Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Pawòl Kreyòl

Revi literè Sosyete Koukouy

Volim 3 - Ane 2012

Extrait

Fòm pwezi kreyòl

Jean-Robert Placide
Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)

Fòm pwezi kreyòl 

Teknik ekriti oubyen teknik estetik (procédés d’écriture, figures stylistiques) ak fòm pwezi pa menm. Men, se ansanm teknik estetik oralitè osnon literè yo ak lòt eleman, souvan tematik, ki detèmine fòm pwetik yo. Pawòl estetik yo, oralitè ou literè,  konpoze avèk teknik estetik tankou sa yo rele fòm estilistik yo. Nan ka pawòl literè yo, gen lòt eleman tou tankou desen, siy senbolik, foto, imaj, koulè … ki ajoute ak fòm estilistik yo pou rasanble epi montre estetik tèks la. Tandiske, nan ka pawòl oralitè yo, se divès lòt eleman tankou jès, ton vwa ak pèfòmans vokal, siy senbolik tankou senbòl ak koulè sanba a pote sou li ki pwodui efè estetik la. Kidonk, se plizyè transfòmasyon estetik ak lòt eleman kon sa yo ki konpoze chapant divès fòm pwezi kreyòl yo. Alò, nan sijè n’ap devlope la a, fòm pwezi yo se selon teknik ekriti ak tematik nou jwenn nan chapant chak tèks oubyen nan amati chak gwoup menm tèks ki kapab konsidere tankou yon fòm pwezi. Kon sa, nou rele fòm pwezi,  òganizasyon fòmèl la, fason amati pwezi a òganize (òganizasyon materyèl pwezi a), ak òganizasyon matyè pwezi a (òganizasyon tematik).

Angwo, nou kapab di gen plizyè fòm pwezi kreyòl. Gen fòm pwezi nou jwenn ki nan oralti a sèlman. Paregzanp, pwezi sonò tankou: plenn (gémissements), alsiyis, soupi, tchuipe (kuipe),  rèl estetik (esklamatif) … Gen fòm pwezi, se nan literati a yo ye sèlman. Paregzanp, fòm ekwasyon pwetik ou fòmil pwetik, Josaphat Large (1994) prezante nou nan Pè 7. Genyen fòm kaligram nan tou. Georges Castera (2007) nan Bow! p. 35, pou sigjere nou imaj li vle prezante nou an, li dispoze mo ki nan finisman yon tèks «tankou plòt nan latrin bwa, [ki ap] desann tou drèt nan fènwa».

Nou dwe fè remake tou, gen yon pil ak yon pakèt lòt fòm pwezi ki ka parèt ni nan oralti a, ni nan literati a. Nou kapab bay: Litani, Lomeyans, Lamantasyon, Pwent, Fantezi, Pwezi ritmik, Zwing….

Kidonk, nou jwenn fòm pwezi ni nan oralti ni nan literati kreyòl la. Ositou, nou estime li enpòtan pou nou bay pwezi oral yo menm konsiderasyon ak pwezi ekri yo, kontrèman ak Pradel Pompilus ak F. Raphaël Berrou (1975), Christophe Charles (2000), Raymond Philoctète (2000), ak Paul Laraque ak Jack Hirschman (2001) ki pa mansyone egzistans pwezi oral la nan okenn antoloji yo. Se vre, gen antoloji tankou Lamadèl (1992), ki genyen apeprè kat chante nan mitan yon latriye tèks pwezi ekri. Genyen tou Demanbre: Revue haïtienne de littérature de  critique et de théorie sociale, ki genyen de chante popilè nan paj 66,67 Nimewo 1 septanm 2012 la.  Se yon amòs ouvèti lespri ki dwe kontinye. Finalman, genyen Mòso chwazi pawòl ki ekri an kreyòl (J. C. Bajeux, 1999), ki genyen pi plis chante toujou. Dokiman sa yo, ki rive  mete chante (ki se yon fòm pwezi oral) sou menm pye ak pwezi. Sepandan, nosyon pwezi oral la ak egzanp lòt fòm pwezi oral yo pa jwenn okenn plas nan refleksyon literatè sa yo. Se poutèt sa, pou konble vid sa a ki nan tèks analiz literè yo, nou konsevwa epi nou prezante ansanm fòm pwezi kreyòl yo an 2 pati: fòm pwezi oral ak fòm pwezi ekri.

1- Fòm pwezi oral

Ayiti se yon sosyete kreyòl ki sèvi avèk chante kòm mwayen kominikasyon. Nan sèvis lwa, houngan ak manbo yo pale avèk chante pou yo mande yon bagay oubyen pou pale ak yon moùn. Gèdès Fleran, (Mizik vodou an Ayiti, ki parèt nan Mozayik, p. 83) di nou se ak chante epi danse yo anonse sa k’ap fèt nan chak moman. Lè lwa yo monte chwal yo, yo pale avèk chante, (avèk chante pwen), pou yo bay mesay. Kesner Castor (Éthique vaudou, 1998, p. 21) di nou yo chante pawòl vodoun yo anvan yo di yo. Nan lavi pwofàn Ayisyen an, gen moùn pèsonèlman ki pale ak lòt moùn nan chante pwen fasafas. Katrin Richmann (Chante pwen, ki parèt nan Mozayik, p. 90) rapòte nou gen moùn Miyami ki pale ak fanmi yo nan chante pwen sou kasèt yo voye bay yon paran espesyal. Gen dòt moùn nou konnen, nan koridò lakou lakay, ki pale ak vwazinay yo nan voye chante pwent ak chante pwen. Manifestasyon popilè yo nan lari a (oubyen nan kanaval) foulaye pawòl revandikasyon yo avèk chante, tout kalite chante. Ositou, nou pa sezi ditou lè nou wè majorite pèfòmans pwetik yo asosye ak chante, oubyen se chante. Sepandan, nou kapab  jwenn tou anpil pèfòmans pwetik natirèl ki pa gen chante. Men, gwosomodo, prensipal fòm pwezi oral yo se fòm chante yo ye, epi nou ta kapab prezante yo kon sa:

