Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Masuife

Patrick Sylvain

 

 

 

 

 

 

 

Masuife, Patrick Sylvain • Trilingualpress • 2013 • ISBN 13: 978-1-936431-03-8 •
90 paj • $15.00 + $3.95.

Masuife

Otè koumanse ekri e pibliye an kreyòl ayisyen depi lè li te ti jènjan nan lise Rindge and Latin nan Kanmbridj, Masachisèt. An 1992 li pibliye koleksyon powèm Mazakwa, epi an 1994, Zansèt, yon seri liv ki se bèl chelèn literè e ki kontinye yon temerite pou ekri e sòti zèv ekri inikman an lang ayisyen oubyen an tradiksyon ayisyen nan yon milye frankolonize (selon bèl ti mo Idi a).

Sylvain se otè tou, Lanmou, Anvi, Pédans, yon zèv bileng (angle-ayisyen), pibliye an 2005 kote li libere emosyon l sou santiman sa yo; li pale tou ladann sou memwa, li rann yon omaj patikilye bay koup Marcelle ak Paul Laraque «Nou reveye ak menm rèv la. Yon Ayiti miyò / Mamour, nou deplase lombraj, nou anbrase zetwal». Li dedye tou ladann yon powèm pou Edwidge Danticat ak mari li Fedo. Danticat retounen koutwazi a nan yon bèl apresyasyon nan fen liv la kote li di pwezi Sylvain: «Se yon pwezi orijinèl ki an menm tan konnen orijin li. Si m’ pa te konn pale ak li an Kreyòl, mwen ta anvi aprann li, pou m’ ka li Patrick Sylvain.»

Efektivman, nouvo koleksyon sila a ekri an sèt diferan vwa oubyen enspirasyon, otè a devlope yon langaj espesyal, yon langaj Erol josue rele «langaj daki, langaj adjanoumelezo, langaj sansi sanse», kote otè a lese l enspire pa lespri zansèt yo nan yon vizyon pwofon.

Men sa Lunine Pierre-Jerôme, yon espesyalis sou edikasyon, di nan prefas la: «Sèt Vwa anba peristil plim frè m Asogwe Patrick Sylvain k’ap trase vèvè pandan l’ap pale langaj, l’ap rele Legba Granchimen louvri baryè pou li ka simaye lapawòl, pou li ka jete dlo lakonesans sou fòm pwezi li batize sou non “Masuife”. Masuife pale langag lanvè-landwat nan 49 pwezi ki jwenn sous yo nan bokovi Ife, antre nan lavil Okan, pase Souvnans, pou l rive nan demanbre l’ ak goubasa l’ nan men l’.» Li remake: «Anfèt, chak fwa yon otè deside kouche lang Kreyòl Ayisyen an sou papye, li chwazi dekonstonbre mit ki vle fè kwè Kreyòl Ayisyen an se tèt kanna li paka monte tab. (...) Otè a deklare pwenn fè pa mò rèd! Kreyòl Ayisyen p’ap fè desantyèm lang ki sou wout disparèt yo, ni li paka mouri menm jan ak Aasax nan Tanzani. Kreyòl Ayisyen an soti nan aziboutou, fòk li kontinye chimen l’ pandan entèlektyèl Ayisyen ap fè piwèt pou met yon Akademi Kreyòl Ayisyen sou pye. Masuife gen nan kwi l’ nan sèt vwa pou tout moun ni sak save ni sak pa twò konn lafèy, toulede.»

Vizyon kosmik ou non, powèm nan Masuife yo montre matirite yon powèt akonpli ki vle kreye nan lang ayisyen an yon langaj powetik ki twouble w e rejwi w an menm tan.

Tontongi

boule boule boule

Ou ka kòmande liv la sou sit adrès sa yo:

Trilingual Press - Amazon.com

Oubyen direkteman ka otè a:

Patrick Sylvain sylvaipa@hotmail.com, Tel. 617-359-3967;

M&S Beauty Supply, 383 Somerville Avenue, Somerville MA 02143, Tel. (617) 776-5829

Reference: www.tanbou.com; Trilingual Press: www.tanbou.com/trilingualpress

boule

 Viré monté