Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Volim 3 - Ane 2012 Extrait |
Fòm Pwezi Fantezi
Jean-Robert Placide
Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj)
Entwodiksyon
Fantezi, se non Jan Mapou bay yon seri fòm pwezi Sosyete Koukouy Miyami t’ap devlope nan ane 1980 - 1990 yo. Yonn nan pwezi fantezi travay sosyete literè sa a pwodui, se yon tèks Jan Mapou ekri ki parèt nan prefas Pè sèt (Josaphat Large, 1994). Nou jwenn yon vèsyon tèks la ki pi konplè, pami 3 lòt fantezi Mapou ekri, ki parèt nan antoloji Mozayik (Woje E. Saven ak Drèksèl G. Woudsonn, 2007, nan p. 30).
Anba youn lalin kristalin
Sou tèt youn kolin
Sou wout lasalin …
Fransin ak Jozefin
Ap fè dodin
Sou sak farin youn machin.Katrin kouzin Karin
Pitit-pitit Kawolin
Ap koute Edwin
K’ap jwe youn mandolin
An lasisin siwolin(Jan mapou)
Daprè Mapou, «Fantezi se yon fòm k’ap kadanse sou mo byen marinen ak mo k’ap sonnen chak fwa fraz pwetik la tonbe fè loupin». Nan tèks Mapou sa a, nou ka obsève sekans silab (in) nan parèt plizyè fwa nan fen fraz yo. Se yon fòm estilistik yo rele an fransè homéotéleute, nou ta rele omeyotelet an kreyòl. Fòm estilistik sa a, yon sèl rim (in) nan, li sanble anpil ak asonans, epi yo rele li monorim tou oubyen laisse monorime. Nou ap siyale tou, powèm fantezi a pa respekte koze kantite pye osnon silab, ni koze kalite rim yo, tankou nou ta ka jwenn li nan yon powèm ki ap imite osnon ki respekte règleman pwezi klasik franse. Sa nou remake ankò, pwetik tèks la òganize pou sekans silab (in) nan kontinye repete, ap « fè loupin» anndan tout kò tèks la, tankou nan yon jwèt eko son (écho sonore) rale mennen vini, (de fwa, yon fwa) antre soti, oubyen tou tankou yon espès rim anndan kou deyò.
Egzèsis literè Mapou a sanble li gen fondas li nan oraliti a, kote nou ka jwenn plizyè tèks fantezi. Paregzanp, chante jwèt timoùn, pwezi jwèt ak non moùn. Yon premye tèks se ta Madan Timote ki konpoze avèk repetisyon silab (te) oubyen ak son (e) nan final mo yo.
«Madan Timote, gwo tete, ale nan sinema varyete, li achte yon tas kafe, li tonbe grennen pete san rete».
Yon lòt ankò se ta Serafen ki fèt avèk repetisyon silab (fen) oubyen presizeman avèk son (en).
«Serafen pye fen ap fè tenten, devan sakristen, pou vye moso pen».
Yon dènye egzanp, se ta Anatòl, avèk sonans (òl) la.
«Anatòl monte sou yon tòl, pou l’al keyi kowosòl. Yon gèp panyòl bobo l’ nan dyòl».
Nan oralti kreyòl, tout egzanp Fantezi nou jwenn yo, se jwèt avèk son, sètadi asonans, eko sonò, monorim, epi yo devlope yon tematik lejè, yon tematik fantezis. Fantezis sa vle di tèm lejè ekriven an ekri pou bon plezi li. Se menm jan an tou, nan literati kreyòl la, Fantezi sipoze se jwèt ak son osnon amizman ak yonn nan eleman ki konpoze langay la, pandan sanba a ap pale yon sijè lejè, pafwa avèk kapris, san suiv okenn modèl klasik etabli. Pwezi Mapou a ak jwèt fonetik yo, avèk omeyotelet (homéotéleute) oubyen avèk epifò (épiphore) avèk asonans (assonance), ak monorim (monorime), oubyen ak totogram (tautogramme) yo ki mete tèks la kanpe, se yon egzanp ki kapab pèmèt nou wè plizyè teknik estetik repetisyon ki kab sèvi pou fè fantezi. Ni nan literati kreyòl, ni nan literati franse, fòm estilistik sa yo, ki balanse selon fantezi powèt la, konn bay tèks sanba yo yon kadans fantezis, yon figi fantezis. Se nan sans sa a, Michel-Ange Hyppolite (2000), nan Istwa pwezi kreyòl, p. 240, te ekri « Youn fantezi se yon teknik pou dekore pwezi. Youn fantezi se siwo sou gato pwezi». Anplis, Michel-Ange Hyppolite fè nou remake tou, tèks ki pote non fantezi yo pa oblije tèks pwezi ki kout.