  • pèfòmans pwetik ak son ak melodi (san pawòl, san chante). Egzanp: pwezi sonò
  • pèfòmans pwetik ak pawòl san chante. Egzanp: pawòl damou.
  • pèfòmans pwetik ak pawòl ak chante. Egzanp: chante
  • pèfòmans pwetik ak pawòl, ak chante, ak mizik. Egzanp: chante pwofàn ak chante sakre yo.

Men kèk egzanp pwezi oral nou jwenn nan espas oralitirèl kreyòl la. Se pa yon lis ki definitif. Nou panse gen lòt kòmantè ki kapab pèmèt nou ogmante li plis toujou.

  • pwezi sonò: plenn, alsiyis, soupi, tchuipe, rèl estetik …
  • pawòl pwezi: konplent, jouman, lomeyans, litani, lamantasyon,  … pawòl ritmik tankou lapriyè djò,
  • pwezi oral ritmik: (se pwezi ki pran rit ak kadans yo sou rit popilè yo),  paregzanp, pwezi oral powèt peyizan yo ki konpoze chante sou mòd chante lwa yo. (cf. René Victor, 2007), Lisette kite laplenn (ki te fèt apati yon chante: Que ne suis-je la fougère), 
  • pawòl damou: bèl pawòl damou, (nan moman kase ti bwa nan zòrèy fanm paske, gen fanm, se bèl pawòl ki fè yo mache)
  • pwezi chante: pawòl chante, (pawòl kriye doulè pandan ou ap pale, oubyen pandan ou ap chante).
  • pwezi lagè: Kanga bafioti, Lomeyans Anakawona, Grenadye alaso, chante lagè yo, chante manifestasyon yo …
  • pwezi oral istorik (poésie orale épique): chante Huenouho ou Wenouho (cf. Ayiti Toma, yon tèks Max  G. Beauvoir ekri, ki parèt sou sit: http://vodou.org/ayiti_toma.htm, mwen li li 30 novanm 2012.)
  • chante: chante lwa yo (cf. Le grand recueuil sacré, Max Beauvoir, 2008), chante peyizan yo, chante rasin yo ak lòt chante pwofàn yo (ki fèt apati chante lwa yo, oubyen lòt chante tankou nan Jazz des jeunes), chante fòlklorik, chante pwen, (tankou chante Ti Chenni konpoze a, ki parèt nan Mozayik (2007, nan p. 98), chante pwent, chante rara, chante konbit, (cf. liv Chante peyizan Jan-Rabèl,1987) ki te parèt nan mwa me),  chante lanmè, chante nan mòn, chante laplenn, chante evanjelik, chante pwotestan, chante katolik …
  • chante lari: (…)

2- Fòm pwezi ekri

Fòm ekri a se yon dezyèm etap nan lavi Pwezi kreyòl Ayiti a. Nan nivo sa a, Rodney Saint-Éloi (1999), nan Émergence de la poétique créole en Haïti, pa te mansyone fòm pwezi oral ritmik yo. Tankou chante peyizan yo, chante rasin yo ak chante popilè yo ki fèt apati chante lwa yo. Li te te plis enterese ak fòm pwezi ekri ritmik yo epi li te mansyone pwezi wongòl pami lòt fòm pwezi Sosyete Koukouy devlope. Nan direksyon pou nou elaji konesans nou sou pwezi kreyòl la, n’ap bay divès lòt fòm pwezi nou jwenn yo.

  • pwezi ekri ritmik: (Pyè Banbou)
  • pwezigram: (Jan Mapou)
  • pwezi matematik: (Josaphat Large), (cf. Paul Nougé, surréaliste belge, équations et formules poétiques,)
  • pwezi anwoule (Manno ejèn)
  • pwezi fantezi (Mapou, Kiki, Janjan Désiré, Ti Wawa Goulo, …)
  • pwezi wongòl (Banbou, Raoul Denis, Robert Bauduy [ti Wongòl], Manno Ejèn)
  • pwezi fragmante (cf. Henri-Robert Durandisse, Christophe Charles)
  • pwezi lanvè-landwat (Henri-Robert Durandisse)
  • pwezi imitasyon klasik (ki ap imite fòm pwezi etranje yo tankou klasik fransè yo, klasik japonè yo tankou Ayikou, Tanka, klasik malè yo, fòm Oulipo yo)
  • pwezi bawòk (endont?) ki pa pran swen ak okenn fòm ditou
  • ……

Nan Sosyete Koukouy, objektif nou ak tèks  sou fòm pwezi kreyòl yo, se pou raple literatè ki ap fè diskou sou pwezi kreyòl, gen yon pwezi oral kreyòl ki egziste. Apati kounye a, nou kwè pwezi oral la (ki fè pati  oraliti a) dwe genyen  menm konsiderasyon ak pwezi ekri a (ki nan literati a). Komite redaksyon Demanbre a pwomèt pou bay oralti a plas li merite nan seksyon anndan revi a ki pote non demanbre a, nou espere li va mete plis pase de (2) tèks, men tou li va analize pwezi oral yo, antre nan fon nannan yo pou li ba yo plas yo kòm ekspresyon atistik ki donnen sou tè Ayiti.

