Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Kèk mit sou lang kreyòl ayisyen ki dwe disparèt

(2èm pati)

Hugues Saint-Fort

Atik sa a se suit yon premye atik ki te parèt sou kesyon mit lengwistik (language myths) ann Ayiti. Mwen defini mit lengwistik tankou yon seri kwayans sou lang ki sikile lan yon sosyete e ke anpil moun kwè, malgre pa genyen okenn rechèch lengwistik ki pwouve kwayans sa yo se laverite. Mwen te idantifye omwen senk (5) mit sou kreyòl ayisyen. Lan premye pati a, mwen te pale sou twa (3) ladan yo. Lan dezyèm pati sa a, mwen pral devlope de (2) lòt mit yo.

Mit #4 sou kreyòl ayisyen: Yo kopye òtograf ofisyèl kreyòl ayisyen sou lang angle alòske kreyòl ayisyen se yon lang ki baze sou franse.

Mit sa a te parèt vè ane 1940 yo. Li gen yon gwo istwa dèyè li. Sa ki te deklanche li se travay ki t ap fèt lan plizyè sektè peyi a pou mete sou pye yon òtograf sistematik pou lang kreyòl ayisyen. Anpil moun te mal konprann travay ki t ap fèt pou tabli yon òtograf konsistan e sistematik pou kreyòl ayisyen. Pandan kèk tan, te gen kèk ti efò ki te fèt pami de ou twa Ayisyen save pou ekri an kreyòl, lan yon epòk majorite moun  te enterese  ekri sèlman an franse. Pa egzanp, youn lan ekriven ayisyen ki te fè efò ekri an kreyòl se powèt ayisyen Oswald Durand ki te ekri yon powèm an kreyòl ki rele Choucoune (1896). Men yon pasaj lan powèm sa a, jan Oswald Durand te ekri li:

Dèiè yon gwo touff pingoin
L’aut’jou, moin contré Choucoune;
Li sourit l’heur’ li ouè moin,
Moin dit: «Ciel ! a là bell’ moune !»
Li dit: «Ou trouvez çà, cher ?»
P’tits oéseaux ta pé couté nous lan l’air…
Quand moin songé ça, moin gagnin la peine,
Car dimpi jou-là, dé pieds-moin lan chaine !»

Lan powèm sa a, Oswald Durand fè sa li kapab pou li fè òtograf powèm Choucoune koresponn ak òtograf lang franse. Malgre sa, li te pran kèk libète ak òtograf franse. Li pa te reyisi suiv li nètalkole paske gen michan diferans ant mo franse ak mo kreyòl. Nou va note  Oswald Durand se youn lan premye ekriven kreyòl ayisyen ki te ekri mo franse «gros» avèk yon semi konsòn «w» devan  vwayèl posteryè  «o», ki se fason majorite Ayisyen pwononse li. Li pa te ekri li avèk konsòn «r», jan yo ekri li an franse, men ke okenn Ayisyen natif natal pa pwononse konsa. Men, Oswald Durand ekri «trouvez» avèk «ez» kòm si li t ap ekri fòm sa a an franse lan 2èm pèsòn pliryèl. Li ekri tou pwonon «nous» avèk yon « menm jan sa fèt an franse. Durand ekri «la peine» an 2 mo menm jan sa fèt an franse alòske an kreyòl se yon sèl mo li ye (lapenn) akoz fenomèn lengwistik ke lengwis yo rele «agglutination»1, lan egzanp tankou «lavi», «lekòl», «labank», «lajan»,  «legliz», «lò», «monnonk», «matant», … Durand ekri «pieds» avèk yon «s» pou mete li o pliryèl alòske kreyòl ayisyen pa genyen yon mak pliryèl «s», menm jan sa egziste an franse.

