nan Pòtoprens: «Lekòl la te bati sou jis kat poto bwa ak fetay pay fèy kokoye ak fèy bannann.» Nan yon powèm mwen ekri pou li, mwen di de Mèt Loulou:

…Mèt Loulou te koumanse n aprann konn linan yon silabè avèk po l gri kou yon po kochonw’ap chode rèd nan labatwa.…Mèt Loulou pa te sot nan Katye Latenni l pat te konn vwayaje aletranje;li pa te konn manje sosis nan lanjelis, biftèk ak bènan mitan midi sonnen, ni pwason dous nan lasware.Menmsi gen lè l te kouwè chaloska ki ennèvelè n fè dezòd li te yon nonm ginen vanyan.

Men menmsi gen lè l aji kou chaloska ennève, Mèt Lou pat yon sadik kouwè Frè Jules kay Frères de l’Instruction Chrétienne Rene Depestre pale de li a nan liv li Encore une mer à traverser (Edisyon Table Ronde, 2005). Mèt Loulou te itilize frèt raman, kòm dènye chwa, e pi fò tou kòm deteran. Nan entwodiksyon an, mwen itilize pwonon premyè pèsòn, sou kouman «mwenmenm» mwen wè sèten bagay. Mwen pale de relasyon m avèk mo, ekriti: «Depi m te tou piti mwen te toujou fasine pa mo, pa bèl lèt, pa maji yon lank sou papye, pa elegans ekriti. Jouk jounen jodia, sant lank ak papye toujou ebayi mwen. Nan klas elemantè e segondè, lèt, gramè, narasyon, literati, te sijè prefere m. Mwen te patikilyèman atire pa literati ki te ekziste andeyò kirikilòm (curiculum) ki te anvigè a, kouwè liv pa André Gide, Jacques Roumain, Jean-Jacques Rousseau, Jean-Paul Sartre. Ankenn nan otè sa yo pat aksesib a nou paske rejim Papa Dòk la toujou jwenn yon rezon pou li dekonsidere elèv etidye yo, menm sa ki pat yon menas pou li. Natirèlman otè kouwè René Depestre, Jacques Stephen Alexis, Jean Genet, Graham Greene pat asiste tiraj nan lekòl, elemantè kou inivèsite. Greene pi patikilyèman te deklare persona non grata pa Papa Dòk, sètadi endezirab, depi lè Papa dòk te detekte nan liv misye a The Comedians («Komedyen yo») move bagay ak malfezans ki t’ap pase ann Ayiti e nan sen rejim lan.»

Mwen pale ladann tou de lanmò Jak Estefèn Aleksi. Mwen raple lektè yo kouman diktati sanginè pa respekte jeni. Mwen raple yo koupabilite rejim Papadòk la nan krim asasinasyon misye: «Yon kokennchenn gason ki ede fonde revi La Ruche an 1946, ki dirèkteman deklennche vag zaksyon revandikasyon, manifestasyon ak grèv jeneral ki ranvèse rejim diktati milatris Elie Lescot a an 1946. Rejim Papa Dòk la fòse l nan lekzil an 1960 lè l wè misye pa vle fèmen zye sou depredasyon li. Li vizite Lafrans, Inyon Sovyetik, Kiba, kote li te al chache èd pou goumen kont rejim diktati divalyeris la ki te ap vin deplizanpli represif pandan l’ap rekile peyi a nan babari. (…) Li retounen ann Ayiti ann avril 1961, pase pa Mòl Sen Nikola, pou ede òganize yon revolisyon sosyalis. Se la sanginè tontonmakout rejim lan kaptire misye ansanm ak kèk lòt kanmarad; apre yo bat e tòtire li, yo voye l nan Pòtoprens kote yo asasinen l. Otè plizyè liv enpòtan, Jak Estefèn Aleksi senbolize rezistans pèp la kont opresyon, abizasyon ak esklizyon. Pami zèv misye yo, genyen Compère Général Soleil, Les Arbres musiciens, Romancero aux étoiles, l’Espace d’un cillement, elatriye. Zèv misye yo reprezante yon akizasyon de sosyete enjis, mizerab, represif ayisyen an, li montre tou bon kote pèp la k’ap lite pou solèy la briye pou tout moun, pou yon Ayiti kote rezistans ak lanmou marye pou fè lavi kontinye nan lespwa.»

Mwen pale tou de «pourisman degradan» ki kontamine anvironnman politik la ann Ayiti. Yon pourisman ki wè nonsèlman koudeta banditis maryonnete pa «kominote entènasyonal», men tou yon pwotektora lonizyen k’ap fè travay sal enperyalism Etazini ak Lafrans. Natirèlman, tranblemanntè 10 janvye 2010 la vin agrave tout bagay, e ranfòse depandans Ayiti anvè letranje.

Ironikman, mwen remake ke se nan entwodiksyon fransè liv bileng lan mwen adrese keksyon politik dominasyon lang sou lang nan sosyete ayisyen an. Rezon an, m panse, sèke enkonsyamman, lefètke m’ap ekri an kreyòl ayisyen montre ke m deja defye epistemè siperyorite lang fransè a, donk mwen pat wè bezwen pou mwen adrese l kritikman, paske mwen deja montre mwayen pou depase l. Sou keksyon sa a, men sa m di nan entwodiksyon fransè a: «Yon lang—ke l se yon lang yo domine ou pa—plis ke yon mwayen kominikasyon, li se alafwa machin avèk ki pouvwa Leta eksèse devwa l yo e reprezantasyon senbolik pouvwa a.»

Mwen di tou antanke ekriven ki ekri e pibliye an fransè, mwen se yon «pratisyen ki patisipe nan eksèsis dominasyon l». Mwen site Jean-Paul Sartre ki di ekriven frankofòn yo «sèvi avèk aparèy-a-panse lennmi an». Mwen di, repwodui e kiltive lang ak kilti fransè ann Ayiti se yon bon bagay nan limenm paske yo anrichi anpil patrimwàn kiltirèl limanite; men sepandan si w itilize yo pou kraze e eskli lang ak kilti kreyòl ayisyen yo oubyen tout lòt lang ak kilti, se yon bagay orib e kondanab.

Mwen te fini entwodiksyon an sou yon nòt optimis, kote m poze aksan sou «lòt figi» Ayiti genyen an, yon lòt figi ki se lekontrè figi repousan e negatif moun konnen de Ayiti a e ki fèt «de koudeta, represyon, abi dwa-de-lòm, mizè sosyo-ekonomik, envazyon gran-blan kont peti-nèg, emigrasyon, bòtpipol, lanmò de mas prematire, pèdisyon ekzistansyèl. Lòt Ayiti sila a se yon Ayiti fi fèt de pwezi, de mizik, de elevasyon atizay, les arts; yon Ayiti ki fèt de venerasyon yon imanism òganik, yon Ayiti ki fèt de solidarite anpirik, de yon enpati pwofon avèk pwochen kretyenvivan; yon Ayiti ki gen plis atispent, plis powèt, plis mizisyen, plis tirèkont, plis ekriven, plis eskiltè, plis dansè ak dansez, plis eskiltè, plis teyatmann e plis komedyen ke tout lòt peyi nan lemonn.».

