Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Vizit mwen ann Ayiti an jiyè 2016: Yon memwa

(Premye pati)

Eddy Toussaint Tontongi

Anyen Kazèn Desalin lan apre tranblemanntè 2010 a, jiyè 2016.

Pwològ

Vwayaj nou ann Ayiti—  mwenmenm, madanm mwen ak pitit gason nou—  tonbe nan yon konjonkti istorik nan Etazini, patikilyèman nan vil Dalas, nan Eta Tekzas, kote yon frantirè nwa anbiskade e tiye sèt polisye ki vin sipèvize yon manifestasyon moun nwa meriken ak sipòtè yo te lanse pou denonse lanmò moun nwa anba men polis blan rasis alawonnbadè nan Etazini.

Yon semèn anvan nou antre ann Ayiti, te gen de lanmò-moun-nwa-anba-men-polis-blan-rasis (oswa anba men polis nwa pwograme pa enstitisyon/anviwonnman rasis la): lanmò Alton Sterling nan Baton Wouj, nan Eta Lwizyàn, jou 5 jiyè 2016, ak lanmò Philando Castile nan vil Sen Pòl, nan Eta Minoseta, jou 6 jiyè 2017. Te gen plis ke de zan depi militan mouvman Black Lives Matter (Lavi Moun Nwa Konte) a t ap denonse, pa vwa manifestasyon nan lari ak ekzòtasyon nan medya, fasilite lapolis ap tiye moun nwa nan enpinite e ak konplisite sistèm jidisyè a.

Sèdike nou te atann nou, lè nou rive nan ayewopò Logan lan nan Boston, ak yon anbyans eta masyal ak Swat Team ak Uzi, kamouflaj, lans-grenad, elatriye. Okontrè, sa nou te wè nan ayewopò a se te yon anbyans kalm, pwofesyonèl, trè konpetan sou sèvis yo.

Anpirikman palan, byenke mwen pa yon teworis, fason daji nou, mwenmenm ak madanm mwen, nan ayewopò a (twa malèt chaje, difikilte pou nou avanse, fason evazif mwen, yon swetay ki pa janm rete goumen avèk mouchwa mwen, elatriye), tout sa te bagay ki ta ka fè siyale m kou sispèk.

Sa te fè m plezi wè zaksyon teworis 11 septanm 2001 an, ansanm ak lòt zak ki rive nan Kalifòni ak nan Florid, pa t fè travayè ayewopò nan Boston yo vin sinik et wè tout moun ki «diferan» kou yon menas pou sekirite, kouwè Izrayèl, e petèt lòt peyi e lòt Eta etazinyen yo, ap fè.  Nan bwouhaha estrès tèt chaje vwayaj la ak mekanism sekirite yo, mwen bliye pran bous mwen ke m te plase nan yon ti panye pou woulo detektè sèvis sekirite yo. Mwen reyalize sa dis minit apre, kidonk asedtan pou yon movesije t a fofile bous mwen an nan pòch li.  Mwen kouri prese retounen nan seksyon sekirite a, ki te yon distans de yon tyè kilomèt.

Erezman, e an lonè pwofesyonalism ofisyèl sekirite yo, ki te kenbe bous la pou mwen nan biwo youn nan sipevizè yo (ki sèlman apresye ke l te rann mwen yon sèvis), mwen te jwenn bous la, e sa te fè kè m kontan.

Mwen jwenn menm akèy pwofesyonèl sa a nan vwayaj-retou a nan ayewopò Logan lan.  Apre tout pasaj preliminè yo, avan-dènye ajan sekirite a gade paspò mwen nan yon ton kazwèl, kòmsi deryennetè, e mande mwen ki rezon vizit mwen ann Ayiti. Mwen te ka reponn li «This is not your business» (sa pa konsène w), men ton kalm  ak ekspresyon amikal sou vizaj misye asire m li pa t ap fawouche m.  Akèy la fè mwen te kontan retounen nan Boston, yon rejyon o Zetazini mwen atache avè l pou karant tan.

Natirèlman, yon moun ki nan swasantèn li pa jenere menm kriz nèvozite kou yon jenòm nan ventèn li...