Sou yon baz fòmèl, demach fantezis ki chapante tèks la kapab onivo fonetik oubyen semantik. Paregzanp, Janjan Dezire (1994) jwe ni avèk son, ni avèk sans mo (tan) an, epi G. Castera (2007) jwe avèk sans vèb koupe ak vèb kanpe. Tandiske, Christophe P. Charles (2007) jwe ak gwoup mo, nou ta kab di gwoup sentaksik, gwoup ritmik. Nou tonbe sou cham yon ti Fantezi dous Christophéles (Christophe P. Charles) ekri, ki rele Sou tèt bouch nan tèt sous (Sikdòj, 2007), ki parèt nan antoloji li a: 135 poètes créoles d’Haïti (2011).
Lakansyèl ap bwè dlo
Nan tèt sous
Bonèt li chavireBonèt lakansyèl
Chavire
Nan tèt sousLakansyèl bliye peny
Nan tèt sous
Yon peny lòYon peny lò
Yon timoùn ranmase
Nan tèt sousLakansyèl ap bwè dlo
Nan tèt sous
Bonèt li chavireLakansyèl plonje
Nan tèt sous
Li bo LasirènLi bo Lasirèn
Sou tèt bouch
Nan tèt sous
Men, gen plis pase koze teknik ekriti a. Piske nou di se jwèt, se amizman, se pou plezi, pakonsekan, tematik la se pa yon sijè serye. Sanba a ka devlope tèm li yo selon kapris li, osnon gendwa pa gen okenn sijè enpòtan ditou. Nan pwezi fantezi yo, sanba a ka chwazi bay jwèt fantezi ki fèt ak eleman fonetik yo plis enpòtans pase sijè li ap trete a. Poudayè, si gen yon sijè, se yon sijè lejè ki fè pati sa nou ta ka rele pwezi lejè, epi jwèt fantezi ak teknik estetik fonetik yo (woulman fonetik yo) ak fòm estilistik yo (figures de style), vin kore aspè fantezis tèks la.
Lè nou ranmase de (2) agiman sa yo, nou kab di se pou de (2) rezon sa yo nou dakò ak Mapou ki rele kalite tèks sa yo pwezi Fantezi, (nou ta kab di pwezi pleziyis) : yon fòm fantezis ak yon tematik fantezis. Lide jwèt, amizman, pastan, kapris, plezantri, detant epi sijè lejè a, se sa ki lakòz kalite pwezi kon sa yo pote non fantezi, men avèk yon bemòl enpòtan.
Definisyon
Fantezi se yon fòm pwezi ki bati sou jwèt pwetik plezan tankou asonans, eko son, omeyotelet, epifò, monorim, totogram ak tout kalite jwèt ak mo, epi ki devlope yon sijè ki kapab lejè osnon ki kapab gen yon fòs ideyolojik. Si ni jwèt lengwistik yo, sètadi fòm estetik fantezis ki domine chapant tèks pwetik la, ni mesay la, sètadi yon tematik fantezis avèk oubyen san fòs ideyolojik, yo mache ansanm anndan yon menm tèks, alò fòm Fantezi a fè dekabès.
Fonksyon fantezi
Nan oralti kreyòl la, sanba, konpòz, powèt yo ak piblik la bay fòm fantezis yo (ak tèks Fantezi yo tou) yon fonksyon avèk 2 tèt.