C. Maurice Bowra (1966) ekri Chants et poésie des peuples primitifs. Paul Zumthor (1983) ekri Introduction à la poésie orale. C. Maurice Bowra (1966) ekri Chants et poésie des peuples primitifs. Paul Zumthor (1983) ekri Introduction à la poésie orale. Apre piblikasyon rezilta rechèch majè kon sa yo, dwe gen yon refleksyon serye, ki byen dokimante sou pwezi ayisyen.  Nou rete kwè, pa gen okennn eskiz pou neglije prezans pwezi oral kreyòl ayisyen an.

Nan tèks sou fòm pwezi kreyòl yo, n’ap pale sou twa fòm sèlman. Espas revi a pa pèmèt nou bay plis. Nou gen yon liv ki ap soti sou fòm pwezi kreyòl yo. N’ava jwenn plis detay ladann.

Wongòl

 Entwodiksyon

Daprè Jan mapou, depi  nan ane 1960 yo, powèt lakay  yo te devlope estil pale andaki sa-a kote yo te itilize youn seri powèm kout, rapid nan oun fòm nou te rele « Wongòl ». Youn fòm pwezi ki bat sou 4,5,6 fraz pwetik, k’ap lage youn mesaj cho kon karamèl nan gagann youn sistèm ki chita sou kòf lestomak youn bann pèp sou latè (Sic: Pè Sèt Jozafa Laj-1994). Youn mesaj rapid powèt yo lage nan kòsaj lenmi pèp-la, youn bann vèmin nasyonal e entènasyonal. Apre mesaj la fin tonbe yo adousi-l ak chante «wongòl o ! w’ ale…Kilè w’ a vini wè-m ankò… W’ ale».  Papa estil powèm sa yo se  Raoul Denis ak Ti Tonton (Joe Thony) nan koral Lanbi Klib.

Daprè listwa, non peyi Angola a, sòti nan N’Gola  ki se tit pèp Dongo a bay wa yo. Konsa, non Angola a  se non ansyen wa pèp Dongo nan wayòm Kongo. Rasin mo a, ki se  Ngo vle di: pays de la pathère. Pòtigè yo te pwononse N’Gola a Angola. Peyi a pote non N’Gola apati ane 1574 jouk rive nan ane 1665, lè peyi Kongo pèdi endepandans li. Wa N’Gola limenm, ki nan chante wangòl yo, nou panse se yoùn nan wa nan peyi Angola ki rele N’Gola Kiluanji, ki  te toujou ap fè lagè kont Pòtigè yo.  Nan youn dènye batay, an 1617, pòtigè yo pran wa N’Gola Kiluanji epi yo koupe tèt li. Petèt se an souvni misye nan okazyon lanmò dilere sa a, nèg bosal ak mawon yo te konpoze chante Wangòl la. Dèlò, nou ta kab pwopoze dat ozanviwon (1617) la pou konpozisyon chante wangòl la nan vodoun ayisyen an.

Tousa, se pou nou montre enpòtans Wa N’Gola genyen nan lespri hounsèvan vodoun yo. Deplis, mo wangòl la sanble se youn mo valiz ki fòme ak de mo: (Wa +  N’Gola) oubyen (Wa + Angola). Epi, apati youn fenomèn fonetik ki rele amoni vokalik, wangòl vin pwononse wongòl. Se pa yon sekrè pou pèsonn, mo wangòl la se non yon lwa epi se non yon rit Kongo nan vodoun an. Nou jwenn mo wangòl / wongòl la nan 2 ou 3 chante nan vodoun. Dayè, se chante wangòl sa a ki sèvi kòm refren nan pwezi wongòl yo. Epi, se pou sa tou, nan tradisyon powetik kreyòl Ayiti a, pwezi a pote non wongòl.

Definisyon

Wongòl, se youn seri pwezi kout. Yo ka gen yon minimòm 3 liy, ak yon maksimòm 6 liy konsa. Pawòl wongòl yo dekri osnon yo denonse yon sitiyasyon tris. Epi yo charye youn verite ki vini san atann, ki fè reflechi. N’ap di pito, chak powèm wongòl yo fini ak youn mesay daki, youn verite ki kapab sosyal, politik, filozofik, (men jamè nan koze lanmou). Epi, nan mitan 2 powèm, piblik la chante chante wongòl la. (cf. Pyè Banbou, Rechèch, 1979). Men youn egzanp pwezi ak chante wongòl Raoul Denis te ekri nan epòk lagè Veytnam nan :

«Nan peyi je chire
blan mannan
frape pye li byen fò .
Atè a te gen pikan.»

(Wangòl o w’ale / ki lè w’a vini wè-n ankò w’ale/ kilè w’a vini wè-n ankò / peyi a chanje / ki lè w’a vini wè-n ankò  w’ ale …).

