Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Yves Dejean: yon save nan lang kreyòl,
yon militan pou pèp ayisyen

Hugues Saint-Fort

Mwen te li atik sa a samdi 27 oktòb 2018 nan yon Senpozyòm sou lang kreyòl ak kilti ayisyen ki te fèt nan Brooklyn College, New York, pou selebre Jounen entènasyonal lang kreyòl. Senpozyòm lan te gen 2 gwo tèm: «Lang, relijyon ak kilti ann Ayiti»; ak «Yves Dejean: lavi li ak sa l kite dèyè.»

Nan premye paj tèz doktora li te defann nan Indiana University an 1977, Yves Dejean deklare:

«Le créole, je m’en balance! Les créolophones, voilà mon souci!»

Mwen ta kapab tradui li kon sa an kreyòl:

«Ki mele m ak kreyòl! Se pou moun ki pale kreyòl m ap goumen».

Deklarasyon sa a ba nou yon lide sou ki jan Yves Dejean te konprann rechèch lengwistik li t ap mennen sou lang kreyòl ann Ayiti. Yves Dejean te konsakre yon bon pati nan lavi li pou rechèch lengwistik sou lang kreyòl ayisyen. Li te yon save sou lang kreyòl ayisyen. Se sou li misye te ekri tèz Doktora li. Pandan ane li te pase ann egzil nan Nouyòk ant 1969 ak 1986, majorite rechèch li te fè yo te konsène swa deskripsyon lang kreyòl ayisyen, swa rapò difisil lang sa a te genyen avèk lang franse ann Ayiti. An 2006, Yves Dejean te pibliye yon michan liv an kreyòl  ki rele «Yon lekòl tèt an ba nan yon peyi tèt an ba»  ki se yon radyografi lekòl ann Ayiti, sitiyasyon lang kreyòl ann Ayiti, ansanm ak sosyete ayisyen an. Jounen jodi a, liv sa a pa gen parèy li pou yon moun ki ap  analize pwoblèm edikasyon ak pwoblèm lang ann Ayiti.

Rale mwen pral fè jodi a genyen 3 pati. Nan premye pati a, m ap fè yon rezime sou sa Yves Dejean reyalize nan lengwistik kreyòl. Nan dezyèm pati a, m ap esplike sa mwen rele «angajman sosyal» / «angajman sivik» Yves Dejean. Epi, nan twazyèm pati a, m ap reflechi sou ki plas angajman sosyal sa a genyen nan sosyete ayisyen an, ki wòl moun save nan sosyete ayisyen an.

1. Yves Dejean nan lengwistik kreyòl

Yves Dejean pa te premye Ayisyen ki te sèvi ak syans lengwistik pou etidye lang kreyòl ayisyen. An reyalite, premye Ayisyen ki te redije yon tèz inivèsitè   sou lang kreyòl ayisyen se te yon dam ki rele Suzanne Sylvain, pitit powèt ayisyen Georges Sylvain.  Nan lane 1936, li te defann nan Inivèsite Sorbonne, a Paris, yon tèz ki rele «Le créole haïtien» kote li te defann lide ke kreyòl ayisyen se yon «langue éwé à vocabulaire français». Nou ta pral tann 22 lane, an 1958, pou genyen yon lòt save ayisyen ki pral ekri yon tèz doktora sou lang ann Ayiti  ke li te defann nan Inivèsite Sorbonne. Se te Pradel Pompilus. Se vre tèz doktora Pompilus la pa te dirèkteman sou lang kreyòl ayisyen. Tèz Pompilus la rele «La langue française en Haïti» men li te genyen anpil rapò ak lang kreyòl e Pompilus te ekri li avèk  yon tèz konplemantè ki rele  «Lexique créole-français . An 1973, Pompilus  te pibliye ann Ayiti  yon liv ki rele «Contribution à l’étude comparée du créole et du français à partir du créole haïtien. Phonologie et lexicologie».