Ann Ayiti

Mwen antre ann Ayiti an jiyè 2016, apre prèske nèf ane depi dènye fwa mwen te la, nan kad kolòk entènasyonal sou santyèm anivèsè lanmò Jak Roumen an desanm 2007, ki te òganize pa Inivèsite Deta d Ayiti.  Vizit fwa sila a—  sis lane apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la ki te dekonstonbre yon bon pati nan Pòtoprens ak nan zòn sid la, pi patikilyèman Leyogàn ak Jakmèl—  se yon vizit ki gen yon aspè plis yon pelerinaj, yon gran pwomnad kontanplatif, kote kè kase, apreyansyon, antisipasyon, sipriz ak eksitasyon melanje ak yon pwofon chagren mekontantman, anvayi tout nanm mwen.

Yon vi Mòn Lopital la depi Channmas, jiyè 2016.

Avrèdi, menmlè m abite aletranje, mwen toujou kenbe yon enterè nan tout enfòmasyon sou Ayiti, keseswa sou plan sosyal, edikatif, lengwistik, literè, oswa politik; se fason pa m mwen chwazi, depi karant tan, pou m viv alterite lavi m nan legzil an deyò Ayiti.

Kouwè m te fè apre patisipasyon m nan kolòk 2007 la kote mwen te fè yon kontrandi toudorizon sou tout sa m te eksperyanse diran sejou a, tout moun mwen te rankontre ak tout santiman mwen te santi, m ap eseye fè menm bagay la pou dènye sejou sa a, selon ke memwa mwen fasilite m.

Natirèlman, kou nou tout konnen, memwa se yon eleman ki selektif e ki fè sa priyorite emotif moun enpoze l. Ojis, mwen pa te konnen sa mwen t a pral santi devan temwayaj dega goudougoudou koze nan Pòtoprens mwen an, Pòtoprens vil nesans mwen nan Lopital Jeneral, apre manman m te deja fè m nan yon taksi bò Plas Sent Àn. Imaj detrès, dekontonbrasyon vil mwen an te koze m anpil lapenn, chak zòn, katye, komin ak lokalite jewografik ki te afekte yo se te tout anviwonnman ki te jwe yon gwo wòl nan jwisans emosyonèl mwen lè m te timoun nan Pòtoprens.

Rès Katedral la apre tranblemanntè a, jiyè 2016.

Natirèlman, pi gwo chok emotif ki te boulvèse m se lè m te wè eskèlèt katedral Pòtoprens lan, yon moniman ki te toujou rejwi m lè m te ti jèn jan. Fason kwòk mò moun nan ti «abita» mwatye tant, mwatye kalòj pou kretyevivan, ou t a di ki soti nan yon lòt mond. Mwen pa t renmen jan yo vle anvayi ti gwoup mwen an, ki te gen mwenmenm, yon ti nèg ayisyen, ak madanm mwen, yon blan Amerikèn, pitit mwen yon milat ayisyen-etazinyen, ak sè m yo Claudinette ak Sherlyne. Yo sanble yo te wè nou kou yon kado Lapwovidans pote ba yo, alòske nou te la pou n sèlman gade domaj goudougoudou koze nan katedral la, yon batis achitektirèl ki te fè fyète zanfans mwen.

Mwen sonje premye fwa mwen te wè katedral Pòtoprens la, lè manman mwen te mache avè m, de Pòtay Leyogàn, tou pre Matisan, pou rive nan lekòl primè mwen Tertulien Guilbeaud, ki te chita an fas tou de katedral yo, ansyen ak nouvo katedral yo, de katedral ki te kanpe anfas youn ak lòt, tou lè de enpozan, majesteryèl, ranpli ak venerablite e eksperyans istorik.  Tout espas la te bèl, te gen yon bèl plas ak jedo ranpli ak divès flè bò balistrad lekòl la. Lekòl la li tou te enpozan, yon pati lès ki te Tertulien Guilbeaud, yon lekòl pou ti gason, ak yon pati lwès ki te gen ladann République du Venezuela, ki te yon lekòl primè pou tifi. Lè m te rewè mwen nan zòn lan, plis ke yon demi syèk apre, mwen te fache wè sa ki te ranplase bèlte majesteryèl plas la : yon layite ankonbreman machann lari k ap vann tout kalite saltenbank okenn moun p ap goumen pou achte. Bèl pak ki te sou kote lekòl la vin tounen yon mache sikilè kote tout moun ap chache vann yon komodite. Ant lonbray kadaverik katedral la ak liye machann-tout-bagay ki makonnen nan tout zòn lan, san retire pak la, pa t gen plas pou moun deplase.  Pa t gen tou anyen ki rete pou konsole m.