Men youn lòt pwezi Pyè Banbou te ekri nan tan magòs diktati prezidan Franswa Divalye a.

«Pale met la … pale met la 
Pale met la jouk ou pa la» ( Wongòl 4, Rechèch, p 9 )

«Nan peyi Dayiti,
ou bezwen rich
louvri youn komès mòg» ( Wongòl 5, Rechèch, p. 11 )

Youn sanba ka deside fè youn wongòl senp oubyen youn seri wongòl. Egzanp Raoul Denis an se youn grenn wongòl senp. Tandiske, egzanp Pyè Banbou yo se youn chaplè wongòl. Chak grenn ( kouplè ) wongòl nan youn chaplè ta dwe endepandan, otonòm. Nan sans sa, nou kapab site Serge Madhère 2001, ki ekri Wongòl pou san inosan, yon powèm an chaplè wongòl kote chak paragraf , chak kouplè wongòl yo konplè.

Wongòl pou san inosan

Granmoùn mouri, n’ a konsole.
Men lè se timoùn yo rache,
Tan mèt pase, pinga n’ bliye:

Dyab krabinay ki bwè san inosan.

Y’ antre lekòl la, met lamen
Sou twa elèv klas anfanten.
Y’ al jwenn kadav yo Titanyen.

 Serge Madhère, Govi lavi, 2001.

Karaktè

Daprè sa nou obsève nan pwezi yo, prensipal karakteristik wongòl la, se youn fòm kout, minimòm 3 liy, maksimòm 6 liy anviwon. Rezon ki fè yo fikse yon minimòm 3 liy se paske, an teyori, yon pwopozisyon senp gen 3 eleman: sijè, predika (vèb + konpleman ) ak  konpleman fraz. Se youn chema ki fè parèt 3 gwoup sentagmatik ki kapab jwe wòl gwoup ritmik ki nan fondas powetik kreyòl la. Paske, nou rete kwè, menm jan ak Mivil, baz pwezi kreyòl la se nan pwozodi kreyòl la li ye

Parapò ak chante pou akonpaye pawòl wongòl yo, se yon modèl nou jwenn nan seremoni vodoun yo: houngan an , manbo a oubyen hounbòn nan, rèn chantrèl la ap voye chante, epi koral hounsi yo ap reponn. Nou jwenn li tou nan oraliti a, nan kont chante yo, nan chante rasin yo… Selon modèl sa a, sanba a pale epi piblik la reponn ak youn chante oubyen ak youn pawòl litani. Pratik chante ak repons sa a nan kilti nou, depi nan Ginen pase nan lakoloni. Nou jwenn li tou nan chante  Blues  ak  Gospel yo.  Se sou baz sa a pwezi wongòl yo pati. Epi tout pwezi kout ki ekri osnon ki di nan fason sa a, ak chante Wongòl la (oubyen ak lòt chante tris ki nan repètwa oralti a, tankou: Dèy o, n’a rele dèy o, Ayiti o), nou rele pwezi sa yo: Wongòl.

Fonksyon wongòl

Anwetan seremoni vodoun, nan ki sikonstans yo chante wongòl ? Lè yo chante chante wangòl la, leplisouvan, se nan okazyon pou demontre chagren ak regrè pou youn moùn ou renmen pou kouray li, pou aksyon li, men ki pa la, ki ale, ki absan.  Se pa youn chante damou damou. Chante wangòl la se youn chante souvnans tris pou moùn ki t’ ap batay, pou youn nanm djò ki t’ap lite pou yon koz. Se sa ki fè tou, pwezi wongòl yo gen youn kote militans. (cf. chante wongòl pou Sony Bastien, pou Paul Laraque …).

Annou gade pawòl ki nan chante wangòl la.

«Wangòl o w’ale
ki lè w’a vini wè-n ankò
w’ale
ki lè w’ap vini wè-n ankò
peyi a chanje
ki lè w’a vini wè-n ankò
w’ale» 

Lè nou konsidere pawòl sa yo, nou kab santi gen yon regrè pou yon bon moùn (osnon yon bon moman osnon youn bon sitiyasyon) ki ale, ki pa la ankò. Men nan pati ki di (… peyi a chanje …), nou santi tou, gen youn volonte pou chanje kondisyon yo. Konsa, lè wongòl (Wa Ngola a) tounen, l’a wè peyi a chanje, paske nou te kontinye travay (batay) li te kòmanse yo. Annou pran yon lòt egzanp modèn kote yo chante Wongòl.

Nan antèman Sony Bastien, lendi 9 jen 2008, sanba Stéphanie Séjour (Tifàn) te chante chante Wangòl la, an memwa jounalis la. Ale wè Alter Press, mwen te verifye enfòmasyon an jou 21 novanm 2012, http://www.alterpresse.org/spip.php?article7333

Nan yon sware literè ki te òganize dimanche 21 septanm 2008, ki te youn resital pwezi an souvnans Paul Laraque, sanba Frantz Latour te konpoze yon pwezi oral wongòl, yon pwezi oral ritmik ki baze sou chante Wangòl la. Selon Alter Press, 14 okt. 2008, http://www.alterpresse.org/spip.php?article7785, mwen tcheke li jou 21 novanm 2012, men yon sekans nan pwezi oral wongòl konpòz Frantz te fini bèl sware sa a.

«Pòl Larak, w ale,
Kilè w a vini wè n’ ankò, w ale?
Kilè w a vini wè n ankò?
Nou renmen w anpil,
Ki lè w a vini wè n ankò?
Nou sonje w anpil…».