Nou tèmine entwodiksyon an kote nou salye kapasite Ayiti ak Ayisyen genyen pou yo andire trajedi, men nou fè soti klè ke pasyans pou andire trajedi se yon vèti ki posib gras ak lespwa movez pas lavi chak jou yo yon jou ap vin kaba. An n repete isit lan sa nou di alafendèfen entwodiksyon an: «Ayiti se yon pwojè inivèsèl pou libètè ansanm ak yon pari sou demen, yon pari sou sa ki bon e bèl nan nou.»

Yon dènye mo sou tit liv la. Sèl pou dezonbifye Bouki ka konprann nan kontèks ayisyen an san anpil difikilte si w refere w a imajri konseptyèl ki soti nan mitoloji kilti vodou ayisyen an: Kwayans yon zonbi ki goute sèl ap vin reprann nanm li oubyen pran konsyans sou sitiyasyon zonbifikasyon an. Donk, zonbifikatè oubyen eksplwatè a a fè tout sa li kapad pou evite pou zonbi a goute sèl. Lè n konprann malvi Bouki oubyen malsite ka koze pa zonbifikasyon, nou konprann dezonbifikasyon enpòtan nan tout pwosesis liberasyon.

—Tontongi  

boule  boule  boule

Chapo-Ba pou 90 zan nesans Jean‑Paul Sartre (1905–1995): Esè sou yon entwodiksyon kreyòl zèv li ak zèv Simone de Beauvoir

Lè yon jèn tifi etidyan blanch te aproche Malcolm X e mande li ki sa li ka fè pou l ede koz pèp nwa ameriken an, misye te reponn li li ta preferab pou etidyan an ale nan «milye blan yo» pou li ede chanje sistèm enjistis ke blan yo tabli a.

Presèp dizon sila a pa gen ankenn moun ki pi aplike li ke Jean-Paul Sartre ak Simone de Beauvoir, yon kouplay de de nan pi gran filozòf Lafrans akouche depi tout listwa li. Sa Malcolm X te vle di nan parabòl sa a se: se pa patènalism ak charite kretyen k’ap kapab demantibile sistèm opresyon ki ekziste a; sa ap rive sèlman lè klas ak pèp domine yo yomenm òganize pou yo goumen e chanje sitiyasyon an, epitou lè moun ak sektè pwogresis ki sòti nan milye sa yo yomenm pran konsyans e goumen pou chanje pwòp sistèm ke yomenm tou ka privilejye andann lan.

Jean-Paul Sartre (1905–1980) te yon loraj kale depi li te toupiti. Misye te gen sèlman douz zan lè li te ekri premye liv li, de ti roman, Pour un Papillon, Le Marchand de braises, kote li dekri (e kritike antreliy) milye sosyal e familyal li t’ap viv la. An 1943, nan tyouboum peryòd fachis e Dezyèm gè mondyal nan Ewòp, Sartre pibliye yon trete filozofik, L’Être et le Néant, ki rejte tout ide otorite, tout sistèm alyenasyon ak dominasyon, e tout baryè, estrikti sosyal, politik e entelektyèl ki ekziste pou anpeche moun «viv libète yo». Liv la te fè yon pakèt bri nan lemond e li vin pwopaje mouvman filozofik yo rele «Ekzistansyalism» la.

Tèz fondamantal ekzistansyalism la se deklarasyon li ke «ekzistans presede (vin anvan) esans»; yon pozisyon ki ranvèse radikalman kwayans filozofik tradisyonèl la depi tan Platon (427–347 anvan tan Jezikri) ki te toujou mete «esans», sètadi yon swadizan karaktè ideyal, predetèmine, pèmanan, nati moun, ki kòmkwa kondisyone definitivman kondwit lavi yo. Sartre pat dakò ak tèz sa a, li refite li pou l deklare ke okontrè ekzistans, sètadi kondisyon pratik moun ap viv, vin anvan esans yo, otreman di, kondisyon pratik lavi yon moun vin anvan sipozisyon karaktè ideyal, predetèmine nati moun lan. Pozisyon filozofik sa a te deja mete misye nan prèske menm dyeksyon avèk Karl Marx, ki li te di filozòf yo te pase twòp tan ap divage sou «esans» mond la: li lè pou yo chanje li!

Sartre itilize (e metrize) plizyè fòm, medyòm e disiplin entelektyèl pou li pwopaje zèv li: roman, teyat, kritik literè, biografi literè, otobiografi, esè (etid) politik, jounalism, filozofi, elatriye. E misye te maton e konesè nan tout nan yo. Paekzanp, byenke plis moun te konnen misye akoz pyès teyat li (pami yo Les Mains sales, Le Diable et le Bon Dieu, Les Séquestrés d’Altona) e zèv politiko-filozofik li (L’Être et le Néant, Critique de la Raison Dialectique, Les Situations, elatriye), misye te resevwa Pri Nobèl la an 1964 pou zèv literati li yo, patikilyèman pou roman La Nausée, Les Chemins de la liberté, e pou sitou Les Mots, yon otobiografi ki sèlman kouvri douz premye ane lavi Sartre, e ke tout moun konsidere kou yon chef d’oeuvre, yon chelèn literè klasik. Li deklare nan liv sa a ke li te deside pou l pa kwè nan Bondye ak relijyon depi lè li te toupiti: Granmè li ak granpè l konn pase tout tan yo sou tab dine lakay yo ap fè diskisyon sou kiyès nan relijyon yo a (youn te katolik, lòt la te pwotestan) ki pi bon. Tibonòm Sartre konkli si y’ap diskite konsa a sou kiyès ki pi bon, tou de dwe pa bon!

Kòm nou konnen, Sartre refize asepte Pri Nobèl la; e sa sèlman nan limenm te fè yon gwo eskandal nan milye literè nan lemond antye, paske se te yon bagay ra pou yon moun refize Pri Nobèl la, yon konsekrasyon prestijye ke tout moun ta renmen resevwa ! Sartre jistifye rejetasyon li de Pri Nobèl la pa fason klas dirijan entelektyèl ewopeyen yo itilize li pou yo fè pwopagann kont peyi sosyalis yo; li kritike lefètke yo pa janm bay yon ekriven ki sot nan rejim kominis yo Pri a. Epitou Sartre mande komite jij nan Stockholm yo «kiyès ki bay yo dwa ak otorite pou yo deside de valè ak enpòtans lòt ekriven?». Misye panse ke sa tou se yon lòt fòm kolonyalism kiltirèl. Finalman,

Aswiv…

boule  boule  boule

Yon liv antoloji Pòl Larak: «Œuvres Incomplètes»

Yon powèt nan Nouyòk

Pòl Larak (Paul Laraque) pibliye nan mwa avril 1999 la yon antoloji tout zèv pwetik li nan lang fransè sou tit, Œuvres Incomplètes, edisyon CIDIHCA.