Men mwen te kontan antre nan Mache-an-fè a, ke yo te rebati apre dekonstonbray goudougoudou. Lè mwen antre nan labirent koulwa mache a ki te aliyen ak machann ak machandiz, anpil nan yo zèv atizay ak atizana, mwen te genyen yon santiman nostalji lè m te la, jèn ti gason, ansanm ak manman m e matant mwen.  Mwen sonje kouwè yè konvèsasyon yo t ap mennen an.  Fwa sa a, m te plis ap reziste presyon machann yo ki t ap rivalize pou atansyon nou.  Erezman, machann yo, malgre ke l te konble, te kenbe mache a pwòp, avèk yon kalm prèske mistik nan kèk kolòn rekile 1.

Ti gwoup nou an pa t ret lontan nan zòn lan.  Nou fofile sou Pòtay Sen Jozèf e lonje sou wout Dèlma a, nouvo wout yo bati a kote machin nou t ap kondui a tonbe an pàn jis devan Katye Jeneral CIMO (brigad espesyal lapolis la). Yon jandam soti deyò a e mande nou pou nou deplase machin nou an ou ti jan pi lwen antre kazèn lan. De sekouris benevòl ki te sou wout la rete e ofwi nou èd yo. Yo ede nou chanje kawotchou a avèk zouti yo te genyen ak yo.

Vizit Akademi Kreyòl Ayisyen an

De goch a dwat: Pierre-Michel Chéry, Marie Rodney Laurent, Roger Dorcé Dorcil, Luna Gourgues & Tontongi
nan Akademi Kreyòl Ayisyen, jiyè 2016.

Fòk mwen di nou pi gwo sit «touristik» mwen te pi eksite pou m al vizite, se te lokal Akademi Kreyòl Ayisyen an, yon bèl bildin ak karaktè semi-ofisyèl ki enpoze l sou katye a. De semèn anvan, mwen te ekri yo e anonse yo vizit pwochen mwen.  Sekretè egzekitif Akademi an, Luna Gourgue, te reponn mwen avèk jantiyès e envite m pou m rankontre Konsèy administratif Akademi a.  Lè jou a rive, yon vandredi maten byen ansoleye, Madam Gourgue resevwa nou, mwenmenm ak madanm mwen Jill, avèk alafwa chalè imen e pwofesyonalism. Li fè aranjman pou kèk Akademisyen te prezan, san retire vis-prezidan Akademi an, Rodney Esteus [ansanm ak Adeline Magloire, Rogeda Dorcé Dorcil, Marcelle Buteau Racine, elatriye]. Macky Jean-Pierre patisipe nan reyinyon an depi Lwizyàn, o Zetazini, pa vwa videyo Skyp.  Mwenmenm ak Macky fè yon rale sou souvenans premye fwa nou te rankontre nan vil Boston, lane anvan an, nan kad Premye Komemorasyon Anyèl Mwa Kreyòl Ayisyen nan Eta Masachousèt, ann oktòb 2014. Misye konplimante m pou yon tèks mwen ki titre  «Itopi tankou posiblite: Ayiti e pwojè imen inivèsèl la», mwen te pibliye nan jounal ak nan liv mwen Sèl pou dezonbifye Bouki, yon esè m ekri apre tranblemanntè a pou mwen dekonstwi e demantibile «naratif» ke Ayiti se «peyi ki pi pòv nan emisfè oksidantal la».  Mwen reponn an patikilye ak pastè Pat Robertson ki di tranblemanntè a te rive paske Ayiti te fè yon pak ak Satan pou li pran endepandans li. Yon lòt otè meriken, David Brooks, bay misye repondonng pou l di se mank «kilti akonplisman» ki fè Ayiti an reta «an konparezon ak Repiblik Dominikèn».

Tontongi avèk Luna Gourgues nan Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA), jiyè 2016.

Mwen te raple yo ke, kontrèman ak imajinè pwodiktivis peyi oksidantal yo ki defini richès an tèm de posesyon materyèl ak resous itilizatris, richès ayisyen an repoze sou etadam peyi a, santiman diyite pou limanite ki anime lit pèp la, kapital defi li poze kont ejemoni kolonyalis e enperyalis peyi dominan nan Ewòp de lwès yo ansanm ak tandansyalite enperyalis Etazini. Mwen montre, avèk temwayaj Istwa kou prèv, ke Ayiti se manman Lamerik Latin, peyi ki bay solidarite l ak lòt pèp k ap goumen pou endepandans yo, menm opri izolasyon, represyon ekonomik, envazyon militè. Kont naratif sou yon Ayiti ki apovwi e mizerab, mwen montre yon defi ke Ayiti te kòmanse e ki bezwen kontinye. Ayiti se yon pwojè imen inivèsèl.