Ositou, parapò ak atmosfè tris chante wangòl la, pwezi wongòl yo toujou gen youn mesay tris nan domèn politik, sosyal, ak youn verite ki pwovoke refleksyon. Kanfeti tematik la ka chanje, li ka filozofik tou, osnon direksyon powèm nan ka pou denonse yon sitiyasyon malouk, tris, men fòk wongòl yo toujou gen youn verite (batay ideyolojik) sanzatann ki pwovoke refleksyon. Se mak sa yo ki distenge wongòl la pami tout lòt pwezi kout yo tankou zwing, pwent, ayikou, …

Varyete pwezi wongòl

Nan epòk avan 1986 yo, gen plizyè sanba ki ekri chaplè tèks politik avèk youn langay daki trè fò. Lè nou analize tèks sa yo, poutèt yo ap denonse yon sitiyasyon tris, yo kout epi yo gen youn refleksyon, nou ka klase yo tankou wongòl tou. 

Pafwa, gen sanba ki ekri wongòl san chante. Wongòl pou san inosan, Wongòl pou tan malouk, (Serge Madhère, nan Govi Lavi 2001) se yon egzanp chaplè wongòl san chante, men yo gen youn fraz ki toujou ap retounen tankou youn refren. Nan egzanp sa a, samba a sèvi ak yon chante popilè (yo kite alovi yo dòmi deyò, epi yo nonmen non mwen ago e), pou li transfòme kon sa (Pa kite alovi yo dòmi deyò). Deplis, li demontre nan pwezi wongòl yo pwopozisyon an kapab fèt ak 2 liy. Wongòl pou san inosan gen 3 liy, Wongòl pou tan malouk gen 2.

Wongòl pou tan malouk

Li pankò lanjelis
Fènwa ap anvayi

Pa kite alovi yo dòmi deyò.

Yo kraze tout limyè
Ki sou plas katedral.

Pa kite alovi yo dòmi deyò.

Genyen tou Frantz Kiki Wainwright ki ban nou plizyè chaplè wongòl san chante  nan li liv li a ki rele Siloyiz, 2009.

Grangou mete sapat
Vant plen mete soulye
Toulede pran lari
Toude sal ak pousyè

Nan Siloyiz p. 77.

Gen lòt sanba ki ekri wongòl avèk lòt chante. Nan Zile nou, sanba Michel-AngeHyppolite ( Kaptenn Koukourouj) (1995) konpoze plizyè pwezi wongòl avèk entansyon pou yo di oubyen akonpaye tèks yo ak lòt chante ki pa chante wongòl la. Egzanp: Lapawòl , p 5, akonpaye avèk chante «Papa loko nou se van pouse n’ale…». Van lespwa, p 13, avèk chante «Lawouze fè banda tout tan solèy pa leve …». Zile nou II, p 39, avèk chante «Twa fèy twa rasin o …». Dèy , p 31, avèk chante «Dèy o n’a rele dèy o Ayiti o …» .

Dèy
Matris latè koule
Youn bèl semans
Sou miluisankat kuis
Solèy kase koub aladriv
Lalin maldyòk
Plòtonnen lavi tyovi
An chatpent

Nan pwezi modèn nan, powèt ak sanba yo pa ekri tèks avèk fòm fiks yo ankò. Gen fòm kout nou ka klase yo nan kategori fòm pwetik nou bay yo. Piske se chapant sa a ki dominen pwezi a. Gen wongòl ki pa regilye, ki pa gen chante epi ki ta depase kantite liy nan. Men kòm se pwezi kout, kantite liy nan pa fiks tankou youn bout fè. Epi, nan fason sanba a devlope tematik la, nou konsidere se wongòl yo ye. Gen kèk egzanp samba Georges Castera (2007) ban nou nan Bow! Kokorat, (p 17). Isit nan peyi m’ (p 35). Chita tande (p 40).

Wongòl ansyen / wongòl modèn

Wongòl kòmanse ak Raoul Denis. Nan epòk wongòl yo te parèt la, kondisyon politik yo te malouk anpil. Ayiti, te gen yon diktatè sou gouvènman an. Pa te gen libète lapawòl. Se sa ki fè, nan epòk sa a, pwezi wongòl yo te ekri an daki voye bay politisyen yo, pou sekirite ekriven yo. Konsa, sanba wongòl yo te toujou gen youn mesay politik, militan, angaje, men ki ekri an daki. Karaktè sa a, n’ap jwenn li lakay tout oubyen majorite tèks ki pibliye anvan 1986 yo.
Men, apati dechoukay Jan Klod Divalye, an 1986, lapawòl libere. Epi tèks wongòl yo pran youn lòt direksyon.  Pwezi wongòl yo se pa youn mesay an daki yo voye bay politisyen ankò. Tematik ak apwòch yo chanje. Toujou gen militans, men gen plis espwa ak refleksyon nan tèks yo. Paregzanp, Chita tande, youn tèks wongòl san chante, Georges Castera Fils ( 2007 ) ekri nan Bow ! p 43. )

Chita tande
Depim maten
Tout van mouri lèd
Anba kout wòch.

Lank nwa sou tout men m’
Solèy gen cheve blanch.