Liv la gen 330 paj e li kouvri plizyè epòk nan pwodiksyon pwetik Larak: Apati de sa frè li, Frank Larak, ki prefase liv la, rele «epòk tantasyon sireyalis», an pasan pa epòk «opsyon marxis» la, jiska epòk «dènye sezon» an. Chapit ki titre «La dernière saison» an, ki konpile tèks misye ekri nan dekad ane 1990 yo, se yon sòt «koudèy entrospektif e retrospektif» misye voye sou vi li e dewoulman istorik lit, katastwòf ak espwa pèp ayisyen an. Ti powèm kout (1992) ki rele «Que reste-t-il» la devwale prèske tout Larak:

Sur les débris du songe
triomphent crime et mensonge
l’espoir crucifié
la flèche au coeur de la liberté
que reste-t-il
de notre avenir
sinon ressusciter

Nan debri rèv nou tounen
krim ak manti triyonfe
espwa sakrifye sou lakwa
flèch pyese kè libète
ki sa ki rete
pou avni nou
si se pa resisite
(tradiksyon pa nou)

Piblikasyon antoloji a vini nan yon moman trè difisil nan vi prive Pòl Larak. An novanm 1998, misye te pèdi madanm li, Marcelle Pierre-Louis, ki te gen ti non jwèt «Mamour». Mamour te trepase apre de zan doktè te dyayostike kansè nan li. Koup la te ansanm depi karant-twit tan, maronnen youn ak lòt nan peyi lakay kou lòtbò dlo. Lè w te wè yo ansanm, menm nan koumansman vyezaj yo, ou ta di se te de ti jèn pijon ki t’ap viv lanmou nan sezon prentan. Apre lekzil koup la e debakman yo nan Etazini, Marcelle te vin yon fonsyonnèz nan ONI (Òganizasyon Nasyon Ini).

Kontrèman ak powèt-revandikatè mari li, ki ap toujou panse ak lit pèp e rele pou revolisyon, Marcelle te yon moun trè senp, ke w pap tande pale de li, men ki ap fè travay yo mache korèkteman. Li te poto-mitan fanmi an, «baton vyeyès» Paul, daprè Max Manigat, jiskaske maladi kansè atake l an 1996. Natirèlman, Larak te enkosolab. Pou l te sipòte lapenn li, li ekri nan Haïti-en-Marche yon temwayaj sou «Mamour» ki se youn nan pi bèl memoryal yon vèf ka fè sou lanmò madanm li: «Toi qui fus en Mars celle qui m’a délivré.»

Youn nan gran merit antoloji a se lefètke li mete tout zèv pwetik an fransè Larak nan yon sèl sak; men sa kite tou yon ti gou anmè nan bouch, paske nou ta renmen wè anmenm tan an antoloji zèv an kreyòl misye ansanm ak lòt ekri politik misye (ke editè yo anonse pou yon lòt tan e se sa k fè yo rele antoloji a «Zèv enkonplè»). Nan prefas Frank Larak la, misye kapte esans Pòl Larak kan li di anpil moun admire «la permanence de l’intégrité et du patriotisme de Paul». Frank karakterize lavi Pòl tankou yon «double dépassement: dépassement poétique et dépassement idéologique». Depasman ideyolojik la vle di jefò Pòl fè pou li ale kont enfliyans milye boujwa li te leve a; depasman pwetik la limenm, se kominyon souf pwetik misye avèk ideyal libète nan revandikasyon popilè yo; kouwè Frank di, lakay Pòl «demeure entier le droit à la création sans aucun contrôle bureaucratique de leaders en mal de pouvoir absolu et tyrannique». Frank panse ke enfliyans ekriven revolisyonè kouwè André Breton, Jean-Paul Sartre, Jacques Roumain oubyen Frantz Fanon anpeche marxism lan vin tounen yon «dogm rijid k’ap asepte vyole dwa moun».

Rosemary Manno, ki tradui liv bileng misye a, Camourade (1988), pran Larak pou youn nan pi gran powèt k’ap viv; e lè mwen te mande Jack Hirschman, yon gran powèt meriken

Aswiv…

boule  boule  boule

Sou langaj ak idantite*

Èske ou ka fonde yon idantite nasyonal lengwistik oubyen kiltirèl nan yon relasyon dominasyon yon lang pa yon lòt? Nan premye chapit liv mwen Critique de la francophonie haïtienne ki titre «Pwoblematik la ak istorik li», mwen montre foste ki kache dèyè idantite «frankofòn» yo kole sou non Ayiti ansanm ak ekriven ayisyen ki ekri an fransè. Nan ka Ayiti, ekspresyon «peyi frankofòn» oubyen peyi ki fè pati de «Frankofoni» ki pretann Lafrans se «manman patri», yon pwisans bon samariten, ki pwoteje w e ki ap pote ba w «inivèsalism», se yon jebede, yon mistifikasyon. Reprezantasyon romantik yo fè de Lafrans ansanm ak kilti fransè a kòm swadizan yo se faktè ki lejitime lòt pèp, se yon wonga poud-nan-zye klas dominan Ayiti ak Lafrans yo met sou pye pou kontinye yon sipè-reyalite neo-kolonyal (nan sans marxis de yon sipè-estrikti) ki la pou mentni yon Ayiti endepandan sou dominasyon.

Anplis, nou rejte avèk fòs nosyon ke ou ka fonde idantite nasyonal yon peyi—keseswa yon idantite politik, etnik oubyen lengwistik—apati de senk ak dis pou san de popilasyon peyi a. Se kòm ou ta rele Etazini yon peyi «espayofòn», «sinofòn» ouswa «arabofòn» paske gen yon minorite fò nan popilasyon l lan ki pale espayòl, chinwa oubyen arab. Se kouwè Yves Dejean di: «Pa gen ankèt ki pèmèt nou wè vrèman konbyen moun ann Ayiti k’ap babye ann anglè e ann espayòl sèlman ap degaje yo nan lang sa yo, oubyen pale yo kouramman. Men ankenn obsèvatè ki gen bon sans pap ka deklare lang pèp ayisyen an se anglè, espayòl oubyen fransè, sof nan dènye ka fransè a kote yo jwe sou yon konfizyon ant yon lang ou batize ofisyèl e legal daprè volonte yon ti ponyen de sitwayen (Konstitisyon 1918 la, Atik 24; e sa 1987 la, Atik 5) e yon lang tout moun ki fèt e elve ann Ayiti pale (7 a 8 milyon). [tradiksyon pa nou de fransè]1»

Se sèl yon reflèks neo-kolonyalis ki ka esplike deziyasyon Ayiti ak ekriven ayisyen yo ki ekri an fransè antanke «frankofòn» olyede «kreyolofòn» kan ou konnen nonsèlman totalite

popilasyon ayisyen an pale kreyòl, men tou plis ke katrevenkenz pou san ekriven ayisyen ki ekri an fransè pale kreyòl kòm lang matènèl yo pale nan lavi chak jou.

Natirèlman, itilizasyon yon lang nan limenm pa bay idantite, men ou pa ka gen yon idantite literè ou lengwistik otantik nan yon sitiyasyon kote lang matènèl yon pèp oubyen yon ekriven entèdi, devalorize oubyen siprime. Idantite se pa tou yon senp deziyasyon oubyen idantifikasyon avèk yon reprezantasyon senbolik dominan. Li dwe genyen tou sa Jean-Paul Sartre rele yon «otantisite», sètadi yon estaj nan konpletid yon kretyenvivan k’ap viv libète l nan chwa li genyen.

Epitou, nan sans kache tèm «frankofòn» lan, li siyifi non inikman yon moun ki pale oubyen ekri fransè, men tou yon antite lengwistik, kiltirèl e politik ki patisipe nan pwojè ejemoni kiltirèl e jeo-estratejik peyi Lafrans. Li siyifi adezyon nan «mission civilisatrice» neo-kolonyalis Lafrans, nostalji anvè glwa pase li, fwa nan yon kilti «klasik» siperyè, antouka, poze l kou yon altènativ, yon lòt «pèspektiv kilti» pou kontrekare itilitarism, materyalism ak globalism kilti dominan anglo-saksonn lan2.