Premye tèks sou kreyòl ke Yves Dejean te pibliye se sou òtograf li te ekri li. Tèks la rele: « Réflexion sur l’orthographe du créole» Li te parèt nan Bulletin de l’ONEC, Port-au-Prince, numéro 1, novembre 1962. An 1971, misye pibliye yon kont randi sou tèz doktora yon lengwis bèlj ki rele André-Marcel d’Ans. Tèz la rele « Le Créole français  d’Haïti. Étude des unités d’articulation, d’expansion et de communication ». Li te parèt nan The French Review, February 1971. An 1974, Yves Dejean pibliye nan Montréal yon liv ki rele Ti Liv òtograf kreyòl. An 1975, li pibliye nan New York yon liv ki rele Dilemme en Haïti: Français en péril ou péril français. An 1980, Yves Dejean pibliye nan Montréal yon pati nan tèz doktora li a ki rele Comment écrire le créole d’Haïti.

An 1983, Yves Dejean pibliye nan yon revi lengwistik ki rele WORD yon atik selèb ki rele Diglossia revisited: French and Creole in Haïti. Atik sa a te fè yon gwo bri pami lengwis ameriken yo paske li te atake yon konsèp ki te byen chita nan sosyolengwistik ki se konsèp Diglosi. An 1993, li te pibliye yon lòt michan atik ki rele An Overview of the Language Situation in Haiti. Atik sa a te parèt nan yon revi lengwistik ki rele International Journal of the Sociology of Language, 102: 73-83. An 2006, Dejean pibliye liv ki rele Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba (FOKAL). An 2010, Dejean te pibliye yon atik li ki rele Creole and Education in Haiti. Atik sa a te parèt nan yon liv kolektif ki rele “The Haitian Creole Language. History, Structure, Use and Education” Moun ki te edite liv sa a se lengwis ameriken Arthur Spears ansanm ak doktè Carole Berotte Joseph.  Dènye atik inivèsitè Yves Dejean pibliye se nan yon revi ki rele “Sargasso” nan yon nimewo espesyal sou “Language Rights & Language Policy in the Caribbean”. Se te 2 atik. Youn rele “Identifying the Standards for Haitian Creole”; lòt la rele: “Réflexions sur un projet d’Académie  du Créole haïtien». Genyen lòt etid sou lengwistik kreyòl Yves Dejean ekri men li pa te pibliye yo. Se poutèt sa, mwen pa site yo la.

Genyen 3 sijè ke Yves Dejean te abòde nan majorite rechèch li yo: se kesyon sentaks, kesyon òtograf kreyòl, epi kesyon diglosi ak rapò lang kreyòl e edikasyon. Mwen p ap di anyen sou kesyon sentaks jodi a, paske se yon sijè lengwistik ki trè teknik e mwen pa vle tonbe nan twòp kesyon teknik. Se sa ki fè mwen va fè yon rale tou piti sou òtograf kreyòl, sou konsèp diglosi epi sou rapò lang kreyòl ak edikasyon ann Ayiti.

Diskisyon sou Òtograf kreyòl te konte anpil nan rechèch Yves Dejean te fè sou lengwistik kreyòl. Yves Dejean te kòmanse ekri sou li depi nan lane 1962 e se sou li misye te ekri tèz doktora li an 1977. Pa te gen anpil moun save ki te ekri sou òtograf lang kreyòl ayisyen nan epòk sa a. Nan tèz doktora li an, Yves te fè yon rale sou premye òtograf sistematik ki te fèt sou kreyòl ayisyen ki te òtograf McConnell-Laubach la ki te parèt nan kòmansman ane 1940 yo. Anpil moun jiskaprezan kontinye ap kritike òtograf sa a, alòske nou ta dwe konsidere li tankou zansèt òtograf ofisyèl nou genyen depi janvye 1980. Se Yves ki te vini ak 3 prensip ki reprezante nannan òtograf lang kreyòl ayisyen.

  1. Premye prensip lan se: Chak lèt rete nan wòl yo.
     
  2. Dezyèm prensip lan se: Chak son ekri menm jan.
     
  3. Twazyèm prensip lan se: Nanpwen lèt ki bèbè.

Ki sa konsèp diglosi a ye?