(Castera, Bow!, p. 43 )

Deplis, kòm pwezi a libere anba kondisyon politik fòse yo, sanba yo ekri wongòl yo avèk plis pwezi. Pou ekriven ki ap viv lòt bò dlo yo, langay daki a tounen langay imaje paske yo pa gen nesesite politik ankò pou yo pale an daki pou yo pwoteje tèt yo. Deplis, avèk kouran lide imajis la, yo vin ekri tèks ki genyen plis lide (abstrè) avèk divès kalite imaj. Nou fè obsèvasyon sa yo lakay Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj), ki nan menm kouran literè ak Manno Ejèn, kote imajis la gen anpil enpòtans nan pwezi yo.

Ansuit, se pa toujou chante wangòl la ki akonpaye tèks pwezi wongòl yo. Youn lòt sanba ka chwazi youn lòt chante pase chante wongòl la pou li ekri osnon pou li di pwezi yo. Paregzanp,  Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj) (1995) ak Serge Madhère 2001. Gen dòt menm ki pa gen okenn chante ditou tankou Georges Castera Fils (2007),
Frantz Kiki Wainwright nan Siloyiz (2009). 

Anfen, kòm pwezi kout, (tankou Aykou), wongòl ofri youn bann posiblite pou esprime youn panse konsantre, doukounou. Wongòl modèn yo pa toujou respekte chapant kantite liy fiks Ekip Sosyete Koukouy la te tabli yo. Sepandan, sanba yo toujou kenbe fòm kout la nan wongòl modèn yo. Nou panse, gen anpil avantay pou jenn jenerasyon yo kontinye esplwate wongòl yo swa nan fòm yo, swa nan fason  pou yo di youn chaplè wongòl. Nan kategori wongòl modèn yo, men yon trè bèl egzanp ki parèt nan Le Nouvelliste, 15 mai 2009.

Wongòl o w’ale, ki lè w’a vini wè m ankò w’ale (bis)
Ki lè w’a vini wè m ankò, Peyi a chanje (bis)
Ki lè w’a vini wè m ankòòò, w’ale.

Wongòl oh ! W’ale …
Pourquoi de ces adieux
Qui n’offrent nul recours
Plus les jours  passent vite
Plus tu m’engouffres dans l’oubli
Comme si moi,
De ta mémoire, à jamais engloutie
Bannie de résurgence.

Wongòl oh! W’ale …
En bouleversant ma vie
Tu as détruit mes rêves
Je me souviens encore …
Damballah t’engendra
Au pays de mon cœur
Où bruine la rosée scintillante de l’aurore
Tu as laissé ta trace, vêvê indélébile
De moi faible résilience.

Nou pa konnen non otè a. Nou kwè se yon fanm, paske adjektif ki koresponn ak pwonon je a, yo tout feminen. Nou sipoze li kanzo oubyen li sèvi lwa. Wangòl se mari li. Èske Wangòl se lwa oubyen moùn? … Nou panse powèm sa a, se yon espès pwezi rasin. Epi  nou chwazi tèks sa a poutèt estetik li,  paske se yon bon bèl egzanp pou wongòl modèn, kanfeti li ekri an fransè. Sa pwouve nou tou, fòm pwezi kreyòl yo kapab parèt an fransè tou, oubyen nan nenpòt ki lòt lanng sou latè beni.

Bibliographies / Notes

Banbou Pyè, 1979: Rechèch, Koleksyon Koukouy, Fontamara, Haïti.

Hyppolite, Michel-Ange (Kaptenn Koukourouj), 2000: Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti, Educa Vision, Coconut Creek, Florida.

Laraque Paul and Jack Hirschman, 2001: Open gate,  Curbstone Press, Willimantic, Connecticut.

Le Nouvelliste, (rubrique Culture), 15 mai 2009.

Mapou Jan, 1981: Pwezigram, Queens, N.Y.

Pwezigram

Entwodiksyon

Sanba ki parèt ni ak lide, ni ak non Pwezigram nan, se Jean-Marie  Denis, non atis li se Jan Mapou. Sanba a pibliye yon rekèy pwezi li rele Pwezigram (1981). Mo pwezigram nan, se yon mo-valiz (mot valise) ki konpoze ak (pwezi + gram). Gram, tankou nan telegram, kablogram, se mesay ou voye bay moùn adistans. Asosye ak pwezi, pwezigram se ta pwezi ki gen menm sèvis ak lèt, mesay oubyen kominikasyon avèk yon lòt powèt adistans. Mapou esplike nou: «Nan satelit bèl panse, mwen kominike ak Émile Roumer, Morisseau-Leroy, Pierre Richard Narcisse, Henri-Claude Daniel (Jean Tambour), Pyè Banbou, Émile Célestin Mégie, Pauris Jean-baptiste, Franketienne.» Alò, pou li entèpele powèt yo, pou li etabli kominikasyon an, pou li atire atansyon lòt sanba li vle kominike ak yo a, li sèvi ak mo: alo!.

Si non Pwezigram nan sonnen modèn, ekzistans fòm nan pi ansyen toujou. Nan kilti oksidantal la, mo alo! a Mapou itilize nan pwezigram li yo, sanble li ta soti nan koutim gadò mouton nòman ki nan peyi Langletè (anglo-normands) te genyen. Epi, pita, (1846),  lizay mo a vin sèvi pou atire atansyon yon moùn ki adistans, lè li ap rele yon lòt moùn, pou etabli yon konvèsasyon  telefònik nan tan modèn yo.