Lang yon pèsonn** oubyen yon pèp se pa sèlman bann son, siy, imaj e enfleksyon vwa; li se tou e sitou reprezantasyon de fonksyon, ran, klas oubyen pouvwa moun lan oubyen pèp lan ekzèse nan relasyon endividyèl, sosyal oubyen entènasyonal li genyen ak lòt moun oubyen ak lòt pèp.

Fondman teorik ak presedans

Tankou Jenèz Labib montre, saj ak mistik nan Loryan yo te deja dekouvwi sekrè relasyon dyalektik ki genyen ant langaj, pèsepsyon e konesans. Plis ke yon senp manifestasyon fizyolojik e sansoryèl, langaj gen yon alterite ontolojik, plizyè dimansyon absoli: li ka di bèl pawòl pou lapè, oubyen tou pou lagè, li ka deklare lanmou oubyen simen lapenn, li ka chante lespwa oubyen yon konsepsyon sinik sou lavi, elatriye. Kidonk langaj ka yon avantaj oubyen yon pyèj, yon afimasyon oubyen yon alyenasyon.

Nan liv li ki rele Langaj e konesans, filozòf Adam Schaff site Johann Gottfried Herder (1744–1803) ansanm ak Wilhelm von Humboldt (1767–1835) nan rechèch li pou li jwenn yon teori konsistan sou langaj ansanm ak «wòl aktif e fòmatè li jwe nan pwosesis konesans moun». Misye te pi patikilyèman enterese nan sa Herder vle di lè li di «sistèm lang nasyonal yon pèp fòme vizyon sou lemond manm nasyon an genyen». Schaff site tou Humboldt ki di «genyen nan chak lang yon vizyon mond la». Misye di: «Tout fason sijektif nou wè objè yo pase nesesèman nan jan nou chapante e itilize langaj. (…) Kouwè nou konnen sijektivite toujou makonnen ak yon pèsepsyon objektif, nou ka deja konsidere, endepandan de lang lan, tout endividyalite imen tankou yon pwendevi pwòp pou yon vizyon sou mond lan. Men vizyon sa a vin ranfòse pa langaj, paske koulyea mo a limenm vin tounen yon objè parapò avèk nanm moun lan, e li vin pote yon patikilarite siplemantè ki distenge l de sijè a si tèlman ke gen twa bagay ou wè nan konsèp lan: anprent objè a, fason sijè a resevwa li, e efè mo a pwodui antanke son lengwistik. Efè sa a mo a pwodui a nesesèman domine nan chak lang pa yon analoji konstan; e kou nou konnen tou nan chak nasyon gen yon sijektivite omojèn ki deja ekzèse aksyon li sou lang lan, kidonk genyen nan chak lang yon vizyon sou mond lan. (…) Divèsiteant lang yo se pa divèsite son ak siy, men yon divèsite ant diferanvizyon sou mond lan.3»

San reponn yo konplètman, Schaff poze tout keksyon enpòtan ki jwenn ak dyalektik relasyon ant langaj ak idantite, jan relasyon pote-m-m-pote-w yo genyen youn ak lòt: «Èske yon sistèm lengwistik detèmine enfliyanse yon fason defini pèsepsyon ak konesans? Si wi, nan ki pwopòsyon sa rive?» Schaff mande. Misye anplifye keksyon sa a ak de lòt nan menm liy ide a: «Èske fason yon moun pèsevwa mond lan endepandan de fason li panse, kidonk sistèm lengwistik done nan ki moun
lan panse a? Èske ‘fè brit’, fè ki ekziste nan yomenm vrèman ekziste nan eksperyans, nan sans endepandans sansasyon
parapò ak lòt eleman vi mantal yon moun, pi patikilyèman langaj? Si langaj enfliyanse pèsepsyon, pakonsekan totalite
konesans imen, èske sa pa vle di diferan sistèm lengwistik bay diferan pwosesis konesans? Èske sa ka diferansye ‘vizyon natirèl sou mond lan’ sosyete a bay tèt li an menm tan l ap anseye manm sosyete a yon lang?4»

Sa ki vrèman enterese nou koulyea, se pa rezoud deba sou relasyon ant langaj avèk panse e konesans, men jan de dega yon lang yo prete w oubyen yon idantite lamayòt, fiktif (fiktif nan sans idantite «frankofòn» yo bay Ayiti a) ka genyen sou ekilib mantal ak otantisite idantitè yon endividi oubyen yon nasyon. Edward Said, ki ekri anpil sou pwoblematik dominasyon kiltirèl ant kolonize ak kolonizatè, pa di anpil sou faktè langaj nan troma ak lapenn fè kolonyal koze. Nan liv li Kilti e enperyalism, yon liv trè enfliyan, Said pa konsakre ankenn chapit sou pwoblematik langaj, ou ta menm di li pa ekziste; li plase li de preferans nan kad jeneral dominasyon kiltirèl enperyalis: «Gwo lekòl kolonyal yo, pa ekzanp, Said di, te konn anseye a plizyè jenerasyon boujwazi natif-natal verite enpòtan sou listwa, lasyans e kilti. Yo tire de ansèyman sa yo konesans fondamantal sou lavi modèn, sepandan yo rete tèt soule e depann de yon otorite ki baze andeyò de yomenm.» Said di «ekriven post-kolonyal» yo (yon tèm nou pa trouve ki kòrèk) gen pou devwa pou yo «konsève pase yo» e anvizaje pratik ak «vizyon revize sou pase» pou yo ka met sou pye yon«fiti post-kolonyal» kote «natif-natal yo te fè fè silans yo vin pale e aji sou yon teritwa rekonkeri, nan kad yon mouvman rezistans jeneral kont kolonizatè5».

Frantz Fanon, limenm, te rekonèt touswit nan koumansman liv li, Peau noire, masques blancs, nan yon chapit ki titre «Moun nwa e langaj» ke: «Pale se anplwaye yon sèten sentaks, metrize mòfoloji tèl ou tèl lang, men sitou se asime yon kilti, sipòte pwa tout yon sivilizasyon.» Apre l te obsève ravaj-dega «desounman» ka Antiyè yo nan metropòl Lafrans, Fanon di: «Nwa a ap santi l pi blan, sètadi pi prè yon moun tout bon, plis li adopte lang fransè a. (…) Yon moun ki posede yon langaj posede anmenm tan an mond ki eksprime e enplike pa langaj la. (…) Antiyè nwa a, keseswa kiyès li ye [e kouwè tout kolonize] toujou sitiye tèt li parapò ak yon langaj.»