Se vre kreyòl ayisyen gen yon baz franse (majorite mo ki lan leksik kreyòl ayisyen soti lan franse , epi gen pa mal relasyon ant sentaks franse ak sentaks kreyòl), men se pa poutèt sa li dwe kopye lang franse. Anviwon 40% mo lang angle soti lan lang franse, dapre moun save ki fè rechèch sou istwa leksik lang angle, men sa pa fè lang angle tounen yon lang laten osnon yon lang womàn (romane). Lan klasifikasyon fanmi lang ke lengwis yo etabli, angle se yon lang jèmanik, menm jan avèk lang alman, lang danwa, lang olandè,…

Kesyon fondamantal nou dwe poze si n ap reflechi seryezman sou kesyon an se: Ki sa òtograf ye? Òtograf se fason nou ekri son yon lang men òtograf ak lang se 2 bagay diferan. Jan lengwis yo esplike sa yon pakèt fwa deja, yon lang se yon konesans abstrè tout lokitè lan yon sosyete genyen lan sèvo yo sou yon ansanm règ ak prensip ki pèmèt yo konprann epi fòme fraz. Konnen yon lang se pa memorize yon leksik. Yon lang manifeste li avèk son. Òtograf se sèlman fason nou reprezante, nou ekri son sa yo, men se pa li ki se lang lan. Lan ekriti alfabetik nou itilize pou ekri angle, franse, panyòl…, nou sèvi ak lèt pou nou reprezante  son yon lang, men nou dwe fè yon gwo diferans  ant son ak lèt. Gen yon pakèt peyi sou latè kote moun yo pale yon lang men yo pa ekri li. Donk, nou pa dwe konfonn yon lang avèk yon òtograf. Nou jwenn lang lan tout sosyete ki gen moun, men nou pa fòseman jwenn lang ekri lan tout sosyete.

Yon òtograf sistematik se yon òtograf kote chak lèt alfabè ta koresponn avèk yon son ki lan yon lang. Lè sa, yon menm son lan lang lan ta toujou ekri avèk menm lèt lan. Se ta aplikasyon prensip ki di: yon son pou yon lèt ; yon lèt pou yon son. Se prensip sa a ki alabaz Alfabè Fonetik Entènasyonal (Alphabet Phonétique International/ International Phonetic Alphabet).  Premye vèsyon Alfabè Fonetik Entènasyonal te pibliye premye fwa ann out 1888 anba plim yon gwoup lengwis-fonetisyen ki te fòme yon òganizasyon ann Ewòp an 1886. Prensip fondamantal Alfabè Fonetik Entènasyonal (AFEn) se: Dwe genyen yon sèl e menm lèt pou chak son distenktif (fonèm),  e nou dwe itilize menm senbòl lan pou son sa a lan nenpòt lang kote son sa a parèt. Si nou pran òtograf lang franse, yo ekri son [k] avèk swa lèt c tankou lan mo franse calme, swa lèt q tankou lan mo franse qui, swa lèt k tankou lan mo franse képi. Òtograf franse se yon òtograf ki pa konsistan ditou, ki pa sistematik. Lan òtograf lang kreyòl, son [k] toujou ekri ak lèt k. Nou dwe ekri: kalòj, kamoken, kanpe, kann, kapòt, kat, kite, komedi…Dayè lèt c, esepte lè li mache ak lèt h pa egziste lan ekriti kreyòl ayisyen. Li pa janm mache pou kont li. An kreyòl ayisyen, yo sèvi ak ch pou ekri son [∫]. Nou dwe ekri: chapo, chèlbè, chita, chen, chou, chinwa, cho, chokola, mache, mouche, touche.

Dapre Schieffelin & Charlier-Doucet (1998), se 2 save ayisyen Frédéric Doret ak Christian Beaulieu ki te pwopoze an premye yon òtograf sistematik pou kreyòl ayisyen. Doret te fè sa an 1924, Beaulieu an 1939, men pa te gen anpil moun ki te pran travay 2 save sa yo an konsiderasyon.