Konsa, pou prezante nou Pwezigram, Mapou itilize fòm estilistik (figures de style) tankou: entèpelasyon. Yon entèpelasyon esklamatif.  Ekzanp: «aloo! Lafrik, Daka, senegal ». Li sèvi tou ak yon konsèp enpòtan nan literati modèn nan, tankou: intertextualité, pou dyaloge ak lòt sanba parèy li yo. Epi, tankou Pyè Banbou deja demontre li, sanba a pwofite devlopman teknoloji modèn nan pou li vini ak «yon fòm nèf kou nèf pwen nan literati kreyòl la». (P. Banbou, Depi nan tete, Pwezigram ap taye banda, nan Pwezigram, p. 63.)

Fòm pwezigram anvan Mapou

Nan literati kreyòl la, non Pwezigram nan nèf, men fòm nan pi ansyen pase 1981. Nan kilti kreyòl, pou etabli kominikasyon oral ak yon moùn ki adistans, Ayisyen eritye epi sèvi ak yon teknik pwozodik ki soti nan Ginen. Lè yo ap hele moùn, sitou nan mòn1, yo akonpaye non an avèk yon final lonng: ooo! epi avèk yon ton vwa ki monte wo (ton montant). Se yon taktik fonetik ki nan langay popilè kreyòl la epi ki pèmèt oubyen ki ede vwa moùn ki ap pale a ale byen lwen jouk li rive rive jwenn lòt moùn li vle kominike avèk li a. Egzanp: Kouzen Meji ooo! (Pwezigram, p. 52)

Daprè pawòl Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj) (2000), nan Istwa pwezi kreyòl Ayiti, p. 140, teknik pwozodik sa a ki nan langay òdinè a, nou jwenn li lakay Georges Sylvain (1902), nan yon tèks ki rele Machouè gonfle:

Frè Oswald o! ki non n’ ap bay
Tan k’ape grennen sou nou la ?
Ala  youn ladobat!
Ala youn pasay ki rèd!

(Georges Sylvain, Machouè gonfle, nan Conjonction no 195, p. 51)

Nou jwenn li tou lakay yon grandèt tankou Moriso Lewa, menm si tèks Moriso a parèt an 1983.

Christian Beaulieu O!
M’ap ekri yon liv kreyòl
M’ap ekri pou ou
Pou tout moùn ou te renmen
M’a voye-l Lamatinik
M’a voye-l lalwizyàn

(Moriso-Lewa, Dyakout 1, 2, 3, 1983)

Teknik entèpelasyon an kapab pran divès fòm. Men, gran merit Mapou, se entelijans ak imajinasyon li genyen pou li fè teknik oral la tounen Pwezigram.

Fonksyon Pwezigram

Nou pa gen anpil devire pou nou tabli sou fonksyon fòm Pwezigram lan nan literati kreyòl Ayiti a. Prensipal fonksyon fòm pwezi sa a se tabli kominikasyon ant sanba. An nou kite Jan Mapou esplike nou sikonstans ki te pouse li parèt ak fòm Pwezigram lan:
«Anbyans demokratik woule-m debò peyi devlope yo te penmèt yo pale, ekri, pibliye sa yo vle, jan yo vle, lè yo vle. Se nan sikonstans sa-a, mwen te pibliye Pwezigram apre mwen fin li  powèt Togiram, Pierre Richard Narcisse, Pierre Banbou, Muller, Pauris Jean-Baptiste, Moriso-Lewa ak tandòt ankò… Nou te penetre mesaj yo. Filtre yo nan paswa konpreyansyon nou. Defofile yo alanvè, fofile yo alandwat,  epi tonbe koze ak  powèt sa yo  sou fòm kominikasyon  san fil. Jounen jodi-a, nou ta di kominikasyon elektwonik. Nou pingponng mesaj ekriven sa yo, ki te gen difikilte pou yo pale aklè anndan peyi a, paske baboukèt diktati Divalye yo te mare rèd sou bouch sanba sa yo. Kon sa,  nou teke grenn « son » depi nan dyaspora-a ki repondonng  ak plis fòs, e ki pi djanm. Yo tounen youn ti dife boule anba pye diktatè-piyajè-destriktè  yo; youn etensèl ki pral eklate lapoudriyè  nan dat  7 fevriye 1986.  Kidonk estil Pwezigram nan,  se te voye ban-m, m’ a voye ba-w. Fè-m konnen andaki sa k’ap pase lakay; epi,  m’a retounen-l lakay ak youn ti diplis epi plis epis, plis piman, plis fyèl.»

Karakteristik pwezigram:

Gen plizyè pwen ki karakterize Pwezigram. Genyen omwen twa aspè ki ta dwe anndan yon tèks ki pote non pwezigram. Premyèman, yon taktik estetik entèpelasyon pèsonèl dirèk. Egzanp: Alo! Lafrik, Daka… Senegal. Christian Beaulieu O! Jan Mapou, Jan Mapou! Dezyèmman, yon entèpelasyon adistans oubyen lonng distans, sètadi gen yon bon ti distans ki separe moùn ki ap kominike yo. Twazyèmman, prezans entètèks nan sijè ki ap devlope a. Entètèks: se ansanm pawòl osnon tèks ki relye ak tèks sanba yo.

Egzanp entètèks nan sekans pawòl Mapou pou Franketienne ki fè referans ak Pèlen tèt, pyès teyat Fank lan.