Mwen te santi mwen onore pa deklarasyon Macky Jean-Pierre ki di li anseye tèks mwen sa a nan klas li. Nou ka raple lektè yo ke Macky Jean-Pierre limenm devlope nan ansèyman li yon metodoloji pou li demistifye movèz kwayans sou lang ayisyen an. Se byen domaj nou pa t gen plis tan pou nou pale, men ti tan mwen te pase avèk Akademisyen yo ansanm ak Konsèy administrasyon an te konfime m Ayiti chaje ak moun ki briyan ak konesans e sajès politiko-egzistansyèl ki fè richès li. Konvèsasyon an, kwak kout, te dewoule dous ant noumenm yo ki pataje menm kwayans nan kapasite ak potansyèl lang kreyòl ayisyen an genyen, e nou te fyè nou tout te makonnen ak kilti ayisyen an, donk nanm otantisite pèp la.

Vizit kèk kolèg-zanmi

Tontongi avèk Robert Arisma, jiyè 2016.

Anvan m antre ann Ayiti, mwen voye yon imèl bay plizyè moun mwen konnen e m ta renmen rewè. Pami kolèg-kanmarad mwen te rankontre, apa resepsyon nan AKA a, te genyen Robert Arisma. Li te sèl moun ki te ka vini nan yon envitasyon mwen te voye bay kèk zanmi kolèg pou yo te pase wè m nan otèl Le Plaze, kote mwenmenm ak madan mwen te desann. Sèten nan lòt envite yo ki pa t kapab, te ban m randevou pou lòt lè. Natirèlman mwen te kontan wè Arisma ankò. Mwen te rankontre misye nan kolòk sou Jak Roumen an ki te fèt an 2007-2008 la, kote nou te fè yon bon ti tan ap pale.  Anfèt mwen te konnen misye byen anvan kolòk la paske mwen site l nan liv mwen Critique de la francophonie haïtienne, an sipò pou bezwen tablisman enfraekstriti pedagojik pou kreyòl la: «Ansèyman kreyòl la ap bite tou devan mank manyèl eskolè, tèks ak lòt dokiman didaktik pou travay swa nan saldeklas, swa lakay.»

Mwen te etone wè Arisma te kont Akademi Kreyòl Ayisyen an; li reprann ide anpil lòt kritik ki di yon lang pa bezwen gen regilatè ki la pou «fikse» l, yo pran egzanp lang anglè a ki jodi a se lang dominan e ki pa genyen yon Akademi pou regile l.  Mwen di Arisma ke m dakò ak tout sa li di yo; efektivman yon lang pa bezwen antrav enstitisyonèl ki pou anpeche l deplwaye zèl li e kwape enfinite potansyèl li.  Men kote mwen pa t dakò ak moun ki kont Akademi Kreyòl la, se avègleman yo parapò enpòtans senbolik kapital yon gwo enstitisyon Leta genyen si l ap travay pou valorize lang ayisyen an, yon lang meprize, enferyorize.

Anfèt, apa «fikse » lang fransè a, yon lòt jistifikasyon Académie Française la te bay tèt li, se te pou plase prestij Leta enperyal fransè a osèvis valorizasyon lang nasyonal fransè a ki te enferyorize pa elitism nan anplwa lang laten an Frans. Byenke li pale de «fikse» lang kreyòl la, atik 123 Konstitisyon ayisyen an ki mande tablisman Akademi Kreyòl Ayisyen an plis vle sifiyi yon enkyetid sou eta enferyè, non-reprezantatif, lang pèp ayisyen an nan mitan sosyete a. Akademi an se yon fason pou bay lang lan jarèt.

Mwen te pran plezi tande Robert Arisma pale de «medyakrasi» ann Ayiti, ki se selon li paladyolè nan radyo ak televizyon «k ap eksplwate yon vid pou pwòp enterè pa yo». Misye di chak estasyon radyo gen jounalis «ki rele tèt yo dyektè opinyon pou yo otorize tèt yo pou dikte bay piblik la mòd gouvènman yo vle pou yo». Malerezman, medyakrasi Arisma denonse jodi a a egziste nan lemond antye, kote gwoup enterè ki kontwole medya kominikasyon de mas yo kontwole tou dyeksyon politik peyi yo.

