Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Tout timoun se timoun

Jacques Pierre

Timoun

Haïti, mai 2010. Photo Alfonso Zirpoli.

Mm Arielle Jeanty Villedrouin
Enstiti Byennèt Soysal
Pòtoprens, Ayiti
20 Mas 2012

TOUT TIMOUN SE TIMOUN

Nan non tout timoun pi fò nan nou rele restavèk yo, m wete chapo m byen ba pou m salye ou ansanm ak tout kolaboratè ou yo ak kè poze. Antan m ap ekri w ak kè poze, chaje ak anpil timoun nan peyi a k ap viv ak kè sote paske sitiyasyon lavi yo kay mesye ak madanm anmè kou fyèl. Nan non timoun sa yo, m ta renmen poze w de twa keksyon ki merite repons ki klè kou dlo kokoye. 1) Ki sa Enstiti Byennèt Sosyal (E.B.S.) gen nan djakout li pannan de pwochen ane yo pou pèmèt yon bon valè nan timoun sa yo tounen kay fanmi yo? 2) Èske E.B.S. gen entansyon louvri lòt biwo nan kèk lòt vil nan peyi a? 3) Ki dispoziyon E.B.S. pran deja oswa pral pran pou mande otorite yo ki la pou sa pou aplike lalwa kont moun k ap fè timoun sa yo abi chak jou?

Antan m ap ekri lèt sa, anpil nan nou ap pase kòlè nou sou timoun sa yo. Gen moun k ap bat yo san rezon, fè kadejak sou yo, boule yo ak kawo cho, di yo move pawòl, pimpe yo nan lari. Gen nan yo k ap tranble ak yon lafyèv byen cho sou yon bout siman byen frèt.  Jodi a, sou wout travay nou, se pa de nan timoun sa yo nou pa wè ak gwo bokit dlo sou tèt yo, yon pantouf chire nan pye yo, tèt yo pa penyen, yo sal, yon ti jip klèrèt sou yo. Epi, ti moso lasibab yo krache nan plat yo a pa ase pou yo kenbe kè yo.  Sitiyasyon sa ase pou ban nou tout kè plen, esepte sila ki gen move kè yo. Pou konben tan timoun sa yo ap ka pran kè ankò? Èske lekòl pa fèt pou timoun sa yo tou? Douvan yon sitiyasyon kon sa, E.B.S. pa dwe rete kè kal.

Nou konnen pwoblèm nan pa ka ranje jodi pou demen paske sosyete nou an chita sou yon move chapant, e chapant sila la depi djab te kaporal. Men, nou pa ka kontinye ap pran woulib sou sistèm sa a paske li p ap mennen nou okenn kote.  Antan m ap di sa, sa pa anpeche m gen kè kase pou timoun sa yo paske m pa konnen ki plan E.B.S. genyen pou manyen pwoblèm nan. Se pa yon pwoblèm ki ka rezoud sèlman ak volonte. Nou bezwen yon bon jan plan ki kouche sou papye, epi tout kalite resous pou travay sa fèt. Si se pa sa; demen timoun sa yo, kidonk demen nou tout, nan ti gòdèt.

M kwè gen anpil moun ki ta byen renmen fè kèk pwopozisyon pou ede E.B.S. nan travay li. Men, E.B.S. pa gen yon sit oswa yon adrès elektwonik pou resevwa mesaj. Epi tou, pa gen de twa liy telefonn disponib kote moun kapab rele pou denonse kèk moun k ap maltrete timoun sa yo. Se ta yon bon lide si E.B.S. ta fè yon rankont nasyonal pou rasanble tout moun k ap travay e ki vle travay pou chanje sitiyasyon sa. Men, m yon ti jan karèt pou m mande E.B.S. fè sa paske se pa jodi a kolòk ap fèt nan peyi a, lajan depanse, gwo diskou fèt, franse pèdi lavi li, men ti Mari pa monte, ti Mari pa desann.

M swete E.B.S. va fè nou konnen anvan lontan ki sa li gen nan djakout li kòm plan travay. Epi tou  nou swete E.B.S. va òganize yon seri emisyon pou sansibilize ak edike nou tout sou dwa timoun. E m swete emisyon sa yo pa chita sou moke timoun sa yo tankou anpil moun k ap fè piblisite pran plezi nan chare peyizan yo, epi defòme lang kreyòl la.  Timoun sa yo se moun menm jan yo ye ak nou. Nan yon peyi kote Leta pa janm pran reskonsablite li, epi pèp la pa edike ase pou fòse Leta travay nan enterè tout peyi a. Kidonk, nou tout ki pa nan sitiyayson timoun sa yo; se yon chans, men se pa Bondje ki fè nou lagras, paske se pa Bondje ki vle timoun sa yo nan kondisyon klowòks yo ladan an. Se dilere, nou pa janm bay timoun sa yo chans pou yo pale. Ki fè, nou pa janm konnen sa ki anndan kè yo. Tankou pwovèb la di “Sa ki nan kè yanm, se kouto sèlman ki konnen l”

E.B.S. balon an nan pye ou paske timoun sa yo bouke plenn nan kè yo.

Jacques Pierre
Duke University
Durham, North Carolina
jp189@duke.edu

boule

 Viré monté