Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Ki sa sa vle di, pwoteje lang franse ann Ayiti?

Hugues Saint-Fort

Nan yon konferans li te bay nan inivèsite Indiana (Etazini), nan dat 1er avril 2022, lengwis ayisyen Rochambeau Lainy di ke youn nan objektif li se «pwoteje lang franse ann Ayiti». Se tout dwa yon sitwayen franse oswa yon Ayisyen ki ap travay pou gouvènman franse ann Ayiti, fè yon deklarasyon kon sa. Men, lè nou konnen ke Rochambeau Lainy se yon manm Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) li ye tou, nou oblije poze tèt nou anpil kesyon. Pa egzanp, ki enterè yon akademisyen nan AKA genyen pou li fè yon tèl deklarasyon?Se vre ke tou de lang sa yo se lang ofisyèl Ayiti yo ye, men tout moun ki konnen istwa 2 lang sa yo ann Ayiti, ki konnen relasyon difisil yo te toujou genyen depi Ayiti te mete Lafrans deyò pou n tounen yon peyi endepandan, ap genyen pou li mete 2 men nan tèt.

Pou nou byen konprann kontèks istorik, sosyal ak lengwistik deklarasyon sa a, an n sonje  analiz lengwis ayisyen Yves Dejean ki te pibliye yon liv an 1975, ki rele: «Dilemme en Haïti: français en péril ou péril français? Yves Dejean te poze yon kesyon ki te fè anpil sans nan epòk sa a (an 1975). Prèske 50 lane apre, anpil chanjman rive fèt nan sitiyasyon sosyo-lengwistik Ayiti : kreyòl ayisyen nou an vin tounen youn nan 2 lang ofisyèl peyi a (lòt lang ofisyèl la toujou rete lang franse), genyen dekrè ministeryèl ki pwoklame kreyòl kòm «langue d’enseignement» e «langue enseignée», sistèm edikasyon Ayiti vin wè anpil chanjman, vin genyen yon òtograf ofisyèl pou lang kreyòl, vin genyen yon Akademi Kreyòl Ayisyen. Èske se paske chanjman sa yo te parèt tankou yon menas kont lang franse ke Rochambeau Lainy te jije fòk li bay tèt li misyon   pou li «pwoteje lang franse ann Ayiti»?Ki kote Rochambeau Lainy wè menas sa a?

Li ta sanble, nan analiz  Rochambeau Lainy, avansman sosyo-lengwistik lang kreyòl la se gwo menas kont lang franse, epi menas la ta tèlman fò sa vin fè Rochambeau Lainy bay tèt li misyon pou l «pwoteje lang franse ann Ayiti». Èske Akademisyen an pa janm reyalize yon sitiyasyon kote, pandan plis 200 lane ann Ayiti,  lang kreyòl pa ko janm jwe wòl li dwe jwe nan sosyete a.  Èske li ka esplike sa ki fè, malgre Kreyòl se  lang natif natal tout Ayisyen ki fèt epi grandi ann Ayiti, se pa lang sa a ki pi plis sèvi kòm zouti prensipal pou ansèyman nan sistèm edikasyon nou?

Kòm lengwis, Rochambeau Lainy dwe konnen ke premye lang ti moun yo se avèk li pwofesè yo dwe sèvi pou anseye. Kòm lengwis, Rochambeau Lainy dwe konnen,  sou plan lengwistik, nan pwen anyen ki fè lang kreyòl enferyè devan lang franse. Men, se pa sèlman nan lekòl yo nou jwenn yon rapò kote lang franse ap mete baboukèt sou lang kreyòl. Nan yon pakèt lòt enstitisyon  anndan peyi an, tankou lajistis, ekonomi, administrasyon piblik…e latriye, se menm enjistis sa a nou jwenn.

Eske pawòl sa a ke Rochambeau Lainy rakonte a, se yon pwovokasyon li ye, oswa èske misye se yon gwo nayif ki pa konprann enplikasyon pawòl li a?Pou ki sa misye te di pawòl sa a?Nan tout peyi ki nan zòn Karayib la e  ki te kolonize nan syèk pase yo, gen yon michan mouvman sosyo-politik ki leve kanpe kont abi, eksklizyon sosyal, ak lòt kalte  enjistis nan sistèm edikasyon yo. Kesyon lang nan peyi sa yo tounen yon kesyon fondamantal ki nan nannan batay pou liberasyon ak devlòpman.

Yon lengwis ki gen jèvrin ak repondong ta dwe  denonse enjistis sosyal sa yo ki sèvi ak lang ansanm ak edikasyon  kòm zam pou dominasyon ak diskriminasyon. Yon lengwis ki gen jèvrin ak repondong ta dwe gen ase kapasite pou li analize epi esplike manigans ki dèyè  enjistis sosyal sa yo. Yon lengwis ki gen jèvrin ak repondong ta dwe konprann rapò ki genyen ant  yon lang ak yon sosyete. Mwen ta etone anpil si Rochambeau Lainy se yon gwo nayif li ye. Èske li kwè vrèman vre, misyon li se «pwoteje lang franse ann Ayiti ?». Si repons lan se wi, genyen yon  gwo kesyon ki dwe poze tou suit lè sa a: ki sa l ap regle nan AKA?

Hugues Saint-Fort
New York, avril 2022

*

 Viré monté