Dapre Dejean (1980), Schieffelin & Charlier-Doucet (1998), an 1940, yon misyonè pwotestan ilandè ki rele Ormonde McConnell te debake ann Ayiti pou konvèti lan relijyon pwotestan Ayisyen ki t ap viv lan zòn riral peyi a. Anpil lan moun sa yo pa te konn li ni ekri. Lè McConnell reyalize ke pa te genyen yon sistèm òtograf konsistan pou montre Ayisyen lan zòn riral yo aprann li ak ekri, li vin santi nesesite pou kreye yon òtograf sistematik men ki ta vin debouche pi ta sou lang franse. Se kon sa li vin mete sou pye yon òtograf fonolojik, kwak McConnell li menm te rele li yon «orthographe phonétique»2.

Òtograf McConnell la te baze sou Alfabè Fonetik Entènasyonal. Dejean (1980: 19) montre gen dizuit (18) senbòl McConnell te prete lan AFEn avèk valè yo genyen lan sistèm sa a. Men yo:

a  b  d  f  g  i  k  l  m  n  o  p  r  s  t  v  w  z

Men gen douz lòt ki pa suiv valè yo genyen lan Alfabè Fonetik Entènasyonal. Lan douz sa yo, uit ladan yo suiv valè yo genyen lan alfabè franse. Men yo:

ch   é   è   gn   j   ou   u  y

Lòt kat yo se McConnell li menm ki kreye yo avèk valè yo. Men yo:

ò       â      ê      ô

Lè li te fèk parèt an 1940, se konsa òtograf McConnell la te ye. McConnell te rankontre ann Ayiti an me 1943 epi an janvye 1944 (Dejean 1980: 21) avèk yon edikatè ameriken ki rele Frank C. Laubach e yo deside fè kèk chanjman lan jan òtograf la te bati. Genyen 2 senbòl yo te dakò pou yo chanje. Se te sh ak u ke yo transfòme an ch ak ou pou transkri fonèm /∫/ ak /u/.

Anpil entèlektyèl ayisyen te voye pye lè Laubach ak McConnell te pibliye òtograf yo a. Yo di se te yon «américanisation culturelle». (Pressoir 1947: 66). Dejean (1980: 21-22) fè yon rezime sou prensipal atak Pressoir te lanse sou òtograf McConnell-Laubach la. Men yo:

  1. Òtograf McConnell-Laubach la te plis sanble yon òtograf ki t ap suiv prensip lang angle paske li adopte sh pou son /∫/ olye ch; u pou son /u/ olye ou; you pou ekri atik endefini olye li ekri gnou.
     
  2. Piske dapre Pressoir (Pressoir 1947: 68 ak 53), veritab objektif la se aprann lang franse («le but ultime étant le français»), òtograf McConnell-Laubach la pa ede Ayisyen analfabèt yo aprann franse pi vit.
     
  3. Òtograf McConnell-Laubach la itilize vwayèl «gwo kreyòl» la san li pa konsidere vwayèl anteryè awondi yo (Pressoir 1947: 66)
     
  4. Òtograf McConnell-Laubach la fè chòk avèk òtograf franse a lè li sèvi ak aksan sikonflèks sou â, ê, ô pou nazalize vwayèl sa yo.
     
  5. Olye li sèvi ak digraf ou, òtograf McConnell-Laubach la itilize w.

Pressoir (1947: 67) te rive menm di ke òtograf McConnell-Laubach la ta bon pou kèk «sauvages de l’Australie ou de quelque coin perdu», men li pa valab «dans un pays à traditions françaises». Men, malgre tout kritik Pressoir te fè sou «òtograf Laubach» la, lan chanjman li pote  yo, li kenbe anpil lèt Laubach te itilize. Pa egzanp, Pressoir te kalifye lèt k, y, ak w kòm lèt «Anglo-Saxon», men li te kenbe lèt k olye li ekri lèt c (osnon lèt q) menm jan ak lang franse pou reprezante son /k/. Li ekri «okinn», «ké», «kléré»,…

Òtograf ofisyèl Ayiti genyen jodi a depi janvye 1980 se aboutisman sistèm ekriti sistematik Christian Beaulieu, Charles-Fernand Pressoir, McConnell-Laubach te kòmanse apati ane 1939. Li pa gen anyen pou l wè ak òtograf lang angle. Laubach pa te sèvi ak òtograf angle pou li bati sistèm ekriti li te pwopoze ansanm ak misyonè ilandè Ormonde McConnell. Laubach ak McConnell te baze òtograf yo a sou Alfabè Fonetik Entènasyonal. 3