Fanon kontinye: «Nwa ki te frekante metropòl la te kouwè yon demi-dye», sejou l an Frans «transfòme l radikalman». Pou boujwazi nan Antiy yo limenm, Fanon di«li pa vle anplwaye kreyòl, sof nan rapò l avèk domestik li yo. Nan lekòl tijèn Matinikè a aprann meprize lang kreyòl la e manman yo rele timoun yo ‘tibanbann’ lè yo itilize kreyòl».«Wi, Fanon kontinye, fòk mwen prete atansyon ak jan mwen pale, se apati de limenm y ap vin jije mwen… Y ap di de mwen, avèk anpil mepri : li pa menm konn pale fransè»—n ap ka ajoute tou ekspresyon Léon Damas lan, site pa Fanon, li pa menm konn pale «le français de France / le français du Français/ le français français.6» Fanon ekri prèske tout zèv pibliye li yo an fransè, kidonk obsèvasyon l yo pa soti de yon santiman anti-fransè, men de preferans de yon ekzamen psichik an pwofondè an kalite psikyat Fanon te ye. Kontrèman ak «kreyolitis» yo jounen jodia7, ki fè de lang fransè a yon fetich, Fanon itilize li tankou yon enstwiman, men misye pat pèdi lòlòj li pou sa: «Pale yon lang, misye di, se asime yon mond, yon kilti. Antiyè a ki vle blan ap vin plis santi l blan plis li apwopriye enstwiman kiltirèl lang blan an.» Fanon prezante objeksyon kont mo André Breton te anplwaye pou li te felisite Aimé Césaire nan entwodiksyon Breton te ekri pou liv Césaire a Cahier d’un retourau pays natal. Breton te ekri: «Misye se yon Nwa ki manye lang fransè a pi plis ke nenpòt kèl Blan.» Fanon te trouve mo sa yo trè patènalis, pwodui yon rasism enkonsyan, paske li pat wè poukisa Breton te wè paradoks lakay Césaire poutèt bèl fransè li ekri alòske misye te agreje nan Inivèsite.

Fanon sezi pwoblematik ki gen nan lang moun pale nan tout konpleksite epistemolojik li, li diseke tou maladi nan anatomi li e destabilizasyon mantal li kreye lakay yon oprime. Echèl valorizasyon etnik e sosyal la te si tèlman desounen nanm oprime yo yomenm, ke yo analize Antiyè ki retounen sot nan metropòl la avèk anpil atansyon pou wè sil ka pale fransè san fot oubyen si misye si yon blofè, Fanon obsève: «Lefètke pou Nwa ki retounen an vin adopte yon lang diferan de sa kolektivite li te fèt la pale te montre te gen yon dezoryantasyon, yon klivaj.» An metropòl echèl valorizasyon an pouse anpil Nwa yo itilize trikaj pou yo ka chanje plas, Fanon te lamante: «Lè yon Senegalè aprann kreyòl pou l fè tèt li pase pou yon Antiyè: mwen di sa se alyenasyon. Si Antiyè yo ki wè sa fè blag sou misye: mwen di sa se mank de konpreyansyon.8»

Konsènan «chwa» lang fanse a, anpil ekriven e pansè pwogresis ki anplwaye l motive pa yon estrateji endividyèl delibere pou sèvi de sa Jean-Paul Sartre rele « aparèy-a-panse ansyen mèt la» pou idantifye, denonse, devwale aryè-panse, malfezans ak alyenasyon kolonizasyon. Men kouwè Sartre di tou, tout bagay sa yo se «kaka nan zye» paske kolonizatè a«fè yon jan pou li rete yon medyatè avi» nan tout zaksyon kolonize a. Anplis, èske yo te vrèman gen chwa nan yon sitiyasyon kote altènativ la se anplwa yon lang non-ewopeyen ki ka kondane yo nan ekzil, nan yon ghetto entelektyèl nan sen pwòp peyi yo?

An n di tou, pou defans yo, ke anpil nan ekriven ak pansè sila yo te enfliyanse pa metodoloji materyalis marxis la ki privilejye rapò pwodiksyon e echanj olyede medium kominikasyon ki anplwaye nan rapò sa yo. Kritik Karl Marx sou sipèestrikti kapitalis e kolonyalis la pa enkli ladann l dominasyon lengwistik ; li jije ide ak konsepsyon ki fonde e jistifye eksplwatasyon pi enpòtan.

Men pèp domine e eksplwate yo ki gen yon lang matènèl domine e ki oblije «kominike» nan yon lang etranje yo enpoze sou yo, pa viv pwoblematik la an tèm inikman de rapò pwodiksyon; yo viv li tou nan sa mwen ta rele yon desounman mantal e meta-sosyal, yon dezekilib psichik, yon depèviman ki demoli tout chans yo ta genyen pou yo vin yon moun ki konplè, tout chans pou yo vin viv richès bèlte zèl vole lavi, paske ravajdega dominasyon langajyè a te antre nan zantray reprezantasyon idantite yo, e koze anpil troma ki anvayi santiman yo genyen de ki moun yo ye nan lavi chak jou yo, sa yo pèsevwa e sa yo ta renmen ye. E moun sa a ki pèdi lapawòl vin pèdi nanm li tou paske li entènalize byenfonde kolonizasyon, e beni pwòp dekiltirasyon li tankou yon entèvansyon Lapwovidans ki te vin rann nesesè akoz de bezwen swadizan sivilizasyon ak pwogrè. Konsènan sitiyasyon patikilye ann Ayiti, nou tout konnen wòl senbolik e pratik e predominans pwisans reprezantasyonèl pale fransè genyen nan sosyete ayisyen an. Jean-Jacques Dessalines, ki pa te konn pale fransè, te pwononse diskou endepandans la an kreyòl, men touswit aprè Boisrond Tonnerre te wè li nesesè pou l te pwononse Ak Endepandans la an fransè. Daprè Maximilien Laroche zak sila te endike yon devyasyon enpòtan, yon kasaj, yon chanjman desizif parapò premye zak senbolik Desalines te fè lè li te chanje non fransè Saint-Domingue pa non endyen Ayiti.

Pou lontan ann Ayiti, si ou pat pale fransè ou pat konsidere anyen nan dinamik relasyon pouvwa reyèl nan sosyete a. Nou sonje tou lè nou louvri bouch nou nan klas e mèt oubyen madmwazèl lekòl la fè kè nou sote anba entèjeksyon: Exprimezvous!», yon entèjeksyon ki te fè nou santi tankou nou pat yon moun total-kapital paske nou pat gen dwa alapawòl, sètadi a pawòl pa nou, e non pa yon pawòl tronke, enpoze. Menm apre monte opouvwa François Duvalier ak tontonmakout yo, kote reprezantasyon pouvwa a te yon ti jan chanje ran oubyen klas sosyal anpil moun, kote kèk moun te gen dwa de vi e de mò sou lòt moun, fòs senbolik e reprezantasyonèl pale fransè pat janm chanje. Avèk tou preponderans pwisans global angle ak kilti anglo-saksonn lan vin pita genyen nan reprezantasyon pouvwa reyèl ann Ayiti, relasyon ant lang ak idantite patisipe nan yon relasyon de pouvwa nan nonsèlman relasyon dominan-domine ki genyen ant fransè ak kreyòl, men tou nan relasyon dominan-dominan ant fransè ak angle ki pataje espas entelektyèl ayisyen an, e ki aktivman angaje nan travay enferyorizasyon ak zonbifikasyon lang ak kilti afro-kreyòl ayisyen yo. Pandan de syèk lekòl ann Ayiti te fèt inikman an fransè, men nan lis matyè ki enseye yo ou te wè lang laten, grèk, anglè e espayòl; men ankenn mansyon pat janm fè de kreyòl, ni ekri ni oral.