Tontongi avèk Fritz Deshommes & Myrtha Gilbert, jiyè 2016.

Lòt nan moun mwen te kontan wè se te Fritz Deshommes lè finalman nou rive jwenn yon lè ki bon pou nou rankontre. Li fè m yon sipriz: li vin avèk Myrtha Gilbert, avèk ki m t ap eseye fè aranjman pou nou wè nan landmen. Mwen konplimante Deshommes pou materyalizasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an ak travay lidèchip li pèsonèlman pou ede l met sou pye. Nou rememore sou lè nou te fè yon echanj lèt sou Entènèt sou sa nou panse yon Akademi Kreyòl Ayisyen ka ye e ka fè. Yon echanj ki te fèt apre m te bay repondonng ak yon apèl Fritz Deshommes te lanse pou nou egzekite demann Konstitisyon 1987 la ki mande pou gen yon Akademi Kreyòl Ayisyen. Mwen remèsye Deshommes pou lefètke li pran yon enjonksyon konstitisyonèl de estad konseptyalizasyon e vanse li nan estad estratejizasyon e finalman materyalizasyon. Se te yon viktwa pou volonte chanjman pou liberasyon èt imen, e pou liberasyon pèp aysyen an an patikilye. Misye pote pou mwen yon kopi liv li a Ce pays qui s'ignore / Yon peyi ki pa konnen valè li (2013), kote li repwodui echanj lèt nou te fè nan jounal Alter Presse la. Sa te fè m plezi wè li te apresye echanj la opwen pou l repwodui l nan liv li a.

Wè Myrtha Gilbert jou sa a te ogmante kontantman m lè m te wè Fritz Deshommes. Dènye fwa mwen te wè tou lè de se te diran Kolòk Entènasyonal sou santyèm anivèsè nesans Jak Roumen an, nèf ane oparavan. Myrtha gen yon ensten trè pwenti kantilsaji defann dwa travayè ak travayèz nan peyi d Ayiti.  Li pote yon kopi dènye liv li a ban mwen, Chronique d'une extravagante escroquerie (2012),  ki se yon gran ankèt ak kondanasyon ekspwopriyasyon tè peyizan ayisyen yo pou plante pyebwa kawotchou pou ede jefò lagè Etazini nan ane 1941-1944 yo.  Nou konnen rès listwa a : peyizan yo viktimize yo desann nan Pòtoprens, anpil nan yo vin deklase e ogmante ran yon lupenn-pwoletarya ak sipè-pòv yo ki, jiska ane 1980 yo, te rete chita nan bòdmè ak kèk rekwen Pòtoprens yo, nan zòn tankou Lasalin bò lanmè a, oswa Bèlè, yon kilomèt de la. Sa k vin rive evantyèlman nan Pòtoprens ak zòn alantou l yo — menm anvan tranblemanntè 12 janvye 2010 la —, se yon lasalinasyon tout Pòtoprens, ki kòmanse nan zòn Bwouklin, Site Solèy, kontinye sou Bizoton, Kafou, atake Bwa-Vèna, e menm Tijo ak Petyonvil, elatriye.

Pou respè konoloji, fòk mwen di tou, anvan mwen te wè Fritz Deshommes ak Myrtha Gilbert, mwen te resevwa James Darbouze, youn nan sa mwen te rele «triumvirat» ki te  mikwojere Kolòt Jak Roumen an an 2007-2008 (lòt de manm triumvirat la te Fritz Deshommes ak Yaïssa Arnaud-Bolivar). Darbouze se yon filozòf e enjenyè amenajman sosyojewografik ki enterese nan yon apwòch mwen ta ka rele «anpirisis» sou chanjman sosyetal. Mwen te trè kontan wè misye, espesyalman apre l fèk fin pase tan li pou li ekri yon revi sou liv mwen La Parole indomptée / Memwa Baboukèt, ke l pibliye nan revi Haïti-Monde. Mwen remèsye l e felisite l pou atik la, epitou sou travay li an jeneral nan peyi a. Avèk kiryozite mwen mande l ki santiman li sou Akademi Kreyòl Ayisyen an, li di m: «Fòk nou rann omaj ak sa yo ki goumen pou mete AKA sou pye.» Li nonmen Fritz Deshommes ak Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an kou moun pou yo kredite kreyasyon AKA. Darbouze di li enpòtan e li dakò ak moun kouwè Robert Berrouët-Oriol ki mande pou ta genyen e met sou pye «yon apareyaj pou fè aplike» yon lwa sou amenajman lengwistik ann Ayiti.  Yon lwa ki analize e ki jere rapò ant lang yo. Yon sosyete de dwa se yon sosyete ki respekte dwa moun. Yon dwa fondamantal ki egziste se dwa alapawòl, dwa pou w pale, pou w siyifye anviwonnman w avèk pwòp mo pa ou, avèk jayisman sovaj nanm ou, avèk tou eblouyisman ou ideyalize e fantasme pou tèt ou.