An septanm 1979, gouvènman ayisyen an fè parèt yon dekrè ki ofisyalize lizaj lang kreyòl lan lekòl Ayiti. Le 22 ak 31 janvye 1980, Sekreteri deta Edikasyon nasyonal te pibliye 2 kominike sou òtograf kreyòl, youn an franse ak youn an kreyòl. Se kominike sa a ki montre ki jan pou nou ekri kreyòl ayisyen.  Se sa ki òtograf ofisyèl lang kreyòl ayisyen. Se li menm yo anseye lan tout lekòl Ayiti, menm si gen kèk moun ki ap fè wondonmon e ki pa vle sèvi ak li. Men, se li menm majorite Ayisyen ak etranje itilize pou yo ekri liv, atik jounal, powèm, esè, woman, chante, … Genyen kèk moun ki poko fin alèz ak òtograf ofisyèl la epi ki fè fot lè y ap ekri li, men yo fè efò pou aprann li. Òtograf ofisyèl kreyòl ayisyen an se yon òtograf ki regilye, sistematik, koyeran, ki pa kanmarad òtograf lang angle osnon lang franse sou plan pedagojik. Prensip pou ekri li se prensip ki klè epi ki fasil pou retni. Men alfabè kreyòl ayisyen an jan li te parèt lan kominike Sekreteri deta Edikasyon nasyonal  te pibliye 31 janvye 1980:

a, an, b, ch, d, e, è, en, f, g, h, i, j, k, l, m, n, ng, o, ò, on, ou, oun, p, r, s, t, ui, v, w, y, z.  

Mit # 5 sou kreyòl ayisyen: Ann Ayiti, kreyòl se lang peyizan ak moun pòv ki pa te pase lekòl

Mit sa a rezime tout mepri, tout move santiman yon ti gwoup Ayisyen genyen pou lang nasyonal la yo pale poutan toulejou lan tout kwen peyi a. Li mache men lan men avèk tandans ki ta vle fè konprann gen 2 kalite Ayisyen, youn ki se «moun andeyò» ki enferyè epi yon lòt kalite Ayisyen ki se moun Pòtoprens e ki pale franse. An reyalite, tout moun konnen kreyòl se premye lang tout Ayisyen ki fèt epi grandi ann Ayiti; se avèk kreyòl Ayisyen sèvi pou yo mennen tout kalite aktivite ann Ayiti ; se pa peyizan sèlman ki pale kreyòl; kreyòl se sèl lang ki simante tout Ayisyen, kèlkeswa klas sosyal yo, nivo etid yo, koulè po yo, rejyon jewografik kote yo soti…; se pa moun pòv sèlman ki pa te pase lekòl ki pale lang kreyòl, se tout Ayisyen ki fèt e grandi ann Ayiti ki kominike an kreyòl.

Pou ki sa kesyon lang kreyòl soulve tèlman pwoblèm lan sosyete ayisyen an e menm lan dyaspora ayisyen? Lang kreyòl genyen yon istwa dèyè li. Se istwa orijin nou, kote nou soti, lan ki kondisyon nou vin ateri sou tè sa a, idantite nou. Jiskaprezan, gen Ayisyen ki anbivalan sou ki moun yo ye, ki lang yo pale, ki sa lang sa a ye. Jiskaprezan, gen Ayisyen ki pa vle admèt lyen yo genyen avèk Lafrik. Yon michan entèlektyèl ayisyen ki rele Jean Price-Mars te ekri lan yon liv selèb ki rele Ainsi parla l’oncle (1973) [1928]: «Quant à celui ‘d’Africain’, il a toujours été, il est l’apostrophe la plus humiliante qui puisse être adressée à un Haïtien. A la rigueur, l’homme le plus distingué de ce pays aimerait mieux qu’on lui trouve quelque ressemblance avec un Esquimau, un Samoyède ou un Toungouze plutôt que de lui rappeler son ascendance guinéenne ou soudanaise.»4 (Rele yon moun «Afriken» se te yon jouman, e se jiskaprezan  jouman ki pi imilyan pou yon Ayisyen. Vle pa vle, nèg ki pi byen kanpe, pi chèlbè lan peyi sa a ta pi kontan si yo di li ke li sanble avèk yon Esquimau, yon Samoyède osnon yon Toungouze pase pou ta raple li ke li se desandan pèp ginen osnon pèp soudanè.» [tradiksyon pa mwen).