Relasyon ant lang ak idantite nan yon sitiyasyon dominasyon lengwistiko-kiltirèl se alafwa pwodui yon melanj konfli, antagonism e kontradiksyon anmenm tan an yon posiblite devlope yon rapò dyalektik e afimativ, sètadi yon volonte, yon desizyon delibere e detèmine pou afime dwa ak preogativ lang ak kilti domine yo. Pa ekzanp relasyon dominan-domine ant laten ak fransè diran premye tan devlopman lang fransè a, e desizyon Kadinal Richelieu pran finalman pou tabli Akademi Franse a. Sepandan, deliberasyon ak detèminasyon ki te desizif yo, se kouraj ekriven yo te genyen e sakrifis yo te konsanti fè pou yo ekri e pibliye an fransè menm lè milye entelektyèl dominan yo pat anfavè yo.

«Kreyolite» oubyen kreyòl kou matyè premyè?

Nan premye chapit liv sila a mwen montre movèz fwa, manti ak mistifikasyon ki chita dèyè deziyasyon Ayiti tankou yo peyi «frankofòn», manm apaantyè de «Frankofoni», klib neo-kolonyal Lafrans ak ansyen koloni li yo met sou pye pou kontinye dominasyon kiltirèl fransite.

Yon lòt pratik nou denonse nan chapit sa a, se itilizasyon lang kreyòl la pa sèten ekriven ayisyen e antiyè tankou matyè premyè oubyen materyèl brit pou pèfeksyone bèl chelèn chedèv an fransè; se kouwè kondisyon zonbi a ki fè tout travay sou chan an men ki pa gen ankenn dwa ni reprezantasyon nan lakou bòkò a. Pratik sa a ann Ayiti, byennantandi, dire prèske tout disnevyèm syèk la e mwatye ventyèm syèk la. Li reparèt jounen jodia ka anpil ekriven an Matininik e Guadeloup sou nouvèl lekòl literè yo rele «kreyolizasyon» oubyen «kreyolite» prekonize pa ekriven kouwè Aimé Césaire, Edouard Glissant, Jean Bernadé, Patrick Chamoiseau, Raphaël Confiant, elatriye. Byenke nou dwe felisite Bernadé, Chamoiseau e Confiant pou jefò yo deplwaye anfavè ekriti ak pwomosyon lang kreyòl ann Matinik e Guadeloup, konsèp «kreyolite» yo pwomouvwa a pa depase itilizasyon lang kreyòl tankou materyèl brit e ajou folklorik nan elaborasyon liv chelèn ki ekri an fransè. Aranjman sa pa ede anyen avansman lang ak kilti afro-kreyòl antiyè yo, pwiske li kenbe yo nan menm wòl enferyè yo ba yo nan yon rapò pouvwa ki benefisye lang-kilti dominan an. De plis, nou pa wè kouman pale de patrimwàn ak emosyon afrokreyòl nan bèl chedèv fransè ka ede devlopman, pwomosyon ak valorizasyon lang ak kilti afro-kreyòl yo. Natirèlman, anplwa yon lang nan limenm pa ka bay oubyen siyifi yon idantite. Antanke medium kominikasyon ak siyifikasyon, yon lang se dabò yon enstwiman; men lè yo plase li nan yon plan senbolik e reprezantasyonèl, li vin gen lòt siyifikasyon, sitou nan relasyon pouvwa ant klas sosyal yo (ki vin reflekte nan rapò endividyèl diran echanj chak jou yo). Rapò pouvwa sa yo toujou rive nan sitiyasyon «diglottique» kote genyen yon relasyon enferyorite ant de lang (tankou nan ka laten parapò ak lang lokal yo, fransè parapò ak lang pèp kolonize yo oubyen nan sen klas dominan Ewòp yo).

Nou konnen genyen yon ògàn ki fransè nan manman kò kilti ayisyen an, yon ògàn ki rich ak grann kalite chedèv literè e atistik nivo mondyal ki remonte depi fondasyon nasyon an. Se yon fè istorik ankenn moun pa ka denye. Sepandan, se sèlman apeprè senk a dis pou san popilasyon total peyi a ki gen aksè ak e absòbe kilti fransè a, katrevendis pou san rès yo pa gen aksè e pa konnen lòt kilti ke kilti afro-kreyòl oral la. Esklizyon pati afro-kreyòl kilti ayisyen an remonte depi premye jou nesans peyi a, lè nouvo dirijan e nouvo klas dominan yo te vle fè pwisans kolonyalis etranje yo wè yo pat yon bann«barbares» e «sovaj», pale fransè e anbrasman kilti fransè a te la donk pou prouve yo te «sivilize».

Te gen esklizyon, men te genyen tou polarite, paske lòt kilti domine a t’ap kenbe reziste e chache afime l diran tout istwa peyi a. Poutan, mistifikasyon an kontinye rete djanm. Lè, pita, avèk mouvman endijenis la, yo te vin rekonèt e revandike pati afro-kreyòl la, boujwazi elitis anti-afrokreyòl la te fè yon jan pou yo sèvi de li tankou senpleman yon matyè brit fòlklorik, oubyen kòm amizman pou touris. Lè yo te vin evantyèlman fè kreyòl la youn nan de lang ofisyèl peyi a (ann adisyon ak fransè), se te yon gwo pa ann avan sou plan senbolik, men yo sanble te fè sa yon fen nan limenm olye yon kòmansman. Polarite, dualism de kan ant sa Idi Jawarakim rele«francolonisés» yo e afro-kreyòl yo—ansanm ak mas analfabèt monoleng kreyòl yo—se yon eksperyans yo viv nan kontradiksyon paralèl, sètadi kontradisyon ki menm lè eleman yo ap monte youn kont lòt, yo pa chanje anyen nan estati quo a paske yo senpleman suiv vwa paralèl yo, paske tou de kontradiksyon yo pataje menm kwayans nan premis fondamantal fè kolonyal la, sètadi ke lang ak kilti fransè a siperyè de lang ak kilti natifnatal afro-kreyòl la.

Ant frankolonize e afro-kreyòl yo gen menm aseptasyon premis sipèestriktirèl kolonyalis yo ki sipoze ke fransè a, antanke lang «entènasyonal» e «ewopeyen» dwe domine lang ak kilti afro-kreyòl ayisyen an. Se jisteman la kote pwoblèm lan ye, paske ou senpleman pap ka genyen yon afimasyon idantitè otantik si ou kwè lang ou pale a ak kilti ou genyen an enferyè de yon lòt lang ak kilti. Gen moun ki evoke lefètke kreyòl la se yon lang «à base lexicale française», sètadi ki baze sou vokabilè fransè, pou di ke li enferyè a fransè. Dabò, si se vre kreyòl la gen baz leksik fransè, nou konnen tou estrikti ak sentaks li afriken. Epitou, byenke nosyon «base lexicale» la sipoze yon relasyon ki gen baz kolonyalis, li se yon trè komen nan tout lòt lang nan lemond ki toujou derive de youn oubyen enfliyanse pa plizyè lòt lang. Kouwè pa ekzanp fransè ki gen baz leksik laten oubyen lang kap-vèdyen an ki gen baz leksik pòtigè. Se tout sòt prejije, fo premis ak movèz konsepsyon sou kreyòl sila yo nou dwe jodia remèt an keksyon. Se tout yon paradigm, se tout mantalite fondatris la nou dwe chanje, e retounen nan kòmansman kazye zero pwoblematik la.