Toudabò, yon fonksyon sosyal pleziyis. (Nan kanaval, nan madigra, nan bann rara, nan pyès teyat, nou kab jwenn plizyè egzanp fòm fantezis ki fè tout moùn ri). Tematik lejè yo devlope ak fòm fantezis yo fè moùn griyen dan, pran plezi. Se yon fonksyon (ludique) ni pou konpòz la, ni pou piblik la. Yon egzanp konpòz fantezis ak tematik fantezis nan sans sa a, se Philipe Thoby-Marcelin. Dapre Pompilus, Philipe se yon powèt fantezis paske li genyen «des poèmes drôles et cocasses». (Histoire de la littérature haïtienne, tome. 3, p. 144.)
Sepandan, anba anba fonksyon pleziyis la, gen yon fonksyon ideyolojik ki konn ap kouve tou. Se pa sèlman ri pou griyen dan. Ni fòm fantezis popilè yo, ni pwezi fantezi yo konn sèvi tou pou denonse yon sitiyasyon sosyal, pou chare règleman literè, pou pran pozisyon politik, moral, filozofik. Konsa, pwezi fantezi yo pa tèlman inosan jan nou ta kapab panse li a. Se poutèt sa nou panse Fantezi a gen 2 tèt: gen fantezi pleziyis ak fantezi ideyolojik.
Men de egzanp fantezi ideyolojik Jan Mapou ak Janjan konpoze apati fòm estilistik totogram nan, men ki gen yon enpòtans politik.
Ki lè koulin koupe
K’ap koupe kokoye
Ka koupe kou
Kolon kaliko koyo
Kouyon kowonpi
K’ap kòche kraze kofre
Kòk kalite
Karayib Kiskeya ?(Nan Woje E. Saven ak Drèksèl G. Woudsonn, Mozayik, 2007, nan p. 30).
Koute
Koute kouman
Karabin kaporal kakadyab
Ki sou kontwòl
Kaligoula ap krache dife nan kòtòf
Kanmarad konsekan
Ki klè kou dlo kòk nan kontinye
Kwape lavi kòsmòbè
Koute ……….!
Kote karabann (karabin) kamoken?(Janjan Dezire, Powèm pou youn Ayiti tou nèf, Miyami, 1994, nan p. 52)
Epitou, gen sanba Carl Brouard (1963) ki gen yon tèks li rele Fantaisie. Se yon egzanp fantezi ideyolojik kote sanba a pran plezi voye règleman pwezi klasik fransè a vouzan. Men li.
La mer est pleine de voiles
Le firmament plein d’étoiles
Quel aérien gramophone
Joue le disque monotone
De la lune
Sur la dune ?
Ce vieil air
Dans l’éther
Me verse la sentimentalité
En thé.
Un ajoupa, du pain, ton cœur,
Désormais feront mon bonheur.
Oh! La vie à deux dans la joie.
Horrible! Je deviens bourgeois
Chaque fois que la lune
Sur la dune
Joue un vieil air
Dans l’éther
Qui me fiche de la sentimentalité
En thé.(Pages retrouvées, 1963, p.16)
Sanba, powèt ak ekriven yo
Lide jwèt, amizman, detant la konn gen plis enpòtans pase sijè a. Konsa, fòm fantezi a kapab parèt senpman apati lejète sijè ki nan powèm lan. Nou gen Castera (2007) ki ban nou Leson gramè. Sanba a ban nou ekzanp fòm pwezi fantezi a san li pa genyen ale-vini son ki marinen toupatou anndan tèks la.
Noumenm, powèt, se tou nòmal,
Lè nou pa jwenn mo,
Nou tete lang.Lan lang kreyòl,
Tout vèb pa koupe,
Men koupe
Se vèb kreyòl
Ki pi dous.Lalin fè chive m’ pouse,
Lapli mete m’ sou sa.
Se tou nòmal,
Lakay mwen,
Vèb kanpe
Derefize chita.(Bow ! 2007, p. 11)
Gen sanba, tankou paregzanp Lenous Suprice (Nounous) ki konpoze yon tèks avèk fòm estetik imitasyon sonò a, epi li rele li Fantezi, (Pawoli, p. 63). Bò kote pa li, Janjan Dezire ekri plizyè tèks li rele Fantezi, kote li pa obeyi règ ki gen rapò ak rim pwezi kreyòl ki ap imite pwezi klasik franse. Daprè Jan Mapou, Janjan vini avèk yon estil nèf nan pwezi kreyòl la: «Youn fòm rime ki marye menm son an depi nan premye fraz pwetik la rive jouk nan dènye a.» (Jan Mapou, nan prefas Powèm pou yon Ayiti tou nèf, p. 9). Men yon egzanp: Fantezi nimewo 2.