Menm jan avèk tout moun ki grandi lan yon sosyete epi ki kapab pale, rezone, diskite, Ayisyen pale yon lang. Ayisyen pa diferan de okenn lòt pèp sou latè. Syans lengwistik esplike ke tout moun fèt avèk yon kapasite pou yo pale yon lang. Se sa lengwis yo rele «faculté de langage».  Gras a li, tout moun ki fèt e grandi lan yon sosyete ap kapab akeri lang moun pale lan sosyete sa a anvan li ale lekòl. Lang sa a se premye lang li, lang natif natal li. Ann Ayiti, premye lang tout Ayisyen se kreyòl. Se avèk lang sa a majorite Ayisyen sèvi pou yo rakonte esperyans yo lan sosyete a, diskite avèk zanmi yo, di sa yo renmen, sa yo rayi, jan yo konprann yon kesyon, …Yo kapab aprann yon lòt lang (osnon plizyè lòt lang) pi ta lan lavi yo men lang kreyòl ap rete premye lang yo.

Lang pèp ayisyen se kreyòl, se pa ni franse, ni angle, ni panyòl. Genyen endividi ayisyen ki aprann franse, angle osnon panyòl. Genyen ladan yo ki vin maton lan lang sa yo paske yo te aprann yo lekòl ak lan inivèsite, osnon paske yo te abite lontan lan peyi kote moun pale lang sa yo. 

Non kreyòl la gen yon istwa dèyè li. Lè li te fèk parèt lan koloni Sen Domeng lan kòmansman ane 1700 yo, li te sèvi pou deziyen Ewopeyen ki te fèt lan koloni yo. Moun te fè yon distenksyon ant Ewopeyen sa yo ak Ewopeyen ki te fèt lan metwopòl la, pa egzanp an Frans. Apre sa, mo kreyòl la vin deziyen tout bagay ki lokal : pyebwa, manje, zannimo… Epi, yo vin sèvi ak li pou fè yon distenksyon ant esklav ki te fèt lan Sen Domeng  yo ak esklav ki te fèt ann Afrik. Yo te rele esklav ki te fèt ann Afrik yo esklav bosal epi yo te rele esklav ki te fèt lan Sen Domeng yo esklav kreyòl. Li sanble se lan dezyèm mwatye XVIII èm syèk moun kòmanse sèvi ak tèm «kreyòl» la pou deziyen lang esklav yo pale lan Sen Domeng. Men yon tèks Moreau de Saint-Méry5 sou kesyon sa a kote li dekri kreyòl la lan liv li a ki rele Description topographique, physique, civile, politique et historique de la partie française de l’isle Saint-Domingue (1797):

«J’ai à parler maintenant du langage qui sert à tous les nègres qui habitent la colonie française de Saint-Domingue. C’est un français corrompu, auquel on a mêlé plusieurs mots espagnols francisés, et où les termes marins ont aussi trouvé leur place. On concevra aisément que ce langage, qui n’est qu’un vrai jargon, est souvent inintelligible dans la bouche d’un vieil Africain, et qu’on le parle d’autant mieux, qu’on l’a appris plus jeune. Ce jargon est extrêmement mignard, et tel que l’inflexion fait la plus grande partie de l’expression. Il a aussi son génie, (qu’on passe ce mot à un Créol qui croit ne le pas profaner), et un fait très sûr, c’est qu’un Européen, quelque habitude qu’il en ait, quelque longue qu’ait été sa résidence aux Isles, n’en possède jamais les finesses.»