Kouwè li prèske enposib pou yon machann esklav konprann e byen santi kondisyon lesklavay la, li prèske enposib tou pou yon lokitè (palan) yon lang dominan — avèk tout privilèj e etadam li ofwi yo — konprann e santi santiman yon monolengwal kreyòl ke yo di lang li pale a pa yon lang nòmal e pa gen dwa o chapit.

An reyalite politik lang ann Ayiti rete jiska jounen jodi a yon kap fòs kote.  Kote yon bò ap rale desann lòt bò a. Nan otèl Le Plaza kote nou te desann lan, nou remake dabò tout resepsyonis, sèvè ak sèvez yo adrese nou an fransè, menm si yo pa janm ensiste e reponn ak plezi lè m reponn yo an kreyòl.  Kofrefò sekirite nan chanm otèl mwen an (« safe deposit box ») bay enfòmasyon pou opere li nan dis lang (fransè, anglè, espayòl, alman, italyen, japonè, chinwa, ris, koreyen ak arabik), men pa an kreyòl ayisyen. Nan dizèn emisyon televizyon mwen te ka wè sou televizyon otèl la, sèlman youn ladan yo te gen emisyon an kreyòl ayisyen.  Fransè ak anglè te domine tout pwogram emisyon yo.  An verite, anplis de jefò endividyèl ak kèk batisman enstitisyon kouwè Akademi Kreyòl Ayisyen an, se tout yon revolisyon politik e kiltirèl an pwofondè ann Ayiti k ap vin tabli lang ak kilti pèp ayisyen an kou manifestasyon lejitim sa li ye otantikman.

Vizit mwen te fè devan e alantou katedral Pòtoprens lan te boulvèse m anpil. Mwen te deja wè nan televizyon e konnen kantite dega, degradasyon anviwonnman ak espas vivab yo tranblemanntè a te koze, men wè li ak pwòp zye m, se te yon lòt bagay. Pwosesis bidonvilasyon oswa lasalinasyon ki vin rive nan Pòtoprens ak zòn alantou l yo menase tout espas ayisyen an si pa gen jefò ki fèt pou kontrekare li. Se tip enkyetid sa yo ki fè mwen te mande James Darbouze: «Sa w panse ki ka fèt pou revèse kondisyon salte malouk ak povrete k ap ravaje tout Pòtoprens ak zòn alantou l yo?» Darbouze di gen «yon dekalaj ant Ayiti ideyalize pa Dyaspora a ak Ayiti reyèl la». Li bay egzanp yon kochon nan yon zòn ann Ayiti yo t ap tiye pou prepare manje. Okenn timoun nan zòn lan pa t twomatize pa espektak tiye kochon an: li te fè pati lavi òdinè yo.  Alòske etranje ak moun ki sot nan Dyaspora a te ofiske.

Darbouze di li fè pati de yon kolektif ki rele «Assumer Haïti/Asime Ayiti», yon gwoup politiko-kiltirèl k ap chache kreye yon «sursaut», yon leve-kanpe, yon priz konsyans sou idantite Ayisyen an san retire kilti vodou a. Li di m kolektif la ap fokalize sou amenajman teritoryal Ayiti, sou pwoblèm lòjman, sekirite, elatriye. Dayè tèz doktora li, misye di, se sou rekonstwiksyon Ayiti li te fè l.  Misye te fèk fin pèdi papa li lè mwen te wè l la, ou santi sa te chagrine li anpil, men sa te fè m plezi misye te pase vin wè mwen e ke l te kenbe djanm nan jefò l pou fè Ayiti miyò. Nou pale sou plizyè pwojè nou ka kolabore, youn ladan yo se fondasyon yon enstiti sou ibanism ann Ayiti, ki t ap travay ak minisipalite yo pou met sou pye yon politik anbelisman vil yo ann Ayiti, patikilyèman Pòtoprens ak lòt gran vil yo.