Lè tan
Ki pa tan
Make movetan
Si ou pa pran oun ti tan
Pou ou pare bon tan
Anvan lontan
W’ ap nan fè tan
Kite tan(Janjan Dezire, Powèm pou youn Ayiti tou nèf, 1994, p 25)
Nou ka obsève tou, anvan egzèsis ekriti Janjan an, plizyè lòt sanba te deja fè esperyans ak fòm tèks kote menm son an ap fè retounèl nan finisman chak liy pwezi yo. Anvan Jan Mapou (1981) limenm, nou jwenn dòt powèt, tankou Donald Assali, Chansons boula et autres poèmes, 1978, ki ekri En-bas tonnelle, yon kapris pwezi fantezi an retounèl ak son (e), kote sijè a pa vrèman serye.
En-bas tonnelle
Méringue frappé
Bouboute lévé
Cé tête coléTanbou roulé
Fem’ gouillé
Tout nègue gailléBoléro joué
Toute moune dansé
Cé cô coléLan fin soiré
Coupe yo quité
Bien eqcité(Chansons boula et autres poèmes, 1978)
Kidonk, lè nou di fantezi, nou wè jwèt literè, detant, pran plezi, amizman literè. Ki vle di, pa gen pwotokòl, pa gen sijè serye. Pawòl yo balanse selon kapris sanba a. Tèks powèm nan se senpman yon amizman sonò pou kèk konpòz. Pou lòt powèt ak sanba menm, se kapab yon amizman lengwistik pou pase yon mesay fantezis osnon ideyolojik.
Sepandan, sèlman itilize divès teknik repetisyon son yo, tankou monorim, nan yon pati nan tèks la, pa kab bay yon tèks elan pou li pote mak fabrik fòm fantezi a. Men, yon sanba ka sèvi ak yon monorim espesyal, ki se yon bèbèl, pou fè tèks kreyòl la gen yon tandans fantezis. Nou ap fè menm remak la pou yon tèks Frantz Kiki Wainwright (2003), ki bati sou fòm estilistik epifò a, ki se repetisyon menm mo a nan finisman liy pwezi a. An nou li :
Konnen
Si w’ te konnen
Mwen te konnen
Sa w’ pa konnen
Ou ta chache konnen
Pou ka konnen
Men ou tèlman konnen
Ou se mounn ki konnen
Li mal pou konnen
Gen lòt ki konnen
Sa w’ pa konnen
(Tan malouk, 2003, p. 122)
Kiki ak Janjan konn devlope sijè serye ki gen yon pwofondè moral. Plizyè ladan yo konn gen yon pòte filozofik ki mande refleksyon. Se pa tèks lejè. Nou plase yo nan Fantezi ideyolojik.
Kòm egzanp Fantezi (ideyolojik) toujou, men yon varyasyon ak son (en) oubyen ak mo (konnen) nou jwenn lakay Moriso Lewa ak Janjan Dezire.
Si monseyè te konnen
Si monseyè te konnen
Jan ayisyen
renmen pen
li ta fè losti gwo kou pen
ven grenn moùn ki ta kominyen
chak dimanch maten
si pap te konnen
jan ayisyen renmen kleren
li ta mande Bondyefè tout dlo tounen kleren
paradi ta plen sen.(Moriso Lewa, Dyakout 2, p.67)
Fantezi n 1
Si Nèg ki pa konnen
Te konnen
Jan sa bon lè w’ konnen
Pase y’ ap charonyen
Nèg ki konnen
Pou sa yo konnen
Yo ta pito chache konnen
Sa Nèg ki konnen
Konnen.(Janjan Dezire, Powèm pou youn Ayiti tou nèf, 1994, p. 24. Janjan Dezire ekri tèks sa a an mas 1989.)