«Kite m pale kounyè a de lang ke tout nèg ki ap viv lan koloni franse Sen Domeng lan itilize. Se yon franse kowonpi, kote yo mele plizyè mo panyòl fransize, epi kote yo anplwaye  anpil mo lanmè tou. Nou ka konprann fasilman ke lang sa a ki se yon bon jagon, li difisil anpil pou konprann li lè se yon granmoun Afriken ki ap pale li. Yo pale li pi byen lè yo aprann li pi jenn. Jagon sa a delika anpil. Se monte desann lan vwa yo ki fè tout cham li. Li genyen pwòp jeni pa li (kite yon Kreyòl tankou m itilize mo sa a, mwen pa kwè m ap pwofane li). Sa ki sèten, se sa: yon Ewopeyen, kèlke swa abitye li abitye ak kreyòl, kèlke swa longè tan li viv lan zile sa yo, pa janm rive metrize tout finès lang sa a.» [tradiksyon pa mwen].

Referans site

Dejean, Yves (1980) Comment écrire le créole d’Haïti. Québec: Collectif Paroles.

Durand, Oswald (1896) Rires et Pleurs, Poésies. Klaus Reprint (1970)

Hazaël-Massieux, Marie-Christine (2008) Textes anciens en créole français de la Caraïbe. Histoire et analyse. Paris : Editions Publibook.

Pressoir, Charles-Fernand (1947). Débats sur le créole et le folklore. Afriques grises ou France brunes ? Langue, races, religion et culture populaire. Port-au-Prince: Imprimerie de l’Etat.

Price-Mars, Jean (1928) [1973] Ainsi parla l’oncle. Ottawa: Leméac.

Schieffelin, B. Bambi and Charlier Doucet, Rachelle (1998) The «Real» Haitian Creole. Ideology, Metalinguistics, and Orthographic Choice. In Language Ideologies. Practice and Theory. Edited by Bambi B. Schieffelin, Kathryn A. Woolard and Paul V. Kroskrity, pp.285-316. Oxford: Oxford University Press.

Hugues Saint-Fort
New York, septanm 2016

Nòt

  1. “Agglutination”: tèm lengwistik ki deziyen yon pwosesis istorik kote mo ki te separe vin kole ansanm pou yo fè yon sèl mo nouvo. An franse, mo “aujourd’hui” se yon bon egzanp “agglutination”. An kreyòl ayisyen, fenomèn sa a manifeste li sitou ant detèminan defini osnon yon posesif ki devan yon non. Se sa ki bay «lari», «diri», «lekòl» kote «la» vin kole ak «ri» pou fè yon sèl mo «lari». Menm bagay la rive lan «diri», «lekòl»…
     
  2. Préface de la seconde édition, 1952, de You Can Learn Creole.
     
  3. Men yon lyen ki va mennen nou jwenn Alfabè Fonetik Entènasyonal la ak fòm tout senbòl fonetik pou son ki gen lan lang franse: http://w3.uohprod.univ-tlse2.fr/UOH-PHONETIQUE-FLE/DOCS/DOC01.pdf
     
  4. Ale li sou kesyon sa a yon atik mwen te pibliye lan revi ki rele “Potomitan”. Atik sa a rele: «Vie et mort de l’usage péjoratif de l’épithète «Africain».
     
  5. Selon lengwis franse Marie-Christine Hazaël-Massieux (2008: 87) «Médéric-Louis-Elie Moreau de Saint-Méry est né en janvier 1750 à Fort-Royal, dans une famille créole martiniquaise installée en Martinique dès le milieu du XVIIe siècle. Reçu avocat au Parlement de Paris en 1771, il partit s’installer, avec l’appui de nombreuses relations, comme avocat à Saint-Domingue – ce qui nous vaut son ouvrage célèbre, mais aussi une foule de documents, notes, etc. du plus grand intérêt. Il est mort à Paris en 1819.»

boule

 Viré monté