Se yon lengwis ameriken ki rele Charles Ferguson ki te an premye vini ak mo sa a nan lane 1959, nan yon atik li te pibliye nan yon revi lengwistik ki rele WORD. Sa Ferguson te rele «diglossia», “diglosi” , se yon sitiyasyon sosyolengwistik kote moun te itilize 2 varyete yon menm lang nan yon sosyete. Sosyete sa a te bay youn nan 2 lang sa yo yon pakèt valè, (yo te rele li, varyete «siperyè» (H) ann anglè, alòske moun te mal konsidere lòt lang lan (yo te rele li, varyete «enferyè» (L) ann anglè.  Pa egzanp, yo pa te janm sèvi ak varyete ba a lè y ap ekri, yo pa itilize li nan lekòl, osnon nan domèn fòmèl, nan sitiyasyon ofisyèl, epi, toujou selon Ferguson, varyete sa a pa gen literati. Youn se lang lelit la, yo aprann li nan lekòl, lòt la se lang moun pale ak zanmi, ak fanmi, osnon nan lari.  Ferguson te aplike konsèp “diglosi” a sou 4 varyete: varyete arab dyalektal nan peyi Ejip, varyete grèk modèn nan peyi Grès; varyete suis alman nan peyi Suis; epi varyete kreyòl ayisyen ann Ayiti. Nan yon michan atik ki rele «Diglossia revisited: French and Creole in Haiti» ki te parèt nan yon revi lengwistik ki rele WORD, Dejean montre ke kreyòl ayisyen te yon lang otonòm, ki diferan de lang franse epi ke sitiyasyon Ferguson te chwazi pou li bati konsèp diglosi a pa ka mache pou Ayiti.  Ayiti pa yon peyi bileng (sa a se yon evidans), men, li pa yon peyi diglosik non plis, sitou jan Ferguson te defini konsèp diglosi a. Ayiti se yon peyi ki «kreyolofòn»: sa vle di ke tout popilasyon ayisyen an pale epi konprann lang kreyòl ayisyen, se nan lang sa a li fè tout aktivite li, se nan lang sa a li aprann pale depi lè li t ap grandi ann Ayiti. Mwen pa iyore lang franse gen yon ti plas nan istwa kiltirèl ak istwa lengwistik Ayiti men se yon plas ki limite.

Rapò ant lang kreyòl ak edikasyon ann Ayiti

Se nan dènye liv li te ekri a ki rele «Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba» ak nan youn nan dènye atik li te ekri ki rele «Creole and Education in Haiti» ke Yves Dejean ekspoze klèman pozisyon li sou kesyon lang kreyòl ak edikasyon ann Ayiti. Nan 2 dokiman sa yo, Yves Dejean kritike itilizasyon sistèm lekòl ann Ayiti fè avèk lang franse pou enstri elèv lekòl. Yves Dejean defann lide ke elèv lekòl ann Ayiti dwe kòmanse aprann nan lang kreyòl paske se lang sa a ke yo konprann e ke yo pale pi byen, se li ki premye lang yo. Se nan lang sa a tou yo dwe kontinye aprann nan rès klas yo. Timoun yo pa ta dwe sèvi ak lang franse kòmsi se lang manman  yo. Franse ta dwe rete nan wòl li ann Ayiti, swa kòm yon lang etranje, swa kòm yon dezyèm lang.
Pandan ane li te fè ap anseye lengwistik nan inivèsite ann Ayiti, Yves Dejean te youn nan premye save ayisyen ki te fè kou lengwistik li yo an kreyòl. Konsa, li te montre ke nou kapab itilize lang kreyòl pou anseye syans. E pa te gen pèsonn ki te di ke yo pa konprann sa li te esplike a.

2 . Angajman sosyal Yves Dejean

Ki sa yo rele «angajman sosyal»?

Genyen angajman sosyal (angajman kominotè) lè yon moun osnon yon gwoup moun pwomèt l ap akonpli yon bagay. Jeneralman, pwomès sa a se yon pwomès moral moun lan fè tèt li, men li kapab tou depase estad moral la. Anpil fwa, lè yon moun pwomèt pou li akonpli yon bagay, se paske li te konstate yon abi ki te fèt devan li, osnon yon gwo enjistis sosyal, osnon yon move esperyans li te fè. Lè sa a, moun lan deside ke li dwe entèveni pou fè yon diferans nan kominote a, de fason pou li amelyore kondisyon lavi moun ki ap soufri yo.