Konsa, malgre yon tèks ka ekri ak teknik fantezi a, men li gen dwa pa yon Fantezi pleziyis paske li ap foulaye yon fòs ideyolojik. Ankò yon lòt egzanp Fantezi ideyolojik, sosyopolitik. Pòtoprens se yon tèks ki konpoze ak teknik fantezi a, kote ou jwenn plizyè mo ki fòme apati yon ti jwèt powetik ki rele mo nèf: Pòtoprens, Pòtokrim, Pòtorich, Pòtopòv, Pòtopwòp, Pòtosal, Pòtanwo, Pòtanba, Pòtofrè, Pòtosè. Men, akoz enpòtans sanba a bay sijè a, nou klase powèm nan nan kategori Fantezi ideyolojik.
Pòtoprens
Lè gwo Pòtoprens prale nan bèl bal
Ti Pòtoprens ape dòmi mal
Lè gwo Pòtoprens ape voye jete
Ti Pòtoprens pa menm kab ranmase
Pòtoprens Pòtokrim
Pòtorich Pòtopòv
Chak moùn gen Pòtoprens pa yo
Chak moùn wè Pòtoprens jan pa yoLè bèl Pòtoprens ap chanje machin
Vye Pòtoprens menm ap dòmi nan ravin
Lè bèl Pòtoprens ap ranse an franse
Vye Pòtoprens pa menm kab kodase
Pòtoprens Pòtokrim
Pòtopwòp Pòtosal
Nou tout se frè nan kanaval
Apre sa rale kò ou la animalLè gwo Pòtoprens ap kraze brize
Ti Pòtoprens menm santi zo -l fele
Lè gwo Pòtoprens santi l’ se malfini
Ti Pòtoprens pa menm poul dyakati
Pòtoprens Pòtokrim
Pòtanwo Pòtanba
Se tankou chasè ak jibye
Nou ansanm men nou pa siyeLè bèl Pòtoprens vle fèt la kontinye
Vye Pòtopren menm ap di sètase
Lè bèl Pòtoprens ap di viv lavi
Vye Pòtoprens menm mande pou l’ mouri
Pòtoprens Pòtokrim
Paradi ak lanfè
Li lè pou ou ka fè yon sèl
Pou tout moùn ka di Pòtofrè Pòtosè.(Pòtoprens, nan Haïti Progrès, 11-17 avril 1987, p. 7)
Yon bemòl enpòtan
Sepandan, sanba a kapab bay sijè a plis enpòtans pase jwèt langay yo, alò nou gen yon powèm kote li sèvi ak fòm estilistik (figures stylistiques) ki nan pwetik fantezi a pou konpoze yon tèks fantezis, ki gen yon fonksyon ideyolojik. Pafwa, anba anba fòm ak tematik fantezis la, gen powèt ak sanba ayisyen ki ka sèvi ak fòm pwezi Fantezi a pou li voye yon mesay serye (kritik politik, kritik sosyal, pawòl filozofik, règleman moral, kòmantè etik). Se ka powèt ak sanba Sosyete Koukouy tankou: Jan Mapou, Frantz Kiki Wainwright, Janjan Dezire, Ti Wawa Goulo, elatriye. Pou dayè, se avèk rezon, paske nan sosyete ayisyen an, souvan, se nan griyen dan, nan fè rizib, yo denonse pwoblèm politik ak move konpòtman sosyal. Yo aplike pwovèb la ki di: «se an jwèt (oubyen se nan jwe) yo batize jwif». (Sètadi, pandan moùn nan ap jwe, ap griyen dan, li tou pwofite fè yon aksyon, ki pa t’ap ka pase si se pa nan sikonstans jwèt ak griyen dan sa a li te ye).
Konsa, se pa jwèt pou dan ri, lè Mapou ekri yon sekans tankou:
Sou wout lasalin …
Fransin ak Jozefin
Ap fè dodin
Sou sak farin youn machin
Yon lòt egzanp se Frantz Kiki Wainwright (1994), nan Zepon file, p. 17, 18, ak tèks Wonn 1 ak Wonn 2, ki genyen kòmantè sosyal ak pozisyon politik. Dènye tèks sa a, (Wonn 2), se yon egzanp varyete fantezi sosyal, kanfeti se yon pwezi ritmik ki fèt apati chante jwèt timoùn. Chante nan jwèt la pati kon sa: «(depti ze dore) ti sizo dore, lèt kaye pete foun, sa ki fè sa, se Jako, sa Jako manje, patat si, nan barik kochon». Ann li Kiki.
