Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Inivèsite Vityèl Fowòm Senlwidisid & Plis
(IVFOSENP)

"Enpak teknoloji sou lang ak kilti kreyòl"

"Lang ak kilti kreyòl: pwogrè, potansyèl, nouvo pèspektiv."

INIVÈSITE LETA AYITI-ILA
FAKILTE LENGWISTIK APLIKE-FLA
Dr / Prof. Bonel OXINÉ,
https://www.youtube.com/watch?v=FRgE6nbBVKc
potomitan.info/ayiti/oxine/kategorizasyon.php
Direktè pwojè: Project director: Director de proyecto
Inivèsite Leta Ayiti State University of Haiti
Universidad Estatal de Haití
Fakilte Lengwistik Aplike (FLA)  Faculty of Applied Linguistics
Facultad de Lingüística Aplicada

Enpak teknoloji sou lang ak kilti kreyòl Enpak teknoloji sou lang ak kilti kreyòl

Photo: Bonel Oxiné

Men yon avi konsènan dewoulman yon seri atelye Fakilte Lengwistik Aplike, Inivèsite Leta Ayiti, ap reyalize pa filye Komite Jesyon li pou semèn kreyolofoni pou ane lekòl 2025-2026 la. Ane 2025 lan, FLA vle rann kreyolofoni an pi vivan toujou kay chak grenn kreyolofòn nan monn nan; komite Jesyon semèn kreyolofoni an nan non Dekana Fakilte a vle sa tou, anpi ap poze aksyon plis nan plas pale met la dekwa pou sa rive konsadwa.

Komite a gen pou voye envitasyon bay tout Ayisyen ak asosiyasyon, enstitisyon, regwoupman, lidè kominotè, toupatou, pou vin patisipe nan seri atelye sa yo nan lide pou pote kole nan refleksyon k ap fèt sou kreyolofoni nan divès domèn e dimansyon posib. FLA lanse aktivite kreyolofoni li yo depi mwa jen (2025 lan) nan obektif pou gen ase tan pou debat pi plis toujou sou kòz ak avni lang ak kilti kreyol ann Ayiti. Men non ak tout siyati kèk manm komite a nan lòd alfabè:

Bonel Oxiné, Pwofesè-chèchè
Kensley Brutus, Mastè Syans Langaj
Louinès Volny, ansyen Vis dwayen Rechèch FLA
Martineau Nelson, Vis dwayen Rechèch FLA
&
Claudy Geffrard
Clermathe Murat
Figaro Cadet
Géraldine Tombereau
Jean Philippe Védrine
Jean Guilbert Bélus (Bibliyotekè FLA)
Ludger Jean
Michel Laventure

«Komite jesyon semèn kreyolofoni 2025-2026,

Ayiti, Pòtoprens 30 me 2025

Onè respè tout manm kominote FLA a,

Nan kad Semèn Kreyolofoni an, Komite Jesyon an pran plezi envite nou patisipe nan yon atelye k ap dewoule anba tèm sa: "Enpak Teknoloji sou Lang ak Kilti Kreyòl". Moun k ap anime atelye a se M. Bruny Mabien (Pwofesè Matematik/enfòmatisyen).

Dat: Jedi 10 Jen 2025

Lè: 10zè AM - 2zè PM

Kote: platfòm google (Fakilte Lengwistik Aplike (FLA))

Atelye sa a ap abòde dijitalizasyon lang Kreyòl ak kontribisyon li nan entèlijans atifisyèl (AI). N ap diskite: Dijitalizasyon: Itilizasyon Kreyòl nan teknoloji (tradiksyon machin, aplikasyon mobil, e latriye) pou fasilite aksè itilizatè yo. Entèlijans Atifisyèl: Wòl syans langaj kreyòl nan devlopman modèl AI ki ka amelyore kominikasyon miltileng.

Tèm atelye a: "Lang ak Kilti Kreyòl: Pwogrè, Potansyèl, Nouvo Pèspektiv." Nou ankouraje nou vin patisipe epi kontribiye ak lide “avni lang kreyòl nan teknoloji modèn”.

N ap tann prezans nou!

Pou Dekana: Nelson Martineau»

Lyen aksè (premye atelye FLA sou kreyolofoni pou ane a): https://meet.google.com/fsh-bymr-qya

Komite a tou pwofite soumèt yon kesyonè kote ou ap jwenn 14 kesyon pou reponn nan lide pou ede nan bon dewoulman atelye sa M. Bruny Mabien pral anime pou FLA, nan kad kreyolofoni an. Sa p ap pran tan pou reponn, komite Jesyon semèn kreyolofoni an konte sou patisipasyon ou nan nivo sa tou. Tanpri, dewoule kesyonè a apati klik ou pral pran plezi fè sou lyen sa pou reponn kesyon ankèt nou an.

Lyen kesyonè a: https://vs6fdxcd.forms.app/anket-ia-teknoloji-fla

Viv kreyolofoni, viv lang kreyòl, viv kilti kreyòl !

*

 Viré monté