Vizit kay FOKAL

Jill Netchinsky & Jonah Toussaint avèk Michèle Pierre-Louis, jiyè 2016

Nan lis moun madanm mwen Jill Netchinsky te gen nan tèt li pou li vizite, te gen Michèle Pierre-Louis, dyektris òganizasyon FOKAL la ke l te rankontre lè Pierre-Louis te vizite Inivèsite Harvard nan Masachousèt nan ane 1990 yo. Jill te toujou renmen jantiyès ak sans misyon pou byennèt Ayiti li te wè Madam Pierre-Louis te egzibe. Se konsa mwenmenm, Jill ak Jonah fè yon desandelye sou FOKAL, nan lokal riyèl Rwa a, yon lendi mitan mwa jiyè kote Pòtoprens te cho kouwè chodyè sou dife. Menmlè nou pa t nan pwogram li, Madam Pierre-Louis te resevwa nou avèk kè kontan, li di wi li sonje Jill. Nou tou lè twa te renmen bèl akèy li ba nou a. Mwen ba l kèk kopi liv pa m ak liv nou pibliye nan Trilingual Press/Près Trileng e li ban mwen yon kopi yon tèks papa li Max U. Duvivier te ekri sou Okipasyon Ameriken, L’occupation américaine d’Haïti (1915-1934).  Li ede edite e pibliye liv la, yon gran memwa temwen sou kòmansman okipasyon an.  Sa te fè Pierre-Louis vizibman plezi lè m te di l mwen te tande pale de papa li nan kontèks rezistans kont okipasyon an.

Pou di franchman, mwen se yon kritik tout pwojè ki finanse pa bòn volonte yon gwo bacha; trè souvan lè gwo bacha a pèdi enterè —  e kèlke swa lakoz pèt enterè a —, tout pwojè a vin kaba, paske se pa t yon fòs kolektif ki t ap soutni li.  Nan ka FOKAL nou wè yon bagay diferan, nou wè dabò yon ideyalizasyon ak yon santiman aspirasyon byennèt pou Ayiti ki wè nesesite finansman pa gwo bacha men ki pa kite kontinwite ak lejitimite pwojè a depann de bòn volonte bacha a. Li chache divèsifye sous finansman li. Michèle Pierre-Louis te pale de Pak Matisan sou Abitasyon Leklè a, ki bay popilasyon an ak vizitè Ayiti yo yon kad ekolojik vital ak yon repè istorik kote yo depiste bèl bagay Ayiti ofwi moun.

Jill, Jonah & Eddy Toussaint Tontongi avèk James Darbouze, jiyè 2016.

Rekoneksyon mwen ak Pòtoprens

Fowòm diskisyon sou Channmas, jiyè2016.

Tout lòt fwa yo mwen te al ann Ayiti, mwen te toujou desann swa nan Kafou, nan Petyonvil oswa Taba, men pa nan Pòtoprens, vil nesans mwen kote anpil katye m konnen yo te dechalbore anba laterè goudougoudou. Fwa sa a, mwen desann pou senk premye jou yo ak dènye jou a nan otèl Le Plaza, sou Channmas. Sa te fè m lapenn wè Pòtoprens nan eta dezolab sila a.  Apremyè vi, ou ta di tout vil la se yon gwo mons wonjè w ap lese devore tèt li jiskaske l degrade konplètman e pase kou yon lafimen.

Natirèlman, e erezman, Pòtoprens pa sèlman dezolasyon, malgre kondisyon sib-imen anpil moun ap viv ladann. Malgre lasalinasyon l, vil la toujou ret anvi, katye yo, menm defigire, toujou gade cham yo, kouwè yon fi ki te bèl nan jenès li toujou gade yon bote anbachal. Men ou ta di tou, vil la se yon vil yo lese pou kont li, lese l deperi nan sipopilasyon, nan makonnen tout espas yo ak mache e machandiz, lese l tounen yon milye prèske inabitab.

Anfèt, youn nan bagay ki te emèveye m se vitalite Pòtoprens, vitalite moun yo menmlè yo ap koegziste avèk lamizè, kawos ak demisyon bò kote otorite Leta yo, ki plis enterese nan chache «demele» pou tèt yo ak fanmi yo ke nan zafè bezwen lasosyete an jeneral.