An 1986, Yves Dejean te retounen viv ann Ayiti apre diktati Duvalier a te egzile li nan peyi Etazini pandan prèske 15 lane. Li te bay 4 «boat-people» ayisyen fè ladesant lakay li. Yves Dejean te adopte youn ladan yo ki rele Fritzler Tiçoit. Lè Yves Dejean tounen ann Ayiti, li pwofite al vizite rasin pitit adoptif li a, nan yon ti bouk ki rele Fort-Royal, nan premye seksyon kominal Ti Gwav. Se la li dekouvri yon pakèt timoun kou granmoun ki t ap viv mal, ki manje mal epi ki pa konn li, ni ekri. Yves Dejean te revòlte kont enjistis sosyal sa a epi li deside chanje sitiyasyon moun yo. Li mete sou pye yon lekòl ki te kòmanse anba yon pye bwa kote chak apre midi Yves Dejean t ap montre yon kolonn timoun pye atè, san chemiz, aprann li e ekri. Men, an menm tan tou, li te fè prepare manje pou yo. Donk, non sèlman Dejean t ap montre yo li e ekri, li te ba yo manje tou. Li te fè sa avèk pwòp lajan pa li, lajan pansyon retrèt li kòm pwofesè inivèsite nan peyi Etazini.

Kèk lane apre, Dejean te rive fè bati yon Sant li rele «Sant Twa ti flè». Li te bay Sant lan non sa a nan memwa 3 ti fi nan zòn lan ki te mouri anba dyare. Sant lan t ap byen boule men peyizan nan zòn lan t ap pase Sant lan nan betiz. Yo te rele li «Lekòl diri» paske yo te di ke timoun yo te ale nan lekòl la pou jwenn manje pwofesè Dejean te distribye chak jou.

Lekòl «Sant Twa Ti Flè» sèvi avèk lang manman elèv yo, ki vle di kreyòl, pou anseye elèv yo. Apati senkyèm ane, pwofesè yo fè tranzisyon an franse. Nan ane 2014, lekòl la te genyen 3 klas jaden danfan, 6 klas premye ak dezyèm sik fondamantal. Te genyen anviwon 250 elèv an tou anndan lekòl la. Majorite pwofesè yo se te ansyen elèv lekòl la. (Jounal Le National, 22 septanm 2015).

Gras a sipò Ayisyen nan dyaspora a, ansanm ak sipò ONG «Food for the Poor», “Sant Twa Ti Flè” ke Yves Dejean te kòmanse sou fòm yon lekòl an plennèr anba yon pye bwa te rive tounen yon lekòl modèn nan yon zòn riral avèk bibliyotèk, koneksyon entènèt, kizin avèk «micro-ondes», gran sal epi twalèt byen pwòp. Se an 2012 ONG «Food for the Poor  te inogire li. Jounen Jodi a, Sant Twa Ti Flè se yon lekòl gratis ki pa resevwa okenn sipò nan men Leta ayisyen.

3 . Ki wòl moun save nan sosyete ayisyen an?

Mwen rive kounyè a nan dènye pati prezantasyon mwen an. Nan premye pati a, mwen te fè yon rale tou piti sou sa Yves Dejean te pote nan lengwistik kreyòl; nan dezyèm pati a, mwen te egzaminen angajman sosyal Yves Dejean pou moun pòv ann Ayiti, moun ki pa te ale lekòl e ki pa te konn li e ekri; nan twazyèm pati sa a, m ap poze yon kesyon fondamantal: ki wòl moun save genyen nan sosyete ayisyen an? Mwen panse Yves Dejean kapab founi yon michan egzanp pou reponn kesyon sa a. Yves Dejean te grandi nan yon kategori sosyal privilejye. Li te fè klas primè ak segondè nan lekòl ki te gen repitasyon lekòl boujwa, li te vwayaje aletranje pou etid li, epi li pa sanble yon moun ki te gen pwoblèm lajan. Li te sou wout pou li tounen yon gwo save nan sosyete ayisyen an.

Lè diktati Duvalier a vin egzile li Ozetazini ansanm ak plizyè lòt pè ayisyen e etranje, lavi Yves Dejean vin chanje. Li vin konprann pi byen sitiyasyon konpatriyòt ayisyen ki t ap viv nan dyaspora a, epi plas pa li pami konpatriyòt sa yo. Se konsa li te vin angaje tèt li pi fon toujou nan angajman sosyal li ki te kòmanse depi li te antre kòm pè nan kongregasyon katolik ann Ayiti lè li te kòmanse ap mete konesans li pou l sèvi moun ki te mwen favorize pase li. 