Pou yon bilengism tout bon

Depi lontan y’ap eskamote keksyon revandikasyon lang pèp ayisyen an sou pretèks kreyòl la pat yon lang. Apre li te vin prouve, espesyalman pa lengwistik jenerativ Noam Chomsky vin popilarize a, ke kreyòl la se yon lang total-kapital ki pale pa milyon moun nan yon milye jeografik detèmine, avèk yon legalite peyi souveren, yo di, eh byen, wi li ka se yon lang, men ou ka sèlman di pwezi ak tirekont ladann, ou pa ka fè lasyans oubyen pale de «bagay serye» ladann l. Defi pou nou leve jounen jodia, se pa sèlman prouve ke ou ka fè lasyans e di bagay serye an kreyòl ; defi a se montre ke nou ka fè tout bagay sa yo, e avèk anpil lòt bagay, kou pa ekzanp lanse yon kanpay alfabetizasyon an kreyòl, anseye matyè onivo elemantè, primè, segondè ak inivèsitè an kreyòl, ekri ansiklopedi kreyòl, konstwi biblotèk kreyòl, e sitou ekri e pibliye an kreyòl.

Kouwè istwa lang fransè a limenm montre parapò ak laten, ansyen lang dominan, ekri e pibliye an kreyòl gen yon enpòtans kapital pou plizyè rezon. Dabò, paske pwodiksyon nan yon lang se meyè fason pou promouvwa, valorize e konsève lang lan. Epitou sèl fason pou chanje kondisyon enferyorite, esklizyon ak ravaj-dega emotif monoleng ayisyen eksperyanse nan relasyon dominasyon li genyen ak lang e kilti fransè a, se kapab montre li gen pwòp lang ak kilti pa li ki kapab kreye bèl bagay nan at, lèt ak lasyans, nan espresyon ak kominikasyon; kreye e valorize yon lang ki konplè e ki otonòm, men ki louvri tou anvè lòt lang ak lòt kilti yo, ki gen kiryozite anvè avanti e destine lòt pèp yo. Yon lang valorize, pou yon pèp lib e diy.

Tontongi

Nòt

  1. Li etid Yves Dejean an, «Créole, école, rationalité», revi Chemins Critiques, 2002 / Revi Tanbou.
     
  2. Poukisa ou pa two tande pale de yon «anglofoni» oubyen «espanofoni»? Se petèt paske, dabò, fòk ou ta pale tou de «amerikanofoni». Epitou, akoz de sipèpwisans Etazini, angle vin de fakto yon lang dominan global ; li pa donk nesesè pou li dekrete yon «anglofoni» ki ka two pwente dwèt sou enperyalism global meriken an. «Frankofoni» fè nou panse ak yon reyaksyon neo-kolonyal an fas pèt enfliyans yon ansyen anpi kolonyal ki toujou gen anbisyon dominasyon mondyal.
     
  3. Tcheke Langage et connaissance, pa Adam Schaff, Edisyon Anthropos, Pari 1969. Se otè a ki souliye pwen sa a.
     
  4. Ibid…
     
  5. Wè Edward Said, Culture and Emperialism, Edisyon Knopf, Nouyòk 1993.
     
  6. Wè liv Frantz Fanon an, Peau noire, masques blancs, Edisyon Seuil, 1952.
     
  7. Nou vle di pa neolojism sila a ekriven nan Antiy yo e lòt kote ki prekonize yon «créolité» nan istil pou ekri bèl chelèn literè fransè, ki pa gen anyen a wè ak ekriti kreyòl.
     
  8. Frantz Fanon, Peau noire, masques blancs…

*Tèks sa a te pibliye premye fwa nan liv mwen Critique d la francophonie haïtienne (ed. L’Harmatan, 2007).  Li vin repliye nan Sèl pou dezonbifye Bouki (ed. Trilingual Press/Près Trileng, 2014).

**Nan kreyòl ayisyen genyen anpil mo ki gen òtograf fakiltatif, sètadi youn ou plizyè fason aseptab pou ekri yo, tankou mo
pèsonn ke m ekri tou pèsòn oubyen teori ke m ekri tou tewori.

boule  boule  boule

Itopi tankou posiblite: Ayiti e pwojè imen inivèsèl la

Nan yon atik ki titre “The Underlying Tragedy” («Trajedi Anbachal la») ki parèt nan jounal New York Times jounen 14 janvye 2010, David Brooks blame kilti ayisyen kòmkwa li se lakoz povrete peyi a:

«Kouwè tout nasyon pòv nan lemond Ayiti soufri de yon latriye mongonmay ki reziste enfliyans kiltirèl pwogrè. Genyen enfliyans relijyon vodou a ki simayen mesaj lavi se yon bagay ki kaprisye eke planifye se pèdi tan.» Pou reponn a kesyon «Poukisa Ayiti pòv?», misye konpare Ayiti a peyi kou Babedòs ak Repiblik Dominikèn ki gen, selon li, menm istwa avèk Ayiti : «[Ayiti] genyen yon istwa opresyon, esklavaj ak kolonyalism. Se menmman pou Babedòs, men Babedòs ap boule trè byen. Ayiti esperyanse diktatè sanginè, koripsyon e envazyon etranje. Menmman pou Repiblik Dominikèn, men Repiblik Dominikèn pote l konbyen fwa pi byen.» Lè w wè kòmantè sa a vini touswit apre kòmantè Pat Robertson lan ki denonse «kontra avèk Satan» Ayiti swadizan te fè kou lakoz kalamite l’ap soufri yo, yon moun sezi pa kalite rasism ogranjou ki dèyè tip de kòmantè sa yo (san menm pale de parès entelektyèl yo manifeste). Selon rezonnman Brooks la, pou yon moun rive about pwoblematik povrete a ann Ayiti, li annik dwe ranplase «kèp pati nan kilti lokal la pa yon kilti ki mande yon pakèt jefò, pa yon gwo doz entansif kilti akonplisman…»

Daprè aparans ou ta di Pat Robertson mete remak li a nan nivo espirityèl, men lè w gade byen nan esans li, mouvman konsèvatè misye a gen pwoblèm avèk enpak pratik revolisyon antiesklavaj ayisyen an te genyen sou sistèm plantasyon ki te ekziste Ozetazini an, e ki te koze fayit anpil enterè ki te baze sou kontinuite li. Se sa ki eksplike raj eritye ideyolojik sistèm lan ki pa janm padone Ayiti pou peche sa a, paske yo kwè ke kolonizasyon, esklavaj ak politik enperyalis Etazini fè pati de «destine manifès» li, de raison d’être li.

Kritikè kouwè Mark Danner e Bill Moyers deja diskredite konparezon avèk Babedòs e Repiblik Dominikèn lan; yo montre kokennchenn enpak negatif pliske yon syèk pèyman Lafrans enpoze sou Ayiti pou l rekonèt endepandans li, e yon demi syèk anbago pa Etazini kapab genyen sou pwojè devlopman Ayiti. Men li pa san enpòtans pou nou pote plis atansyon sou kontèks li.