Wonn 2
Ti Sòyèt
Dyòl sèch
Tèt kòdonèt
Pye poudre
Chache lavi
Kote li
Pa jwenn lavi
Woy!Mouche grandon
Je chèch
Boure lajan
Mare sosis
Ak gwo zouzoùn
Fin rich
Sou tèt Sòyèt
Woy!(Wonn 2, nan Zepon file, 1994, p. 18)
Gen sanba ki ka chwazi fòm fantezi a pou pase yon moùn nan tenten, oubyen pou pase règleman literè yo ak règ sosyal yo nan rizib. Men yon egzanp Fantezi ki ap pase sijè a nan tenten. Manchèt koulin ekri Mannigans, pou li pase ansyen prezidan Leslie Mannigat nan rizib.
Maniga
Gaga
Koutba
Koudeta
ChaloskaMannigèt
Basèt
Koubèt
Besetèt
Malonnèt
Dètsoudèt
Kabwètsantèt
BaboukètnanbèkMannidòk
Papadòk
Bebidòk
Makoudòk
Restadòk
MaldyòknanbòkManniga
Mannigèt
Mannidòk
Manninanfi
Mannitafya
Mannigala
Mannipòl
MannidrògTout sa se mannigans
Dènye kout kat la
Sote ponpe ranse
Se pèp la ki pou fè l’.(Mannigans, Manchèt koulin nan Haïti Progrès, 4-10 janvye 1989, p. 24)
Varyete fantezi
Sou ribrik powèm Fantezi a, Emmanuel Vedrine ekri 3 tèks nan Koze lanmou, 1995, nan p. 25, 28, 29. Tèks sa yo konpoze apti 3 vèb: vèb renmen, vèb plase, vèb marye. Nou pa jwenn teknik estilistik tankou laisse, épiphore, tautogramme ak homéotéleute nou te di anwo a, men sou plan tematik, sanba a devlope yon sijè lejè tankou yon senp amizman, men ki gen yon pòte sosyal tou.
Plase
Se yon vèb ki pa konjige
Menm jan ak vèb marye
Nan plase, pa gen kontra
Ni papye k’ siyen devan letaNan ti sosyete
Yo di w’ moùn yo plase
Nan hot sosyete, yo pale w’ de maryay
Menmsi yo kontinye ap viv nan plasayAn Ayiti, peyizan di w’ yo plase
Kèk ladan yo konn marye
Yo pa fè diskriminasyon
Tankou moùn hot sivilizasyonMoùn hot sosyete
Toujou ap viv nan blofe
Kèk ladan yo nan ti plasay
Men yo toujou ap pale w’ de maryay(Emmanuel Vedrine, Koze lanmou, 1995)
Pi plis toujou, fòm fantezi a kapab parèt senpman apati kalite sijè ki nan powèm lan. Nou gen Castera, ak Bow! (2007, p. 11), ki ban nou leson gramè. Sanba a fè yon ti jwèt semantik ak de vèb: koupe, kanpe.
Noumenm, powèt, se tou nòmal,
Lè nou pa jwenn mo,
Nou tete lang.Lan lang kreyòl,
Tout vèb pa koupe,
Men koupe
Se vèb kreyòl
Ki pi dous.Lalin fè chive m’ pouse,
Lapli mete m’ sou sa.
Se tou nòmal,
Lakay mwen,
Vèb kanpe
Derefize chita.(G. Castera, Bow ! 2007, p. 11 )
Epi, nou jwenn Floren’s Mucci, ki ban nou Madan Alsiyis, ki parèt nan Lavi lakay (1985). Madan Alsiyis se yon sijè lejè avèk jwèt estetik.
