Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Ézéchiel Saintena

Écrivain et poète haïtien

 

 

 

 

 

 

Ézéchiel Saintena

Ezéchiel SAINTENA fèt Basen Manyan, dezyèm seksyon kominal vil Gonayiv, Ayiti. Edikatè, ankadrè kominotè pedagojik, kaligraf; jenn ekriven, powèt k ap chache amelyore epi pèfeksyone kalite ekriti l nan domèn literè a chak jou. Kowòdonatè jeneral Forum des Jeunes de Bassin (FOJEB).

Nan lane 2009, li te antre nan Lise Fab Jefra, youn nan pi gwo lekòl nan vil la epi youn nan pi ansyen lekòl nan peyi a ki te fonde sou prezidan  Nikola Jefra nan lane 1859. Se nan lise sa a, li te fè tout klas segondè yo.

Nan lane 2016, li te kòmanse etidye nan Université Publique de l'Artibonite aux Gonaïves (UPAG) nan syans edikasyon, depatman filozofi ak lèt modèn.

Nan lane 2018, li te antre nan lekòl dwa Gonayiv la nan syans jiridik. Nan menm ane sa a, li te kòmanse anseye etid tèks nan lekòl nan nivo fondamantal. Depi lè sa tou, li te kòmanse sèvi kominote a.

Nan lide pou l te mete konpetans li osèvis zòn kote l soti a ki se Basen Manyan,  nan janvye 2020 li te fonde yon òganizasyon imanitè ki rele Gran Espwa. Se yon òganizasyon ki travay nan domèn edikasyon ak sante epi ki gen plizyè branch tankou Akademi timoun yo,  Jenès an refleksyon. Gras ak òganizasyon sa a, anpil ti moun jwenn bon jan fòmasyon pou ede yo amelyore kalite vi yo san bliye jenn ak granmoun paske l mete sou pye yon fòmasyon kominotè pou ede moun yo konprann wòl yo nan bon jan devlopman kominote y ap viv la.

Nan lane 2021, li te chanpyon nan yon konkou pwezi nasyonal ak yon tèks nan lang kreyòl ayisyen an ki te gen tit "edikasyon se chimen devlopman". Men premye powèm li te ekri te rele "martyr terrestre"

Li suiv plizyè fòmasyon sou lidèchip,  sou jesyon resous imèn ak sou antreprenerya. Anplis de sa yo, li te dekwoche yon atestasyon nan yon kou li te suiv anlin Université Senghor du Sénégal te ofri masivman ansanm ak Institut de la Francophonie pour le Développement Durable (IFDD). Se te yon kou sou évaluation environnementale des politiques et projets de développement.

Nan dat ki te 19 me 2022 a, nan 9h nan maten, li te soutni avèk siksè travay rechèch li nan Université Publique de l'Artibonite aux Gonaïves (UPAG) sou tèm "la discipline en éducation en Haïti" devan yon jiri ki gen twa manm. Se te yon travay ki te fèt an goup ansanm ak Mascothias JULES epi Jordany CHARLES ki se de (2) lòt kamarad li nan inivèsite a.

Nan mwa me 2023, li pibliye premye liv li ki rele «méthodologie philosophique» nan Editions Universitaires Européennes (EUE) epi fonde Forum des Jeunes de Bassin (FOJEB) ki se yon mouvman sosyo-politik epi edikatif.

Ezéchiel SAINTENA se yon jèn basinwa ki entèrese ak rechèch. Li toujou swete kontinye etid li jis nan nivo doktora; men jis kounyeya, akoz resous ekonomik, li poko kapab kontinye. Li toujou rete motive pou kontinye etid la nenpòt lè l jwenn posibilite.

*

Profil

Être sympa, rigoureux et méthodique. Avoir la capacité de travailler seul ainsi qu’en équipe, de gérer des situations urgentes, d’adaptation et d’organisation. Être capable de travailler sous pression avec aisance, avoir l’esprit d’initiative.

Fondateur du Sainten-Art (Atelier/centre de formation, d'éducation, de création et d'épanouissement consacré à l'art et à la culture ayant pour devise «redonner du goût»).

Champion de la première édition du concours de poésie organisé, cette année, par ITIAHaiti avec le poème «edikasyon se chimen devlopman».

Langues:

Créole - Français

Intérêts:

Écriture - Musique - Lecture - Promenade - Cinéma -Débat

Formation

11 mai-27 juin 2021 Attestation en évaluation environnementale des politiques et projets de développement.
avril-mai 2021 Certificat en gestion des ressources humaines (GRH) à club rfi des Gonaïves.
janvier-mars 2021 Certificat de formation sur le développement intégré à la Mission Évangélique Ében-Ezerdes Gonaïves (MEEEG).
2018-2022 Étude en Sciences Juridiques, École de Droit et des Sciences Économiques des Gonaïves.
2015 - 2016 Diplôme de fin d’études secondaires, Lycée Fabre Nicolas Géffrard / MENFP des Gonaïves.

Sur Potomitan

Kreyolistik ak pratik ekriti kreyòl nan chan literè ayisyen an

Tengtengendeng (Poème)

*

 Viré monté