Dega tranblemanntè a koze se konsekans nòmal yon moun ka atann de yon tranblemanntè 7.3 nan evalyasyon Richter ka genyen sou yon peyi tyèsmond ki gen yon tikras enfrastrikti ak pwoblèm jeolojik nan fayit plak tektonik li. Men etandone istwa espesayal Ayiti e plas anbivalan, deranjab, li genyen nan sansiblite peyi oksidantal yo, anpil lòt faktè vin antre nan jan moun gade tranblemanntè a. Pi gwo nan faktè sa yo se lefètke Ayiti se sèl peyi revòlt esklav te reyisi nan listwa imanite. Antanke istwa se yon resi ki enteresan e ki fè pati domèn lejand ak fab, men mwen pa kwè konpreyansyon li byen anrejistre nan gran piblik la, ni tou byen sezi li se yon istwa reyèl ki rive nan mond nou an pa gen twò lontan de sa.

Wi efektivman, si yon moun fè jefò pou l konprann kontèks povrete Ayiti a, sètadi klima istorik, jeopolitik e epistemolojik peyi a te pran nesans, li pa si difisil pou konprann movèz kondisyon ekonomik li ladann jodia: Rankin twa pwisans ewopeyen—Lafrans, Espayn ak Angletè—, youn nan yo enpoze sou li, anba menas envazyon, yon pèyman pou rekonèt endepandans li ki dire pliske yon syèk (de 1825 a 1947); yon lòt pwisans, Espayn, ki kontinye ap fè l lagè pou pèt koloni li (Repiblik Dominikèn); plis yon pwisans k’ap monte, Etazini, vwazen zòn nò li, ki enpoze sou li yon anbago kòmare ki dire senkant tan, paske li rayi l pou lefètke li bay «movèz ekzanp» e vin parèt yon menas pou ekonomi l ki toujou baze sou travay esklav. Pou Angletè limenm, menmlè li pat angaje aktivman nan sabotaj kont Ayiti, li te pratikman asepte tout sa lòt rival li yo t’ap fè kont li. Si ou ajoute sou sa anpil dekad okipasyon etranje e non-envestisman nan devlopman peyi a, e konplisite sousesan san fen ant bankye entènasyonal, boujwazi parazit e gouvènman tiranik, foto a vin pi klè. Natirèlman, pou moun

Aswiv…

boule  boule  boule

Trayizon demokrasi, mistifikasyon lengwistik & lit istorik pou chanjman ann Ayiti

(Nou mande lektè yo pou yo padone n manyè didaktik nou anplwaye nan sèten pati tèks sila a. Nou te twouve li nesesè pou tabli kozalite, sètadi anchennman koz ak efè, plis kontinwite istorik nan zafè dominasyon/eksplwatasyon moun pa lòt moun. Nou te wè li nesesè tou pou nou tabli entèrelasyon ant divès manyè dominasyon ak eksplwatasyon manifeste yo.)

Lit pou chanje lavi ann Ayiti remonte depi rezistans pèp endyen yo kont kolonizasyon ewopeyen. Kolon espayòl vin evantyèlman estèmine prèske tout Endyen nan lil Ayiti, men san yo ak lespri yo rete sikile nan venn Ayisyen pa vwa sa Jak Estefèn Aleksi rele a «yon pasaj sekrè». Premye esklav kolon Ewopeyen yo te kidnape—oubyen achte ak vil pri—pou vin travay latè nan «Hispañola», yon jou fè yon leve-kanpe e mande pou yo rebat kat la. Kolon refize, lagè degrenngole, esklav yo chase kolon yo e pwoklame yon peyi endepandan: Ayiti, selon ansyen non Endyen yo te bay tout lil la. Sa se kote ewoyik listwa a.

Fòk nou di tou, debakman Afriken yo nan kontinan ewopeyen yo vin rele «Nouvo Mond» la te gen antesedans li non sèlman nan rapasite kolonyalis pou jwenn mendèv pou piyay, men tou nan konfli ant plizyè rwayòm ak tribi endepandan, ki te konn fè lagè ant yo. Anpil nan moun ki debake yo te ansyen prens ak pèsonalite enpòtan nan peyi pwovenans yo, kouwè Tousen Louvèti ke listwa di ki te pitit-pitit rwa. Peyi ki te pèdi lagè oubyen ki te anvayi pa lòt peyi ou tribi—souvan avèk konplisite negosyan esklav ewopeyen —enmi yo fè yo prizonye e vann yo bay Ewopeyen yo. Se sa nou ta ka rele jounen jodia «outsourcing» oubyen «soutretans», travay ravitayman esklav pa pwòp frè afriken yo paske rapas Ewopeyen yo pat wè li nesesè pou yo kontinye ap kidnape esklav yomenm pa fòs; yo sèlman ret tann «ravitayè» yo ak lajan nan yon men e kanon nan yon lòt. Lafwa ak relijyon vin tabli yo pita kou mwayen nòmalizasyon paekselans pou desounen lespri Afriken debake yo.

Mit orijinal dèyè listwa glorifik peyi Dayiti fè yon lis ki long, sa ki fè gen anpil verite ki pa sikile. Paekzanp nou pa janm li l nan istwa ofisyèl peyi a, men li bon pou n konnen, Tousen Louvèti te sakrifye pwòp neve adoptif li Moyiz paske Moyiz te mande pou misye adopte yon politik agrikòl ki favorize peyizan ki t’ap travay tè yo. Li bay lòd ekzekite Moyiz pou l ka gen favè blan kolon konseye l yo ak lòt blan nan Metwopòl la ki te vle kontinye gade privilèj nan koloni Fransè yo te rele Sen Domeng la.

Pita Jan Jak Desalin, ofisye siperyè sou Tousen, siksesè li nan tèt revolisyon an, vin touye pwòp kanmarad li, Chal Bèlè, akoz dezakò sipèfisyèl ki gen anpil awè avèk konsepsyon megalomanyak e otokratik sou pouvwa siprèm nan peyi a. Kan, pita, J.J.D. deside pou li met lòd nan dezòd nan sistèm pwopyete peyi a, kèk enmi ansanm avèk konplisite ansyen kolèg e kanmarad fè konplo e rann misye yon anbiskad kote yo touye li. Sa rive ekzatteman jou 17 oktòb 1806, sètadi sèlman de zan e kèk mwa apre misye te deklare peyi a endepandan, avèk anpil bravou e ewoyism. Avan sa, kit Kristòf, kit Desalin pat twò esklizivis anvè Tousen kantilsaji defann pwòp enterè yo.

Tout disnevyèm syèk istwa ayisyen an se yon kontinwite konplo, enzireksyon, koudeta ak aksyon destabiizasyon kont Leta santral la oubyen kont predasyon Leta santral sou mas pèp la ou kont enterè de klas pa gwoup sitwayen an revòlt. Natirèlman wòl Leta ayisyen se prèske toujou kenbe yon sistèm represyon pou mentni statu quo a, sètadi kenbe bagay yo jan yo ye a. Lennmitaj ak konplotaj ak kouba nan sen mesye sa yo vin tounen yon pratik pèmanan…

Revèy e reparisyon listwa ann Ayiti

An 1986, pèp ayisyen an leve kanpe e mande pou Jan-Klod Divalye—ki te ranplase papa li Papa Dòk—bat zèl yo. Olyeke yo bay pèp la pouvwa a, klas dominan yo ansanm avèk konplisite e sou direksyon Etazini ak Lafrans fè konplo e tabli yon Konsèy Nasyonal Pou Gouvènman (KNGP), sètadi yon

Aswiv…

boule  boule  boule

boule

 Viré monté