Madan alsiyis
Madan Alsiyis
Pinga ou fè alsiyis
Pa kite vwazinay tande
Mwen trò jenn pou tèt mwen koupe
Si ou te pran dola an silans
Ou mèt ban m’ dada an silansMadan alsiyi
Sispann fè alsiyis
Si Alsiyi ta va rive
Ki jan m’a fè pou mwen sove
Ou fin manje an silans
Kite mwen manje an silans(Yon estrè nan tèks la ki parèt nan antoloji Christophe P. Charles la: 135 poètes créoles d’Haïti de 1750 à 2011, Éditions choucoune 2011)
Pou nou fini, nou gen Tiwawa Goulo (Gérard Restaino) ki melanje tou 2 aspè yo: trètman ideyolojik plis menm son an nan finisman vè pwetik yo. N’ap jwenn yon egzanp ak Bonjan van, yon tèks ki parèt nan HEM, 17 – 24 avril 1991, Vol. v, no 9, p. 19
Bonjan van
Tout tan
Gen tan
Pou mechan
Bay ochan
Pran ochan
Lan men mechan
P’ ap gen chanjman
Lakontantman
Ak bon gouvènman.Pou sezon rezon
Pouse bèl son
Se fè youn fason
Pou lan sezonrezon
Nou gen rezon.
Pou n’ gen rezon
Se pou n’ gason
Gason kanson
Ki fè sèman
Nou vle chanjman
Pa pou bout tan
Men pou tout tan
Pou vye manman
Pran ochan
Lan chan
Gwo van
Chanjman
K’ ap pouse devan
Youn tan
Ki pa kou lontan.(Tiwawa Goulo, 1991)
Lavni fantezi
Sou enfliyans Jan mapou, Sosyete koukouy panse Fantezi, se pa ni jwèt timoun, ni fòm estilistik fantezis, ni pwezi lejè sèlman. Se yon fòm pwetik kote sanba a woule mo yo, son yo... ak yon gangans folklorik, pou li pase mesaj ki kapab fantezis oubyen ideyolojik. Kidonk li kapab gen yon filozofi yon vizyon sosyal, yon pozisyon politik ki mande refleksyon. Powèm fantezi Janjan yo, ak pa Kiki yo, ak pa Tiwawa Goulo yo, ak Fantezi Mapou yo montre kote serye Fantezi a. Se pa jwèt timoun!
Menm si tandans ekri Fantezi ak yon menm son nan finisman vè pwetik yo parèt pi souvan, men monorim nan sèlman oubyen lòt fòm estilistik sonò yo sèlman pa fè yon tèks kreyòl gen karaktè fantezis. Ak mesay lejè oubyen ideyolojik la, gen lòt fòm fantezi ki devlope epi ki ka kontinye devlope nan literati a. Kiki Wainwright esperimante yon lòt fòm Fantezi avèk yonn nan varyete fòm estilistik ki rele palendwòm nan.
Palendwòm se yon fòm ekriti kote ou kapab li menm mo a, oubyen menm fraz la nan sans adwat oubyen nan sans agoch.. Yon lòt powèt koukouy, Henri-Robert Durandisse, fè menm esperyans lan nan tèks li a Amour je te tutoie. Esperyans kiki Wainwright la bay lekti fraz la anwo kou anba Tandiske esperyans Henri R. Durandisse la bay lekti vè yo lanvè-landwat (ou pito landwat kou lanvè). Pwezi lanvè-landwat, se yon fòm pwezi ranvèse.
N’ap bay fantezi filozofik Henri a ak fantezi politik Frantz Kiki Wainwright la, pou nou montre kouman fòm fantezi a san limit. N’ap fèmen ak 2 tèks sa yo pou nou di: wi, lavni Fantezi a bonè toujou.
Nan
Pè
Pè pale
Pale pawòl
Pawòl delivrans
Delivrans malere
Malere kondane
Kondane pou peri
Pou peri pa pakèt.(Frantz Kiki Wainwright, nan Tan malouk, 2003, p. 98.)
L’être trouve son fondement Au fond des fonds |
Fondèt nou Tou won san fon |
(1) (7) |
(Henri-Robert Durandisse, Amour je te tutoie, éditions société paroles, 2004, (C.D.))