Vitalite a, nou te wè l tou sou Channmas ki, menm nan defigirasyon l parapò ak bèlte pase li, toujou konsève yon cham, yon atirans kache.  Sa te fè m plezi wè ke menm nan mitan dezolasyon ak sipopilasyon, Channmas kenbe yon elegans ki manifeste nan alafwa bèlte achitektirèl plas la, plasman li ki fè Mòn Lopital la parèt kou chapo l.

Yon bagay ki te patikilyèman enpresyone m, se rasanbleman chak jou sou Channmas, pandan prèske tout jounen an, gwoup moun —  jèn, mwen jèn, fi kou gason —  k ap diskite sou politik peyi a, ak sou tout sijè ki gen enpòtans pou avni peyi a. Pandan ti bout tant mwen pase nan zòn lan, mwen patisipe nan de deba sou Channmas, youn te gen awè ak enperyalism Etazini sou Ayiti, lòt la sou relijyon vodou a.

Mwen te enpresyone pa nivo entelektyèl deba yo e pa seryozite debatè yo.  Diskisyon yo te fèt nan disiplin ak respè pou agiman debatè opoze a.  Anfèt, nan dènye deba m patisipe a te gen yon eleman ki sou e ki pa t two kondyòm nan atikilasyon agiman l yo e ki t ap chache fè diskisyon pou sèlman fè diskisyon. Debatè opoze l la, ki t ap dirije deba yo, mande misye pou li trankilize l, men l pa t a oken moman trete misye kou lennmi, ni kou yon endezirab. Mwen espere diskisyon patriyòt sa yo k ap chache yon solisyon ak pwoblematik ayisyen an ap vin jèminen dyeksyon pou yon nouvo fason pou fè bagay yo mache ann Ayiti.

Menmsi gwoup debatè yo te pou laplipa gason, te gen fi tou ki te la e ki patisipe nan diskisyon yo.  Yon peyi ki gen moun k ap diskite sou sò li ak sou lavni li, se yon peyi ki gen chans pou l sove, sitou lè, kouwè nou te wè sou Channmas, gwoup moun sa yo te reprezante diferan gwoup daj, avèk yon majorite jèn ant dizwit a karant tan.  Patisipan yo, sètadi tout moun ki te nan rasanbleman an, te la paske yo te vle patisipe nan yon diskisyon sou Ayiti, peyi yo. Se te pou mwen yon fòm elve sivism kote sitwayen ak sitwayèn peyi a desann sou plas piblik e diskite sou chanjman, mande pou gen chanjman nan jan sosyete a ap opere.  Sa te rive nan epòk Revolisyon Fransèz la, e sa te rive tou nan epòk Revolisyon Ayisyen an. Se yon moman kote tout peyi a, omwen majorite sant entelektyèl, politik e afektif li, wè nesesite pou bagay yo chanje.  Obsèvasyon sa a — sitwayen ak sitwayèn k ap diskite sou yon plas piblik sou oryantasyon peyi yo — te ranpli kè m ak lajwa paske li te montre m gen yon eleman kritik ki egziste e ki pa lese li kowonpi ni dekouraje pa zaksyon kontraryetan lennmi pwogrè pèp la, ni pa fo paradi peyi dominan, enperyalis yo ofwi kou swadizan rekonpans pou mank satisfaksyon egzistansyèl nou.  Kouwè nou di piwo a, yon peyi ki gen gwoup sitwayen ak sitwayèn k ap diskite sou pwoblèm ak sou avni li se yon peyi ki gen anpil chans pou l sove.

Chache repons a kesyonnman lavi se yon kesyon ki alafwa filozofik, nan sans panse kou ideyalizasyon posiblite, men sèlman nan nivo vizyon, vizyon kou objektif iltim ideyalizasyon an. Men li se tou yon kesyon pratik sou kouman fòs ak resous objektif Leta yo, avèk sipò lasosyete tout ansanm, vin fòse anplwaye pou tablisman yon nouvo paradigm, yon nouvo orizon pou sa moun ye. Sou kouman yo ka konplètman chanje jan yo ap viv si yo vle angaje yo politikman pou chanje kondisyon politik lasosyete lè l jan l ye a p ap mache pou yo.

Obsèvasyon mwen fè sou Channmas la te ranpli m ak lespwa Pòtoprens ap yon jou reprann esplandè bèlte li, l ap vin reviv avèk yon nouvo vizyon sou sa li ye e sa li reprezante; l ap retounen bèl Pòtoprens jenès mwen te konnen an, Pòtoprens kè mwen.

Aswiv nan Dezyèm Pati

*

 Viré monté