Frank souple, pa kite yo pann Piram…. Pa kite Polidò toufe….
Pèlen tèt louvri baryè … Pèlen tèt mòn sent Elèn …

Egzanp entètèks nan sekans pawòl Mapou pou Moriso a:

Tankou yon Satelit sou tèt Lafrik  (Mapou fè referans ak tèks Moriso ki pale sou blan yo ki pati nan satelit pou yo ale vwayaje nan lalin.)
Konpè Jeneral solèy fache (Mapou fè referans ak tèks J. S. Alexis a)
Lalin … ooo! Ala bèl fanm! (referans ak tèks Moriso)
Pitit Desalin sal, pye atè, sanzave  ape mande lacharite  ….
Pitit Desalin voksal nan geto makònen kon valpay  (referans ak tèks Moriso a: Mèsi Papa Desalin.)
Sepandan, nou remake Ochan pou Choublak kreyòl louvri ak yon entèpelasyon. Èske li se yon Pwezigram? An nou li tèks la:

Ochan pou Choublak Kreyòl

Alo !!
Alo Choublak Kreyòl !!
Se mwenmenm Kaptenn
Ou ban nou zèl
Ou ban nou manm
Ou lave tèt nou
Choublak Kreyòl o o !
Ou kore vanyans
Ansanse plezi
Foulaye  pasyon
Di mwen non
Renn chantrèl
Fanm zantray
Nan ki basen
Ou te benyen
Nan ki ja
Ou te pran je

Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj)

Malgre tèks Michel-Ange Hyppolite  (Kaptenn Koukourouj) ap entèpele Choublak Kreyòl, tèks sa a pa youn Pwezigram, li se pito yon lomeyans.  Yon tèks ka pote non Pwezigram lè li pote anndan  li mesaj sanba yo ap voye  bay lòt sanba. Youn tèks ka pote non Pwezigram lè sanba a ap voye nouvèl bay  sanba parèy li. Dayè, tit tèks Michel-AngeHyppolite la demontre aklè li se yon lomeyans (pozitif). Li rele Ochan pou Choublak Kreyòl. Se pa nouvèl Michel-Ange Hyppolite ap voye by Choublak kreyòl, se lwanje li ap lwanje kouray li ak detèminasyon li. Kidonk, tèks nou fenk site pi wo a pa genyen tout karakteristik youn pwezigram dwe genyen.

Lavni Pwezigram

Nan ane 1980, Pyè Banbou te panse «Si Sanba ta tonbe kable lòt, ... se ta yon kokenn gwo mòso pou literati kreyòl la». Avèk entansyon pou bay literati kreyòl la jèvrin, gen yon sanba ki dakò reponn. An 1988, nan Egziltik, Manno Ejèn (Emmanuel Eugène) ekri Pawoligram pou dyaloge ak Mapou. Nou swete pou lòt sanba kontinye fòm ekriti Pwezigram nan. Men yon losyè nan tèks Manno a.

Jan Mapou
Zwazo nan bwa
Kouvri tout branch
Ap chante klewonnen
Ochan ochan bèl ochan
Pou larenn chantrèl pase pase pase
…………………….
Jan Mapou Jan Mapou !
Lonbray ou blayi jous isit
A! Pwezigram fleri
Pwezigram donnen 

Manno Ejèn, Pawoligram, nan Ekziltik, 1988, p. 21

Gen sanba kou Serge Madhère ki  pa sèvi ak teknik pwezigram lan nan pwezi li, men, li sèvi ak mo pwezigram lan nan dedikas pou li voye bay yon moùn li ki rele A. A.  Tèks la se Bri fèblan nan fènwa, nan Govi lavi, nan p. 41. Nan tèks li a, Serge Madhère senpman ekri A.A. Li pa kable li nan fason Jan Mapou fè li nan Pwezigram lan.  Se kòm si Madhère sèvi ak mo a tankou yon lèt sou fòm pwezi, men non pa tankou yon tèks ki respekte tout prensip teknik ki dwe anndan yon pwezigram. Èske se yon siy ki demontre lòt sanba yo poko pare pou suiv wout la nan fason Ernst Mirville swete li epi nan fason Manno Ejèn te vle kontinye li a? Nou kwè si gen anpil lòt moùn ki sèvi ak teknik sa a nan travay pwetik yo, fòm pwezigram lan va rantrre pi plis nan literati kreyòl Ayiti a jouk li va rive kite mak li. Sepandan, nou dwe siyale nan segman tèks Manno Ejèn nou site pi wo a, li pito sèvi ak mo Pawoligram nan plas mo pwezigram lan. Poutan, se yon mesaj li ta pe voye bay Jan Mapou.

Kidonk, fòm Pwezigram lan jenn toujou. Nou panse li kapab sèvi nan polemik, nan lomeyans oubyen nan korepondans ant sanba. Nou dwe ba li tan pou li anrasinen nan tradisyon teknik travay ekriven kreyòl yo, ki va devlope li daprè reyalite lavi yo  sou tè Ayiti kou nan dyaspora-a.

Bibliyografi:

Mapou Jan, 1981: Pwezigram, Koleksyon Koukouy, N. Y.

Nòt:

  1. Si se lavil, yo akonpaye non an avèk  pwolonjman dènye silab la. Ekzanp: Janwobèèèè!!

boule

 Viré monté