Nan peyi devlope yo, gen yon ansyen tandans ki ta vle ke moun save yo pa antre nan domèn politik, pa mele ak moun ki se aktivis pou chanjman sosyal. Selon tandans sa a, 2 chemen sa yo pa sipoze kontre. Pou moun ki konnen travay michan sosyològ franse ki rele Pierre Bourdieu, te genyen anpil kritik ki te vide sou li, nan epòk novanm-desanm 1995 an France, lè misye t ap manifeste ansanm ak moun ki t ap fè grèv nan lari nan vil Paris.

Yves Dejean pa te rive nan pwen pou li te desann nan lari ap manifeste, men li te fè plis pase sa. Li te rete lwen tout privilèj li ta kapab jwi nan sosyete ayisyen an gras a konesans li, klas sosyal li, relasyon li, etc…Li te prefere konsakre vi li pou amelyore kondisyon sosyal Ayisyen ki t ap viv nan mizè, ki pa t konn li e ekri. Se konsa misye te konprann wòl li antan ke save nan sosyete ayisyen an. Se yon michan egzanp li kite nan sosyete ayisyen an. Konesans moun save yo dwe sèvi pou pwofite moun ki ap viv nan move kondisyon. Pa gen anpil save ayisyen ki panse  kon sa ann Ayiti. Nan epòk n ap viv kounyè a, kote lit de klas fin dechennen ann Ayiti, se yon michan egzanp Yves Dejean kite pou moun save ann Ayiti. Moun save pa dwe rete lwen batay kont enjistis sosyal, lè genyen klas dominan yo ak leta k ap pratike abi nan yon sosyete. Wòl moun save yo se mete konesans yo osèvis moun pòv, moun ki nan mizè, moun ki pa konnen. Se sa Yves Dejean te mete an pratik depi li te suiv vokasyon kòm pè katolik ann Ayiti jouk li retounen al viv ann Ayiti apre diktati Divalye a te egzile li nan peyi Etazini, lontan apre li te sispann sèvis li kòm pè nan legliz katolik.

Hugues Saint-Fort
New York, oktòb 2018

Referans site:

Dejean, Yves 1974. Ti Liv òtograf kreyòl. Montréal: Agence Libre du Québec.

Dejean, Yves 1980. Comment écrire le créole d’Haïti. Outremont, Québec: Collectif Paroles.

Dejean, Yves 1993. An overview of the Language Situation in Haïti. International Journal of the Sociology of Language 102: 73-83.

Dejan, Iv 2006. Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba. Port-au-Prince: FOKAL

Dejean, Yves 2010. Creole and Education in Haïti. In Arthur Spears and Carole Berotte Joseph (eds.). The Haitian Creole Language. History, Structure, Use and Education. Lanham, MD: Lexington Books, pp. 199-216.

Dejean, Yves 2012. Identifying the Standards for Haitian Creole. In Sargasso2011-2012, II, pp. 83-95.

Dejean, Yves 2012. Réflexions sur un projet d’Académie du Créole haïtien. In Sargasso 2011-2012, II, pp. 97-107.  

Dejean, Yves 1983. Diglossia revisited: French and Creole in Haiti. In: https://doi.org/10.1080/00437956.1983.11435744

Ferguson, C.A. 1959. Diglossia, Word, vol. 15, pp. 325-40.

Jounal Le National, 22 septembre 2015 Twa ti flè, l’expérience d’une école créole en Haïti. Catégorie: Société.

Pompilus, Pradel.  Reproduction 1981 La langue française en Haïti. Thèse pour le Doctorat ès Lettres présentée à la Faculté des Lettres et Sciences Humaines de l’Université de Paris.

Pompilus, Pradel 1973. Contribution à l’étude comparée du créole et du français à partir du créole haïtien  Phonologie et Lexicologie (Vol.1). Port-au-Prince: Éditions Caraïbes.

Sylvain, Suzanne 1936. Le Créole haïtien: morphologie et syntaxe. Wetteren (Belgique): de Meester; Port-au-Prince: chez l’auteur.

 boule

 Viré monté